Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rekonesans pou pasyans Bondye

Rekonesans pou pasyans Bondye

Kantik 36 (81)

Rekonesans pou pasyans Bondye

(2 Pyè 3:15)

1. Ou te fikse tan pou w kreye

Tout sa ki bèl, Jewova Dye.

Lakreyasyon ap ba ou glwa

Nan syèl la tankou sou tè a.

Menmsi moun ki renmen dwati,

Nan bote sa yo, pran plezi,

Y ap wè pi bèl bagay, Gran Dye,

Lè souvrènte w va triyonfe.

2. Zèl ou, Gran Dye, pou sa ki byen

Pap tolere sa ki malsen.

Ou pran pasyans anvan w detwi,

Yon fason pou n ka gen lavi.

Moun ki pot non w yo byen kontan,

Y ap ba w louwanj : ou trè pasyan.

Y ap di w mèsi e yo tout vle

Wè souvrènte w k ap triyonfe.

3. Nou vle pwofite pasyans ou

Pou n preche moun yo toupatou,

Pou n fè konnen bèl kalite w,

Grasa Pawòl ou k ap louwe w.

Ede nou fè yo byen konprann

Chemen jistis ou pou y’aprann.

Konsa, ansanm n ap egzalte

Bèl souvrènte w k ap triyonfe.