Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 9

Jeremi pa t sispann pale de Jewova

Jeremi pa t sispann pale de Jewova

Poukisa pèp la te fache kont Jeremi?

Jewova te sove Jeremi.

Pafwa, gen moun ki konn pran plezi sou nou oswa ki konn fache kont nou paske n ap pale de Jewova. Sa ka fè nou anvi sispann pale de Bondye. Èske w konn santi w konsa? — Bib la fè konnen gen yon jèn gason ki te renmen Jewova, men ki te prèske sispann pale de li. Non jèn gason sa a se te Jeremi. Ann aprann plis bagay sou li.

Lè Jeremi te jèn gason, Jewova te di l pou l avèti pèp la pou yo sispann fè sa ki mal. Sa te difisil anpil pou Jeremi, e li te pè. Li te di Jewova: ‘Mwen pa konn sa pou m di. Se yon timoun mwen ye.’ Sepandan, Jewova te reponn li: ‘Ou pa bezwen pè. M ap ede w.’

Kidonk, Jeremi te kòmanse fè pèp la konnen Jewova t ap pini yo si yo pa chanje. Èske w panse pèp la te fè sa Jeremi te di yo a? — Non. Yo te fawouche l e yo te fache kont li. Gen kèk moun ki te menm vle touye l! Ki jan w panse Jeremi te santi l? — Li te vin pè anpil, e l te di: ‘Mwen pap janm pale de Jewova ankò.’ Men, èske l te sispann pale de Jewova vre? — Non, li pa t fè sa. Li te tèlman renmen Jewova li pa t ka sispann pale de li. Piske Jeremi pa t abandone, Jewova te sove lavi l.

Pa egzanp, yon lè, gen kèk move moun ki te lage Jeremi nan yon pi ki chaje ak labou. Jeremi pa t jwenn ni manje ni dlo nan pi a. Mesye sa yo te vle kite Jeremi nan pi a pou l ka mouri. Men, grasa èd Jewova, Jeremi te chape!

Ki sa w ka aprann nan egzanp Jeremi? — Byenke li te pè pafwa, li pa t sispann pale de Jewova. Lè w ap pale de Jewova, gen moun ki kapab pran plezi sou ou oswa ki kapab fache kont ou. Ou ka santi w jennen oswa ou ka menm pè. Sepandan, pa janm sispann pale de Jewova. L ap toujou ede w menm jan l te ede Jeremi.