Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa ou dwe fè?

Ki sa ou dwe fè?

Ki sa ou dwe fè?

50 Eske ou vle viv pou tou tan nan paradi sa a?

Si se vre, ou dwe aprann plis sou sa Bon Dye di sou bagay sa a. Eseye aprann li Bib la.—Jan 17:3; Revelasyon 1:3

51 Chache aprann lòt bagay toujou sou Jezi.—Detewonòm 18:18, 19; Jan 3:16; Ak 3:19-23

52 Fè jèfò pou ou fè bagay ki bon sèlman epi pou ou obeyi Jehovah.—Women 6:17, 18, 22

53 Pa bliye sa. Jehovah di, nou pa gen dwa touye okenn moun.—Ekzòd 20:13; 1 Jan 3:11, 12

54 Nou pa dwe pran bagay lòt moun posede.—Ekzòd 20:15; Efezyen 4:28

55 Yon nonm pa dwe ni viv ni kouche avèk yon lòt fi ki pa madanm marye l’.—Ekzòd 20:14, 17; 1 Tesalonisyen 4:3

56 Eske ou sonje konbyen madanm Bon Dye vle yon nonm genyen? Pandan konbyen tan yon nonm dwe viv avèk madanm marye l’?—Jenèz 2:22, 24; Matye 19:5, 6; 1 Korentyen 7:2, 10, 11

57 Fòk nou sonje tou ke se Jehovah sèl nou dwe adore.—Matye 4:10; 1 Korentyen 8:6

58 Zidòl avèk imaj taye, bagay sa yo pa kapab ede nou. Poukisa?—1 Korentyen 8:4

Eske se byen pou ou gen zidòl la kay ou?—Detewonòm 27:15; 1 Jan 5:21

59 Poukisa li mal pou yon moun pote yon gad sou li epi sèvi ak fetich?—Detewonòm 18:10-13; Revelasyon 21:8

60 Denmon yo oubyen move zanj yo te dezobeyi Bon Dye. Yo sèvi avèk divinò pou twonpe moun.—Ak 16:16

61 Nou dwe lapriyè Bon Dye. Sa vle di pou nou pale avèk li, di li ke nou vle sèvi l’ epi mande l’ pou li ede nou.—Filipyen 4:6, 7

62 Nou dwe obeyi Jezi epi montre ke nou kwè nan li.—Ebre 5:9; Jan 3:16

63 Pa bliye Jezi te mouri pou l’ sove nou.—Women 5:8

64 Panse ke Jezi se Wa nou, menm si nou pa kapab wè l’. Nou dwe obeyi li.—Filipyen 2:9-11; Revelasyon 19:16

65 Jezi te di ou ta dwe al fè lòt moun yo konnen bèl bagay sa yo ou aprann nan, epi sa yo ki vle sèvi Bon Dye dwe batize.—Matye 28:19, 20; Jan 4:7-15

66 Ou kapab pale bagay sa yo ak zanmi ou yo.—Matye 10:32

67 Si ou aprann li, wap vin konnen anpil lòt bagay epi konsa ou va kapab ede lòt moun tou pi byen.—2 Timote 2:15

68 Jezi te montre ti moun yo kouman pou yo obeyi Bon Dye. Li pa t’ janm twò okipe pou l’ pale ak yo.—Matye 19:13-15

69 Papa yo ak manman yo ta dwe toujou aprann ti moun yo pou yo koute Bon Dye epi pou yo renmen l’.—Detewonòm 6:6, 7; Pwovèb 6:20-22; Efezyen 6:4

70 Gen anpil relijyon. Yon bon valè nan sa y’ ap montre moun yo pa nan Bib la. Jehovah di nou pou nou kite tout relijyon ki pa di verite.—Revelasyon 18:4; Jan 4:23, 24

71 Jehovah gen sèvitè li sou tè a ki kapab montre ou plis bagay toujou sou limenm. Eske ou konnen sèvitè sa yo?—Ak 15:14; Women 10:14, 15

72 Se Temwen Jehovah yo. Gen lapè nan mitan yo. Eske ou konnen sa ki fè sa? Paske yo youn renmen lòt.—Ezayi 43:10-12; Jan 13:34, 35

73 Kòm yo renmen Jehovah tou yo vin fè batize yo. Se konsa yo montre tout moun ke yo kite tout vye bagay yo te konn fè epi yo vle sèvi Bon Dye pou tout vi yo.—Ak 2:41

74 Temwen Jehovah yo gen espwa yo va viv nan yon paradi k’ ap nèf epi k’ ap bèl anpil.—Sòm 37:9-11, 29

Kisa ou kab fè pou ou kab viv la dan l’ tou avèk yo?—Jak 1:22, 25; 2:20-26

75 Ale nan reyinyon ak yo pou ou kab aprann ki jan pou ou sèvi Jehovah. Yo renmen Jehovah ak Jezikri epi yo obeyi de Pèsonaj sa yo. Eske ou renmen Bon Dye avèk Jezi? Eske ou pa ta renmen ede lòt moun konn Bon Dye tou?—Jan 6:45-47

76 Jehovah ak Jezi renmen ou, anmenmtan yo vle ou viv pou tou tan nan paradi a.—Jan 3:16

Sa ou fin aprann la a nan bwochi sa a ak bèl desen sa yo avèk kòmantè ki fèt sou yo a, sa fè ou anvi viv pou tou tan alèz sou tè a tou. Eske ou ta renmen konn plis sou esperans sa a? Ebyen al pale ak yon Temwen Jehovah ki rete bò la kay ou. Ou kapab ekri tou oubyen mande yon lòt moun ekri pou ou Biwo Temwen Jehovah a. Al gade nan dezyèm paj la ou va wè adrès la.