Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou solid, san nou pa brannen !

Se pou nou solid, san nou pa brannen !

Kantik 5 (10)

Se pou nou solid, san nou pa brannen !

(1 Korentyen 15:58)

1. Kòm dènye jou yo prèt pou yo fini,

N ap travay di ak anpil enèji.

Nou vle ret solid san nou pa brannen,

N ap sèvi Ya kòm Temwen.

(Refren)

2. Nan vye sistèm s’a, plezi pou piyay.

Lespri n dwe klè pou n di non ak kouray.

Si nou rete djanm, nou pèsevere,

Wè pa wè n ap delivre.

(Refren)

3. Ann sèvi Bondye ak fòs ak vigè.

Ann pran prekosyon pou vizyon n ret klè.

Se pou n preche san nou pa ralanti,

Dènye jou yo pral fini.

(REFREN)

Fidèl nou tout dwe rete, lwen monn nan nou dwe kanpe.

Ret nan laverite, kenbe entegrite.