CHAPIT 21
“Mwen pa responsab san pèsonn”
Pòl te zele nan travay predikasyon an e li te bay kèk ansyen konsèy
1-3. a) Nan ki sikonstans Etich mouri? b) Ki sa Pòl fè, e ki sa sa aprann nou sou li?
PÒL nan yon chanmòt ki plen moun ladan l nan vil Twowas. Li deja gen anpil tan depi l ap pale ak frè yo paske se dènye sware l ap pase avèk yo. Kounye a, li minui, gen plizyè lanp ki limen nan pyès kote yo ye a, sa fè anndan an vin pi cho e petèt sa fè lè a lou. Gen yon jèn gason ki chita arebò yon fenèt, li rele Etich. Pandan Pòl ap pale, dòmi pran Etich e li sot nan fenèt la, ki nan dezyèm etaj, li tonbe anba.
2 Sandout Lik, antanke doktè, pami premye moun ki kouri sot deyò pou y al gade kòman Etich ye. Malerezman, “lè y al ranmase l, yo jwenn li mouri”. (Tra. 20:9.) Men, Pòl t apral fè yon mirak. Li panche kò l sou jèn gason an e li di moun yo: “Sispann rele, paske li vivan kounye a.” Se konsa, Pòl resisite Etich. — Tra. 20:10.
3 Sa k te rive a montre pouvwa lespri sen Bondye genyen. Pèsonn pa t ka di se Pòl ki te lakòz Etich mouri. Poutan, li pa t vle lanmò Etich mete tristès nan moman enpòtan sa a oubyen li pa t vle pou sa fè pèsonn pèdi lafwa. Lefètke l te resisite Etich, sa te konsole frè ak sè yo e sa te ba yo fòs pou yo kontinye fè travay predikasyon yo t ap fè a. Li klè, Pòl te gen anpil respè pou lavi moun. E sa fè nou sonje li te di: “Mwen pa responsab san pèsonn.” (Tra. 20:26). Annou egzamine ki jan nou ka gen menm pwennvi ak Pòl lè nou suiv egzanp li.
“Li pati l al Masedwàn” (Travay 20:1, 2)
4. Ki eksperyans Pòl te fè ki te difisil anpil pou li?
4 Jan nou te wè sa nan chapit ki vin anvan an, Pòl te sot fè yon eksperyans ki te difisil anpil pou li. Lefètke l t ap preche nan vil Efèz, sa te fè gen pwoblèm nan vil la. Òfèv yo, ki konn fè kòb ak moun k ap adore Atemis yo, te mete vil la tèt anba. Men sa Travay 20:1 di: “Lè dezòd la sispann, Pòl fè rele disip yo, li ankouraje yo, li di yo orevwa, epi li pati l al Masedwàn.”
5, 6. a) Konbyen tan anviwon Pòl te pase nan Masedwàn, e ki sa l te fè pou frè ki t ap viv nan vil sa a? b) Ki jan Pòl te toujou konsidere lòt kretyen yo?
5 Detan Pòl sou wout pou l al Masedwàn, li fè yon ti rete nan vil Twowas. Pòl t ap tann pou Tit, li te voye Korent, vin jwenn li Twowas (2 Kor. 2:12, 13). Sepandan, lè l wè Tit pa vini, l al Masedwàn. Petèt li te pase anviwon ennan la e li t ap “di disip ki la yo anpil pawòl pou l ankouraje yo” a. (Tra. 20:2.) Finalman, Tit te vin jwenn Pòl Masedwàn e l te pote bon nouvèl pou li konsènan fason kretyen Korent yo te reyaji lè yo te resevwa premye lèt Pòl te ekri yo a (2 Kor. 7:5-7). Sa te pouse Pòl voye yon lòt lèt ba yo, e se lèt sa a nou konnen sou non 2 Korentyen an.
6 Li enteresan pou nou wè Lik sèvi ak mo “ankouraje” a lè l t ap pale de vizit Pòl te fè frè Efèz ak Masedwàn yo. Sa montre aklè ki jan Pòl te trete lòt kretyen yo. Pòl pa t menm jan ak Farizyen yo ki te konn meprize moun. Li te konsidere frè ak sè yo ki fè pati twoupo Bondye a kòm konpayon travay li (Jan 7:47-49; 1 Kor. 3:9). Pòl te kontinye konsidere yo konsa menm lè l te dwe korije yo yon fason ki fèm. — 2 Kor. 2:4.
7. Ki jan siveyan kretyen yo imite Pòl jodi a?
7 Jodi a, ansyen ki nan kongregasyon yo ak siveyan sikonskripsyon yo fè anpil efò pou yo imite Pòl. Menm lè y ap reprimande kèk moun ki bezwen pou yo ede yo, objektif yo se ankouraje moun sa yo. Siveyan yo chèche mete yo nan plas lòt moun, se sa k fè yo chèche ankouraje moun yo olye yo kondane yo. Gen yon siveyan sikonskripsyon ki gen anpil eksperyans ki di: “Pifò frè ak sè nou yo vle fè sa ki dwat, men souvan y ap goumen ak dekourajman, ak enkyetid ansanm ak santiman yo genyen kòmkwa yo manke fòs pou yo soti nan sitiyasyon yo ye a.” Siveyan yo kapab ankouraje kretyen sa yo anpil. — Ebre 12:12, 13.
“Juif yo t ap mare yon konplo sou do l” (Travay 20:3, 4)
8, 9. a) Ki sa k te fè Pòl pa t al Siri ankò? b) Pou ki rezon Juif yo dwe pa t vle wè Pòl?
8 Pòl te kite Masedwàn, li t al Korent b. Apre l te fin fè twa mwa Korent, li te anvi al Sankre, apre sa, li t ap pran bato pou l al Siri. Konsa, pandan l Siri, li t ap ka al Jerizalèm pou l pote yon don yo te ba l pou frè ki nan nesesite Jerizalèm yo c (Tra. 24:17; Wom. 15:25, 26). Sepandan, bagay yo te vin chanje sanzatann, e sa te oblije Pòl chanje pwogram li. Men sa Travay 20:3 fè nou konnen: “Juif yo t ap mare yon konplo sou do l.”
9 Nou deja konnen Juif yo pa t vle wè Pòl, paske yo te konsidere l kòm yon aposta. Sa pa gen twò lontan, grasa travay predikasyon l lan, Krispis, yon mesye ki te gen gwo pozisyon nan sinagòg ki te nan Korent lan, te konvèti (Tra. 18:7, 8; 1 Kor. 1:14). Yon lòt lè, Juif ki nan Korent yo te mennen Pòl devan Galyon, ki te administratè prensipal nan Akayi, e yo te lage yon seri akizasyon sou do l. Men, Galyon te rejte akizasyon sa yo, li te di yo pa gen fondman, e se pa ti fache sa te fè ènmi Pòl yo fache (Tra. 18:12-17)! Juif ki te nan Korent yo gendwa te konnen oubyen yo gendwa te sispèk talè konsa Pòl t apral Sankre, yon vil ki pa twò lwen yo, pou l te pran bato pou l al yon lòt kote, donk yo te mare yon konplo pou yo pran l nan pyèj lè l rive Sankre. Ki sa Pòl t apral fè?
10. Èske se kapon Pòl te kapon ki fè l pa t al Sankre a? Esplike.
10 Pòl te deside pou l pa al Sankre, pou l pa met lavi l an danje e pou l ka pwoteje don yo te ba li pou frè yo, donk li te retounen Masedwàn. Se vre, vwayaje apye te gen danje pa l tou. Byen souvan, te konn gen bandi ki kache kò yo toupre wout yo. Menm otèl yo se te yon danje. Men, Pòl te prefere fè fas ak danje li te ka jwenn sou wout yo pase pou l t al Sankre. Erezman tou, li pa t ap vwayaje poukont li. Pami moun ki te akonpaye l nan pati sa a nan vwayaj li t ap fè kòm misyonè a, te gen Aristak, Gayis, Sekindis, Sopatè, Timote, Twofim ak Tichik. — Tra. 20:3, 4.
11. Ki jan kretyen yo fè sa yo kapab pou yo pwoteje tèt yo, e ki egzanp Jezi kite nan domèn sa a?
11 Jodi a, menm jan ak Pòl, kretyen yo fè sa yo kapab pou yo pwoteje tèt yo pandan y ap fè travay predikasyon an. Nan kèk zòn, yo deplase ansanm nan tèritwa a, petèt yo deplase pa de, olye yo deplase poukont yo. E lè gen pèsekisyon, èske yo pwoteje tèt yo? Kretyen yo rekonèt yo pa ka evite pèsekisyon (Jan 15:20; 2 Tim. 3:12). Sepandan, yo pa pote tèt yo bay danje. Annou gade egzanp Jezi. Lè kèk opozan nan Jerizalèm te kòmanse pran wòch pou yo voye dèyè Jezi, “Jezi [te] kache e li soti nan tanp lan”. (Jan 8:59.) Annapre, lè Juif yo t ap konplote pou yo touye l, “Jezi te sispann mache aklè nan mitan Juif yo. Li te kite kote sa a pou l al nan yon zòn ki toupre dezè a”. (Jan 11:54.) Jezi te fè sa l kapab pou l pwoteje tèt li, depi sa pa t an kontradiksyon ak volonte Bondye pou li. Jodi a, kretyen yo fè menm jan an. — Mat. 10:16.
“Yo te jwenn anpil konsolasyon” (Travay 20:5-12)
12, 13. a) Ki efè rezirèksyon Etich la te gen sou frè ak sè yo? b) Ki esperans Bib la bay ki konsole moun ki gen moun pa yo ki mouri?
12 Pòl ak moun ki t ap vwayaje avèk li yo te travèse Masedwàn ansanm, e apre sa, sanble yo te separe. Sanble yo te rankontre nan vil Twowas ankò d. Men sa Lik di: “Nou rive kote yo Twowas sou senk jou e.” (Tra. 20:6). Se la Pòl te resisite Etich, jan nou te wè sa nan kòmansman chapit la. Imajine ki jan frè ak sè yo te santi yo lè yo te wè konpayon yo a resisite! Labib fè nou konnen: “Yo te jwenn anpil konsolasyon.” — Tra. 20:12.
13 Natirèlman, pa gen mirak konsa ki fèt ankò jodi a. Malgre sa, moun ki gen moun pa yo ki mouri “jwenn anpil konsolasyon” grasa espwa rezirèksyon Labib bay la (Jan 5:28, 29). Anfèt, akoz enpèfeksyon, finalman, Etich te mouri ankò (Wom. 6:23). Sepandan, moun ki resisite nan monn nouvo Bondye pwomèt la gen espwa pou yo viv pou toutan. Anplis, moun ki resisite pou yo dirije avèk Jezi nan syèl la pap janm ka mouri ankò (1 Kor. 15:51-53). Jodi a, tout kretyen yo, kit se kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la, kit se sa ki fè pati “lòt mouton” yo, “jwenn anpil konsolasyon”. — Jan 10:16.
Travay 20:13-24)
“Ni an piblik ni kay an kay” (14. Ki sa Pòl te di ansyen nan Efèz yo lè l te rankontre avèk yo nan vil Milè?
14 Pòl ak moun ki te avèk li yo vwayaje soti Twowas pou y al Asòs, apre sa, y al Mitilèn, Kyòs, Samòs ak Milè. Pòl te vle rive Jerizalèm atan pou fèt Pannkòt la. Donk, se pou rezon sa a ki fè l te pran yon bato ki pa t ap kanpe Efèz lè l t ap fè vwayaj pou l retounen an. Sepandan, kòm Pòl te vle pale ak ansyen Efèz yo, li te mande yo pou yo vin rankontre l nan vil Milè (Tra. 20:13-17). Lè yo te rive, Pòl te di yo: “Nou konnen byen ki fason m te viv nan mitan nou depi premye jou mwen te met pye m nan tèritwa Azi a. Mwen te travay tankou esklav pou Seyè a ak bonjan imilite, avèk dlo nan je, e anba tout eprèv mwen te jwenn akoz konplo Juif yo te fè. Anmenmtan, mwen pa t ezite anonse nou tout bagay ki te bon pou nou, e mwen pa t ezite anseye nou ni an piblik ni kay an kay. Mwen te bay ni Juif ni Grèk yon temwayaj konplè, mwen te fè yo konnen yo dwe repanti, yo dwe vin jwenn Bondye e yo dwe gen lafwa nan Seyè nou an, Jezi.” — Tra. 20:18-21.
15. Bay kèk avantaj predikasyon kay an kay la genyen.
15 Gen plizyè fason nou ka rive jwenn moun yo pou nou pataje bon nouvèl la avèk yo jodi a. Menm jan ak Pòl, nou fè efò pou nou jwenn moun yo kote yo ye, kit se nan estasyon machin, kit se nan lari kote ki gen anpil moun oswa sou plas piblik. Men, prensipal fason Temwen Jewova yo preche se kay an kay. Poukisa? Toudabò, se paske predikasyon kay an kay la bay tout moun bonjan posiblite pou yo toujou tande mesaj Wayòm nan, sa ki montre Bondye pa gen patipri. Ansuit, predikasyon kay an kay la pèmèt moun ki sensè yo resevwa èd selon bezwen yo. Mete sou sa, travay predikasyon kay an kay la ede moun ki patisipe ladan l yo gen plis andirans e li ede yo ranfòse lafwa yo. Anfèt, youn nan mak fabrik vrè kretyen yo jodi a, sèke yo zele pou yo bay temwayaj “ni an piblik ni kay an kay”.
16, 17. Ki jan Pòl te montre li gen kran, e ki jan kretyen yo imite l jodi a?
16 Pòl te di ansyen nan Efèz yo li pa konn ki danje k ap tann li lè l tounen Jerizalèm. Li te di yo tou: “Mwen pa bay lavi m okenn enpòtans, depi m rive fini kous mwen ak sèvis Seyè Jezi ban mwen an, sètadi pou m bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a.” (Tra. 20:24). Avèk kran, Pòl pa t kite anyen, kit se te pwoblèm sante, kit se te gwo opozisyon, anpeche l fin fè travay Bondye te ba l fè a.
17 Menm jan an tou, jodi a, kretyen yo jwenn yon seri pwoblèm. Nan kèk peyi, gouvènman yo entèdi yo fè travay predikasyon an e yo pèsekite yo. Gen lòt kretyen k ap lite avèk kouraj anba maladi k ap fin depafini yo, pafwa se konn maladi mantal. Jèn kretyen yo fè fas ak presyon lòt elèv nan lekòl yo ap fè sou yo. Nan kèlkeswa sitiyasyon Temwen Jewova yo twouve yo, yo kenbe fèm menm jan ak Pòl. Yo detèmine pou yo “bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl” la.
“Veye sou tèt nou, e veye sou tout twoupo [a]” (Travay 20:25-38)
18. Ki sa Pòl te fè pou l pa t responsab san pèsonn, e ki jan ansyen nan Efèz yo te ka fè menm jan an?
18 Annapre, Pòl te bay ansyen nan Efèz yo kèk konsèy dirèk. Pou l fè sa, li te pran egzanp sou tèt li. Toudabò, li te fè yo konnen petèt se dènye fwa y ap wè l. Apre sa, li di yo: “Mwen pa responsab san pèsonn, paske mwen pa t ezite fè nou konnen tout sa Bondye deside.” Ki jan ansyen nan Efèz yo te kapab imite Pòl, sètadi pou yo pa t responsab san pèsonn? Pòl te di yo: “Veye sou tèt nou, e veye sou tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a, pou nou ka pran swen kongregasyon Bondye a, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a.” (Tra. 20:26-28). Pòl te fè yo konnen “gen moun ki tankou lou mechan” ki t apral fofile kò yo nan mitan twoupo a e yo t apral “pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo”. Ki sa ansyen yo ta dwe fè nan ka sa a? Men ki avètisman Pòl te ba yo: “Rete je klè, e pa bliye, pandan twazan, lannuit kou lajounen, mwen pa t janm sispann konseye nou chak ak dlo nan je.” — Tra. 20:29-31.
19. Ki jan apostazi te parèt nan fen premye syèk la, e ki konsekans sa te genyen nan syèk ki te vin apre yo?
19 “Moun ki tankou lou mechan” yo te kòmanse parèt nan fen premye syèk la. Nan zòn ane 98 epòk nou an, apot Jan te ekri: “Depi kounye a gen anpil antikris ki parèt [...]. Yo soti nan mitan nou, men yo pa t menm jan avèk nou. Paske si yo te menm jan avèk nou, yo t ap rete ansanm avèk nou.” (1 Jan 2:18, 19). Nan twazyèm syèk la, akoz apostazi ki te genyen an, klèje lakretyente a te vin pran nesans, e nan katriyèm syèk la, anperè Konstanten te apwouve fòm “krisyanis” kòwonpi sa a. E vrèmanvre, chèf relijye yo te “pale bagay kwochi”, piske yo te adopte yon seri koutim payen e yo te fè kòmsi se koutim kretyen yo te ye. Jis jodi a, nou kapab wè konsekans apostazi sa a nan ansèyman ak nan koutim ki gen nan lakretyente.
20, 21. Ki jan Pòl te montre li dispoze fè sakrifis, e ki jan ansyen yo ka fè menm jan an jodi a?
20 Fason Pòl te viv te diferan nèt ak moun ki t apral chèche eksplwate twoupo a pi devan yo. Li te travay pou l pran swen tèt li yon fason pou l pa t vin yon chay pou kongregasyon an. Efò l te fè pou l ede lòt kretyen yo se pa t pou l te ka jwenn avantaj pou tèt li. Pòl te ankouraje ansyen nan Efèz yo pou yo demontre yo dispoze fè sakrifis. Li te di yo: “Se pou nou [...] ede moun ki fèb yo, e nou dwe sonje pawòl Seyè Jezi yo, li menm ki te di: ‘Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.’” — Tra. 20:35.
21 Jodi a, menm jan ak Pòl, ansyen yo dispoze fè sakrifis. Frè sa yo, ki gen responsablite pou yo “pran swen kongregasyon Bondye a”, pa aji menm jan ak manm klèje lakretyente a k ap souse fidèl yo. Men, yo pran swen kongregasyon Bondye a san se pa enterè pa yo y ap chèche. Moun ki gen ògèy ak moun k ap chèche gwo pozisyon pa gen plas yo nan kongregasyon an, paske finalman, moun k ap chèche glwa ‘pou tèt yo’ ap tonbe nan pwoblèm (Pwo. 25:27). Lè yon moun pran dwa ki pa pou li, l ap gen pou l wont kanmenm. — Pwo. 11:2.
22. Sa k fè ansyen nan Efèz yo te renmen Pòl konsa?
22 Frè yo te renmen Pòl paske li te renmen yo toutbon. Lè lè a te rive pou l ale, “yo tout pran kriye, yo pase bra yo nan kou l e yo anbrase l ak anpil afeksyon”. (Tra. 20:37, 38.) Kretyen yo vrèman apresye moun ki travay pou twoupo a menm jan ak Pòl, san se pa enterè pa yo y ap defann, e yo renmen moun sa yo. Apre n fin egzamine bèl egzanp Pòl kite pou nou an, èske n pa dakò Pòl pa t ni fè grandizè ni egzajere lè l te di: “Mwen pa responsab san pèsonn”? — Tra. 20:26.
a Gade kare ki gen tit “ Lèt Pòl te ekri detan l Masedwàn”.
b Petèt se nan okazyon sa a, pandan Pòl t ap vizite Korent lan, li te ekri lèt Women an voye bay kretyen nan vil Wòm yo.
c Gade kare ki gen tit “ Pòl pote don pou frè ki nan nesesite yo”.
d Lefètke Lik te itilize “nou” nan Travay 20:5, 6, sa montre Lik ak Pòl genlè te vin rankontre ankò nan vil Filip apre Pòl te fin kite l nan vil sa a kèk tan anvan. — Tra. 16:10-17, 40.
e Vwayaj yo te fè pou yo sot Filip al Twowas la te dire senk jou. Petèt te gen move van ki te fè bato a ralanti, paske anvan sa, yo te fè menm vwayaj sa a nan de jou sèlman. — Tra. 16:11.