Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Timoun se kado presye Bondye bay

Timoun se kado presye Bondye bay

Kantik 72 (164)

Timoun se kado presye Bondye bay

(Sòm 127:3, 4)

1. Timoun yo, se byen Bondye ban nou,

Pou n fòme e pou n bay enstriksyon.

Tankou flèch nan men yon nonm vanyan,

N ap gide yo nan bon direksyon.

Bondye di n toutbon :

‘ Sèvi ak baton. ’

Men, avèk tandrès, lanmou, bonte,

Pou n jwenn bon rezilta, n ap priye.

2. Pou n konprann sa ki nan kè yon jèn,

Sa mande pou n gen anpil ladrès.

Men, si nou kòmanse byen bonè,

Nan kè yo, n ap retire feblès.

N ap jwenn gran byenfè,

Si nou pran bonè.

Chèche èd Bondye, konte sou li,

Pandan n ap aplike tout sa l di.

3. Lè n pale ak timoun yo chak jou,

Y ap alèz, kidonk yo pap jennen

Pou yo di n sa ki nan panse yo.

N ap vin bon zanmi yo, se sèten.

Nou pap kritike.

N ap kominike.

Nou dwe bay timoun yo bon egzanp

E konsa, y ap briye tankou lanp.

4. Timoun yo se yon bèl eritaj,

Men, se Bondye ki mèt yo vrèman.

Fwi sa yo ap yon gwo rekonpans,

Si n ede yo gen bon disènman.

Jan n espere sa,

Y ap vin gen lafwa.

Fè Bondye konfyans nan tout domèn.

Avèk yo, ann louwe l ak tout kè n.