Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tout bagay vin tounèf

Tout bagay vin tounèf

Kantik 83 (187)

Tout bagay vin tounèf

(Revelasyon 21:4)

1. Siy tan yo pwouve Wayòm nan enstale.

Jezi Kris chita sou yon twòn glorye.

Batay nan syèl la, li te ranpòte.

Talè tout tè a pral jan Bondye vle.

(Refren)

2. Nou wè Nouvo Jerizalèm fidèl la,

Madanm Timouton an gen bèl ekla.

L’abiye ak bèl bijou kounye a,

E sèl limyè li se pral Jewova.

(Refren)

3. Vil s’a gen jistis, l ap fè tout moun plezi.

E pou toutan pòt li ap ret ouvri.

Tout nasyon pral mache nan bèl glwa li.

E, menm jan avè l, limyè n dwe jayi.

(REFREN)

Rejwi : tant Bondye avèk lòm.

L’ap avèk yo, e y’ap anfòm.

Pap gen chagren ak dlo nan je ankò,

Ni dèy, ni soufrans, ni rèl, ni lanmò.

Bondye di l ap refè tout bagay~ bèl.

E pawòl sa yo fidèl.