Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nan ki sa yo kwè ?

Nan ki sa yo kwè ?

Nan ki sa yo kwè ?

TEMWEN JEWOVA yo kwè nan Bondye Toupisan an, Jewova, ki Kreyatè syèl la ak tè a. Lè nou gade mèvèy ki toutotou nou nan linivè a, yon seri mèvèy ki byen òganize, larezon pa ka pa di nou gen yon entèlijans siperyè pase tout lòt, yon Kreyatè pisan ki fè yo tout. Gason kou fanm se nan travay yo fè moun wè ki kalite yo genyen, menm jan an tou se nan travay Jewova Dye fè nou wè kalite l yo. Men sa Bib la di nou de li : “ Kalite envizib li yo parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun ka konprann yo nan bagay ki te fèt yo. ” Konsa tou, san vwa ni pawòl, “ syèl la ap pwoklame laglwa Bondye ”. — Women 1:20 ; Sòm 19:1-4.

Moun pa konn chita ap fabrike po ann ajil oswa televizyon ak òdinatè, san yo pa gen yon objektif. Kreye tè a, kreye plant yo, ak zannimo k ap viv sou tè a, bagay sa yo se mèvèy ki kite sa lèzòm fè yo dèyè lwen lwen. Jan kò moun fèt ak kantite milya sèlil ki ladan l yo, sa depase entèlijans nou. Sèvo a menm ki pèmèt nou panse a, se yon mèvèy nou pa ka detaye. Si lèzòm gen yon objektif pou bagay yo envante ki prèske pa anyen devan sa Jewova fè, alewè pou li menm Jewova pou l pa ta gen yon objektif pou bagay enpresyonan li kreye yo. Se sa Pwovèb 16:4 di : “ Jewova fè tout bagay anrapò ak objektif li genyen. ”

Lè Jewova te fè tè a, li te vize yon objektif, tankou l te di de premye mesyedam yo : “ Se pou nou fè pitit, e se pou nou vin anpil. Se pou nou ranpli tè a, [...] e egzèse pouvwa sou pwason nan lanmè ak kreyati k ap vole nan syèl ak tout kreyati vivan k ap bouje sou tè a. ” ​(Jenèz 1:28.) Akòz dezobeyisans mesyedam yo, yo pa t rive ranpli tè a ak fanmi ki jis, fanmi ki gen volonte pou yo pran swen tè a avèk amou, ni pou yo pran swen plant li yo ak zannimo ki sou li yo. Men, echèk yo a pap fè Jewova pa reyalize objektif li genyen an. Apre plizyè milye ane, men sa yo te ekri sou sa : “ Bondye, li menm ki te bay tè a fòm [...], ki pa t kreye l tou senpleman pou granmesi. ” Li “ ba l fòm pou moun abite ”. Se pa pou detwi li la, men “ tè a ap rete la pou tan endefini ”. (Izayi 45:18 ; Eklezyas 1:4 ; gade Bible d’Osty tou [franse].) Objektif Jewova gen pou tè a pral reyalize. Men sa l di : “ Se pwòp konsèy pa m k ap kenbe, epi tout sa k fè m plezi m ap fè l. ” — Izayi 46:10.

Se sa ki fè Temwen Jewova yo kwè tè a ap rete la pou toutan. E tout moun, kit se vivan, kit se mò, ki va opa ak objektif Jewova genyen pou yon tè ki bèl, yon tè ki abite, yo pral viv sou li pou toutan. Se tout limanite ki eritye peche Adan ak Èv la. Pakonsekan, tout moun se pechè (Women 5:12). Bib la di nou : “ Salè ki peye pou peche se lanmò. ” “ Vivan yo konnen y ap mouri, men mò yo, yo menm, yo pa konn anyen ditou. ” “ Nanm ki peche a, li menm, l ap mouri. ” ​(Women 6:23 ; Eklezyas 9:5 ; Ezekyèl 18:4, 20). Ki jan mò yo ap fè retounen vin viv ankò pou yo goute benediksyon ki pral genyen sou tè a ? Se inikman grasa sakrifis Kris Jezi te bay pou rachte nou an, piske Jezi te di : “ Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap jwenn lavi. ” “ Nou pa bezwen etone pou sa, paske lè a rive kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li, epi y ap soti. ” — Jan 5:28, 29 ; 11:25 ; Matye 20:28.

Ki jan tout bagay sa yo pral fè fèt ? Eksplikasyon an chita nan “ bon nouvèl wayòm ” Jezi te kòmanse anonse pandan l te sou tè a (Matye 4:17-23). Men jodi a, Temwen Jewova yo ap preche bon nouvèl la nan yon fason espesyal.

[Tablo nan paj 13]

NAN KI SA TEMWEN JEWOVA KWÈ

Kwayans prèv biblik

Labib se Pawòl Bondye 2 Tim. 3:16, 17 ;

e se laverite. 2 Pyè 1:20, 21 ; Jan 17:17

Labib pi merite pou nou fè l Mat. 15:3 ; Kol. 2:8

konfyans pase tradisyon.

Non Bondye se Jewova. Sòm 83:18 ; Iza. 26:4 ;

Iza. 42:8, AC ; Egz. 6:3

Kris se Pitit Bondye Mat. 3:17 ; Jan 8:42 ;

e li pa egalego avèk Li. Jan 14:28 ; 20:17 ;

1 Kor. 11:3 ; 15:28

Se Kris Bondye te kreye Kol. 1:15 ; Rev. 3:14

an premye.

Kris te mouri sou yon poto, Gal. 3:13 ; Tra. 5:30

se pa t sou yon kwa.

Kris te bay lavi li kòm òm Mat. 20:28 ; 1 Tim. 2:5, 6 ;

pou peye yon ranson 1 Pyè 2:24

pou moun ki obeyisan.

Yon sèl sakrifis Wom. 6:10 ; Ebre 9:25-28

Kris la sifi.

Kris te resisite kòm espri 1 Pyè 3:18 ; Wom. 6:9 ;

ki pa ka mouri ankò. Rev. 1:17, 18

Prezans Kris la fèt Jan 14:19 ; Mat. 24:3 ;

yon fason envizib. 2 Kor. 5:16 ; Sòm 110:1, 2

Se nan “ tan lafen an ” Mat. 24:3-14 ; 2 Tim. 3:1-5 ;

nou ye kounye a. Lik 17:26-30

Wayòm Kris la pral gouvènen Iza. 9:6, 7 ; 11:1-5 ;

tè a avèk jistis ak lapè. Dan. 7:13, 14 ; Mat. 6:10

Wayòm nan pral pote kalite lavi Sòm 72:1-4 ;

moun ta swete a sou tè a. Rev. 7:9, 10, 13-17 ; 21:3, 4

Tè a pap janm detwi, Ekl. 1:4 ; Iza. 45:18 ;

li pap janm rete san moun. Sòm 78:69

Bondye pral elimine sistèm Rev. 16:14, 16 ; Sef. 3:8 ;

de choz ki la kounye a Dan. 2:44 ; Iza. 34:2 ; 55:10, 11

nan batay Amagedòn nan.

Mechan yo pral detwi Mat. 25:41-46 ; 2 Tes. 1:6-9

etènèlman.

Moun Bondye apwouve yo Jan 3:16 ; 10:27, 28 ; 17:3 ;

pral resevwa lavi etènèl. Mak 10:29, 30

Se yon sèl chemen Mat. 7:13, 14 ; Efe. 4:4, 5

k ap mennen nan lavi a.

Lanmò se konsekans Wom. 5:12 ; 6:23

peche Adan te fè a.

Depi moun nan fin mouri Eze. 18:4 ; Ekl. 9:10 ;

nanm nan pa egziste ankò. Sòm 6:5 ; 146:4 ; Jan 11:11-14

Lanfè a se tonm Jòb 14:13, Sa ;

kote tout moun ale a. Rev. 20:13, 14, AG

Espwa pou mò yo se rezirèksyon. 1 Kor. 15:20-22 ;

Jan 5:28, 29 ; 11:25, 26

Lanmò nou eritye nan Adan an 1 Kor. 15:26, 54 ;

gen pou l fini. Rev. 21:4 ; Iza. 25:8

Se sèlman yon ti twoupo Lik 12:32 ; Rev. 14:1, 3 ;

144 000 moun ki pral nan syèl 1 Kor. 15:40-53 ;

pou dirije avèk Kris. Rev. 5:9, 10

Moun sa yo, 144 000 yo, 1 Pyè 1:23 ; Jan 3:3 ;

se moun ki fèt ankò Rev. 7:3, 4

kòm pitit espirityèl Bondye.

Se avèk Izrayèl espirityèl la Jer. 31:31 ; Ebre 8:10-13

nouvo kontra a siyen.

Se sou Kris menm Efe. 2:20 ; Iza. 28:16 ;

Kongregasyon Kris la bati. Mat. 21:42

Se Jewova sèlman moun fèt Jan 14:6, 13, 14 ;

pou priye pa mwayen Kris. 1 Tim. 2:5

Lè n ap adore, nou pa dwe Egz. 20:4, 5 ; Lev. 26:1 ;

sèvi ak imaj. 1 Kor. 10:14 ; Sòm 115:4-8

Fòk nou pran prekosyon Det. 18:10-12 ; Gal. 5:19-21 ;

ak espiritis. Lev. 19:31

Satan se chèf envizib monn nan. 1 Jan 5:19 ; 2 Kor. 4:4 ;

Jan 12:31

Yon kretyen pa dwe patisipe 2 Kor. 6:14-17 ; 11:13-15 ;

nan mouvman ekimenik. Gal. 5:9 ; Det. 7:1-5

Yon kretyen dwe kenbe distans li Jak 4:4 ; 1 Jan 2:15 ;

ak monn nan. Jan 15:19 ; 17:16

Se pou nou obeyi Mat. 22:20, 21 ;

tout lwa lèzòm bay ki pa 1 Pyè 2:12 ; 4:15

dozado ak lalwa Bondye.

Bwè san, manje l oswa pran l Jen. 9:3, 4 ; Lev. 17:14 ;

nan venn se vyole lalwa Bondye. Tra. 15:28, 29

Fòk nou obeyi lalwa Bib la bay 1 Kor. 6:9, 10 ; Ebre 13:4 ;

sou moralite. 1 Tim. 3:2 ; Pwo. 5:1-23

Se te pèp Izrayèl la sèlman Det. 5:15 ; Egz. 31:13 ;

Bondye te bay lalwa sou saba, Wom. 10:4 ; Gal. 4:9, 10 ;

lalwa sa a rive nan bout li Kol. 2:16, 17

ansanm ak lalwa Moyiz.

Yon klas moun ki rele klèje, Mat. 23:8-12 ; 20:25-27 ;

e ki pote tit espesyal, se pa Jòb 32:21, 22

bagay ki mache ak sa Bib la di.

Se pa evolisyon ki fè lòm egziste, Iza. 45:12 ; Jen. 1:27 ;

men se kreye Bondye kreye l. Mat. 19:4

Kris bay egzanp moun dwe 1 Pyè 2:21 ; Ebre 10:7 ;

suiv pou sèvi Bondye. Jan 4:34 ; 6:38

Batèm lè moun nan plonje nèt Mak 1:9, 10 ; Jan 3:23 ;

anba dlo a senbolize ve li te fè a. Tra. 19:4, 5

Kretyen yo kontan pou yo preche Wom. 10:10 ; Ebre 13:15 ;

verite ki nan Bib la an piblik. Iza. 43:10-12

[Foto nan paj 12]

TÈ A . . . se Jewova ki te kreye l . . . pou lòm te pran swen l . . . pou l toujou abite.