Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 8

Ki sa m ta dwe konnen konsènan vyolans seksyèl?

Ki sa m ta dwe konnen konsènan vyolans seksyèl?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Chak ane, gen plizyè milyon moun yo vyole oswa ki sibi yon lòt fòm vyolans seksyèl e byen souvan, se jèn yo yo plis vize *.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Gen yon moun ki te atake Anette e ki lage l atè. Anette te vin rann li kont sa k ap rive l la. Men sa l di annapre: “Mwen te eseye fè tout sa m kapab pou m fè l rale kò l sou mwen. Mwen te eseye rele, men son pa t ka soti. Mwen te pouse l, mwen te bay kout pye, kout pwen, kout zong. Lè sa a, mwen santi yon kouto ki pèse m. Mwen pa t ret okenn fòs ankò.”

Si w ta nan yon sitiyasyon konsa, ki sa w t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI

Byenke ou pran kèk prekosyon, pa egzanp ou veye lè w ap mache lannuit, move bagay ka toujou rive. Men sa Bib la di: “Se pa ni moun ki rapid yo ki toujou genyen kous la, [...] ni moun ki gen konesans yo ki toujou reyisi, paske move moman ak malè rive sou yo tout sanzatann.” — Eklezyas 9:11.

Gen kèk jèn, menm jan ak Anette, se moun yo pa konnen ki agrese yo. Gen lòt se moun yo konnen oswa yon manm fanmi yo ki agrese yo. Natalie te gen 10 an sèlman lè yon adolesan ki te ret toupre lakay li te fè abi seksyèl sou li. Men sa l di: “Lè sa te fèk fin pase, mwen te tèlman pè e mwen te tèlman wont, m pa t di pèsonn sa.”

SE PA OU KI LAKÒZ

Anette toujou santi l koupab pou sa k te rive a. Men sa l di: “Sa k te rive nan nuit sa a toujou ap pase nan lespri m. Mwen santi m te dwe eseye fè plis efò pou m repouse l. Reyalite a sèke m te vin pè anpil apre l te fin blese m nan. M pa t ka fè anyen ankò, men m santi m te dwe fè yon bagay.”

Natalie santi l koupab tou. Men sa l di: “M pa t dwe gen tout konfyans sa a. Paran m te toujou vle pou mwen menm ak sè m nan ansanm lè n ap jwe deyò, men, mwen pa t koute. Donk, m santi se mwen ki te bay vwazen m nan okazyon pou l fè m yon bagay ki mal. Sa k te rive a te afekte fanmi m, e m santi m responsab lefètke m lakòz yo nan tout lapenn sa a. Se sa k ban m plis pwoblèm.”

Si w konn santi w menm jan ak Anette ak Natalie, toujou sonje, lè yo vyole yon moun, se pa moun nan ki te vle sa. Gen kèk moun ki pa pran kesyon vyòl la oserye, kòm eskiz yo fè konnen li nòmal pou yon gason aji fason sa a oswa se moun yo vyole a ki te chèche sa. Men, pa gen pèsonn ki merite pou yo vyole l. Si w te viktim yon vye zak konsa, se pa ou ki lakòz!

Natirèlman, li fasil pou yon moun di w “se pa ou ki lakòz”, men li kapab difisil anpil pou w kwè sa. Gen moun ki pa pale sou sa k te rive a, e lefètke yo santi yo koupab pou sa k pase a e yo gen lòt santiman negatif sa fè yo soufri. Men, lè w pa di anyen, se pa pou ou sa pi bon, se moun ki agrese w la ki pwofite sa. Se sa k fè li bon pou w panse ak yon lòt opsyon.

PALE SOU SA K RIVE A

Labib fè nou konnen Jòb, yon moun ki te jis, te rive nan yon pwen kote l te tèlman ap soufri, li te di: “Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans!” (Jòb 10:1). Ou ka jwenn byenfè si w fè menm jan an. Lè w pale ak yon moun ou fè konfyans, sa ka ede w pou w pa kite sa k pase a kontinye domine w e sa ka ede w jwenn soulajman anba santiman ki ta vle pote w ale yo.

Sa w santi yo ka twò lou pou w pote poukont ou. Li t ap bon pou w pale ak yon moun sou sa pou l ka ede w.

Sa te mache pou Anette. Men sa l di: “Mwen te pale sou sa ak yon [sè ki] bon zanmi m, e li te ankouraje m pale ak kèk ansyen nan kongregasyon an. M kontan m te fè sa. Yo te chita avè m plizyè fwa e yo te di m egzakteman sa m te bezwen an: se pa mwen ki lakòz sa k rive a. Mwen vrèman pa responsab sa k rive a.”

Natalie te pale ak paran l sou sa k te pase a. Men sa l di: “Yo te soutni m. Yo te ankouraje m pale, e sa te ede m pou m pa twò tris oswa twò fache.”

Yon lòt bagay ki te ede Natalie se lapriyè. Li di: “Lefètke m te pale ak Bondye, sa te ede m, sitou nan moman kote m te santi m pa t ka pale ak okenn lòt moun. Lè m priye, m ka di tout sa k sou kè m. Sa fè m santi m anpè e sa fè m santi m kalm.”

Gen “yon lè pou moun geri” e ou ka wè sa tou nan ka pa w (Eklezyas 3:3). Evite ret ap panse sou bagay ki negatif, konsantre sou bagay ki pozitif. Pran bonjan repo. E sa k pi enpòtan an konte sou Jewova, Bondye tout konsolasyon an. — 2 Korentyen 1:3, 4.

SI W NAN LAJ POU W RENMEN

Si w se yon fi e y ap fè presyon sou ou pou w aji yon fason ki imoral, pa gen anyen mal pou w di yon fason ki fèm: “Pa fè m sa!” oswa “Pa manyen m!” Pa aksepte tout bagay paske w pè pou mennaj ou pa kite w. Si l kite avè w poutèt sa, sèke li pa merite pou w ret avè l. Ou merite yon bon gason, yon gason ki respekte kò w e ki respekte prensip ou genyen.

YON TI TÈS SOU TIZONNAY OSWA ASÈLMAN SEKSYÈL

“Nan lekòl la, ti mesye yo konn ap rale soutyen m pa dèyè epi yo konn ap plede di m yon seri pawòl ki rabesan, pa egzanp yo konn di m ap santi m pi byen si m gen relasyon seksyèl avèk yo.” — Coretta.

Dapre ou menm, èske ti mesye sa yo ap

  1. jwe avè l?

  2. flète avè l?

  3. tizonnen l?

“Nan bis la, gen yon jèn gason ki te pran di m vye pawòl epi l kenbe m. Mwen te pouse men l epi m di l deplase. Li te gade m kòmsi m se yon moun fou.” — Candice.

Ki sa w panse jèn gason sa a t ap fè Candice?

  1. Li t ap jwe avè l?

  2. Li t ap flète avè l?

  3. Li t ap tizonnen l?

“Ane pase, gen yon tigason ki pa t janm sispann di m li renmen m e li vle renmen avè m aktout mwen pa t sispann di l non. Pafwa, li te konn manyen bra m. Mwen te di l pa fè m bagay konsa, men, li pa t vle sispann. Epi yon lè, pandan m t ap mare lasèt mwen, li te ban m yon tap nan dèyè.” — Bethany.

Dapre ou menm, èske tigason sa a t ap

  1. jwe avè l?

  2. flète avè l?

  3. tizonnen l?

Se repons C a ki bon repons pou toule twa kesyon yo.

Ki diferans ki genyen ant tizonnay oubyen asèlman seksyèl, flète oswa jwe?

Tizonnay oswa asèlman seksyèl fèt nan yon sèl sans, sa vle di moun k ap sibi tizonnay la pa janm dakò. Moun k ap fè tizonnay la kontinye fè l menm lè moun ki anfas li a di l non.

Tizonnay se yon bagay grav. Li ka mennen nan vyolans seksyèl.

^ § 4 Byenke atik sa a pale de fi, sa yo di ladan l yo valab pou gason tou.