Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 20

“Pawòl Jewova a te kontinye gaye” malgre opozisyon

“Pawòl Jewova a te kontinye gaye” malgre opozisyon

Fason Apolòs ak Pòl te travay pou bon nouvèl la ranpòte laviktwa

Travay 18:23–19:41

1, 2. a) Devan ki danje Pòl ak konpayon l yo te ye nan vil Efèz? b) Sou ki sa nou pral pale nan chapit sa a?

 GEN anpil bri nan lari Efèz: moun ap pale byen fò, moun ap rele, e gen yon foul moun k ap kouri. Yon foul moun ki an kòlè rasanble, yo kòmanse met vil la tèt anba! Yo met men sou de nan konpayon vwayaj apot Pòl yo e yo mennen yo nan anfiteyat vil la. Gwo lari kote chòp pou moun achte yo ye a gentan blanch yon sèl kou pandan foul moun nan kontinye ap vin pi plis nan anfiteyat la ki ka kenbe 25 000 moun, e yo kontinye vin pi an kòlè. Pifò nan moun yo pa menm konnen ki sa k lakòz deblozay sa a, men yo sispèk tanp yo a ak deyès yo renmen anpil la, Atemis, an danje. Se poutèt sa, yo pran rele byen fò, y ap plede di: “Atemis, deyès moun Efèz yo, se yon gran deyès!” — Tra. 19:34.

2 Yon lòt fwa ankò, Satan eseye itilize foul moun k ap fè vyolans pou l anpeche bon nouvèl Wayòm Bondye a gaye toupatou. Nòmalman, se pa vyolans sèlman Satan itilize kòm taktik. Nan chapit sa a, nou pral pale sou plizyè nan taktik Satan te itilize pou l chèche bloke travay predikasyon an nan premye syèk la e pou l chèche kraze inite ki te gen nan mitan kretyen yo. Sa k pi enpòtan an, n ap wè pa gen okenn nan taktik li te itilize yo ki te reyisi, paske “pawòl Jewova a te kontinye gaye avèk pisans, e se li ki te gen plis fòs”. (Tra. 19:20.) Ki sa k te fè kretyen sa yo ranpòte laviktwa sou Satan? Se menm rezon ki fè nou ranpòte laviktwa sou li jodi a. Byenke se pa nou menm ki ranpòte viktwa sa yo, se Jewova, nou dwe suiv enstriksyon Jewova ban nou, menm jan kretyen premye syèk yo te fè sa. Grasa èd lespri sen Jewova, nou ka vin gen yon seri kalite k ap ede nou byen fè travay predikasyon an. Toudabò, annou egzamine egzanp Apolòs.

“Li te konn Ekriti yo byen” (Travay 18:24-28)

3, 4. Ki pwoblèm Akila ak Prisil te wè Apolòs genyen, e ki jan yo te ede l?

3 Pandan Pòl te sou wout pou l al Efèz nan twazyèm vwayaj li te fè kòm misyonè a, gen yon Juif ki rele Apolòs ki te vin Efèz. Apolòs te moun Aleksandri, yon vil ann Ejip ki te gen gwo renome. Apolòs te gen yon seri kalite estrawòdinè. Li te konn pale byen e “li te konn Ekriti yo byen”. Epitou, “grasa lespri a, li te vin chofe” pou l pale e pou l anseye. Apolòs te pale avèk kran devan Juif ki te nan sinagòg la. — Tra. 18:24, 25.

4 Akila ak Prisil te tande Apolòs k ap pale nan sinagòg la. Sandout, yo te kontan anpil lè yo te tande misye k ap “anseye bagay ki gen rapò ak Jezi yo yon fason ki egzak”. Sa l te di konsènan Jezi yo te egzak, men sa pa t pran tan pou Akila ak Prisil te rann yo kont gen kèk bagay enpòtan misye pa t konnen. Anfèt, “se sèlman batèm Jan an [Apolòs] te konnen”. De mesyedam yo, ki pa t gen gwo mwayen e ki te konn fè tant, pa t rale bak pou yo pa ede Apolòs poutèt li te konn pale byen oswa poutèt fòmasyon l. Olye de sa, yo te “pran l avèk yo, e yo esplike l chemen Bondye a yon fason ki pi egzak toujou”. (Tra. 18:25, 26.) Ki jan Apolòs, yon moun ki te konn pale byen e ki te enstwi, te reyaji? Sandout, li te demontre li gen imilite, ki se youn nan kalite ki enpòtan anpil pou yon kretyen genyen.

5, 6. Ki sa k te pèmèt Apolòs vin pi kalifye pou l fè travay Jewova, e ki sa n ka aprann nan egzanp Apolòs?

5 Lefètke Apolòs te aksepte èd Akila ak Prisil, li te vin yon sèvitè Jewova ki pi kalifye pou l fè travay Jewova a. Li te vwayaje al Akayi, lè l rive la, “se pa ti ede li te ede” moun ki te vin kwè yo. Anplis, Apolòs te bay yon seri Juif nan zòn sa a yon bon temwayaj. Juif sa yo t ap di Jezi pa Mesi yo te anonse a. Men sa Lik fè konnen: “Avèk fòs, li te pwouve Juif yo te nan erè. Li te fè sa yon fason total devan tout moun, e li te sèvi ak Ekriti yo pou l montre yo Jezi se Kris la.” (Tra. 18:27, 28). Vrèmanvre, Apolòs te yon gwo èd pou kongregasyon yo! Anfèt, menm jan ak Pòl, li te pèmèt “pawòl Jewova a” kontinye gen plis fòs grasa travay predikasyon li te fè a. Ki sa n ka aprann nan egzanp Apolòs?

6 Li enpòtan anpil pou tout kretyen chèche gen imilite. Nou chak, nou gen yon pakèt don Bondye ban nou, se kapab yon seri kapasite natirèl nou genyen, se kapab eksperyans oswa konesans nou genyen. Sepandan, imilite nou dwe parèt plis lontan pase don nou yo. Si se pa sa, kapasite nou genyen yo ka tounen yon andikap pou nou. Epitou, li ka vin fasil pou ògèy, ki se yon pwazon, pran rasin nan kè nou (1 Kor. 4:7; Jak 4:6). Si nou gen imilite toutbonvre, n ap konsidere lòt moun siperyè nou (Flp. 2:3). Nou pap fache lè yo korije nou, ni nou pap meprize konsèy lòt moun ap ban nou. Nou pap kite ògèy fè nou ap defann ide nou genyen ki pa ann amoni ak nouvo direksyon Jewova bay òganizasyon l lan pa mwayen lespri sen l. Toutotan nou kontinye gen imilite, ni Jewova ni Jezi ap kontan itilize nou nan sèvis yo. — Lik 1:51, 52.

7. Ki egzanp Pòl ak Apolòs te bay ki montre yo te gen imilite?

7 Anplis de sa, imilite ap ede nou pa fè konpetisyon youn ak lòt. Reflechi pou n wè jan Satan dwe te chofe pou l met divizyon nan mitan kretyen yo nan premye syèk la. Èske l pa t ap kontan si l ta wè Apolòs ak apot Pòl, de moun ki te zele anpil, antre nan konpetisyon youn ak lòt, petèt pou youn ap chèche gen plis enfliyans pase lòt la nan kongregasyon kretyen an? Siman sa t ap fè Satan kontan anpil. E li te ka fasil pou de mesye sa yo pran nan pyèj sa a. Paske nan Korent, gen moun ki te kòmanse di “mwen pou Pòl”, tandiske gen lòt ki t ap di “mwen pou Apolòs”. Èske Pòl ak Apolòs te ankouraje moun yo pou yo gen etadespri sa a ki te ka mete divizyon nan mitan yo? Non. Avèk imilite, Pòl te montre li rekonèt Apolòs t ap fè yon bon travay, se sa k fè, li te ba li kèk responsablite. Apolòs, bò kote pa l, te suiv direksyon Pòl te ba li (1 Kor. 1:10-12; 3:6, 9; Tit 3:12, 13). Ala yon bèl egzanp yo kite pou nou jodi a ki montre jan yo te travay ansanm avèk imilite!

“Li pale sou Wayòm Bondye a [...] yon fason pou l konvenk moun yo” (Travay 18:23; 19:1-10)

8. Nan ki wout Pòl te pase pou l retounen Efèz, e poukisa l te fè sa?

8 Pòl te pwomèt frè Efèz yo l ap retounen nan vil la, e vrèmanvre, li te fè sa a (Tra. 18:20, 21). Men, li bon pou nou reflechi sou fason li te retounen an. Dènye fwa nou te pale de Pòl, li te nan Antyòch ki te nan Siri a. Pou l ale Efèz, li te ka fè yon ti vwayaj tout kout l al Selesi, e lè l rive la, li te ka pran yon bato pou l al Efèz dirèkteman. Olye l te fè sa, li te “pase sou anndan”. Selon kalkil yo fè, vwayaj Pòl te fè a, jan yo pale de sa nan Travay 18:23 ak nan Travay 19:1, se yon vwayaj kote l te fè anviwon 1 600 kilomèt. Poukisa Pòl te chwazi fè yon wout difisil konsa? Paske l te gen yon objektif, li te vle “fòtifye tout disip yo”. (Tra. 18:23.) Twazyèm vwayaj li t ap fè kòm misyonè a t ap mande pou l fè anpil sakrifis, menm jan sa te ye nan de premye vwayaj yo, men li te konnen l ap jwenn anpil benediksyon tou. Jodi a, siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo demontre menm etadespri sa a. Èske n pa rekonesan anvè yo pou lanmou yo demontre pou frè ak sè yo e pou sakrifis yo fè yo?

9. Poukisa yo te oblije rebatize kèk disip, e ki leson nou aprann nan men yo?

9 Lè Pòl te rive Efèz, li te jwenn yon gwoup moun, anviwon 12 moun, ki te disip Jan ki konn batize moun nan. Se batèm Jan an moun sa yo te resevwa, yon dispozisyon ki pa t valab ankò. Anplis de sa, sanble yo prèske pa t konn anyen ditou sou lespri sen. Pòl te ede yo konprann enpòtans sa genyen pou yo batize nan non Jezi. Moun sa yo te montre yo menm jan ak Apolòs, yo te gen imilite e yo te chofe pou yo aprann. Apre yo te fin batize nan non Jezi, yo te resevwa lespri sen ak kèk don ki soti nan Bondye. Donk, li klè, lè yon moun suiv direksyon Jewova bay pa mwayen òganizasyon l lan, ki pa sispann vanse, l ap jwenn anpil benediksyon. — Tra. 19:1-7.

10. Ki sa k te fè Pòl kite sinagòg la pou l al nan yon oditoryòm, e konsa, ki egzanp li kite pou nou anrapò ak travay predikasyon an?

10 Gen yon lòt egzanp ankò ki te pase tousuit apre sa ki montre jan òganizasyon Jewova a te kontinye vanse sou tè a. Pòl te preche ak kran nan sinagòg la pandan twa mwa. Byenke li te “pale sou Wayòm Bondye a [...] yon fason pou l konvenk moun yo”, gen kèk nan moun yo ki t ap fè tèt di e yo te bonjan opoze ak Pòl. Olye Pòl te pèdi tan l ak moun sa yo ki t ap “denigre Chemen an”, li te pran dispozisyon pou l al bay temwayaj nan oditoryòm yon lekòl (Tra. 19:8, 9). Donk, moun nan sinagòg la ki te vle pwogrese nan domèn espirityèl te dwe al jwenn li nan oditoryòm nan. Menm jan ak Pòl, pafwa nou ka oblije kanpe kèk konvèsasyon si nou wè moun nou rankontre a pa dispoze koute oswa si nou wè se sou diskisyon sèlman l kanpe. Gen anpil moun toujou ki tankou mouton ki bezwen tande mesaj n ap preche a k ap pote rekonfò pou yo.

11, 12. a) Ki bèl egzanp Pòl kite pou nou ki montre l te konn travay di e l te konn adapte l ak diferan kalite sitiyasyon? b) Ki jan Temwen Jewova yo fè efò pou yo travay di e pou yo adapte yo ak diferan kalite sitiyasyon nan travay predikasyon an?

11 Petèt Pòl te pale nan oditoryòm lekòl la chak jou, soti onzè nan maten pou rive katrè nan aprèmidi (Tra. 19:9). Moman sa a se te moman ki te pi kalm nan jounen an, men tou, se te moman li te fè pi cho. Nan lè sa yo, anpil moun te sispann travay pou yo te ka manje e pou yo te ka pran yon ti repo. Imajine sa, si Pòl te suiv orè sa a pandan dezan ann antye, sa t ap vle di li te pase plis pase 3 000 èdtan ap anseye moun yo! b Donk, sa se yon lòt rezon ki fè pawòl Jewova a te kontinye gaye, e se li ki te gen plis fòs. Pòl se te yon moun ki te travay di e li te konn adapte l ak diferan kalite sitiyasyon. Li te chanje pwogram li pou l te ka preche moun ki nan zòn li te ye a nan lè ki te bon pou yo. Ki rezilta l te jwenn? Men sa liv Travay la di nou: “Tout moun ki t ap viv nan tèritwa Azi a te tande pawòl Seyè a, Juif kou Grèk.” (Tra. 19:10). Se vrèman yon temwayaj konplè li te bay!

Nou fè efò pou nou preche moun yo kèlkeswa kote yo ye.

12 Temwen Jewova yo nan epòk nou an tou se moun ki travay di e ki adapte yo ak diferan kalite sitiyasyon. Nou fè efò pou nou jwenn moun yo kèlkeswa kote yo ye a e nan kèlkeswa moman nou ka jwenn yo a. Nou ba yo temwayaj nan lari, sou plas piblik, nan transpò piblik ak lòt kote ankò. Nou preche yo nan telefòn oswa pa mwayen lèt. E lè n ap preche kay an kay, nou fè efò pou nou pase nan lè nou konnen li pi fasil pou nou jwenn moun yo lakay yo.

‘Pawòl Jewova a te kontinye gaye e se li ki te gen plis fòs’ malgre opozisyon movèzespri yo (Travay 19:11-22)

13, 14. a) Ki sa Jewova te pèmèt Pòl fè? b) Ki erè pitit gason Seva yo te fè, e ki jan anpil moun nan lakretyente fè menm erè sa a jodi a?

13 Lik fè nou konnen, apre evènman sa yo, Pòl te jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an, sitou paske Jewova te pèmèt li reyalize yon seri “mirak ki estrawòdinè”. Yo te menm konn pran moso twal ak tabliye Pòl te konn itilize pou yo pote bay moun malad yo, e moun sa yo te geri. Yo te konn fè menm bagay la tou pou yo fè movèzespri sot sou yon seri moun c (Tra. 19:11, 12). Gwo viktwa sa yo “pawòl Jewova a” te ranpòte sou demon yo ki souzòd Satan te atire atansyon anpil moun. Men, se pa tout moun ki te wè mirak sa yo ki te gen bon entansyon.

14 Gen “kèk Juif ki t ap mache toupatou ap chase demon”, yo t ap eseye fè menm mirak Pòl t ap fè yo. Kèk nan Juif sa yo te eseye sèvi ak non Jezi ak non Pòl pou yo chase demon sou moun yo. Lik bay egzanp sèt pitit gason Seva yo, ki te soti nan yon fanmi prèt, ki t ap eseye fè sa. Demon ki te sou moun nan te di yo: “Mwen konn Jezi, e mwen rekonèt Pòl. Men nou menm, kiyès nou ye?” Kou l fin di sa, mesye ki te gen movèzespri sou li a te atake blofè sa yo, li fonse sou yo tankou yon bèt, li blese yo youn apre lòt, e li fè yo kouri sot nan kay kote yo te ye a san rad sou yo (Tra. 19:13-16). Se yon kokenn viktwa “pawòl Jewova a” te ranpòte, paske diferans ki te genyen ant pisans Jewova te bay Pòl la ak manm fo relijyon yo ki pa t gen pisans te parèt aklè. Gen plizyè milyon moun jodi a ki panse depi w annik rele Jezi oswa depi w annik di w se “kretyen” sa sifi. Men, jan Jezi te di sa, se sèlman moun ki fè volonte Papa l ki gen yon espwa toutbon pou lavni. — Mat. 7:21-23.

15. Ki jan nou ka suiv egzanp kretyen Efèz yo nan sa ki konsène bagay ki gen rapò ak movèzespri?

15 Anpil moun te vin gen lakrentif pou Bondye lè yo te wè imilyasyon pitit gason Seva yo te pran an. Sa te fè anpil moun kite bagay yo te konn pratike ki gen rapò ak movèzespri yo e yo te vin kretyen. Moun Efèz yo te konn pratike anpil bagay ki gen rapò ak maji. Fè maji dèyè moun, fè wanga, met gad oswa pwoteksyon se bagay ki te kouran pami moun Efèz yo. Mete sou sa, yo te konn gen yon seri priyè mistik ki tou ekri. Kounye a, anpil nan moun Efèz yo ki te vin kretyen te pote liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun. Sa yo te boule yo te vo anpil kòb, plizyè dizèn milye dola ameriken, si nou t ap kalkile pri yo selon kòb nou itilize jodi a d. Lik di: “Se konsa, pawòl Jewova a te kontinye gaye avèk pisans, e se li ki te gen plis fòs.” (Tra. 19:17-20). Ala yon viktwa estrawòdinè laverite te ranpòte sou manti fo relijyon yo ak sou demon yo! Moun fidèl ki t ap viv Efèz yo kite yon bèl egzanp pou nou jodi a. N ap viv nan yon monn k ap benyen nan pratik ki gen rapò ak movèzespri. Si nou ta wè nou posede yon bagay ki gen rapò ak movèzespri, nou dwe fè menm jan ak kretyen Efèz yo: Elimine l san pèdi tan! Annou toujou kanpe lwen vye bagay sa yo, kèlkeswa sakrifis sa mande.

“Se pa ti latwoublay ki te vin genyen” (Travay 19:23-41)

“Mesye, nou konnen byen se travay sa a ki fè afè n ap byen mache.” — Travay 19:25.

16, 17. a) Esplike ki jan Demetriyis te fè foul moun yo kòmanse fè deblozay nan vil Efèz. b) Ki jan moun Efèz yo te montre yo se fanatik nan domèn relijyon?

16 Ann fè yon ti pale kounye a sou taktik Satan te itilize a lè Lik te di “se pa ti latwoublay ki te vin genyen poutèt Chemen an”. Anfèt, Lik pa t mete pase genyen e (Tra. 19:23). Se yon òfèv yo rele Demetriyis ki te kòmanse dezòd la. Pou l te fè lòt òfèv yo koute l avèk atansyon, li te raple yo se komès vann zidòl la ki fè afè yo ap mache. Li te di mesye yo mesaj Pòl ap preche a ap kraze biznis yo a, piske kretyen yo pa adore zidòl. Apre sa, li eseye touche venn sansib moun ki t ap koute l yo. Piske l te konnen yo fyè de vil yo a ak bèl bagay ki nan vil la, li te fè yo konnen mesaj Pòl la se yon danje pou Atemis, deyès yo a, e pou gran tanp deyès la ki gen gwo renome nan monn nan, paske mesaj Pòl la te ka fè bagay sa yo “pèdi repitasyon” yo. — Tra. 19:24-27.

17 Pawòl Demetriyis yo te bay rezilta l t ap chèche a. Òfèv yo te kòmanse rele, yo t ap plede di: “Atemis, deyès moun Efèz yo, se yon gran deyès!” E sa w tande a, vil la te vin tèt anba, se sa k te mennen nan sitiyasyon nou te rakonte nan kòmansman chapit sa a konsènan foul moun ki te an kòlè a f. Pòl, yon moun ki te toujou dispoze fè sakrifis pou frè ak sè l yo, te vle antre nan anfiteyat la pou l al pale ak foul moun yo, men disip yo pa t kite l fè sa, yo pa t vle l met tèt li an danje. Gen yon mesye ki rele Aleksann ki te kanpe devan foul moun yo pou l eseye pale avèk yo. Piske se yon Juif li te ye, genlè li t ap chèche esplike moun yo diferans ki genyen ant Juif yo ak kretyen yo. Si se sa l t ap eseye fè, foul moun sa a pa t ap bay esplikasyon konsa regle anyen pou yo. Se sa k fè, lè yo vin wè li se yon Juif, yo tout pran rele ansanm pandan anviwon dezèdtan, yo t ap di: “Atemis, deyès moun Efèz yo, se yon gran deyès!” Moun ki fanatik nan domèn relijyon toujou menm jan an jodi a, yo aji tankou moun ki pèdi tèt yo. — Tra. 19:28-34.

18, 19. a) Ki jan administratè vil Efèz la te kalme foul moun yo? b) Ki jan kèk moun ki gen otorite konn pwoteje pèp Jewova a, e ki sa nou ka fè pou nou jwenn yon pwoteksyon konsa?

18 Alafen, administratè vil la te kalme foul la. Se te yon moun responsab ki gen bonsans. Li te bay foul moun yo asirans tanp yo a ak deyès yo a pa t an danje vre akoz kretyen yo. Li te montre yo tou Pòl ak konpayon l yo pa t fè okenn krim kont tanp Atemis lan, e si yo te fè yon bagay konsa, moun yo te dwe regle pwoblèm sa yo fason lalwa mande sa. Li te fè yo sonje lalwa women an te ka akize yo kòm moun k ap fè soulèvman. Petèt sa te gen plis efè sou moun yo. Apre l fin di pawòl sa yo, li fè moun yo ale. Pawòl sa yo ki te lojik e ki te apwopriye nan moman an te kalme moun yo rapidman, menm jan kòlè yo te monte rapidman an. — Tra. 19:35-41.

19 Se pa t ni premye fwa ni dènye fwa yon moun ki gen bonsans konsa e ki gen otorite nan gouvènman yo chèche pwoteje disip Jezi yo. Anfèt, nan yon vizyon apot Jan te fè, li te wè yon bagay ki gen pou fèt nan dènye jou yo. Li te wè tè a, ki reprezante pati ki stab nan sosyete a, k ap vale kokenn rivyè dlo pèsekisyon Satan lage dèyè disip Jezi yo (Rev. 12:15, 16). E se sa ki rive vre. Nan anpil ka, gen yon seri jij ki rezonab ki pwoteje dwa Temwen Jewova yo genyen pou yo reyini pou yo adore Bondye e pou yo pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Konduit nou genlè konn jwe yon wòl nan viktwa sa yo. Sanble, konduit Pòl te pèmèt kèk moun Efèz ki te nan gouvènman an gen gwo respè pou li, donk, yo pa t vle anyen mal rive l (Tra. 19:31). Nou swete pou konduit nou gen yon bon efè sou moun nou rankontre yo tou! Nou pa janm konnen ki rezilta sa ap fè nou jwenn.

20. a) Ki jan w santi w lè w wè jan pawòl Jewova a te gen plis fòs nan premye syèk la e jan l gen plis fòs jodi a? b) Ki detèminasyon w pran anrapò ak viktwa Jewova ap ranpòte nan epòk nou an?

20 Èske sa pa fè kè nou kontan lè nou wè jan ‘pawòl Jewova a te kontinye gaye, e se li ki te gen plis fòs’ nan premye syèk la? E sa fè kè nou kontan tou lè nou wè jan Jewova pèmèt nou ranpòte yon seri viktwa menm jan an nan epòk nou an. Èske w pa ta renmen jwe yon wòl, menmsi se toupiti, nan viktwa sa yo? Ebyen, li bon pou w tire leson nan egzanp nou sot egzamine yo. Toujou chèche gen imilite, kontinye mache ansanm ak òganizasyon Jewova a ki pa sispann vanse, kontinye travay di, rejte tout pratik ki gen rapò ak movèzespri yo e fè tout sa w kapab pou w bay yon bon temwayaj pa mwayen konduit ou.

a Gade kare ki gen tit “ Efèz se te kapital Azi”.

b Se pandan Pòl te Efèz li te ekri liv 1 Korentyen an.

c Sanble moso twal yo se te mouchwa Pòl te konn itilize pou l mare fwon l pou l te anpeche swe antre nan je l. Lefètke yo di Pòl te gen tabliye tou nan moman sa a, sa montre li genlè te konn travay di pou l fè tant nan moman li pa t ap preche yo, petèt nan granmmaten. — Tra. 20:34, 35.

d Lik di liv yo te boule yo te koute 50 000 pyès ann ajan. Si pyès ann ajan Lik ap pale yo se te denye, pou yon moun ta travay pou l fè kòb sa a, li t ap bezwen travay 50 000 jou, sa vle di li t ap bezwen travay chak semèn, sèt jou sou sèt, pandan anviwon 137 an.

e Gen kèk moun ki di se evènman sa a Pòl te gen nan lespri l lè l te di kretyen Korent yo “nou pa t gen espwa n ap soti vivan”. (2 Kor. 1:8.) Men, Pòl ka te gen yon lòt evènman ki te pi danjere pase sa nan lespri l. Lè Pòl te di li te “batay ak bèt sovaj nan Efèz”, li ka t ap fè referans swa ak yon okazyon kote l te goumen ak bèt sovaj nan yon arèn, swa ak opozisyon li te jwenn nan men moun ki aji tankou bèt sovaj (1 Kor. 15:32). Toude ka sa yo posib.

f Lefètke gwoup òfèv yo te met tèt yo ansanm konsa, sa te ka bay gwo pwoblèm. Pa egzanp, anviwon 100 an apre evènman sa a, te gen yon bann bòs boulanje ki te met tèt yo ansanm e yo te pouse yon foul moun fè deblozay menm jan an nan Efèz.