Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Foto yo

Foto yo

Foto Yo Selon Paj Yo Parèt La

  • Po liv la Pòl, Tabita, Galyon, Lik, yon gad tanp lan ki avèk apot yo, yon Sadiseyen, sòlda yo k ap mennen Pòl Sezare, predikasyon nan epòk nou an ak yon machin ki gen pòtvwa sou li ansanm ak yon fonograf.

  • Paj 1 Pòl, ki gen chenn nan men l, ak Lik sou yon bato ki pote machandiz ki pral Wòm.

  • Paj 2, 3 Frè J. Barr ak frè T. Jaracz, ki te de manm Kolèj santral la, devan yon kat monn nan.

  • Paj 11 Jezi ki sou yon mòn nan Galile k ap bay 11 apot fidèl li yo ak kèk lòt disip yon misyon.

  • Paj 14 Jezi ap monte nan syèl la. Apot yo ap gade l k ap monte.

  • Paj 20 Nan jou Pannkòt la, disip yo ap pale ak moun ki vin Jerizalèm yo nan lang moun sa yo.

  • Paj 36 Apot yo ki kanpe devan Kayif ki an kòlè. Gad tanp yo ap tann lòd Sanedren an pou yo arete apot yo.

  • Paj 44 Foto ki anba paj la: Apre Dezyèm Gè mondyal la, yon tribinal ann Almay delès kondane Temwen Jewova yo kòmkwa yo se espyon Ameriken. — Jounal Neue Berliner Illustrierte, 3 oktòb 1950.

  • Paj 46 Sanedren an akize Etyèn. Yon seri Sadiseyen rich sou bò goch li, ak yon seri Farizyen ki egzajere nan kesyon tradisyon sou bò dwat li.

  • Paj 54 Pyè ki poze men l sou yon nouvo disip; Simon kanpe dèyè Pyè a ak yon ti sak lajan nan men l.

  • Paj 75 Pyè ak moun ki avèk li yo antre kay Kònèy. Kònèy gen yon moso twal espesyal ki pase sou zepòl goch li pou montre grad li antanke ofisye nan lame women an.

  • Paj 83 Yon zanj ap dirije Pyè pou l sot nan prizon; petèt se nan Fò Antónya a li te nan prizon.

  • Paj 84 Foto ki anba paj la: Yon foul moun ki an kòlè, toupre Monreyal, Kebèk, an 1945. — Weekend Magazine, jiyè 1956.

  • Paj 91 Yo mete Pòl ak Banabas deyò nan Antyòch ki te nan Pizidi a. Pa dèyè, nou wè bèl konstriksyon yo te fè nan kòmansman premye syèk epòk nou an petèt pou mennen dlo nan vil la.

  • Paj 94 Pòl ak Banabas pa kite moun Lis yo adore yo. Souvan, lè moun sa yo te konn fè sakrifis an piblik, anbyans lan te chofe anpil, te konn gen anpil bri ak mizik.

  • Paj 100 Foto ki anwo paj la: Silas ak Jida ap ankouraje kongregasyon Antyòch ki nan Siri a (Tra. 15:30-32). Foto ki anba paj la: Yon siveyan sikonskripsyon ap fè diskou nan yon kongregasyon nan Ouganda.

  • Paj 107 Kongregasyon Jerizalèm nan ki reyini lakay yon moun.

  • Paj 124 Pòl ak Timote k ap vwayaje sou yon bato k ap pote machandiz. Nou ka wè yon fa byen lwen pa dèyè.

  • Paj 139 Pòl ak Silas nan yon lakou ki gen baryè, y ap sove pou yon foul moun ki an kòlè.

  • Paj 155 Galyon k ap reprimande foul moun ki akize Pòl yo. Rad li mete a montre pozisyon l: li gen yon tòj blan ki gen yon gwo rèl wouj vyolèt tout sou kote l e li gen yon kalite soulye nan pye l yo rele kalseyi.

  • Paj 158 Demetriyis k ap pale ak òfèv yo nan yon atelye nan Efèz. Yo te konn vann ti tanp Atemis yo kòm souvni.

  • Paj 171 Pòl ak konpayon l yo k ap monte yon bato. Pa dèyè yo, nou wè Gwo moniman waf la. Yo te konstwi l nan premye syèk anvan epòk nou an.

  • Paj 180 Foto ki anba paj la: Yon jèn tigason Temwen Jewova k ap pote piblikasyon an kachèt o Kanada nan ane 1940 yo, lè yo te mete entèdiksyon sou piblikasyon nou yo. (Se repwodui nou repwodui l.)

  • Paj 182 Pòl aksepte fè sa ansyen yo mande l fè a. Lik ak Timote chita pa dèyè Pòl la, yo te avè l lè l t ap pote don pou frè yo.

  • Paj 190 Neve Pòl la k ap pale ak Klod Lizyas nan Fò Antónya a, sandout, se la yo te met Pòl nan prizon. Nou wè tanp Ewòd la nan fenèt la.

  • Paj 206 Pòl ap priye pou vwayajè yo ki fatige anpil, yo nan pati kote yo mete machandiz yo nan bato a.

  • Paj 222 Pòl prizonye, yo mete l nan chenn ak yon sòlda women, l ap gade yon pati nan vil Wòm nan.