Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Syèl la ap pwoklame glwa Bondye

Syèl la ap pwoklame glwa Bondye

Kantik 78 (175)

Syèl la ap pwoklame glwa Bondye

(Sòm 19:1)

1. Syèl la chante tout laglwa Jewova Dye.

Nou wè travay li fè ak men li nan syèl la.

Chak jounen fè louwanj pou li.

Nuit yo rakonte konesans Bondye ki Wa.

2. Lwa Jewova pafè, li rebay lavi,

Rapèl li yo fè moun san eksperyans vin saj.

Lòd li yo bay lakontantman.

Annou kenbe kòmandman l yo, avèk kouraj.

3. Krent pou Bondye la pou toutan e li sen.

Desizyon jidisyè l yo jis, e yo fidèl,

Yo atiran, wi, pase lò,

Se yon vrè jwa pou n manje yo, yo dous kou myèl.

4. Nou di w mèsi pou lwa w yo, rapèl ou yo.

E lè nou kenbe yo, ou toujou beni nou.

Se pou panse n ret pwòp toutan,

Nou vle aksyon nou fè w plezi, o Dye, chak jou.