Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kouman nou fè sove anba peche ak lanmò

Kouman nou fè sove anba peche ak lanmò

Kouman nou fè sove anba peche ak lanmò

35 Ou sonje kijan Adan premye nonm nan te peche. Li te pèdi lavi nan paradi a, epi nou tout mouri tou paske nou se pitit Adan.—Women 5:12; 3:23

36 Nou ta kapab jwenn lavi san peche a ankò sèlman si yon lòt moun san peche ta bay vi li pou nou, konsa li ta va delivre nou anba lanmò.—1 Korentyen 15:45; Women 5:19, 21

37 Jezi se te pitit Bon Dye. Se te yon nonm san defo. Ki vle di li pa t’ fè peche.—Ebre 5:9; 7:26

38 Li te kite moun ki pa t’ renmen Bon Dye yo touye l’.—Ak 2:23

Konsa li te sakrifye tèt li pou nou.—1 Timote 2:6

39 Yo te depoze kò Jezi nan yon kav, yon twou fouye nan yon gwo wòch. Li te rete la pandan twa jou, apre sa Bon Dye te leve l’.—Ak 2:24

40 Li te retounen nan syèl la. Kounye a li kapab mande Bon Dye pou l’ ede sa yo ki obeyi Bon Dye.—Ebre 9:24; 1 Jan 2:1, 2