Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

O mache avèk Bondye !

O mache avèk Bondye !

Kantik 58 (138)

O mache avèk Bondye !

(Mika 6:8)

1. Avèk Bondye mache chak jou.

Aji ak modesti.

Rete fidèl, fòs l ap ba ou,

Mache nan ladwati.

Si w vle kenbe laverite,

Pa kite moun sedui w.

Bondye vle ede w toutbonvre,

Kite l dirije vi w.

2. Avèk Bondye mache byen djanm.

Pa repran wout peche.

Travay pou w vin briye kou flanm,

Favè Ya w ap twouve.

Se pou tout sa ki pwòp, ki jis,

Ki merite renmen,

Ret nan panse w chak jou piplis,

Kwè nan Bondye ki Sen.

3. Avèk Bondye mache toutan,

Konsa, w ap jwenn lajwa,

San w pa bliye gwo atachman

Pou Jewova ki Wa.

Mache ak Bondye men nan men,

Pa janm sispann louwe l.

Pi gwo jwa ki ta ka genyen,

Wayòm nan ap pote l.