Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou fè w envitasyon

Nou fè w envitasyon

Nou fè w envitasyon

Se te yon plezi pou nou te fè ti kozman sa a avè w nan bwochi a. Nou espere ou te byen kontan aprann konnen Temwen Jewova yo pi byen. Tanpri, asepte envitasyon nou fè w pou w vin vizite nou nan Sal Wayòm nou ki nan zòn bò lakay ou a. Gade byen ki jan reyinyon nou yo dewoule, e konsa, w ap wè jan n ap fè efò pou nou fè lòt moun tande bon nouvèl yon paradi ki pral genyen sou tè a anba kòmannman Wayòm Kris la.

Men pwomès Bondye fè : “ N ap tann, selon pwomès li a, syèl tou nèf ak yon tè tou nèf kote jistis pral blayi. ” ​(2 Pyè 3:13). Gen plizyè syèk ki pase deja. Peryòd chita tann nan prèt pou fini. Se sa sitiyasyon mondyal la vle di.

Apot Pòl di : “ Vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche, annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, e fè bon zèv, pandan nou pap abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men pou nou youn ankouraje lòt. ” ​(Ebre 10:24, 25). Nou envite w suiv konsèy Pòl la pou w vin asiste reyinyon yo avèk nou.