Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Mwen fè [...] konnen non w”

“Mwen fè [...] konnen non w”

“Moun ou te retire nan mitan monn nan pou w ban mwen yo, mwen fè yo konnen non w. . . . Epi, mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l.” — JAN 17:6, 26.

Sa sa vle di: Jezi te fè konnen non Bondye lè l te sèvi avè l nan ministè li. Jezi te gen abitid li Bib la, donk, li te konn site non Bondye (Lik 4:16-21). Li te aprann disip li yo priye, li te di: “Papa, se pou non w vin sen.” — Lik 11:2.

Fason premye kretyen yo te rive fè sa: Apot Pyè te di ansyen nan Jerizalèm yo Bondye “retire yon pèp pou non l nan mitan [nasyon] yo.” (Travay 15:14). Apot yo ak lòt kretyen yo te preche “tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove”. (Travay 2:21; Women 10:13.) Yo te konn sèvi ak non Bondye tou nan sa yo te konn ekri. Men sa Tosefta a, yon koleksyon lwa oral Juif yo te fin konplete ozanviwon ane 300 epòk nou an, fè konnen konsènan opozan ki te konn boule dokiman kretyen yo: “Yo boule liv Evanjelizatè yo [anpalan de kretyen ki te ekri konsènan Jezi yo] e yo boule liv minim yo [sanble se fason yo te konn rele Juif ki te vin kretyen yo]. Yo bay otorizasyon pou yo boule liv kretyen yo lè yo jwenn non Bondye nan liv sa yo.”

Kiyès ki fè menm bagay la jodi a? Men sa ki ekri nan entwodiksyon Bib anglè Revised Standard Version, yon Bib konsèy nasyonal Legliz Kris yo Ozetazini otorize: “Depi anvan epòk kretyen an, relijyon jidayis la pa t kontinye sèvi ak yon sèl non pou l pale de sèl vrè Dye a, kòmsi gen lòt dye yo ta dwe diferansye parapò ak li, donk, sa pa gen anyen pou wè ak sa legliz yo kwè.” Donk, nan tradiksyon sa a, yo te ranplase non Bondye ak tit “SENYÈ”. Sa pa gen lontan, Vatikan te bay evèk li yo lòd sa: “Non Bondye oswa tetragram YHWH a la pa dwe parèt ni site nan chante ak nan priyè yo.”

Kiyès k ap fè konnen non Bondye jodi a e ki sèvi avè l? Lè Sergey te nan adolesans li, e li t ap viv nan peyi Kigistan, li te gade yon fim ki te montre non Bondye se Jewova. Annapre, li te pase dizan san l pa t janm tande pale de non Bondye ankò. Men, apre sa, lè Sergey te deplase al viv Ozetazini, te gen de Temwen Jewova ki te vizite l lakay li e ki te montre l non Bondye nan Bib la. Sergey te kontan jwenn yon relijyon ki sèvi ak non Jewova. Li enteresan pou n wè jan yon diksyonè defini non “Jewova”: “Dye siprèm nan, sèl Dye Temwen Jewova yo adore a.” — Webster’s Third New International Dictionary

[Footnote]

a An kreyòl, non Bondye se “Jewova”.