Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jan yo te derape nan tan modèn nan ak jan yo devlope

Jan yo te derape nan tan modèn nan ak jan yo devlope

Jan yo te derape nan tan modèn nan ak jan yo devlope

GEN plis pase santan depi istwa modèn Temwen Jewova yo kòmanse. Nan kòmansman ane 1870 yo, yon ti gwoup toupiti te kòmanse etidye Labib nan Allegheny, ki yon pati nan Pittsburgh kounye la a (nan Pennsilvani, Ozetazini). Se te Charles Taze Russell ki te animatè prensipal gwoup la. An jiyè 1879, yo te parèt pou premye fwa ak jounal Zion’s Watch Tower and Herald of Christ’s Presence (Latoudegad Siyon e Mesaje Prezans Kris la). An 1880, apati de gwoup etid nou sot pale a, te gen yon kantite kongregasyon ki te epapiye nan eta ki te nan alantou yo. An 1881, yo te fòme yon asosyasyon ki te rele Zion’s Watch Tower Tract Society. An 1884, li te vin yon asosyasyon lalwa rekonèt avèk Russell kòm prezidan. Apresa, yo te chanje non asosyasyon an, yo te vin rele l Watch Tower Bible and Tract Society. Nan epòk la, te gen anpil moun ki t ap preche kay an kay e ki t ap ofri piblikasyon biblik. An 1888, te gen senkant nan yo ki te bay tout tan yo nan travay sa a. Alòske kounye a, kantite moun an mwayèn k ap fè l nan lemonnantye rive nan 700 000 anviwon.

An 1909, travay la te tounen yon travay entènasyonal e yo te deplase biwo santral Sosyete a vin kote l ye kounye a nan Bwouklin ki nan Nouyòk. Yo te kòmanse pibliye sèmon nan plizyè jounal. An 1913, sèmon sa yo te parèt nan kat lang nan plizyè milye jounal Ozetazini, o Kanada ak ann Ewòp. Kanta pou liv, bwochi, feyè, se plizyè santèn milyon konsa yo te distribye.

An 1912 yo te kòmanse travay sou “ Fotodram Kreyasyon an ”. Pou prezante l, yo te itilize foto ki fiks ak fim ki gen kòmantè ki anrejistre. Ladan l, yo te montre sa k te pase depi lè yo t ap kreye tè a jis rive nan lafen Rèy mil ane Kris la. Yo te kòmanse premye seyans yo an 1914 devan 35 000 moun pa jou. Se te yon travay ki te ouvri chemen pou fim sinema, paske lè sa a fim avèk son potko egziste.

ANE 1914

Te gen yon tan desizif ki t ap pwoche. An 1876, Charles Taze Russell, ki etidyan Labib, te remèt bay yon jounal yo rele Bible Examiner (Etidyan Labib la) yon atik ki te gen tit “ Tan Jantil yo : ki lè y ap bout ? ” Se te yon jounal yo te pibliye nan Bwouklin ki nan Nouyòk. Men sa l te di nan nimewo mwa oktòb la, nan paj 27 : “ Sèt tan Jantil yo pral fini nan epòk nou an, an 1914. ” Lè yo di “ tan Jantil yo ” se yon lòt fason Bib la tradui epòk yo rele “ tan ki fikse pou nasyon yo ”. (Lik 21:24.) Tout bagay yo t ap tann ki pou rive yo pa t fèt an 1914, men nan ane sa a tan Jantil yo te fini, e sa gen yon siyifikasyon espesyal. Anpil istoryen ak anpil kòmantatè mete yo dakò pou yo di ane 1914 la se tankou yon gwo kout volan ki fèt nan istwa limanite. Tout deklarasyon nou pral mansyone apre yo demontre sa :

“ Dènye ane ‘ nòmal ’ ki pase san pwoblèm nan listwa se te 1913, ane ki vin anvan Premye Gè mondyal la te kòmanse a. ” — Editoryal Times-Herald, Washington, D.C., 13 mas 1949.

“ Pran 75 ane ki reprezante peryòd ant 1914 a 1989 ki gen ladan yo de gè mondyal plis lagè frèt la, istoryen yo gade epòk sa a kòm yon epòk san parèy, yon epòk apa, kote yon bon pati nan lemonn t ap batay nan lagè, kote yo t ap bat pou yo leve anba lagè, oswa yo t ap prepare yo pou lagè. ” — The New York Times, 7 me 1995.

“ Lemonnantye te eksploze toutbonvre nan Premye Gè mondyal la, e nou toujou poko konn poukisa. Anvan sa, moun te kwè lavi ki devan yo a pa t ka pi bèl pase sa. Te gen lapè, afè moun te bon. Epi apresa, tout bagay eksploze. Depi lè a, nou sanble nou nan menm eta ak yon moun ki endispoze [...] Yo touye piplis moun nan syèk sa a pase sa yo te touye nan tout listwa. ” — Doktè Walker Percy, American Medical News, 21 novanm 1977.

Plis pase 50 ane apre 1914, men sa Konrad Adenauer, ki te yon òm d eta alman te ekri : “ Sekirite ak lapè disparèt nan lavi lèzòm depi 1914. ” — The West Parker, Cleveland, Ohio, 20 janvye 1966.

Charles T. Russell, premye prezidan Sosyete a mouri an 1916, e Joseph F. Rutherford te ranplase l nan ane apre a. Gen anpil chanjman ki te fèt. Yon lòt jounal yo te rele L’Âge d’Or, ki te mache ak La Tour de Garde, te parèt. (Kounye a yo rele l Réveillez-vous ! Pou chak tiraj li depase 20 000 000 e li parèt nan plis pase 80 lang). Yo te peze plis toujou sou enpòtans predikasyon kay an kay la genyen. An 1931, pou kretyen sa yo te montre diferans ki genyen ant yo menm ak Legliz lakretyente yo, yo te pran non Temwen Jewova. Non sa a baze sou Izayi 43:10-12.

Bò ane 1920 ak ane 1930 yo, yo te sèvi anpil ak yon bann estasyon radyo. An 1933, Sosyete a te sèvi ak 403 estasyon radyo pou difize diskou biblik. Apre epòk sa a, se te vizit kay an kay yo te konn fè ak fonograf pòtatif pou yo pase diskou biblik ki tou anrejistre. Sa te vin kòmanse ranplase emisyon nan radyo yo. Tout moun laverite biblik te enterese, yo te kòmanse etidye avèk yo lakay yo.

LAVIKTWA NAN TRIBINAL

Pandan ane 1930 ak 1940 yo, yo te arete anpil Temwen poutèt travay predikasyon an. Pwose Temwen yo te konn fè nan tribinal se te lit yo t ap mennen pou defann libète lapawòl, libète laprès, libète pou fè reyinyon, libète pou moun adore. Ozetazini, apre tribinal premye enstans yo konn fin pwononse santans, Temwen yo konn ale nan tribinal Kou dapèl. Se konsa yo te pote laviktwa nan 43 pwose devan Lakou siprèm Etazini an. Yo te jwenn bon rezilta menm jan an tou nan santans tribinal siperyè lòt peyi te pwononse. Konsènan laviktwa Temwen yo te ranpòte nan tribinal, annou gade sa pwofesè Charles S. Braden te ekri de yo nan liv li a ki rele Yo menm tou yo gen lafwa (anglè). Li di : “ Yo rann demokrasi a yon kokenn sèvis nan batay yo batay pou defann dwa sivik yo, paske lit yo mennen an kontribye pou garanti menm dwa sa yo pou tout gwoup ki an minorite ann Amerik. ”

PWOGRAM POU FÒMASYON ESPESYAL

Joseph F. Rutherford mouri an 1942 epi Nathan H. Knorr te vin ranplase l nan fonksyon prezidan an. Yon pwogram fòmasyon ki te prepare avèk bon metòd te kòmanse. An 1943 yo te mete yon lekòl fòmasyon pou misyonè sou pye yo rele Gileyad, Lekòl biblik Sosyete Watchtower a. Depi lè a, moun diplome ki soti nan lekòl sa a, yo voye yo nan peyi ki sou tout kò tè a. Se konsa vin gen nouvo kongregasyon nan peyi kote ki pa t gen sa ditou. Nan divès nasyon tou, yo te etabli biwo filyal ki rive plis pase 100 kounye a. Tanzantan yo òganize kou espesyal pou fòme ansyen ki nan kongregasyon yo. Gen kou tou pou fòmasyon volontè k ap travay nan filyal yo ak moun ki nan sèvis predikasyon aplentan (pyonye yo). Gen plizyè lòt lekòl espesyalize yo mete sou pye nan yon sant edikasyon ki nan Patèson, nan Nouyòk, pou fòmasyon minis kretyen yo.

Nathan H. Knorr mouri an 1977. Youn nan dènye chanjman li te patisipe ladan l nan domèn òganizasyon, anvan l mouri, se te nan elajisman Kolèj santral la. Kolèj sa a gen rezidans li nan biwo santral mondyal la ki nan Bwouklin. An 1976 yo te pataje reskonsablite administratif yo ant divès komite ki gen ladan yo manm Kolèj santral la. Tout manm sa yo gen plizyè dizèn ane eksperyans kòm minis.

AGRANDISMAN ENPRIMRI YO

Se pa ni de ni twa gwo evènman ki pase nan istwa Temwen Jewova nan tan modèn nan. Apati de ti gwoup etid biblik ki te nan Pennsilvani an 1870 la pou rive nan ane 2000, Temwen yo depase 90 000 kongregasyon nan lemonnantye. O kòmansman, tout piblikasyon yo te fè, se antrepriz komèsyal yo te konn bay enprime yo pou yo. Apresa, depi bò 1920, se Temwen yo menm ki te enprime yon pati nan piblikasyon yo nan enprimri yo te lwe. Men, apati 1927, te gen anpil piblikasyon se nan enprimri uit etaj ki pou Watchtower Bible and Tract Society ki nan Bwouklin, nan Nouyòk la, yo enprime yo. Kounye a, yo gentan ajoute lòt bilding pou agrandi enprimri a ak yon lòt bilding pou biwo. Gen lòt bilding toupre a pou volontè k ap travay nan enprimri yo abite. Ajoute sou tou sa, gen yon fèm ki sou yon bitasyon kote yo mete yon lòt enprimri toupre a nan Wòlkil, ki nan leta Nouyòk. Nan fèm sa a, yo enprime jounal La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Se la tou yo pwodwi yon pati nan manje yo bay minis k ap travay nan divès kote nou sot pale yo. Chak volontè k ap travay resevwa yon ti monnen chak mwa pou ranbouse yo ti depans pèsonèl yo te fè.

KONGRÈ ENTÈNASYONAL

Se an 1893 yo te fè premye gwo kongrè a nan Chikago ki nan Ilinwa (Ozetazini). Gen 360 moun ki te la, e 70 nan yo te batize. Dènye gwo kongrè entènasyonal yo te fè nan yon sèl vil, nan Nouyòk, se te an 1958. Yo te itilize de estad, Yankee Stadium ak Polo Grounds ki te egziste nan epòk la. Maksimòm asistan yo te rive 253 922 moun, te gen 7 136 nouvo moun ki te batize. Apresa, vin gen kongrè entènasyonal yo òganize nan anpil lòt peyi. Nan seri kongrè yo, antou gen apeprè yon milye ki fèt nan peyi ki toupatou sou tè a.

[Antrefilè nan paj 8]

Yo rann libète sivil yon kokenn sèvis.

[Foto nan paj 6]

Kòmanse ak 6 000 “ La Tour de Garde ” nan yon sèl lang, vin gen plis pase 22 000 000 nan 132 lang.

[Foto nan paj 7]

Yon gwo kout volan nan istwa limanite.

[Gwo foto nan paj 10]