Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Viv ak verite

Viv ak verite

Kantik 85 (191)

Viv ak verite

(2 Korentyen 4:2)

1. Chemen verite, se chemen pou n suiv toutan.

Pa gen lòt ki pi bon pou nou.

Kris te fè n konnen lè nou bay, sa enpòtan,

Sa gaye lajwa toupatou.

Viv ak verite.

Lafwa nou dwe demontre.

Nan tout fason nou kondui tèt nou,

N ap montre nou viv ak verite.

2. Lè n met Ya anvan e lè n ba l glwa ak louwanj,

N ap pèdi amitye monn nan.

Moun ki san lafwa twouve sa vrèman etranj

Pou se chemen Bondye nou pran.

Viv ak verite.

Vye monn s’a nou dwe rejte.

Tank n ap vin pi pwòch Jewova Dye,

N ap montre nou viv ak verite.

3. Riz avèk twonpri fè pati manèv Dyab la,

Men nou ka kenbe tèt ak li.

N ap jwenn pwoteksyon grasa boukliye lafwa,

Konsa, kou l yo pap reyisi.

Viv ak verite.

Pyèj Satan yo demaske.

Lè n met tout ekipman Bondye bay,

N ap montre nou viv ak verite.

4. Lachè a trè fèb, e kè a li menm pa bon,

Kont peche n oblije goumen.

Men, kòm Jewova se yon Èd, yon Konpayon,

Nou ka venk lachè, se sèten.

Viv ak verite.

Pa lage kò n nan peche.

Si nou gen kontwòl sou manm kò nou,

N ap montre nou viv ak verite.