Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bon nouvèl yo ta renmen w tande a

Bon nouvèl yo ta renmen w tande a

Bon nouvèl yo ta renmen w tande a

LÈ Jezi te sou tè a, disip li yo te vin bò kote l e yo te mande l : “ Di nou non : Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou ak fen sistèm de choz la ? ” Nan repons li te ba yo, li te di yo ta gen anpil nasyon k ap fè lagè, ta gen grangou, epidemi, tranblemanntè. Li te di ta vin gen plis mepri pou lalwa, epi ta gen fo lidè relijye k ap twonpe anpil moun. Yo ta rayi vrè disip yo e yo ta pèsekite yo, e lanmou anpil moun pou ladwati ta vin refwadi. Lè bagay sa yo ta kòmanse rive, sa ta laprèv Kris prezan ann espri, e Wayòm selès la toupre. Sa ta yon gwo nouvèl, yon bon nouvèl. Se sa k fè, men sa Jezi te ajoute kòm yon pati nan siy lan : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apresa lafen an ap vini. ” — Matye 24:3-14.

Evènman k ap boulvèse lemonn kounye a pa gen anyen ladan yo pou bay kè kontan. Men, sa yo siyifi a bon, paske sa vle di Kris prezan. Tankou yo te anonse alavans, se an 1914 pwoblèm nou sot mansyone yo te kòmanse parèt aklè. Se nan dat sa a tan Jantil yo fini. Se ladan l tou pou peryòd tranzisyon an kòmanse, pou pouvwa lèzòm pase anba kòmannman Rèy mil an Kris la, Milenyòm nan.

Yo te deja anonse yon peryòd tranzisyon konsa nan Sòm 110, vèsè 1 e 2, ak nan Revelasyon 12:7-12. Nan tèks sa yo, yo montre Kris ta chita nan syèl la adwat Bondye, jis lè moman an ta rive pou l pran pouvwa a kòm wa. Kidonk, rezilta lagè ki te gen nan syèl la, se pimpe yo pimpe Satan sou tè a, e sa pote malè pou latè. Anmenmtan, Kris antre an fonksyon nan mitan lènmi l yo. Tout kalite mechanste pral fini nèt nan yon gwo tribilasyon k ap debouche sou lagè yo rele Amagedòn nan. Apresa, se pral Rèy mil an lapè Kris la. — Matye 24:21, 33, 34 ; Revelasyon 16:14-16.

Labib di : “ Men aprann sa, nan dènye jou yo, ap gen tan makawon. Paske lèzòm ap zanmi pwòp tèt yo, zanmi lajan, awogan, ògeye, blasfematè, dezobeyisan alega paran yo, engra, san fidelite, san afeksyon natirèl, san lespri antant, medizan, san metriz, fewòs, san lanmou pou sa ki byen, trèt, tèti, gonfle ak ògèy, zanmi plezi pase pou yo zanmi Bondye, y ap gen atachman ak Bondye pou lafòm, men y ap repouse sa ki fè fòs li a. E moun sa yo, vire do ba yo. ” — 2 Timote 3:1-5.

Gen moun ki kapab pretann bagay sa yo te konn rive deja nan istwa limanite. Men sa ki sèten sèke yo potko janm rive nan nivo sa a. Tankou istoryen yo ansanm ak kòmantatè yo di, pa t janm gen yon epòk ki tankou sa nou wè k ap pase sou tè a depi 1914 (gade nan paj 7). Gen plis malè lontan lontan ki rive, pase sa moun te konn wè oparavan. Ann ajoute sou sa lòt aspè siy Kris te bay pou dènye jou yo. Annou pran an konsiderasyon : pwoklamasyon prezans Kris la ansanm avèk pwoklamasyon Wayòm nan sou tout tè a. Sa potko janm rive nan nivo sa a nan tout listwa. Poutèt travay predikasyon an, Temwen Jewova yo sibi yon pèsekisyon ki pa gen konparezon. Yo egzekite plizyè santèn pami yo nan kan konsantrasyon nazi yo. Jis jounen jodi a, gen kèk zòn, Temwen Jewova yo anba entèdiksyon toujou. Gen lòt kote, yo arete yo, yo fèmen yo nan prizon, yo matirize yo, epi yo touye yo. Tout sa fè pati siy Jezi te bay la.

Tankou Revelasyon 11:18 te predi “ nasyon yo vin ankòlè ” kont Temwen Jewova fidèl yo, e sa vle di “ kòlè ” pa Jewova pral monte l kont nasyon sa yo tou. Menm tèks biblik sa a di Bondye pral “ fini ak moun k ap depafini tè a ”. Anvan sa, pa t janm gen yon epòk nan istwa limanite, pou tè a pa ka bay okenn garanti pou lavi kontinye sou li. Sepandan jodi a, bagay yo chanje ! Gen anpil moun save ki bay avètisman, yo di si lòm kontinye ap kontaminen tè a konsa, moun pap ka abite sou li. Men Jewova ‘ te bay tè a fòm menm pou moun abite ’ , e li pral debarase tè a ak moun k ap sal li yo ak fatra pwazon anvan yo fin depafini l nèt. — Izayi 45:18.

BENEDIKSYON WAYÒM NAN AP POTE POU TÈ A

Lide pou Wayòm nan ap gouvènen moun k ap viv sou tè a kapab sanble etranj pou anpil moun ki kwè nan Bib la. Yo panse tout moun k ap sove yo se nan syèl y ap ye. Bib la montre se yon ti gwoup moun sèlman ki pral nan syèl la. Alòske moun ki pral resevwa lavi etènèl sou tè a se pral yon gwo foul moun yo pa ka konte (Sòm 37:11, 29 ; Revelasyon 7:9 ; 14:1-5). Selon yon pwofesi nan liv biblik Danyèl la, Wayòm Bondye a yo remèt bay Kris la pral ranpli tè a, e se li ki pral dirije l.

Nan pwofesi sa a, Wayòm Kris la tankou yon wòch ki detache sot nan yon mòn, e mòn nan senbolize Souvrènte Jewova. Wòch la frape yon estati, ki reprezante nasyon yo ki pisan sou tè a, epi li kraze l. Apresa “ wòch ki frape estati a [...] tounen yon gwo mòn ki ranpli tout tè a nèt ”. Lèfini pwofesi a di : “ Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la ap tabli yon Wayòm ki pap janm tonbe. E Wayòm nan pap pase anba kòmannman okenn lòt pèp. Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” — Danyèl 2:34, 35, 44.

Se apwopo de Wayòm sa a Temwen Jewova yo ta renmen pale avèk ou, ansanm ak espwa Labib bay pou w gen lavi etènèl sou yon tè ki pwòp, ki bèl. Gen plizyè milyon moun ki vivan kounye a ki pral gen posiblite pou yo viv pou toutan sou li. Gen plizyè milyon moun ki nan tonbo kounye a ki pral viv sou li nètale tou. Se sou Rèy mil an Kris Jezi a, pwogram Jewova te genyen lè l te kreye tè a ak de premye moun li te mete sou li a, pral reyalize. Moun pap janm santi yo bouke viv nan Paradi terès sa a. Menm jan Adan te gen yon travay pou l fè nan jaden Edenn nan, se konsa limanite pral gen gwo travay pou l fè tou. Y ap bezwen pran swen tè a ak plant ki sou li yo, ansanm ak zannimo k ap viv sou tè a. Lèzòm “ va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo ”. — Izayi 65:22, Bib la ; Jenèz 2:15.

Nou ta kapab site anpil tèks biblik pou montre ki jan sitiyasyon an pral ye lè n ap jwenn repons lapriyè Jezi te aprann nou an : “ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a tou, tankou nan syèl la. ” ​(Matye 6:10). Sepandan, pou kounye a, annou kenbe tèks sa a sèlman : “ Avèk sa, mwen tande yon vwa fò ki soti nan twòn nan ki di : ‘ Gade ! Tant Bondye a avèk lèzòm, e li pral abite avèk yo, e se pèp li yo pral ye. E Bondye li menm ap avèk yo. Epi li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Bagay ansyen tan yo disparèt. ’ E moun ki chita sou twòn nan di : ‘ Gade ! Mwen fè tout bagay vin tounèf. ’ Li di tou : ‘ Ekri, paske pawòl sa yo fidèl epi yo veridik. ’ ” — Revelasyon 21:3-5.

[Antrefilè nan paj 15]

“ Tan makawon ”,

MEN “ apresa lafen an ap vini ”.

[Foto nan paj 18]

Peyiba

[Foto nan paj 18]

Nijerya