Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon chan pou Jewova

Yon chan pou Jewova

Kantik 84 (190)

Yon chan pou Jewova

(Sòm 92:1, 2)

1. N ap chante avèk kè kontan

Pou Ya, ki montre n chemen an.

N ap montre nou rekonesan,

N ap louwe l ak chan nou.

Li gran nan lanmou, nan bonte.

Chak jou, bò kote l, nou pwoche.

Verite l ban nou libète.

Nou se byen l pou toujou.

2. Nou di l mèsi pou limyè l la

K ap gide nou nan vye monn s’a.

O gad jan l klere nan fènwa,

Reyon l pot rekonfò !

Wayòm nan ban nou esperans.

Nou nan limyè, lavi n gen sans.

E kouny’a, nou viv ak konfyans.

Kè n ap chante byen fò.

3. N ap chante yon bèl melodi,

Devan twòn Bondye, n ap sèvi.

Pa mwayen Kris Jezi nou di

Ak yon kè ki sensè :

“ Jewova Dye ki gen lanmou,

Aksepte remèsiman nou,

Pou tout sa w ban nou toulejou.

N ap louwe w ak respè. ”