Al gade sa k anndan l

Yon nouvo milenè — Ki sa demen sere pou ou ?

Yon nouvo milenè — Ki sa demen sere pou ou ?

Nouvèl Wayòm No. 36

Yon nouvo milenè — Ki sa demen sere pou ou ?

Yon nouvo milenè — Èske se kòmansman yon epòk tounèf ?

A MINWI, 31 desanm 1999, 20yèm syèk la te bout. * Se te yon syèk ki te pote anpil boulvèsman. Men tou moun te wè kòmansman nouvo teknoloji, pwogrè medikal estwòdinè, yon esplozyon nan zafè enfòmasyon ak yon ekonomi mondyal k ap devlope rapid rapid. Se sa k fè anpil moun te byen akeyi nouvo milenè a. Yo te wè nan li yon senbòl espwa, yon senbòl chanjman. Èske petèt moun va wè lagè, lamizè, polisyon anviwònman ak maladi fini nan nouvo milinè a ?

Anpil moun espere sa. Men ki posiblite ki genyen pou nouvo milenè a pote chanjman k ap bon pou ou a, chanjman ki pral fè ni ou menm ni fanmi w jwenn yon vi pezib ? Annou analize dezoutwa nan pwoblèm nou gen anfas nou yo.

Polisyon

“ Toupatou sou tè a, [peyi devlope yo] lakòz domaj sou anviwònman an, yo lakòz polisyon e yo deranje sistèm ekoloji a. ” Si tandans ki genyen jodi a kontinye, “ anviwònman natirèl la pral anba presyon pirèd toujou. ” — “ Avenir de l’environnement mondial — 2000 ”, pwogram Nasyonzini pou anviwònman.

Maladi

“ Bò lane 2020, sou chak dis moun k ap mouri anba maladi ki pa trapan yo, yo atann pou yo konte sèt pou rejyon an devlòpman yo, konpare ak mwens pase mwatye yo genyen kounye a. ” — “ Un monde accablé par la maladie ”, Harvard University Press, 1996 (angl.).

Pou kèk espè, “ an 2010, 66 milyon moun pap vivan ankò nan 23 peyi ki plis viktim anba epidemi [sida]. ” — “ Face au sida : la situation dans les pays en développement ”, daprè yon rapò Komisyon ewopeyen ak Bank mondyal.

Lamizè

“ Gen prèske 1.3 milya moun k ap viv avèk mwens pase yon dola ameriken pa jou, e gen prèske 1 milya ki pa ka jwenn manje ditou kòm premyè nesesite. ” — “ Rapport mondial sur le développement humain 1999 ”, Pwogram Nasyonzini pou devlòpman.

Lagè

“ Vyolans andedan [divès peyi] kapab rive atenn nivo moun poko janm wè. Se [divizyon] etnik, divizyon tribal ak divizyon relijye k ap ba l jarèt, (. . .) vyolans konsa pral tounen (. . .) kalite goumen ki pi komen nan pwochen vennsenk ane yo nan syèk la (. . .), epi l ap lakòz yo touye plizyè santèn milye moun chak ane. ” — “ À l’aube d’un monde nouveau : la sécurité des États-Unis XXIe siècle ”, Komisyon Etazini pou sekirite nasyonal nan 21yèm syèk la (angl.).

Moun yo rete ap sonnen twonpèt epi yo chofe pou nouvo milenè a. Kidonk sa anpeche yo wè menas polisyon, maladi, lamizè ak lagè ap vin pirèd pase oparavan. Rasin pwoblèm sa yo chita nan gwo tanta, nan mefyans ak nan egoyis, e move pli sa yo, rechèch syantifik, teknoloji oswa politik pap kapab elimine yo fasil konsa.

Yon milenè k apral pote benediksyon pou limanite

Men sa yon ekriven nan tan lontan te di : “ Mwen konnen byen, o Jewova, chemen lòm ki soti nan tè a se pa nan men l li ye. Sa pa nan men lòm k ap mache pou dirije pye l. ” ​(Jeremi 10:23.) Lòm pa sèlman manke kapasite, men li pa gen dwa tou pou l dirije tè a. Se Jewova Dye, Kreyatè nou an, ki gen dwa li menm sèl e ki konn sa pou l fè pou l rezoud pwoblèm limanite genyen yo. — Women 11:33-36 ; Revelasyon 4:11.

Men se ki lè ? Epi ki jan ? Nou chaje ak prèv ki montre klè nou tou pre lafen “ dènye jou yo ”. Ouvri Bib ou silvouplè, epi li 2 Timote 3:1-5. Defason vivan, tèks la dekri ki kalite tanperaman moun ta demontre yo genyen diran “ tan makawon ” sa yo. Matye 24:3-14 ak Lik 21:10, 11 dekri “ dènye jou yo ” tou. Yo atire atansyon sou evènman ki ta gen pou rive apati 1914, tèlke gè mondyal, epidemi maladi ak rate manje toupatou.

Talè konsa “ dènye jou yo ” pral bout. Danyèl 2:44 di : “ Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm tonbe. (. . .) Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap fini ak yo, e li menm l ap la pou tan endefini. ” Kidonk, yo te predi sa, Bondye ta tabli yon Wayòm oswa yon gouvènman pou dirije tè a. Selon Revelasyon 20:4, gouvènman sa a ap pran pouvwa a pou mil an, sa vle di yon milenè ! Annou analize sèlman kèk nan fason kondisyon lavi a pral amelyore pou tout limanite pandan Milenè gloriye sa a :

Sitiyasyon ekonomik. “ Y ap bati kay epi y ap abite yo. Wi, y ap plante rezen e y ap manje fwi yo. Yo pap bati pou yon lòt moun abite, ni yo pap plante pou yon lòt moun manje. ” — Izayi 65:21, 22.

Sante. “ Nan epòk sa a, je avèg pral ouvri, zòrèy moun soud pral debouche. Nan epòk sa a, moun ki enfim nan pye pral grenpe tankou sèf, e lang bèbè pral pouse kri lajwa. ” “ E okenn moun ki abite [latè] pap di : ‘ mwen malad. ’” — Izayi 33:24; 35:5, 6.

Anviwònman. Bondye pral “ detwi moun k ap fin depafini tè a. ” — Revelasyon 11:18.

Relasyon sosyal. “ Pèsonn pa pral fè sa ki mal epi pèsonn pa pral lakòz okenn dezas nan tout montay sen mwen an, paske tè a pral plen ak konesans Jewova. ” — Izayi 11:9.

Dè milyon moun gen lafwa nan pwomès sa yo Labib fè a, e konsa, yo vin gen konfyans nan lavni an, yo vin gen yon pwennvi pozitif. Kòm rezilta, yo kapab fè fas ak presyon ak pwoblèm lavi a pi byen. Ki jan Labib kapab tounen yon fòs pou dirije lavi pa w ?

Konesans k ap mennen nan lavi a !

Pafwa lasyans ak teknoloji kapab fè gwo enpresyon sou moun ! Poutan, konesans lèzòm genyen pa fè moun viv an sekirite, ni li pa fè pifò moun viv ere. Sèl konesans ki kapab reyalize sa se sa ki ekri nan Bib la nan, Jan 17:3. Li di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Bondye a, ak moun ou te voye a, Jezi Kris. ”

Yon konesans konsa se nan paj Bib la moun jwenn li. Malgre anpil moun gen prejije kont liv sakre sa a, pa gen anpil nan yo ki egzamine l yo menm. E ou menm ? Nou admèt sa mande yon bèl efò pou moun li Labib. Men sa vo lapenn. Labib se sèl liv se “ Bondye ki enspire li, e li itil pou anseye, pou reprann, pou remete bagay yo nan lòd, pou disipline nan sa ki jis. ” — 2 Timote 3:16.

Alò ou menm, ki sa w kapab fè pou w kòmanse konnen Bib la ? Poukisa w pa asepte pou Temwen Jewova yo ede w ? Yo anseye dè milyon moun Labib gratis lakay yo. Sou rapò sa a, pou ede w, y ap sèvi ak divès piblikasyon biblik, tèlke bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? a. Li bay repons ki presi sou yon seri kesyon petèt ou genyen sou Bib la, tèlke : Kilès Bondye ye ? Ki objektif Bondye pou latè ? Ki sa Wayòm Bondye a ye ? Ki jan Bib la kapab amelyore lavi fanmi w ?

Si w ta renmen yon Temwen Jewova kontakte w lakay ou, silvouplè, ranpli koupon ki pi ba a. Y ap byen kontan pou yo ba w plis enfòmasyon sou Rèy Milenè gloriye Wayòm Bondye a.

□ Mwen ta renmen jwenn bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? a. Nan ki lang ou vle l․

□ Kontakte m pou yon etid biblik gratis lakay mwen silvouplè

[Nòt anba paj]

^ § 4 La a nou baze nou sou jan yo konsevwa nouvo milenè a ann Oksidan. An prensip, nouvo milenè a ap kòmanse 1e janvye 2001.