Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou “nou gen lanmou nan mitan nou”

Se pou “nou gen lanmou nan mitan nou”

“M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:34, 35.

Sa sa vle di: Jezi te di disip li yo pou yo renmen youn lòt menm jan li menm li te montre l renmen yo a. Men, ki fason Jezi te montre l renmen yo? Li te renmen tout moun malgre prejije ak fason moun yo te konsidere fi nan epòk li a (Jan 4:7-10). Lanmou te pouse l bay tan l, enèji l, epi sakrifye konfò l pou l ede lòt moun (Mak 6:30-34). Anfen, Jezi te montre li renmen yo pi bon fason an. Men sa l te di: “Mwen se bon bèje a. Bon bèje a bay lavi l pou mouton yo.” — Jan 10:11.

Fason premye kretyen yo te rive fè sa: Nan premye syèk la, kretyen yo te konn rele youn lòt “frè” oswa “sè”. (Filemon 1, 2.) Yo te konn akeyi moun tout nasyon nan kongregasyon kretyen an, paske pou yo menm “pa gen distenksyon ant Juif ak Grèk. Se menm Seyè a ki sou tèt tout moun”. (Women 10:11, 12.) Apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, disip nan Jerizalèm yo “te vann tè yo ak lòt bagay yo te genyen, e yo te separe kòb la bay tout moun ki te nan bezwen”. Nan ki objektif? Yon fason pou moun ki te fèk batize yo te ka rete Jerizalèm epi “kontinye pran tan pou yo koute ansèyman apot yo”. (Travay 2:41-45.) Ki sa k te pouse yo fè sa? Mwens pase 200 an apre lanmò apot yo, Tètilyen rapòte sa lòt moun te di konsènan kretyen yo: “Yo gen anpil lanmou youn pou lòt [...] e yo menm dispoze bay lavi yo pou yo sove yon lòt.”

Kiyès ki fè menm bagay la jodi a? Gen yon liv (The History of the Decline and Fall of the Roman Empire, 1837) ki fè konnen pandan syèk ki sot pase yo, moun ki fè konnen yo se kretyen yo “te konn fè youn lòt plis mal pase sa lòt moun ki pa t kwayan yo te konn fè yo sibi”. Selon yon etid ki resan ki fèt Ozetazini, yo fè konnen pifò nan moun ki di yo se kretyen yo gen prejije lakay yo. Yon seri fidèl ki nan menm peyi pa pran kontak ak lòt fidèl parèy yo ki nan yon lòt peyi. Donk, yo pa menm ka ede lòt fidèl parèy yo lè yo bezwen èd e yo pa menm anvi fè sa.

An 2004, nan de mwa sèlman te gen kat ouragan ki te frape Florid. Prezidan operasyon sekou eta Florid la te deplase pou l asire l don yo te byen distribye. Li te di pa gen okenn gwoup ki byen òganize tankou Temwen Jewova yo e li te pwopoze pou l fè Temwen yo jwenn kèlkeswa sa yo t ap gen bezwen. Nan ane 1997, frè yo te fòme yon ekip sekou ki t al pote èd bay frè ak sè yo nan Repiblik Demokratik Kongo. Yo te pote medikaman, manje ak rad pou yo. Frè ak sè ann Ewòp yo te voye don ki te koute antou yon milyon dola ameriken pou yo.