Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 5

Samyèl te kontinye fè sa ki dwat

Samyèl te kontinye fè sa ki dwat

Lè Samyèl te jèn tigason, li t ap viv nan tabènak la e se la li te konn travay tou. Tabènak la se kote pèp la te konn vin adore Jewova. Èske w konnen ki jan Samyèl te fè al viv nan tabènak la? Toudabò, ann aprann kèk bagay sou Ana ki se manman Samyèl.

Sa gen lontan depi Ana pa t ka fè pitit malgre l te vle gen youn. Se sa k fè, li te priye Jewova e li te mande l pou l ede l. Ana te fè Jewova yon pwomès, li te di l si l gen yon pitit gason l ap voye l al viv nan tabènak la e pou l travay ladan l tou. Jewova te reponn priyè Ana te fè a. Annapre, Ana te vin fè yon tigason. Li te rele l Samyèl. Jan Ana te pwomèt sa, lè Samyèl te gen twa oswa katran, li te mennen l nan tabènak la pou l al sèvi Bondye.

Se Eli ki te gran prèt ki t ap sèvi nan tabènak la. Li te gen de pitit gason ki te konn travay la tou. Sonje, tabènak la se kay kote yo adore Bondye. Sa vle di, moun yo te dwe fè bon bagay ladan l. Men, pitit Eli yo te konn fè anpil move bagay. Samyèl te wè sa yo t ap fè yo. Èske Samyèl te konn fè move bagay menm jan ak pitit gason Eli yo? — Non, li te kontinye fè sa ki dwat jan paran l te anseye l pou l fè sa.

Ki sa w panse Eli te dwe fè ak de pitit gason l yo? — Li te dwe pini yo. Li te dwe anpeche yo kontinye travay nan kay Bondye a. Men, se pa t sa li te fè. Pou rezon sa a, Jewova te fache kont Eli ak de pitit gason l yo. Jewova te deside pini yo.

Samyèl te bay Eli mesaj Jewova a.

Yon jou swa, pandan Samyèl t ap dòmi, li tande yon moun k ap rele l, ki di: ‘Samyèl!’ Li kouri al kot Eli, men Eli di l: ‘M pa t rele w.’ Sa te rive de fwa ankò. Sou twazyèm fwa a, Eli di Samyèl si l tande vwa a ankò li dwe di: ‘Tanpri, ou mèt pale Jewova, m ap koute w.’ Se egzakteman sa Samyèl te fè. Lè sa a, Jewova di Samyèl: ‘Fè Eli konnen m ap pini fanmi l pou move bagay y ap fè yo.’ Èske w panse li te fasil pou Samyèl bay Eli mesaj sa a? — Non, li pa t fasil. Byenke Samyèl te pè, li te fè sa Jewova te mande l fè a. Sa Jewova te di a te rive vre. Yo te touye de pitit gason Eli yo, epi Eli te mouri tou.

Samyèl se yon bon egzanp pou nou. Li te fè sa ki dwat menm lè l te wè lòt moun t ap fè sa k mal. E ou menm? Èske w ap aji menm jan ak Samyèl? Èske w ap kontinye fè sa ki dwat? Si w fè sa, w ap fè kè Jewova kontan e w ap fè kè papa w ak manman w kontan tou.