Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Rete nan pawòl mwen”

“Rete nan pawòl mwen”

“Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” — JAN 8:31, 32.

Sa sa vle di: “Pawòl” Jezi vle di ansèyman l yo, yon seri ansèyman ki soti nan yon pi gwo sous. Men sa Jezi te di: “Papa a ki voye m ban m lòd sou sa pou m di ak sa pou m anseye.” ​(Jan 12:49). Men sa Jezi te di Jewova, Papa l ki nan syèl la, nan yon priyè: “Pawòl ou se laverite.” Li te konn site Pawòl Bondye a souvan pou l te kore ansèyman li t ap bay yo (Jan 17:17; Matye 4:4, 7, 10). Se sa k fè, vrè kretyen yo ‘rete nan pawòl li’, sa vle di yo aksepte Labib, Pawòl Bondye a, kòm “laverite”, e se sou li yo baze kwayans yo ak konduit yo.

Fason premye kretyen yo te rive fè sa: Apot Pòl, youn nan moun ki te ekri plis liv nan Bib la, te respekte Pawòl Bondye a menm jan ak Jezi. Men sa l te di: “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil.” ​(2 Timote 3:16). Gason yo te nome pou anseye lòt kretyen yo te dwe “rete kole sou pawòl ki fidèl la”. (Tit 1:7, 9.) Kretyen yo nan premye syèk la te jwenn konsèy pou yo rejte “filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm, sou bagay monn nan baze sou yo, e ki pa baze sou Kris”. — Kolosyen 2:8.

Kiyès ki fè menm bagay la jodi a?: Selon konstitisyon Vatikan an (Dogmatic Constitution on Divine Revelation) ki te fèt nan ane 1965 e ki parèt nan liv katechis Legliz katolik la (Catechism of the Catholic Church): “Se pa sou Ekriti sakre yo sèlman Legliz katolik la baze kwayans li yo. Se sa k fè, nou dwe aksepte Tradisyon an kòm yon bagay ki sakre e ki merite pou nou respekte l menm jan nou fè sa pou Ekriti sakre yo.” Gen yon atik nan yon magazin (Maclean’s) ki te site pawòl yon chèf relijye nan Towonto, Kanada. Men sa l te di: “Poukisa nou oblije ap suiv yon vwa […] ki te pale sa gen de mil an? Nou gen pwòp ide pa nou, e lefètke nou toujou rete kole sou Jezi ak Bib la, sa fè ide sa yo fèb.”

Men sa yon ansiklopedi (New Catholic Encyclopedia) fè konnen konsènan Temwen Jewova yo: “Yo konsidere Bib la kòm sèl sous kwayans yo ak prensip pou yo suiv.” Sa pa gen lontan, gen yon Temwen Jewova nan peyi Kanada ki t ap prezante tèt li bay yon mesye. Men sa mesye a te di sè a toutpandan l t ap lonje men l sou Bib la: “M konnen kiyès ou ye, paske m wè siy sa a.”