Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon moun ki enterese konn abitye poze

Kesyon moun ki enterese konn abitye poze

Kesyon moun ki enterese konn abitye poze

Si Bondye se lanmou vre, poukisa l pèmèt lemal ?

BONDYE pèmèt lemal se vre, e gen plizyè milyon moun sou tè a ki chita ap pratike l paske yo vle. Paregzanp yo fè lagè, yo lage bonm sou timoun, yo devaste tè a e sa lakòz gen grangou. Gen plizyè milyon moun k ap fimen e yo trape kansè poumon. Genyen ki viv nan adiltè e yo pran maladi seksyèl trapan. Yo bwè twòp e yo pran maladi siwoz nan fwa, e latriye. Jan de moun sa yo pa vle pou lemal fini nèt toutbonvre non. Sèlman, yo pa vle peye konsekans sa yo fè. Lè yo rekòlte sa yo simen an, yo pete kriye, yo di : “ Poukisa se mwen sa rive ? ” E se Bondye yo blame, tankou Pwovèb 19:3 di : “ Se sotiz yon nonm ki fini avè l. Apre sa, li konprann pou l fache sou Bondye. ” ​(Bib la). Si Bondye te anpeche yo fè sa k mal, yo t ap repwoche l poutèt li pa t kite yo lib pou yo fè sa yo vle.

Rezon prensipal ki fè Jewova kite mal ap fèt se poutèt pou l ka leve defi Satan an. Satan Ledyab pretann pa gen moun Bondye mete sou tè a k ap rete fidèl depi yo anba eprèv (Jòb 1:6-12 ; 2:1-10). Jewova pèmèt Satan rete vivan pou l ba li okazyon pwouve sa l di a (Egzòd 9:16). Satan kontinye ap bay lèzòm traka jis kounye a pou l fè yo vire kont Bondye, pou l wè si l a rive pwouve pretansyon l lan (Revelasyon 12:12). Sepandan, Jòb te rete entèg. Jezi te fè menm jan an e vrè kretyen jodi a fè menm bagay. — Jòb 27:5 ; 31:6 ; Matye 4:1-11 ; 1 Pyè 1:6, 7.

Mwen ta renmen kwè ap gen yon paradi terès kote moun ap viv pou toutan, men èske sa pa twò bèl pou sa ta fèt vre ?

Daprè Bib la, se non. Sa k fè sa sanble twò bèl pou l ta fèt vre, se paske depi plizyè syèk se lemal limanite ap wè. Jewova te kreye tè a, lèfini li te di pou limanite ranpli li ak gason e ak fanm ki dwat. Li te di tou pou yo pran swen plant ki sou tè a ak tout zannimo yo, pou yo pwoteje bote tè a, men se pa detwi pou yo ap detwi l (gade paj 12 ak paj 17). Olye pou se pwomès pou nou jwenn Paradi a ki ta twò bèl pou sa ta fèt vre, se sitiyasyon lamantab jodi a ki twò lèd pou l dire. Se Paradi a ki pral ranplase l.

Ki jan m ka reponn mokè yo, moun ki di Bib la se yon istwa yo envante e li an kontradiksyon ak lasyans ?

Mete konfyans nan pwomès sa yo pa vle di se pou w kwè san prèv. “ Konsa lafwa vini apre bagay moun tande a. ” Lè w etidye Pawòl Bondye a, w ap wè sajès ki gen ladan l, e se lafwa w k ap ogmante. — Women 10:17 ; Ebre 11:1.

Akeyoloji biblik bay anpil prèv ki montre istwa ki nan Bib la egzak. Lasyans ki chita sou verite a ann akò ak Bib la. Prèv nou pral mansyone la a, Bib la te deja pale de yo byen lontan anvan savan yo te vin atire atansyon sou yo. Men yo : lòd nan etap tè a te pase pou l te devlope, tè a won, li pandye nan lespas, li pa chita sou anyen. E zwazo yo gen sezon pou yo kite yon zòn al nan yon lòt. — Jenèz chapit 1 ; Izayi 40:22 ; Jòb 26:7 ; Jeremi 8:7.

Akonplisman pwofesi yo bay prèv se Bondye ki enspire pawòl ki nan Bib la. Danyèl te predi alavans jan pisans mondyal yo ta monte ak jan yo ta tonbe. Menm jan an tou, li te predi ki lè Mesi a ta vini epi ki lè l ta mouri (Danyèl chapit 2 ak chapit 8 ; 9:24-27). Jodi a ankò, gen lòt pwofesi k ap akonpli ki fè nou konnen se nan “ dènye jou yo ” nou ye (2 Timote 3:1-5 ; Matye chapit 24). Lòm pa gen pouvwa nan men l pou l fè prediksyon alavans (Izayi 41:23). Pou plis ransèyman, gade nan liv La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ak liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Liv sa yo se Temwen Jewova ki pibliye yo.

Ki jan m ka fè pou m aprann reponn kesyon moun ap poze sou Bib la ?

Ou bezwen etidye Labib epi ou bezwen medite sou sa w etidye a. Anmenmtan, mande Bondye pou lespri l dirije w (Pwovèb 15:28 ; Lik 11:9-13). Bib la di : “ Si youn nan nou manke sajès, se pou l mande Bondye sa san rete, paske li donan avèk tout moun e san fè repwòch e y ap ba li l. ” ​(Jak 1:5). Gen piblikasyon biblik ki merite pou w egzamine yo tou. Abityèlman, nou konn bezwen èd lòt moun tankou lè Filip te etidye avèk Etyopyen an (Travay 8:26-35). Temwen Jewova yo al kondi etid biblik gratis ak moun ki enterese yo lakay yo. Pa ezite mande yo vin rann ou sèvis sa a.

Poukisa gen tout moun sa yo ki pa dakò ak Temwen Jewova yo e ki di m pou m pa etidye avèk yo ?

Lè Jezi t ap preche li te jwenn opozisyon, e li te di disip li yo, li pa kache di yo, y ap jwenn opozisyon tou. Lè advèsè ki nan relijyon yo te wè jan ansèyman Jezi a atire moun, yo te di : “ Èske nou menm tou se pa egare nou kite yo egare nou ? Pa gen yon sèl nan chèf yo oswa nan Farizyen yo ki mete lafwa nan li, se pa vre ? ” ​(Jan 7:46-48 ; 15:20). Anpil nan moun k ap konseye w pou w pa etidye avèk Temwen yo, se swa yo mal enfòme, oswa yo gen prejije. Se pou w etidye avèk Temwen yo pou w ka konstate pou kont pa w, si w vin pi byen konprann Bib la oswa si w vin pi pa konprann li. — Matye 7:17-20.

Poukisa Temwen yo ap vizite moun ki deja gen pwòp relijyon pa yo ?

Lè yo fè konsa se egzanp Jezi y ap suiv. Li te ale bò kote Jwif yo. Jwif yo te gen pwòp relijyon pa yo, men, anpil fwa relijyon yo t ap pratike a pa t suiv sa Pawòl Bondye a di (Matye 15:1-9). Tout nasyon gen relijyon ladan yo, kit yo di yo se kretyen, kit yo pa kretyen. Li toutafè esansyèl pou moun veye pou kwayans yo mache ann akò ak Pawòl Bondye a. Efò Temwen yo ap fè pou ede moun fè sa, se prèv yo renmen pwochen yo.

Èske Temwen yo kwè se relijyon pa yo a sèl ki bon ?

Nenpòt moun ki pran relijyon pa l la oserye ta dwe kwè se relijyon sa a ki bon. Si se pa t sa, poukisa l antre ladan l ? Men konsèy kretyen yo resevwa : “ Verifye tout bagay. Sa k bon an kenbe l djanm. ” ​(1 Tesalonisyen 5:21). Yon moun ta dwe asire l kwayans li yo chita sou Bib la, paske se yon sèl vrè lafwa ki genyen. Efezyen 4:5 konfime sa lè l di “ gen yon sèl Seyè, gen yon sèl lafwa, gen yon sèl batèm ”. Jezi pa t dakò ak konsepsyon liberal ki kouran jodi a, ki fè kwè menmsi gen plizyè chemen, gen plizyè relijyon, yo tout ap mennen nan delivrans lan. Li te di pito : “ Pòt la etwat, e chemen ki mennen nan lavi a jennen, e moun ki jwenn li yo pa anpil. ” Temwen Jewova yo kwè yo jwenn li. Si yo pa t kwè sa, yo t ap chèche yon lòt relijyon. — Matye 7:14.

Èske yo kwè se yo menm sèl k ap sove ?

Non. Dè milyon moun ki t ap viv nan syèk ki pase yo e ki pa t Temwen Jewova pral resisite, e y ap gen posiblite pou yo jwenn lavi. Anpil moun k ap viv kounye a gen posiblite toujou pou yo pran pozisyon pou laverite ak lajistis anvan “ gwo tribilasyon ” an, e y ap sove. Yon lòt bagay ankò : Jezi di nou pa fèt pou youn ap jije lòt. N ap gade sou aparans, Bondye li menm ap gade sou sa k nan kè. Pa gen anyen ki chape anba kontwòl li e l ap jije avèk mizèrikòd. Se nan men Jezi li remèt pouvwa pou jije a, se pa nan men nou. — Matye 7:1-5 ; 24:21 ; 25:31.

Ki ofrann yo atann pou moun bay lè yo al asiste reyinyon Temwen Jewova yo ?

Konsènan ofrann lajan, men sa apot Pòl te di : “ Se pou chak moun fè jan l deside nan kè l, pou se pa ak regrè oswa nan fòse, paske Bondye renmen moun ki bay ak lajwa. ” ​(2 Korentyen 9:7). Yo pa janm fè lakòlèt ni nan Sal Wayòm yo ni nan Sal asanble Temwen Jewova yo. Yo mete bwat ofrann aladispozisyon tout moun ki ta renmen fè yon ofrann. Pyès moun pa konnen kilès ki bay ni ki valè yo bay. Gen moun ki ka bay piplis pase lòt, gen moun petèt ki pa ka bay anyen. Jezi te montre ki bon pwennvi pou moun genyen, lè l t ap pale de bwat trezò ki te nan tanp Jerizalèm nan pandan moun yo t ap mete ofrann yo. Se selon posiblite w genyen ak volonte pou w bay la ki konte, se pa kantite lajan an. — Lik 21:1-4.

Si m vin Temwen Jewova, èske m oblije preche tou ?

Lè yon moun rive gen konesans sou pwomès Paradi terès nou pral genyen sou rèy Wayòm pa Kris la, se yon sèl bagay li anvi fè, se pale de sa ak lòt moun. Ou pral anvi fè l tou, paske se yon bon nouvèl ! — Travay 5:41, 42.

Lè w fè sa, se yon fason enpòtan pou w montre ou se yon disip Jezi Kris. Nan Bib la yo rele Jezi “ temwen fidèl e veridik la ”. Lè l t ap preche sou tè a, li te di : “ Wayòm syèl la pre ”, e li te voye disip li yo fè menm jan an (Revelasyon 3:14 ; Matye 4:17 ; 10:7). Apresa, Jezi te bay disip li yo lòd, li te di yo : “ Ale non, epi fè disip pami moun tout nasyon, [...] anseye yo. ” Li te predi tou, anvan lafen an rive “ yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon ”. — Matye 24:14 ; 28:19, 20.

Gen plizyè fason pou moun anonse bon nouvèl la. Lè n ap pale ak zanmi oswa ak lòt moun nou konnen, sa konn louvri chemen souvan pou nou fè sa. Gen moun ki ekri lèt, oswa yo sèvi ak telefòn pou yo preche. Gen lòt ki voye piblikasyon pa lapòs, piblikasyon ki gen sijè yo panse ki kapab sitou enterese yon moun yo konnen. Kòm Temwen yo pa ta renmen rate pesonn, yo ale kay an kay pou yo pote mesaj la.

Men bèl envitasyon nou jwenn nan Bib la, li di : “ Ni lespri a ni lamarye a di : ‘ Vini non ! ’ Se pou nenpòt moun ki tande, di : ‘ Vini non ! ’ E se pou nenpòt moun ki swaf vini. E se pou nenpòt moun ki vle, pran dlo lavi a gratis. ” ​(Revelasyon 22:17). Pou moun pale ak lòt moun de Paradi terès la ak benediksyon l ap pote, se ak bongre pou yo fè l, avèk dezi nan kè yo pou yo pataje bon nouvèl sa a.

San dout ou gen lòt kesyon pou w poze sou Temwen Jewova ak sou kwayans yo genyen. Petèt gen kèk sijè ou pa fin dakò avèk yo. Nou ta renmen reponn kesyon w genyen yo. Pa gen plas ase nan bwochi sa a pou sa, se sa k fè nou ankouraje w poze Temwen ki nan zòn bò lakay ou yo kesyon. Ou kapab fè sa ni lè w al nan reyinyon nan Sal Wayòm yo a, ni lè yo vizite w lakay ou. Oubyen ou kapab voye kesyon w yo nan biwo Temwen Jewova ki nan youn nan adrès yo bay pi ba a.