Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Yo pral preche bon nouvèl sa a

“Yo pral preche bon nouvèl sa a

“Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — MATYE 24:14.

Sa sa vle di: Lik, youn nan moun ki te ekri nan Bib la, fè konnen Jezi te konn “vwayaje sot nan yon vil al nan yon lòt, sot nan yon bouk al nan yon lòt, l ap preche e l ap anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Lik 8:1.) Menm Jezi te di: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a [...], paske se pou sa Bondye te voye m.” (Lik 4:43). Li te voye disip li yo al preche bon nouvèl la nan vil ak nan bouk yo. Annapre, li te ba yo kòmandman sa a: “Nou pral sèvi m temwen [...] rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” — Travay 1:8; Lik 10:1.

Fason premye kretyen yo te rive fè sa: Disip Jezi yo pa t pran tan pou yo te fè sa Jezi te mande yo a. “Chak jou, yo te kontinye anseye san rete, ni nan tanp lan, ni kay an kay, e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la.” (Travay 5:42). Se pa t moun ki gen gwo renome oswa ki fè gwo etid sèlman ki te konn patisipe nan travay predikasyon an, men se yo tout. Men sa yon istoryen ki rele Neander fè konnen: “Sèls, premye moun ki te konn ekri kont kretyen yo, te kritike lefètke moun ki te pi zele nan travay predikasyon bon nouvèl la se te moun k ap tonn mouton, kòdonye, moun k ap tannen po bèt, moun ki pi iletre yo ak moun yo pa t bay anpil valè yo.” Men sa Jean Bernardi ekri nan liv li a ki rele The Early Centuries of the Church: “[Kretyen yo] te dwe ale toupatou pou yo preche tout kalite moun. Yo te dwe ale nan gwo wout yo ak nan vil yo, sou plas piblik yo ak lakay moun yo, kit yo te byen akeyi yo, kit yo pa t byen akeyi yo, [...] jis nan dènye bout tè a.”

Kiyès ki fè menm bagay la jodi a? Men sa David Watson, yon manm klèje legliz anglikan ekri: “Youn nan rezon ki fè legliz yo gen tout pwoblèm espirityèl sa yo se paske yo pa pran travay predikasyon an oswa travay ansèyman an oserye.” Nan yon liv (Why Are the Catholics Leaving?) José Luis Pérez Guadalupe ekri, li pale konsènan aktivite kèk gwoup relijye tankou potestan yo, advantis yo ak lòt ankò, men sa l di: “Yo pa preche kay an kay.” Konsènan Temwen Jewova yo, men sa l ekri: “Yo toujou preche kay an kay.”

Gen yon remak ki trè enteresan e ki veridik tou Jonathan Turley fè ki parèt nan liv (Cato Supreme Court Review, 2001-2002): “Depi w annik di Temwen Jewova, sa k ap vin nan lespri anpil moun se yon seri moun k ap vin preche w lakay ou nan lè ki pa bon pou ou. Temwen Jewova yo pa sèlman preche kay an kay pou pataje kwayans yo ak lòt moun, men travay sa a se youn nan baz ki esansyèl ki pèmèt yo demontre lafwa yo.”

[Kare]

Èske w idantifye vrè kretyen yo?

Sou baz vèsè nou sot egzamine nan seri atik sa yo, kiyès ou panse ki vrè kretyen yo nan epòk nou an? Gen plizyè dizèn milye gwoupman relijye ak òganizasyon relijye ki fè konnen yo se kretyen, men remake sa Jezi te di: “Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan Wayòm syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l.” (Matye 7:21). Donk, pou yon moun jwenn byenfè etènèl Wayòm Bondye a pral pote yo, li dwe idantifye gwoup moun k ap fè volonte Papa a, sa vle di moun ki suiv prensip Bib la bay konsènan vrè kretyen yo epi ki vin fè pati gwoup moun sa yo. Nou ankouraje w mande Temwen Jewova ki ba w peryodik sa a plis enfòmasyon konsènan Wayòm Bondye a ak benediksyon li pral pote yo. — Lik 4:43.