Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Viv alèz sou tè a pou tou tan!

Viv alèz sou tè a pou tou tan!

Viv alèz sou tè a pou tou tan!

Bwochi sa a fèt pou kapab ede ou konnen sila a ki te fè tè a ak tout sa ki sou li yo. Ou pral aprann ke Bon Dye ki fè tè a gen yon non, epitou poukisa li te kreye lòm e ki jan ou kapab viv alèz sou tè a pou tou tan.

Nou espere ke tout imaj sa yo ki gen la dan l’ yo va ede ou pi byen konprann bagay sa yo. Ou pral bezwen li tout tèks yo ki nan Bib la pou ou kapab pwofite plis nan bagay sa yo. Konsa ou va aprann kèk bèl nan pwomès Bon Dye yo ki nan Bib la epi ou va konnen sa Bon Dye di ou fè pou ou kapab goute nan kantite benediksyon ki pran genyen lè pwomès sa yo va reyalize.

Pètèt ou ta renmen sèvi ak bwochi sa a pou ou ede lòt moun. Li va pèmèt ou ede pitit ou yo konn Bon Dye tou. Si wap viv nan yon peyi kote anpil granmoun pa konn li, ou va sèvi ak imaj yo pou ou fè yo konprann plan Bon Dye pou yo menm tou kapab ede pwochen yo.

Ak tout kè nou, nou espere ke etid bwochi sa a va montre ou ki jan ou kapab jwenn anpil benediksyon. Men tou kouman ou kab ede lòt moun konnen paki fason yap’ kapab kontinye viv sou tè a pou tou tan.