Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwayen yo sèvi pou yo simaye bon nouvèl la

Mwayen yo sèvi pou yo simaye bon nouvèl la

Mwayen yo sèvi pou yo simaye bon nouvèl la

KRETYEN yo resevwa lòd pou yo “ fè disip pami moun tout nasyon ”, men sa pa vle di se pou yo bay moun presyon, oswa pou yo fòse yo konvèti. Jezi te gen misyon pou “ anonse moun enb yo bon nouvèl ”, pou “ panse moun kè yo ap fann ”, pou “ konsole tout moun ki andèy ”. (Matye 28:19 ; Izayi 61:1, 2 ; Lik 4:18, 19.) Se sa Temwen Jewova yo ap chèche fè lè y ap anonse bon nouvèl Labib pale a. Tankou pwofèt Ezekyèl te fè, Temwen Jewova jounen jodi a ap bat pou yo jwenn moun k ap “ soupire e ki ap jemi parapò ak tout bagay detestab moun ap komèt ”. — Ezekyèl 9:4.

Mwayen moun pi konnen yo sèvi pou yo jwenn moun ki nan detrès anba sitiyasyon jodi a, se preche yo preche kay an kay. Konsa, yo fè yon bonjan efò pou yo rive kontakte piblik la, tankou Jezi te konn fè lè “ li te mache ale vil an vil, bouk an bouk, li t ap preche e li t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a ”. Premye disip li yo te konn fè menm jan an (Lik 8:1 ; 9:1-6 ; 10:1-9). Kote sa posib jodi a, Temwen Jewova yo fè efò pou yo vizite chak kay plizyè fwa nan yon ane. Yo chèche pale ak moun nan kay la pandan kèk minit sou sijè ki enterese moun nan lokalite a. Oubyen yo pale sou bagay k ap pase nan lemonn ki chaje tèt moun. Temwen yo li youn oswa de vèsè biblik avèk moun nan pou fè l reflechi. Si sa enterese moun nan, yo pran randevou avèk li pou yo retounen fè yon vizit nan yon moman ki bon pou li, pou yo kontinye konvèsasyon an. Yo fè moun nan jwenn Bib ak piblikasyon biblik, e si li vle, yo kondi yon etid biblik gratis avèk li lakay li. Se plizyè milyon etid biblik yo kondi regilyèman konsa nan lemonnantye, swa ak yon sèl moun, swa ak tout yon fanmi.

Reyinyon yo fè nan Sal Wayòm ki nan lokalite a se yon lòt fason yo fè lòt moun tande “ bon nouvèl wayòm nan ”. Temwen yo fè reyinyon nan Sal sa yo chak semèn. Youn nan reyinyon sa yo se yon diskou piblik sou yon sijè jeneral ki enterese tout moun. Tousuit apre, yo fè yon etid kote yo devlope yon tèm oswa yon pwofesi biblik ki baze sou jounal La Tour de Garde. Yon lòt reyinyon yo òganize se yon lekòl pou bay Temwen yo fòmasyon pou yo rive pwoklame bon nouvèl la pi byen. Apresa, gen yon dezyèm pati ki rezève pou yo pale sou travay predikasyon an nan tèritwa pa yo a. Yon fwa pa semèn, Temwen yo reyini nan mezon prive tou, ti gwoup pa ti gwoup, pou yo etidye Labib.

Pòt tout reyinyon sa yo ouvri pou piblik la. Pa janm gen lakòlèt ki fèt ladan yo. Tout moun ka tire pwofi nan reyinyon yo. Labib di : “ Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche. ” Li nesesè pou nou etidye an prive e pou nou fè rechèch. Sepandan, reyini ansanm ak lòt moun pouse nou aji. Labib di : “ Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. ” — Ebre 10:24, 25 ; Pwovèb 27:17, Bib la.

Nan pran kontak ak lòt moun nan lavi chak jou a, Temwen yo byen sèvi ak okazyon yo jwenn pou yo pale de bon nouvèl la tou. Se kapab yon ti pale y ap fè ak yon vwazen, ak yon pasaje nan yon otobis, oswa nan yon avyon. Se kapab yon konvèsasyon ki pi long ak yon zanmi oswa ak yon paran. Oubyen ankò se kapab yon dyalòg ak yon kòlèg travay pandan poz nan mitan jounen an. Jezi te konn preche konsa anpil tou, paregzanp : pandan l t ap mache bò lanmè, pandan l te chita nan flan yon ti mòn, pandan moun envite l vin manje, pandan yon resepsyon maryaj, oswa pandan l an vwayaj sou yon bato lapèch nan lanmè Galile. Li te anseye nan sinagòg yo, nan tanp Jerizalèm nan tou. Kèlkeswa kote Jezi te ye, li te chèche mwayen pou l pale de Wayòm Bondye a. Nan domèn sa a tou, Temwen Jewova yo fè efò pou yo suiv tras Jezi. — 1 Pyè 2:21.

YO PRECHE AK BON EGZANP

Kèlkeswa mwayen moun k ap preche a ta itilize pou fè konnen bon nouvèl la, nan tout sa nou sot di la a, pa gen youn ladan yo ki t ap vle di anyen si moun nan pa mete sa l ap anseye a an pratik. Di yon bagay epi fè yon lòt se ipokrizi. E ipokrizi ou jwenn nan relijyon fè plizyè milyon moun rejte Labib. Se pa Labib vre ki merite repwòch. Eskrib ak Farizyen yo te posede pati Bib ki ekri nan lang ebre a, men Jezi te akize yo kòm moun ki ipokrit. Li te di yo se vre, yo se moun k ap li Lalwa Moyiz. Apresa, men sa l te di anplis pou disip li yo : “ Tout sa yo di nou, fè li e mete l an pratik, men pa aji selon aksyon y ap fè, paske y ap di men yo pap fè. ” ​(Matye 23:3). Yon kretyen ki bay bon egzanp nan lavi li, sa di plis bagay pase si l ta pran yon pakèt tan pou l chita ap sèmonnen yon moun. Sa atire atansyon sou fanm kretyèn ki gen mari yo enkwayan. Bib la di : “ Yo kapab rale yo mennen vini san pawòl, paske yo temwen ak je yo konduit dwat ak gwo respè nou genyen. ” — 1 Pyè 3:1, 2.

Se rezon sa a ki fè Temwen Jewova ap fè tout efò yo pou yo rekòmande lòt moun bon nouvèl la pa mwayen sa a tou. Sa vle di, kòm kretyen, se pou yo bat, nan konduit yo, pou lòt moun pran yo pou modèl. Y ap lite pou yo fè ‘ sa yo ta renmen lòt moun fè pou yo ’. (Matye 7:12.) Yo fè efò pou yo aji konsa ak tout moun, se pa sèlman ak Temwen parèy yo, ak zanmi yo, oswa ak fanmi yo. Etandone yo pa san fay, yo pa toujou reyisi san pousan. Men, se avèk tout kè yo, yo vle fè sa ki byen ak tout moun. Yo pa vle sèlman anonse yo bon nouvèl Wayòm nan, men yo vle lonje lamen tou pou ede moun chak fwa sa posib. — Jak 2:14-17.

[Foto nan paj 19]

Awayi

[Foto nan paj 19]

Venezwela

[Foto nan paj 19]

Yougoslavi

[Foto nan paj 20]

Yo bati Sal Wayòm yo yon fason ki bon pou etidye Labib.

[Foto nan paj 21]

Ni lakay yo, ni nan kontak yo ak lòt moun, ak tout kè yo, Temwen yo ap fè efò pou yo mete sa y ap anseye a an pratik.