Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 22

“Se pou volonte Jewova fèt”

“Se pou volonte Jewova fèt”

Pòl al Jerizalèm paske l detèmine pou l fè volonte Bondye

Travay 21:1-17

1-4. Poukisa Pòl prale Jerizalèm, e ki sa k ap tann li nan vil sa a?

 MOMAN AN rive pou Pòl ak Lik kite Milè. Ni yo menm ni ansyen yo tris anpil. Li pa fasil pou yo separe ak ansyen nan Efèz yo, paske yo renmen yo! De misyonè yo monte bato a, yo kanpe sou devan bato a. Yo gen pwovizyon y ap bezwen pou vwayaj la nan bagay yo pote yo. Mete sou sa, yo pote don yo te ranmase pou kretyen nan Jide ki nan nesesite yo, yo vle frè yo jwenn don sa a.

2 Gen yon bon ti van ki kòmanse gonfle vwal bato a, e konsa, bato a kòmanse kite waf la kote te gen anpil bri k ap fèt. De mesye yo ansanm ak sèt lòt mesye k ap vwayaje avèk yo ap gade frè yo ki byen tris bò lanmè a (Tra. 20:4, 14, 15). Mesye yo kontinye fè jès ak men yo pou yo di zanmi yo orevwa jis yo pa wè yo ankò.

3 Pandan anviwon twazan, Pòl te travay kòtakòt ak ansyen yo nan Efèz. Men kounye a, lespri sen ap dirije l yon lòt kote, se sa k fè l pran wout pou l al Jerizalèm. Li plizoumwen konnen sa k ap tann li la. Paske, sa pa gen lontan, li te di ansyen nan Efèz yo: “Lespri a oblije m al Jerizalèm, malgre mwen pa konn sa k pral rive m lòtbò a. Sèl sa m konnen, sèke nan chak vil mwen pase, lespri sen pa sispann fè m konnen se prizon ak tribilasyon k ap tann mwen.” (Tra. 20:22, 23). Malgre danje k ap tann Pòl, li santi “lespri a oblije” l ale Jerizalèm, men li dispoze suiv direksyon lespri sen. Se pa rayi l rayi lavi l, men sa ki pi enpòtan pou li se fè volonte Bondye.

4 Èske se konsa nou santi nou tou? Lè nou te vwe lavi nou bay Jewova, nou te pwomèt li ak tout kè nou sa k ap pi enpòtan nan lavi nou se fè volonte l. Nou ka aprann anpil bagay lè nou egzamine egzanp apot Pòl kite pou nou, antanke yon moun ki te fidèl.

Nou kite “zile Chip” (Travay 21:1-3)

5. Ki jan Pòl ak moun ki t ap vwayaje avè l yo te fè pou yo rive nan vil Ti?

5 Bato Pòl ak moun ki t ap vwayaje avè l yo te monte a te “file tou dwat” ale. Sa vle di maren yo pa t fè bato a fè zigzag, yo te jwenn yon bon ti van ki mennen bato a ale tou dwat jis yo rive vil Kòs yon ti jan pita nan menm jou a (Tra. 21:1). Sanble yo te kanpe bato a Kòs pou yo pase nuit lan, apre sa, yo te ale Wòd ak Patara. Lè frè yo te rive Patara, nan pati sid Azi Minè, yo te pran yon gwo bato ki pote machandiz, e bato sa a te mennen yo dirèkteman nan vil Ti, nan Fenisi. Pandan yo sou wout, yo te vin “ap gade zile Chip [...] sou bò goch”. (Tra. 21:3.) Poukisa Lik bay enfòmasyon sa a?

6. a) Ki ankourajman petèt Pòl te jwenn lè l te wè zile Chip? b) Poukisa li bon pou nou reflechi sou fason Jewova te beni nou e sou fason li te ede n?

6 Petèt, Pòl te montre moun ki t ap vwayaje avè l yo zile a e l te rakonte yo kèk eksperyans li te fè ladan l. Nan premye vwayaj Pòl te fè kòm misyonè a, sa gen anviwon nevan, Pòl, Banabas ak Jan Mak te rankontre ak yon majisyen ki te rele Elimas, ki te opoze ak travay predikasyon yo t ap fè a (Tra. 13:4-12). Donk, petèt lè Pòl te wè zile sa a e l te reflechi sou sa ki te pase ladan l, sa te ankouraje l e sa te ba l fòs pou l fè fas ak sa ki t ap tann li pi devan. Nou menm tou, nou ka jwenn anpil byenfè lè nou reflechi sou fason Jewova te beni nou e sou fason li te ede nou andire eprèv. Lè nou reflechi sou bagay sa yo, sa ka ede nou santi nou menm jan ak David ki te ekri: “Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout.” — Sòm 34:19.

“Nou chèche disip yo, nou jwenn yo” (Travay 21:4-9)

7. Ki sa Pòl ak konpayon l yo te fè lè yo te rive nan vil Ti?

7 Pòl te konnen konpayi frè ak sè yo vrèman enpòtan e li te toujou anvi pase tan ak lòt kretyen yo. Lè Pòl ak konpayon l yo te rive nan vil Ti, ki sa yo te fè? Lik di: “Nou chèche disip yo, nou jwenn yo.” (Tra. 21:4). Piske Pòl ak konpayon l yo te konnen yo gen frè ak sè nan vil Ti, yo te chèche yo jiskaske yo te jwenn yo, e sanble yo te pase yon ti tan avèk yo. Youn nan gwo byenfè nou jwenn lefètke nou gen laverite, sèke kèlkeswa kote nou ale, nou ka jwenn frè ak sè nou yo, kretyen menm jan avèk nou k ap byen kontan akeyi nou. Moun ki renmen Bondye e k ap pratike vrè adorasyon an gen zanmi toupatou sou tè a.

8. Ki jan nou dwe konprann Travay 21:4?

8 Lik fè nou konnen ki sa k te pase pandan sèt jou yo te pase nan vil Ti a, men, gen yon bagay li di ki ka parèt dwòl lè nou fèk tande l. Li di: “Apre lespri sen te fin avèti disip yo, yo di Pòl plizyè fwa pou l pa met pye l Jerizalèm.” (Tra. 21:4). Èske sa vle di Jewova te chanje lide? Èske se di l te vle di Pòl pou l pa ale Jerizalèm ankò? Non, se pa sa. Lespri sen te fè konnen y ap gen pou yo maltrete Pòl Jerizalèm, men li pa t di Pòl pa bezwen ale Jerizalèm. Sanble, pa mwayen lespri sen, frè nan vil Ti yo te rive konprann Pòl pral jwenn pwoblèm Jerizalèm. E piske yo te gen sousi pou Pòl, yo te mande l pou l pa ale nan vil sa a. Nou ka konprann yo, yo t ap eseye pwoteje Pòl kont malè ki te pandye sou tèt li a. Men, piske Pòl te detèmine pou l fè volonte Jewova, li te kontinye wout li pou l al Jerizalèm. — Tra. 21:12.

9, 10. a) Lè Pòl te tande sa frè yo t ap di l yo, ki sa petèt li te sonje? b) Ki tandans ki gaye nan monn nan jodi a, e sa k fè tandans sa a diferan ak sa Jezi te anseye?

9 Lè Pòl te tande sa frè yo t ap di l yo, ki te montre yo gen sousi pou li, li ka te sonje gen yon bagay konsa ki te rive Jezi apre l te fin di disip li yo li prale Jerizalèm, l ap gen pou l sibi anpil bagay e y ap touye l. Pyè, ki te kite santiman l mennen l, te di Jezi: “Pa di bagay konsa non, Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” Men, Jezi te di l: “Pase dèyè m, Satan! Ou se yon obstak pou mwen, paske se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.” (Mat. 16:21-23). Jezi te detèmine pou l fè sakrifis, jan Bondye te vle l fè sa. Pòl te menm jan avè l. Menm jan ak apot Pyè, siman, frè nan vil Ti yo te gen bon entansyon, men yo pa t rive konprann se te volonte Bondye pou Pòl ale Jerizalèm.

Pou nou suiv Jezi, nou dwe dispoze fè sakrifis.

10 Anpil moun jodi a pa aksepte fè sakrifis nan lavi yo, yo prefere mennen yon vi ki fasil, menmsi se pa pi bon fason pou yon moun viv. Moun yo gen tandans chèche yon relijyon ki fè yo plezi e ki pa egzije yo fè twòp bagay. Alòske mantalite Jezi te ankouraje moun k ap suiv li yo genyen an diferan nèt ak pwennvi moun sa yo. Jezi te di disip li yo: “Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pran poto soufrans li e se pou l kontinye suiv mwen.” (Mat. 16:24). Pi bon fason pou yon moun viv se suiv Jezi, men sa pa fasil.

11. Ki jan frè nan vil Ti yo te montre yo renmen Pòl e yo te ankouraje l?

11 Apre sa, lè a te rive pou Pòl, Lik ansanm ak lòt mesye yo repran wout la pou yo ale. Sa vrèman touche kè nou lè nou li sa Bib la di sou sa ki te pase lè yo t aprale a. Se yon bagay ki montre nou lanmou frè nan vil Ti yo te genyen pou Pòl e ki montre jan yo te ankouraje l nan travay predikasyon li t ap fè a. Ni frè yo, ni sè yo, ni timoun ki nan kongregasyon an te akonpaye Pòl ak moun ki te avè l yo rive jis bò rivaj la. Yo tout te met ajenou, yo te priye Bondye ansanm, epi yo te di Pòl, Lik ak lòt mesye yo orevwa. Apre sa, Pòl, Lik ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè l yo te pran yon lòt bato e yo t ale Tolemayis. Lè yo rive la, yo t al kot frè ki nan vil sa a e yo te pase yon jou avèk yo. — Tra. 21:5-7.

12, 13. a) Ki bèl egzanp Filip kite antanke moun ki te sèvi Bondye avèk fidelite? b) Ki egzanp Filip kite pou papa ki kretyen yo jodi a?

12 Lik fè nou konnen Pòl ak moun ki t ap vwayaje avèk li yo te pati pou y ale Sezare apre sa. Lè yo rive Sezare, yo “antre lakay Filip, yon moun ki konn ap evanjelize” a. (Tra. 21:8.) Sandout, yo te kontan wè Filip. Sa gen anviwon 20 an, li te Jerizalèm, e apot yo te nome l pou l distribye manje nan kongregasyon kretyen an ki te fèk vin egziste. Filip gen lontan depi l chofe nan preche bon nouvèl la ak tout fòs li. Sonje, lè pèsekisyon te lakòz disip yo gaye nan plizyè zòn, Filip te ale Samari e li te kòmanse preche nan vil sa a. Apre sa, li te preche Etyopyen an, yon mesye ki te nan gwo pozisyon, e li te batize l (Tra. 6:2-6; 8:4-13, 26-38). Vrèmanvre, Filip kite yon bèl egzanp pou nou, antanke moun ki te sèvi Bondye avèk fidelite!

13 Filip te toujou ret zele nan travay predikasyon an. Nan moman an, li t ap viv Sezare, li te kontinye bay tout li menm nan travay predikasyon an, piske Lik di li te “yon moun ki konn ap evanjelize”. Nou aprann tou li te gen kat pitit fi ki t ap pwofetize, sa fè nou konprann yo te suiv egzanp papa yo b (Tra. 21:9). Kidonk, sandout, Filip te fè tout sa l kapab pou l ede moun lakay li gen bon relasyon ak Jewova. Jodi a, papa ki kretyen yo dwe suiv egzanp li, yo dwe pran latèt nan travay predikasyon an e yo dwe aprann pitit yo renmen travay predikasyon an ak travay fè disip la.

14. Ki rezilta sa dwe te bay lefètke Pòl te vizite frè ak sè yo, e ki jan nou ka fè sa jodi a tou?

14 Kèlkeswa kote Pòl te pase, li te chèche frè ak sè yo e li te pase tan avèk yo. Sandout, frè ki te nan zòn sa yo te kontan akeyi misyonè sa a ak lòt moun ki te avè l yo lakay yo. Se sèten, vizit sa yo te pèmèt “youn [...] ankouraje lòt”. (Wom. 1:11, 12.) Nou gen menm privilèj sa a tou jodi a. N ap jwenn anpil byenfè, lè nou akeyi siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo lakay nou, menm lè kay la pa gwo. — Wom. 12:13.

“Mwen pare pou m mouri” (Travay 21:10-14)

15, 16. Ki mesaj Agabis te pote, e ki efè sa te gen sou moun ki te la yo?

15 Pandan Pòl te rete kay Filip la, gen yon lòt moun ki te vin vizite yo, yon moun frè yo te respekte tou, se Agabis. Moun ki te reyini kay Filip yo konnen byen Agabis se yon pwofèt. Se li ki te anonse gwo grangou ki te frape Jide sou rèy Klod la (Tra. 11:27, 28). Petèt yo dwe t ap mande tèt yo: ‘Poukisa Agabis vin la a? Ki mesaj li pote?’ Pandan y ap tann pou yo wè sa k pral pase, Agabis pran sentiwon ki te nan ren Pòl la (yon moso twal ki long e ki te ka gen lajan ak lòt bagay ankò ladan l) li mare pye pa l ak men pa l avè l. Apre sa, li kòmanse pale. Mesaj li a te enpòtan anpil. Li te di: “Men sa lespri sen deklare: ‘Se konsa Juif yo pral mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm e yo pral livre l bay moun ki nan nasyon yo.’” — Tra. 21:11.

16 Pwofesi Agabis la te montre Pòl ap gen pou l al Jerizalèm kanmenm. Li te montre tou travay predikasyon li t apral fè pami Juif yo t ap lakòz yo “livre l bay moun ki nan nasyon yo”. Pwofesi sa a te gen yon gwo efè sou moun ki te la yo. Men sa Lik di: “Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak moun nan zòn nan te pran sipliye Pòl pou l pa monte Jerizalèm. Lè sa a, Pòl reponn: ‘Sa n ap fè konsa a? Apa n ap kriye? Apa n ap fann kè m? Met sa byen nan tèt nou: Nonsèlman mwen pare pou m kite yo mare m, men tou mwen pare pou m mouri nan Jerizalèm pou non Seyè Jezi.’” — Tra. 21:12, 13.

17, 18. Ki jan Pòl te demontre li detèmine pou l fè volonte Bondye, e ki jan frè yo te reyaji?

17 Eseye imajine sitiyasyon an. Frè yo, Lik ladan l tou, t ap sipliye Pòl pou l pa monte Jerizalèm. Gen kèk nan yo ki t ap kriye. Lè Pòl wè lanmou ak sousi yo gen pou li, avèk anpil tandrès, li di yo y ap “fann kè [l]”. Malgre sa, li te byen deside pou l fè sa l te gen pou l fè a, e menm jan l te aji nan ka frè nan vil Ti yo, li pa t kite frè nan Sezare yo fè l chanje lide poutèt y ap sipliye l oswa poutèt y ap kriye pou li. Olye de sa, li te esplike yo rezon ki fè li ta dwe ale Jerizalèm nan. Li te montre li gen anpil kouraj ak anpil detèminasyon. Menm jan ak Jezi, li te detèmine pou l al Jerizalèm (Ebre 12:2). Pòl pa t ap chèche pou yo touye l pou lafwa l, men si sa te dwe rive, li t ap konsidere se yon privilèj sa ye pou l mouri antanke disip Kris Jezi.

18 Ki jan frè yo te reyaji? Yo te montre yo respekte pwennvi l. Men sa Lik di nou: “Kòm li pa t kite nou fè l chanje lide, nou te sispann ensiste, epi nou di: ‘Se pou volonte Jewova fèt.’” (Tra. 21:14). Donk, frè yo, ki t ap eseye konvenk Pòl pou l pa t al Jerizalèm, pa t ensiste pou yo te fè Pòl aji jan yo te vle a. Yo te koute Pòl e yo te aksepte sa l te deside a, yo te montre yo rekonèt se volonte Jewova e yo te aksepte sa, menm lè sa te difisil pou yo. Chwa Pòl te fè a se yon chwa sandout ki t ap fè l pèdi lavi l. Pòl te ka santi li t ap pi bon si frè yo, ki renmen l, pa t eseye konvenk li pou l pa t ale.

19. Ki leson enpòtan nou aprann nan istwa sa a ki konsène Pòl?

19 Nou aprann yon leson enpòtan nan istwa sa a ki konsène Pòl, e leson sa a ap itil nou. Men leson an: Nou pa dwe janm eseye dekouraje yon moun ki deside fè sakrifis nan lavi l pou sèvis Jewova. Nou ka aplike leson sa a nan anpil sitiyasyon, se pa sèlman nan sitiyasyon ki konsène lavi ak lanmò. Pa egzanp, byenke gen paran ki twouve se yon gwo kou sa ye pou yo lè pitit yo ap kite lakay yo pou y al nan yon peyi ki lwen poutèt yon asiyasyon yo ba yo nan òganizasyon Jewova a, yo fè tout sa yo kapab pou yo pa dekouraje yo. Phyllis, k ap viv ann Angletè, sonje ki jan l te santi l lè sèl pitit fi l genyen an t al ann Afrik kòm misyonè. Li di: “Sa te difisil anpil pou mwen. Li pa t fasil pou m aksepte pitit fi m nan pral viv lwen m konsa. M te santi m tris, men m te santi m fyè anmenmtan. M te priye Jewova anpil sou sa. Men, se te desizyon pa l, donk, mwen pa t janm eseye fè l chanje desizyon l. Dayè, m te toujou aprann li pou l met travay Wayòm nan nan premye plas nan lavi l. Kounye a, sa deja fè 30 an depi l ap sèvi nan peyi etranje, e chak jou mwen di Jewova mèsi dèske pitit mwen an montre l fidèl devan l.” Ala bèl sa bèl lè nou ankouraje frè ak sè ki dispoze fè sakrifis nan sèvis Jewova!

Li bon pou nou ankouraje kretyen ki dispoze fè sakrifis yo.

“Frè yo resevwa nou ak kè kontan” (Travay 21:15-17)

20, 21. Ki sa k montre Pòl te renmen pase tan ak frè l ak sè l yo, e poukisa l te vle fè sa?

20 Apre frè yo fin fè preparasyon ki nesesè pou vwayaj la, Pòl te kontinye wout li pou l al Jerizalèm, frè yo te akonpaye l, sa ki te montre yo t ap soutni l ak tout kè yo. Pandan Pòl t ap vwayaje a, chak kote li menm ak moun ki te avè l yo te rive, yo te bat pou yo pase tan ak frè ak sè yo. Nan vil Ti, yo te jwenn yon pakèt frè ak sè e yo te pase sèt jou avèk yo. Nan Tolemayis, frè ak sè yo te byen akeyi yo e yo te pase yon jou avèk yo. Nan Sezare, yo te pase plizyè jou lakay Filip. Apre sa, gen kèk nan disip nan vil sa a ki te akonpaye Pòl ak moun ki te avè l yo rive Jerizalèm, nan kay yo t apral desann nan, lakay Nason, yon moun ki gen lontan depi l disip Kris. Lè Pòl ak moun ki te avè l yo te rive Jerizalèm, Lik di: “Frè yo [te] resevwa nou ak kè kontan.” — Tra. 21:17.

21 Li klè, Pòl te renmen pase tan ak frè l ak sè l yo. Apot la te jwenn ankourajman nan men yo, menm jan sa ye pou nou jodi a. Pa gen dout nan sa, yon ankourajman konsa te bay Pòl fòs pou l te fè fas ak opozan yo ki te an kòlè e ki t ap chèche touye l.

a Gade kare ki gen tit “ Sezare, kapital Jide”.

b Gade kare ki gen tit “ Èske fi yo ka anseye nan kongregasyon an?