Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 2

“Nou pral sèvi m temwen”

“Nou pral sèvi m temwen”

Fason Jezi te prepare apot li yo pou yo pran latèt nan travay predikasyon an

Travay 1:1-26

1-3. Ki jan Jezi separe ak apot li yo, e ki kesyon sa fè nou poze?

 APOT YO pa ta renmen bèl eksperyans yo te fè ak Jezi a fini. Pou yo, semèn ki sot pase yo te bèl anpil! Lefètke Jezi resisite, sa fè yo soti nan gwo chagren yo te ye a pou yo vin gen yon kè kontan san parèy. Jezi deja gen 40 jou depi l ap parèt devan disip li yo pou l anseye yo lòt bagay e pou l ankouraje yo plis toujou. Men, kounye a, se dènye fwa l parèt devan yo.

2 Apot Jezi yo kanpe sou Mòn Oliv la, yo pran san yo pou yo koute tout sa Jezi ap di. Lè l fin pale, li leve men l e li beni yo. Pou yo, sanble li fin pale twò vit. Apre sa, li kòmanse monte nan syèl la. Yo rete ap gade l pandan l ap monte a. Finalman, gen yon nyaj ki vin bare yo, yo pa ka wè l ankò. Jezi ale, men yo kontinye rete ap gade syèl la. — Lik 24:50; Tra. 1:9, 10.

3 Evènman sa a chanje lavi apot Jezi yo. Ki sa yo pral fè kounye a piske Jezi Kris, Mèt yo a, kite yo l ale nan syèl la? Nou mèt gen asirans Mèt yo a byen prepare yo pou yo kontinye travay li te kòmanse a. Ki jan l te prepare yo pou travay enpòtan sa a, e ki jan yo te aplike sa l te di yo? Ki jan sa konsène kretyen k ap viv jodi a? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan premye chapit liv Travay la, e repons sa yo ap ankouraje nou.

“Yon pakèt prèv klè” (Travay 1:1-5)

4. Ki jan Lik te kòmanse istwa li rakonte nan liv Travay la?

4 Lè Lik kòmanse rakonte istwa ki nan liv Travay la, li montre se ak Teyofil l ap pale a. Se pou menm Teyofil sa a li te ekri Evanjil li a kèk ane anvan sa. Nan kòmansman liv Travay la, pou Lik montre yon fason klè liv sa a se pwolonjman Evanjil li a, li fè yon rezime sou istwa li te rakonte nan Evanjil la, men li itilize mo ki diferan e li bay kèk lòt enfòmasyon.

5, 6. a) Ki sa k t ap ede disip Jezi yo kontinye gen yon lafwa ki solid? b) Sa k fè nou ka di lafwa kretyen yo jodi a chita sou “yon pakèt prèv klè”?

5 Ki sa k t ap ede disip Jezi yo kontinye gen yon lafwa ki solid? Men sa nou li sou Jezi nan Travay 1:3: “Li te ba yo yon pakèt prèv klè pou l montre yo li vivan.” Nan Bib la, se sèlman Lik, “doktè byenneme a”, ki te itilize mo grèk lè yo tradui l yo mete “prèv klè” pou li a (Kol. 4:14). Se yon mo yo te konn itilize nan liv ki pale sou bagay ki gen rapò ak lamedsin, e li vle di prèv tout moun ka konprann byen klè, prèv ki ka konvenk moun, prèv moun ka fè konfyans. Se konsa prèv Jezi te bay yo te ye. Jezi te parèt devan disip li yo plizyè fwa, pafwa devan youn oswa de nan yo, kèk lòt fwa devan tout apot li yo, e nan yon okazyon devan plis pase 500 kwayan (1 Kor. 15:3-6). Pa gen dout nan sa, prèv sa yo te vrèman klè!

6 Menm jan an tou, lafwa kretyen yo jodi a chita sou “yon pakèt prèv klè”. Èske gen prèv ki montre Jezi te viv sou tè a, li te mouri pou peche nou e li te leve? Wi, chaje! Nou jwenn prèv k ap konvenk nou nan Pawòl Bondye te fè ekri a. Ladan l, gen yon seri istwa nou ka fè konfyans moun ki te wè bagay sa yo ak de je yo rakonte. Lè nou etidye istwa sa yo e lè nou priye pou n mande Bondye èd pou nou aplike sa nou aprann yo, sa ka fòtifye lafwa nou anpil. Nou dwe sonje bonjan prèv ka ede yon moun gen vrè lafwa a olye pou l annik kwè de je fèmen. E pou yon moun jwenn lavi ki pap janm fini an, li dwe gen vrè lafwa a. — Jan 3:16.

7. Ki egzanp Jezi kite pou disip li yo nan kesyon preche ak anseye?

7 Anplis de sa, Jezi “te pale ak yo konsènan Wayòm Bondye a”. Pa egzanp, li te esplike yo pwofesi ki te montre Mesi a t ap gen pou l soufri e pou l mouri (Lik 24:13-32, 46, 47). Lè Jezi t ap esplike disip li yo wòl li jwe antanke Mesi a, li te atire atansyon yo sou Wayòm Bondye a, paske se li menm Bondye te chwazi pou vin Wa nan Wayòm sa a. Jezi te toujou preche konsènan Wayòm nan, e se konsènan Wayòm nan tou disip li yo preche jodi a. — Mat. 24:14; Lik 4:43.

“Rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a” (Travay 1:6-12)

8, 9. a) Ki de move pwennvi apot Jezi yo te genyen? b) Ki jan Jezi te ede yo korije pwennvi sa yo, e ki leson kretyen yo ka aprann nan sa jodi a?

8 Lè apot yo te reyini sou mòn Oliv la, se te dènye fwa yo te reyini ak Jezi sou tè a. Gen yon bagay yo te chofe pou yo konnen, se sa k fè yo te mande Jezi: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?” (Tra. 1:6). Kesyon sa a sèlman te montre apot yo te gen de move pwennvi. Premyèman, yo te panse Wayòm Bondye a t ap rekòmanse dirije nasyon Izrayèl la. Dezyèmman, yo te atann pou Wayòm Bondye pwomèt la te kòmanse dirije tousuit “nan tan sa a”, sètadi nan epòk yo a. Ki jan Jezi te ede yo korije pwennvi sa yo?

9 Jezi te konnen nan yon tikras tan yo t apral viv yon bagay ki t ap ede yo korije premye move pwennvi yo te genyen an. Anfèt, nan dis jou sèlman, disip li yo t apral wè yon nouvo nasyon vin egziste, ki se Izrayèl Bondye a. Relasyon espesyal Bondye te genyen ak nasyon Izrayèl ki te la anvan an te prèske fini. Konsènan dezyèm pwennvi a, avèk jantiyès, Jezi te fè yo sonje: “Nou pa gen pou nou konnen tan oswa epòk Papa a mete anba otorite l.” (Tra. 1:7). Jewova se Mèt tan an, li chwazi dat ak lè pou yon seri bagay fèt e l veye pou yo fèt nan lè li fikse a. Lè Jezi te sou tè a, li te di menm li menm, Pitit Bondye a, pa konnen ‘jou ak lè’ lafen an ap vini, “se sèl Papa a ki konnen yo”. (Mat. 24:36.) Jodi a tou, si kretyen yo enkyete yo twòp konsènan ki lè lafen sistèm sa a ap rive, anfèt, se enkyete y ap enkyete yo pou yon bagay yo pa gen dwa konnen.

10. Ki etadespri apot yo te genyen nou dwe chèche genyen tou, e poukisa?

10 Byenke se konsa apot yo te wè bagay yo, nou dwe veye pou nou pa gen yon move pwennvi sou yo, paske yo te gen anpil lafwa. Avèk imilite, yo te aksepte Jezi korije yo. Mete sou sa, byenke kesyon yo a te montre yo gen kèk move pwennvi, li te montre yo gen yon bon etadespri. An plizyè fwa, Jezi te ankouraje disip li yo pou yo “kontinye veye”. (Mat. 24:42; 25:13; 26:41.) Yo te rete je klè nan domèn espirityèl, yo t ap veye prèv ki montre Jewova t apral pase alaksyon. Se yon etadespri konsa nou dwe chèche genyen jodi a. Paske, lefètke “dènye jou yo” rive nan bout yo, sa vin fè li pi ijan toujou pou nou rete vijilan. — 2 Tim. 3:1-5.

11, 12. a) Ki misyon Jezi te bay disip li yo? b) Poukisa li te apwopriye pou Jezi pale de lespri sen lè l t ap bay disip li yo misyon pou yo preche a?

11 Jezi te raple apot yo sou ki sa yo dwe konsantre yo. Li te di: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Se Jerizalèm, vil kote moun yo te touye Jezi a, disip yo t ap gen pou yo pwoklame nouvèl konsènan rezirèksyon Jezi a an premye. Epi, mesaj sa a t apral gaye nan tout Jide, apre sa, nan Samari epi jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.

12 Anvan Jezi te bay disip li yo misyon pou yo preche a, li te raple yo pwomès li te fè yo pou li voye lespri sen pou ede yo. Li te apwopriye pou l fè sa. Se pa sèl nan Travay 1:8, ekspresyon “lespri sen” an parèt nan liv Travay la, li parèt plis pase 40 fwa nan liv sa a. Konsa, liv enteresan sa a montre nou aklè nou pa ka fè volonte Jewova san èd lespri sen. Kidonk, ala sa enpòtan pou nou priye Jewova regilyèman pou nou mande l lespri sen l (Lik 11:13)! Jodi a, nou bezwen lespri sen plis pase nenpòt lè.

13. Jis ki kote travay preche bon nouvèl la rive jodi a, e poukisa nou dwe zele nan travay sa a?

13 Jodi a, ekspresyon “zòn ki pi lwen sou tè a” vin pran yon lòt dimansyon parapò ak jan sa te ye nan premye syèk la. Men, jan nou te wè sa nan chapit anvan an, Temwen Jewova yo aksepte misyon yo genyen pou yo preche bon nouvèl la ak tout kè yo, paske yo konnen Bondye vle pou tout kalite moun tande bon nouvèl sou Wayòm li an (1 Tim. 2:3, 4). Èske w bay tout ou menm nan travay sa a k ap sove lavi moun? Pa gen travay ki bay plis satisfaksyon pase travay sa a! Jewova ap ba w fòs ou bezwen pou w fè travay la. Liv Travay la ap montre nou bon metòd pou n itilize ak etadespri pou n chèche genyen pou n ka jwenn bon rezilta nan travay sa a.

14, 15. a) Ki sa zanj yo te di anrapò ak lè Kris ap tounen an, e ki sa yo te vle di? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Nan ki sans Kris te tounen “menm jan” li te ale a?

14 Jan nou te di sa nan kòmansman chapit sa a, Jezi te kòmanse monte nan syèl la, apre sa, disip yo pa t ka wè l ankò. Epoutan, 11 apot yo te ret kanpe la, yo te kontinye gade syèl la. Alafen, de zanj te parèt devan yo, e avèk jantiyès, yo te reprimande yo, yo te di yo: “Moun Galile, poukisa nou ret ap gade syèl la? Jezi sa a ki sot nan mitan nou pou l al nan syèl la ap vini menm jan nou te wè l ale a.” (Tra. 1:11). Èske zanj yo te vle di Jezi ap tounen ak menm kò l te genyen an, jan kèk relijyon anseye sa? Non, se pa sa yo te vle di. Ki jan nou fè konn sa?

15 Zanj yo pa t di Jezi ap tounen nan menm fòm li te ye a, men yo te di “menm jan” li te ale a b. Ki jan Jezi te ale? Apot yo pa t ka wè l ankò lè zanj yo t ap pale a. E se sèlman kèk moun, sa vle di apot yo, ki te konnen Jezi te kite tè a e li te nan wout pou l al jwenn Papa l nan syèl la. Donk, se menm jan an Kris t ap gen pou l tounen. Vrèmanvre, se konsa sa te fèt. Jodi a, se sèlman moun ki konprann Labib e ki konprann evènman k ap pase nan epòk nou an ki rann yo kont Jezi prezan antanke Wa nan syèl la (Lik 17:20). Nou dwe chèche konprann prèv ki montre Jezi prezan antanke Wa epi fè lòt moun konnen prèv sa yo, yon fason pou yo menm tou yo ka wè n ap viv nan yon epòk ki mande pou nou aji san pèdi tan.

“Montre nou kiyès [...] ou chwazi” (Travay 1:13-26)

16-18. a) Nan Travay 1:13, 14, ki sa nou aprann konsènan reyinyon kretyen yo fè pou yo adore Bondye? b) Ki sa nou aprann nan egzanp Mari, manman Jezi? c) Poukisa reyinyon yo trèzenpòtan jodi a?

16 Li fasil pou nou konprann rezon ki fè apot yo te “tounen Jerizalèm ak anpil kè kontan”. (Lik 24:52.) Men, ki jan yo t ap reyaji devan direksyon ak enstriksyon Kris te ba yo? Nan Travay 1:13, 14, nou aprann yo te konn reyini nan yon “chanmòt” e nou aprann kèk enfòmasyon enteresan konsènan reyinyon sa yo. Nan epòk sa a, byen souvan, kay ki te nan Palestin yo te gen yon chanm aletaj, moun te ka al nan chanm sa a pa mwayen yon eskalye ki bay sou deyò. Èske “chanmòt” sa a se anlè kay manman Mak la l te ye, kay yo pale de li nan Travay 12:12 la? Petèt. Antouka, sanble se te yon kote ki te senp e ki te apwopriye pou disip Kris yo reyini. Men, kiyès ki te nan reyinyon sa a, e ki sa yo te fè ladan l?

17 Li bon pou nou note se pa sèlman apot yo ki te la nan reyinyon sa a, ni tou se pa t sèlman gason ki te la. Gen “kèk medam” ki te la. Pami yo, te gen Mari, manman Jezi. Se dènye fwa yo pale de li nan Bib la. Sandout, Mari pa t chèche met tèt li annavan nan reyinyon sa a, men avèk imilite, li te reyini ak frè ak sè l yo nan kongregasyon an pou yo adore Jewova. Youn nan bagay siman ki te rekonfòte l, sèke li te gen kat pitit gason ki te la avè l nan reyinyon sa a, byenke anvan, mesye sa yo pa t gen lafwa nan Jezi lè Jezi te sou tè a (Mat. 13:55; Jan 7:5). Depi apre Jezi, ki te frè yo kot manman, te mouri e li te resisite a, yo te chanje atitid. — 1 Kor. 15:7.

18 Li bon pou nou note tou rezon ki fè disip yo te reyini an. Men sa Travay 1:14 di: “Yo tout te met tèt ansanm, yo t ap pèsevere nan lapriyè.” Sa montre nou, depi lè sa a, li te toujou enpòtan pou kretyen yo reyini ansanm pou yo adore Jewova. Nou reyini ansanm pou youn ankouraje lòt, pou nou resevwa enstriksyon ak konsèy, e sitou pou nou adore Jewova, Papa nou ki nan syèl la. Priyè nou fè nan okazyon sa yo ak kantik nou chante yo fè l plezi anpil e yo trèzenpòtan pou nou. Se sa k fè, nou pa dwe janm abandone reyinyon sa yo ki sakre e k ap fòtifye nou! — Ebre 10:24, 25.

19-21. a) Ki sa nou aprann lè nou wè wòl Pyè te vin jwe nan kongregasyon an? b) Poukisa li te nesesè pou yon moun ranplase Jida, e ki sa nou ka aprann sou fason yo te rezoud pwoblèm nan?

19 Apre sa, disip yo te devan yon gwo pwoblèm ki te konsène kesyon òganizasyon, e apot Pyè te pran inisyativ pou l chèche rezoud li (vèsè 15-26). Èske sa pa rekonfòtan lè nou wè chanjman apot Pyè te fè nan etadespri l ak nan lavi l pandan kèk semèn ki te pase apre l te fin nye Seyè a an twa fwa a (Mak 14:72)? Nou tout gen tandans pou nou peche, e nou bezwen sonje Jewova “bon e [li] dispoze padone” moun ki repanti ak tout kè yo. — Sòm 86:5.

20 Pyè te vin konprann dwe gen yon moun ki ranplase Jida, apot ki te trayi Jezi a. Men, kiyès ki ta dwe pran plas Jida a? Moun ki t apral apot nan plas Jida a ta dwe yon moun ki te suiv Jezi depi lè Jezi t ap preche sou tè a e ki te temwen rezirèksyon Jezi (Tra. 1:21, 22). Sa te ann amoni ak pwomès Jezi te fè a, kote l te di: “Nou menm ki te suiv mwen, n ap chita sou 12 twòn pou nou jije 12 tribi Izrayèl yo.” (Mat. 19:28). Sanble Jewova te vle pou 12 apot te suiv Jezi pandan li t ap preche sou tè a e pou yo vin fòme “12 wòch” k ap sèvi fondasyon pou Nouvo Jerizalèm nan (Rev. 21:2, 14). Donk, Bondye te pèmèt Pyè konprann pwofesi ki te di “se pou yon lòt moun pran travay li te genyen kòm siveyan an” te gen rapò ak Jida. — Sòm 109:8.

21 Ki jan yo te chwazi moun ki pou ranplase Jida a? Yo te fè tiraj osò, yon bagay yo te konn fè souvan nan tan yo t ap ekri Bib la (Pwo. 16:33). Men, se dènye fwa Bib la montre yo itilize tiraj osò nan fason sa a. Sanble, apre lespri sen te desann sou disip yo, yo te sispann sèvi ak metòd sa a. Men, li bon pou nou note rezon ki fè yo te itilize metòd tiraj osò a. Apot yo te priye Jewova, yo te di l: “O Jewova, ou menm ki konn kè tout moun, montre nou kiyès nan de mesye sa yo ou chwazi.” (Tra. 1:23, 24). Yo te vle pou se Jewova ki fè chwa a. Jewova te chwazi Matyas. Sanble Matyas se te youn nan 70 disip Jezi te voye al preche yo. Konsa, Matyas te vin fè pati “12 apot yo c”. — Tra. 6:2.

22, 23. Poukisa nou ta dwe soumèt devan moun ki pran latèt nan kongregasyon an jodi a e poukisa n ta dwe obeyi yo?

22 Evènman sa a fè nou sonje jan sa enpòtan pou pèp Bondye a byen òganize. Jodi a tou, yo chwazi gason ki gen kapasite pou sa pou yo sèvi antanke siveyan nan kongregasyon an. Avèk anpil swen, ansyen yo egzamine kondisyon Labib bay pou yon moun vin siveyan e yo priye Jewova pou yo mande l direksyon lespri sen l. Konsa, kongregasyon an konsidere mesye sa yo kòm moun lespri sen nome. Nou chak bò kote pa nou, nou soumèt devan yo e nou obeyi yo lè yo ban nou enstriksyon. Lè nou fè sa, nou pèmèt gen yon bon etadespri nan kongregasyon an kote tout moun ap kowopere youn ak lòt. — Ebre 13:17.

Nou soumèt devan siveyan yo k ap dirije nou e nou obeyi yo.

23 Lefètke disip yo te rejwenn fòs lè Jezi te parèt devan yo plizyè fwa apre rezirèksyon l e lefètke te gen amelyorasyon ki te fèt nan domèn òganizasyon, sa te fè yo prepare pou sa k ap tann yo pi devan. Chapit ki vin apre a pral pale sou yon evènman estrawòdinè ki te rive yo.

a Nan Evanjil Lik te ekri a, lè li t ap pale ak Teyofil li te di “sonnekselans Teyofil”. Pou kèk moun, sa ta vle di Teyofil te yon moun ki te gen yon gwo pozisyon, men ki potko kwayan (Lik 1:3). Sepandan, nan liv Travay la, Lik annik di “O Teyofil”. Gen kèk biblis ki panse Teyofil te vin kwayan apre li te fin li Evanjil Lik la. Se pou sa, selon yo menm, Lik pa itilize gwo tit li te itilize pou l te pale avè l anvan an, li ekri l kounye a antanke frè l.

b La a, Bib la pa sèvi ak mo grèk mòfè a ki vle di “fòm”, men li sèvi ak mo twopòs la ki vle di “fason” oswa “jan”.

c Pi devan, Jezi te nome Pòl “apot nasyon yo”, men yo pa t janm konte l pami 12 apot yo (Wom. 11:13; 1 Kor. 15:4-8). Pòl pa t pami moun ki t ap suiv Jezi lè Jezi t ap preche sou tè a, se sa k fè li pa t kalifye pou privilèj espesyal sa a.