Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Soupe Seyè a

Soupe Seyè a

Kantik 40 (87)

Soupe Seyè a

(1 Korentyen 11:23-26)

1. Jewova, Papa nou nan syèl la,

Nuit sakre s’a bay vi n yon sans !

Ou te demontre, yon jou katòz Nizan,

Jistis, lanmou, sajès, pisans.

Pèp Izrayèl te manje Pak la,

Apre sa, yo te libere.

Plizyè syèk annapre, Jezi bay pwòp san pa l

Pou pwofesi a reyalize.

2. Nou tout nou rasanble devan ou,

Kou mouton ki nan patiraj,

Pou n di w mèsi pou Kris ou voye pou nou,

Non w sen, nou louwe l ak kouraj.

Devan nou l’a nou gen sou tab la

Diven avèk pen san ledven.

Yo se senbòl ki la pou sèvi nou rapèl :

Manje sa yo presye e yo sen.

3. Pen an reprezante kò Kris la

Ki bay vi l pou limanite.

Koup diven wouj la se senbòl san Jezi,

Ki rachte lèzòm nan peche.

Ann fikse moman Memoryal la

Nan lespri n, nan kè nou byen djanm.

Lè nou tout nou mache nan chemen Jezi Kris,

Lavi etènèl n ap jwenn ansanm.