Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 5

“Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf”

“Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf”

Apot yo te pran pozisyon pou Bondye, konsa yo kite yon bèl egzanp pou tout vrè kretyen

Travay 5:12–6:7

1-3. a) Poukisa yo mennen apot yo devan Sanedren an, e ki desizyon yo dwe pran? b) Ki sa k fè nou enterese konnen ki pozisyon apot yo te pran?

 JIJ YO nan Sanedren an an kòlè pou yo mouri a. Yo mennen apot Jezi yo devan yo nan gwo tribinal sa a pou yo jije yo. Poukisa? Jozèf Kayif, ki gran prèt e ki prezidan Sanedren an, pale avèk yo byen di, li di yo: “Nou te pase nou lòd yon fason ki fèm pou nou pa kontinye sèvi ak non sa a lè n ap anseye.” Kayif tèlman nève, menm pwononse l pa vle pwononse non Jezi. Apre sa li di: “Poutan, gade! nou gaye ansèyman nou an nan tout Jerizalèm, e nou byen deside pou nou rann nou responsab san mesye sa a.” (Tra. 5:28). Mesaj la klè: Yo dwe sispann afè preche a, si yo pa sispann, sa yo pran se pa yo!

2 Ki jan apot yo pral reyaji devan menas sa a? Se Jezi ki te ba yo misyon yo genyen pou yo preche a, e Jezi li menm se Bondye ki te ba l otorite li genyen an (Mat. 28:18-20). Èske apot yo pral kite krent pou lòm anvayi yo epi fèmen bouch yo? Oubyen èske y ap gen kouraj pou yo rete fèm epi kontinye preche? An reyalite, men ki sa yo gen pou yo deside: Èske y ap obeyi Bondye oubyen y ap obeyi lèzòm? San Pyè pa ezite, li pale nan non tout apot yo. Li pale yon fason ki klè e li pale avèk kran.

3 Antanke vrè kretyen, sa ki plis enterese nou se kòman apot yo te reyaji devan menas Sanedren an te fè yo a. Paske, nou menm tou nou gen misyon pou nou preche bon nouvèl la. Lè n ap fè travay sa a Bondye ban nou fè a, nou rankontre opozisyon tou (Mat. 10:22). Opozan yo ka mete restriksyon oswa entèdiksyon sou travay n ap fè a. Lè sa a, ki sa n ap fè? Nou ka aprann anpil bagay lè nou egzamine fason apot yo te pran pozisyon pou Bondye e lè nou egzamine ki sa k te mennen yo devan Sanedren an.

“Yon zanj Jewova ouvè pòt prizon an” (Travay 5:12-21a)

4, 5. Poukisa Kayif ansanm ak Sadiseyen yo te “vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo”?

4 Sonje byen, premye fwa yo te bay disip yo lòd pou yo sispann preche a, Pyè ak Jan te reponn: “Nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo.” (Tra. 4:20). Apre Sanedren an te fin jije yo e l te lage yo, ni yo menm ni rès apot yo te kontinye preche nan tanp lan. Apot yo te fè anpil gwo mirak, pa egzanp yo te geri malad e yo te chase demon. Yo te fè sa nan zòn “Kolonad Salomon an”, yon galri ki te nan pati lès tanp lan kote anpil moun te konn reyini. Sanble, menm lonbray Pyè te pèmèt kèk moun geri. Anpil nan moun ki te geri yo te aksepte verite ki soti nan Pawòl Bondye a. Kòm rezilta, te “gen plis moun toujou, gason kou fi, ki te vin kwè nan Seyè a”. — Tra. 5:12-15.

5 Kayif ansanm ak Sadiseyen yo, gwoup relijye l te fè pati a, te “vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo” e yo fè mete apot yo nan prizon (Tra. 5:17, 18). Ki sa k fè Sadiseyen yo te fache konsa? Apot yo t ap fè konnen Jezi resisite alòske Sadiseyen yo pa t kwè nan rezirèksyon. Apot yo t ap fè konnen tou se sèlman si yon moun mete lafwa nan Jezi l ap sove, Sadiseyen yo, yo menm, te pè pou moun yo pa t met espwa yo nan Jezi antanke Gid yo, sa ki t ap fè Women yo pini yo (Jan 11:48). Sa ede n wè aklè rezon ki fè Sadiseyen yo te vle fèmen bouch apot yo.

6. Kiyès jodi a ki alatèt pèsekisyon sèvitè Jewova yo jwenn, e poukisa sa pa ta dwe fè nou sezi?

6 Jodi a tou, se opozan relijye yo ki alatèt pèsekisyon sèvitè Jewova yo jwenn. Souvan, opozan sa yo chèche pouse gouvènman yo e yo met ansanm ak medya yo pou yo fè nou sispann travay predikasyon an. Èske sa ta dwe fè nou sezi? Non. Paske, mesaj nou an denonse fo relijyon an. Lè moun ki gen kè ki sensè yo aksepte laverite, yo vin libere anba kwayans ak koutim ki depaman ak Bib la (Jan 8:32). Kidonk, èske nou byen konprann rezon ki fè souvan opozan relijye yo konn rayi nou?

7, 8. Ki efè lòd zanj lan te bay la te genyen sou apot yo, e ki kesyon nou chak ta dwe poze tèt nou?

7 Pandan apot yo chita nan prizon an e y ap tann pou yo jije yo, petèt y ap mande tèt yo èske opozan yo pral touye yo (Mat. 24:9). Men, pandan nuit lan, gen yon bagay yo pa t atann ki rive: “Yon zanj Jewova ouvè pòt prizon an b.” (Tra. 5:19). Apre sa, zanj lan ba yo enstriksyon byen presi, li di yo: “Al kanpe nan tanp lan, e kontinye di pèp la tout pawòl ki gen rapò ak lavi ki pap janm fini an.” (Tra. 5:20). Se sèten, lòd sa a te fè apot yo gen asirans fason yo t ap aji a te bon. Anplis de sa, pawòl zanj lan te di yo ka te ba yo fòs pou yo rete djanm kèlkeswa sa ki ta rive. Avèk anpil lafwa ak kouraj, yo “antre nan tanp lan avanjou, e yo kòmanse anseye”. — Tra. 5:21.

8 Nou chak dwe mande tèt nou: ‘Si m ta nan menm sitiyasyon ak apot yo, èske m t ap gen lafwa ak kouraj mwen bezwen pou m kontinye preche?’ Lefètke nou konnen zanj yo ap soutni nou e y ap gide nou nan travay enpòtan sa a nou genyen kote n ap ‘bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’, sa ban nou kouraj. — Tra. 28:23; Rev. 14:6, 7.

“Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm” (Travay 5:21b-33)

“Kidonk, yo ale avèk yo, yo mete yo kanpe devan Sanedren an.” — Travay 5:27.

9-11. Ki sa apot yo te reponn lè jij yo nan Sanedren an te mande yo pou yo sispann preche, e ki egzanp yo kite pou vrè kretyen yo?

9 Kounye a, Kayif ak lòt jij ki te nan Sanedren an santi yo prè pou yo koresponn ak apot yo. Jij yo nan tribinal la, ki pa t konnen sa k te pase nan prizon an, te voye kèk gad al chèche prizonye yo. Eseye imajine jan gad sa yo sezi lè yo wè prizonye yo pa nan prizon an, alòske yo jwenn prizon an “fèmen byen fèmen, e [yo] jwenn gadyen prizon yo kanpe devan pòt yo”! (Tra. 5:23.) Apre sa, chèf gad ki t ap veye tanp lan aprann apot yo tounen nan tanp lan, e y ap bay temwayaj sou Jezi Kris, alòske se pou travay sa a menm yo te mete yo nan prizon. San pèdi tan, misye ak gad li yo te ale nan tanp lan pou yo met men sou apot yo e pou yo mennen yo devan Sanedren an.

10 Jan nou te di sa nan kòmansman chapit la, chèf relijye yo ki te an kòlè te fè apot yo konprann byen klè yo dwe sispann preche. Ki sa apot yo te reponn? Pyè te pran lapawòl nan non tout apot yo, avèk anpil kran, li di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” (Tra. 5:29). Konsa, apot yo kite yon egzanp ki t apral itil tout vrè kretyen ki t ap vin apre yo. Nou pa gen pou n obeyi otorite yo lè yo entèdi nou fè sa Bondye mande nou fè oswa lè yo mande nou fè sa Bondye pa vle nou fè. Se sa k fè nan epòk nou an, lè “otorite yo” mete entèdiksyon sou travay predikasyon n ap fè a, nou pa sispann fè travay Bondye ban nou fè a, ki se preche bon nouvèl la (Wom. 13:1). Okontrè, n ap chèche mwayen ki pap twò atire atansyon moun pou nou kontinye bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a.

11 Se pa etonan si repons apot yo te bay avèk kran an te fè jij sa yo ki te deja fache vin an kòlè plis toujou. Yo te byen deside pou yo “touye apot yo”. (Tra. 5:33.) Kounye a, sa te parèt klè, yo t ap touye temwen sa yo ki gen kran e ki zele pou fè konnen kwayans yo. Men, apot yo t apral jwenn èd yon fason pèsonn pa t ap imajine!

“Nou pap ka kraze yo” (Travay 5:34-42)

12, 13. a) Ki konsèy Gamalyèl te bay lòt jij ki te nan Sanedren an, e ki sa jij yo te fè? b) Ki sa Jewova ka fè an favè pèp li a jodi a, e ki asirans nou ka genyen si l ta kite nou “soufri pou sa ki jis”?

12 Gamalyèl, “yon anseyan Lalwa tout pèp la te respekte”, te leve kanpe nan mitan Sanedren an pou l pale c. Lefètke li te pran responsablite pou l pale e li te menm “bay lòd pou yo fè [apot] yo soti yon ti moman”, sa montre lòt jij ki nan Sanedren an te gen anpil respè pou li antanke yon espè nan lalwa juif la (Tra. 5:34). Gamalyèl te kòmanse site egzanp kèk gwoup relijye ki te parèt e ki te kraze byen vit apre lidè yo a te fin mouri. Epi sou baz sa a, li te ankouraje jij yo nan tribinal la pou yo pran pasyans, pou yo pa bay tèt yo twòp pwoblèm ak apot yo, piske lidè yo a, Jezi, te mouri pa twò lontan. Rezònman Gamalyèl la te gen ase fòs pou l konvenk yo. Men sa Gamalyèl te di yo: “Pa okipe mesye sa yo, kite yo trankil. Paske, si pwojè sa a oswa travay sa a soti nan lèzòm, l ap kraze, men, si se nan Bondye li soti, nou pap ka kraze yo. Okontrè, nou ka menm vin twouve n ap goumen ak Bondye.” (Tra. 5:38, 39). Jij yo te koute konsèy li te bay la. Sa yo fè, yo fè bat apot yo epi yo ba yo lòd “pou yo sispann pale nan non Jezi”. — Tra. 5:40.

13 Menm jan an tou jodi a, Jewova ka itilize moun ki gen anpil pouvwa, ki tankou Gamalyèl, pou yo pran desizyon an favè pèp li a (Pwo. 21:1). Jewova ka itilize lespri sen l pou l pouse dirijan ki gen anpil pouvwa, jij oswa moun k ap fè lwa yo pou yo pran desizyon ki ann amoni ak volonte l (Ney. 2:4-8). Men sa ka rive, Jewova kite nou “soufri pou sa ki jis”. (1 Pyè 3:14.) Si sa rive, gen de bagay nou pa dwe janm gen dout sou yo. Premyèman, Bondye ka ban nou fòs pou nou andire (1 Kor. 10:13). Dezyèmman, opozan yo “pap ka kraze” travay Bondye. — Eza. 54:17.

14, 15. a) Ki jan apot yo te reyaji apre yo te fin bat yo a, e poukisa se konsa yo te reyaji? b) Bay yon egzanp ki montre pèp Jewova a andire move tretman ak kè kontan.

14 Èske lefètke yo te bat apot yo, sa te fè yo dekouraje? Èske sa te fè yo lage detèminasyon yo te genyen an? Non, jamè! Lè yo te ‘soti devan Sanedren an, yo te kontan’. (Tra. 5:41.) Poukisa “yo te kontan”? Siman, se pa akoz doulè yo te genyen apre yo te fin bat yo a. Yo te kontan paske yo te konnen yo te pèsekite yo poutèt yo te kenbe entegrite yo devan Jewova e poutèt yo te suiv Jezi Kris, Modèl yo a, pye pou pye. — Mat. 5:11, 12.

15 Menm jan ak frè nou yo nan premye syèk la, se ak kè kontan nou andire soufrans nou jwenn akoz bon nouvèl la (1 Pyè 4:12-14). Se pa renmen nou renmen lè y ap fè nou menas, lè y ap pèsekite nou oswa lè yo mete nou nan prizon. Men, nou gen anpil kè kontan lè nou kenbe entegrite nou. Ann fè yon ti pale sou egzanp Henryk Dornik, yon frè ki te andire move tretman pandan plizyè ane anba plizyè rejim bout di. Li sonje nan mwa out 1944, otorite yo te deside y ap voye ni li menm ni yon frè l nan yon kan konsantrasyon. Men sa moun sa yo te di sou yo: “Nou pa ka rive konvenk yo fè anyen. Yo kontan pou yo soufri e pou yo mouri pou lafwa yo.” Frè Dornik fè konnen: “Se pa vle m te vle soufri oubyen mouri, men, mwen te kontan lefètke m te ka soufri ak kouraj e ak diyite poutèt mwen fidèl anvè Jewova.” — Jak 1:2-4.

Menm jan ak apot yo, nou preche “kay an kay”.

16. Ki jan apot yo te demontre yo vle bay yon temwayaj ki konplè, e ki jan nou ka suiv metòd apot yo te itilize pou yo preche a?

16 Apot yo pa t pèdi tan, yo te rekòmanse travay predikasyon an. San yo pa pè, “chak jou, yo te kontinye anseye san rete, ni nan tanp lan, ni kay an kay” e yo te kontinye “anonse bon nouvèl konsènan Kris la” d. (Tra. 5:42.) Pwoklamatè sa yo ki te zele te vle bay yon temwayaj ki konplè. Yon pwen li bon pou nou note, sèke yo te pote mesaj la lakay moun yo, jan Jezi Kris te di yo pou yo fè sa (Mat. 10:7, 11-14). Pa gen dout nan sa, se konsa yo te rive ranpli tout Jerizalèm ak ansèyman yo a. Jodi a, yo konnen Temwen Jewova yo kòm moun k ap suiv menm metòd apot yo te konn itilize pou yo preche. Lè nou chèche preche bon nouvèl la nan chak kay ki gen nan tèritwa nou, nou montre aklè, nou menm tou, nou vle bay yon temwayaj konplè, nou vle bay chak moun posiblite pou yo tande mesaj la. Èske Jewova beni travay predikasyon n ap fè kay an kay la? Wi, li beni l! Gen plizyè milyon moun ki aksepte mesaj Wayòm nan nan tan lafen an, e anpil nan moun sa yo te tande bon nouvèl la pou premye fwa lakay yo lè yon Temwen Jewova te vin frape pòt yo.

Gason ki kalifye pou yo fè yon ‘travay ki nesesè’ (Travay 6:1-6)

17-19. Ki pwoblèm ki te parèt ki te manke lakòz divizyon nan kongregasyon an, e ki konsèy apot yo te bay pou rezoud li?

17 Te gen yon danje anndan kongregasyon an ki te fèk vin egziste, yon danje ki t ap menase l anba anba. Ki danje sa a? Anpil nan disip ki te batize yo se te moun ki te vin vizite Jerizalèm e ki te deside fè yon ti rete pou yo te aprann plis konsènan bon nouvèl la anvan yo retounen lakay yo. Disip ki t ap viv Jerizalèm yo te fè ofrann ak tout kè yo pou yo te bay moun yo sa yo bezwen pou yo manje ansanm ak lòt bagay ankò (Tra. 2:44-46; 4:34-37). Nan moman sa a, gen yon pwoblèm ki te prezante. Yo “te neglije vèv ki pale grèk yo nan distribisyon manje ki te konn fèt chak jou a”. (Tra. 6:1.) Men, yo pa t neglije vèv ki pale ebre yo. Kidonk, sanble te gen paspouki. Se te yon pwoblèm ki te ka mete gwo divizyon nan kongregasyon an.

18 Apot yo, ki t ap pran desizyon antanke kolèj santral kongregasyon kretyen an ki pa t sispann ogmante, te rekonèt li pa t ap saj pou yo “kite pawòl Bondye a pou [y] al distribye manje sou tab”. (Tra. 6:2.) Pou yo rezoud pwoblèm nan, yo te mande disip yo pou yo chèche sèt gason ki “ranpli ak lespri sen ak sajès”, e yo t ap nome yo pou yo “fè travay sa a ki nesesè”. (Tra. 6:3.) Mesye sa yo te dwe moun ki kalifye paske sanble travay la se pa t sèlman distribye manje, men yo t ap gen pou yo jere lajan, pou yo achte manje e pou yo ekri yon seri rapò avèk swen. Tout mesye yo te chwazi yo te gen non grèk, petèt sa te fè li pi fasil pou vèv ki pale grèk yo, ki te santi yo ofanse, aksepte èd yo t ap bay la. Apre apot yo te fin priye konsènan sèt mesye sa yo yo te rekòmande yo, yo te nome yo pou yo fè “travay sa a ki [te] nesesè” e.

19 Èske lefètke mesye sa yo te gen responsablite pou yo distribye manje bay vèv yo, sa te retire responsablite yo te genyen pou yo preche bon nouvèl la? Non. Pami moun yo te chwazi yo, te gen Etyèn, ki te montre li se yon moun ki gen kran e ki gen konviksyon lè l ap bay temwayaj (Tra. 6:8-10). Filip tou te pami sèt mesye yo te chwazi yo, e Labib fè nou konnen li te “yon moun ki konn ap evanjelize”. (Tra. 21:8.) Kidonk, li klè, sèt mesye yo te kontinye preche bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl.

20. Ki jan pèp Bondye a suiv egzanp apot yo jodi a?

20 Jodi a, pèp Jewova a suiv egzanp apot yo. Gason yo rekòmande pou yo vin gen responsablite nan kongregasyon an dwe demontre yo gen sajès ki soti nan Bondye a e yo dwe bay prèv ki montre lespri sen ap aji nan lavi yo. Yo nome gason ki ranpli kondisyon Labib mande yo anba direksyon Kolèj santral la, e mesye sa yo sèvi antanke ansyen oswa antanke sèvitè ministeryèl nan kongregasyon yo f (1 Tim. 3:1-9, 12, 13). Li nòmal pou nou di se lespri sen ki nome gason ki ranpli kondisyon Labib mande yo. Mesye sa yo k ap travay di fè anpil ‘travay ki nesesè’. Pa egzanp, ansyen yo òganize èd y ap bay moun aje ki fidèl e ki nan bezwen yo (Jak 1:27). Gen kèk ansyen k ap travay nan konstriksyon Sal Wayòm, k ap òganize kongrè oswa k ap travay nan Komite lyezon ospitalye ki nan zòn nan. Sèvitè ministeryèl yo fè anpil bagay ki pa gen yon rapò dirèk ak travay bèje oswa kesyon anseye. Tout gason sa yo ki kalifye dwe fè yon ekilib ant responsablite yo gen nan kongregasyon an, nan òganizasyon an ak misyon Bondye ba yo pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan. — 1 Kor. 9:16.

“Pawòl Bondye a te kontinye ap gaye” (Travay 6:7)

21, 22. Ki sa k montre Jewova te beni kongregasyon an ki te fèk vin egziste?

21 Grasa èd Jewova, kongregasyon an ki te fèk vin egziste te rive chape anba pèsekisyon e anba yon pwoblèm ki te ka lakòz divizyon anndan kongregasyon an. Sa te parèt klè Jewova pa t sispann beni kongregasyon an, paske Bib la di nou: “Pawòl Bondye a te kontinye ap gaye, kantite disip yo te kontinye ap ogmante anpil nan Jerizalèm, e anpil prèt te vin gen lafwa.” (Tra. 6:7). Sa se senpleman youn nan rapò nou jwenn nan liv Travay la konsènan pwogrè ki t ap fèt yo (Tra. 9:31; 12:24; 16:5; 19:20; 28:31). Jodi a, lè nou tande rapò sou pwogrè k ap fèt nan travay predikasyon Wayòm nan nan lòt kote nan monn nan, èske sa pa ankouraje nou?

22 Nan premye syèk epòk nou an, chèf relijye yo ki te an kòlè anpil pa t sispann pèsekite disip yo. Te gen yon kokenn pèsekisyon ki t ap tann disip yo. Jan nou pral wè sa nan chapit ki vin apre a, sa pa t pran tan pou Etyèn jwenn gwo opozisyon.

a Gade kare ki gen tit “ Sanedren an: pi gwo tribinal juif la”.

b Yo site mo zanj lan anviwon 20 fwa nan liv Travay la. E la a se premye fwa a. Nan Travay 1:10, yo pale de zanj, men yo pa fè sa yon fason dirèk, yo di “mesye ak rad blan” yo.

c Gade kare ki gen tit “ Gamalyèl: yon anseyan Lalwa moun te respekte”.

d Gade kare ki gen tit “ Nan ki sans yo te preche ‘kay an kay’?”.

e Petèt mesye sa yo yo te met fè “travay sa a ki [te] nesesè” te ranpli menm kondisyon yon moun dwe ranpli pou l vin ansyen, paske se te yon gwo responsablite. Men, Bib la pa di nou ki lè egzakteman yo te kòmanse nome gason pou sèvi kòm ansyen oswa siveyan nan kongregasyon kretyen an.

f Nan premye syèk la, gen yon seri mesye ki kalifye pou sa ki te ka nome ansyen (Tra. 14:23; 1 Tim. 5:22; Tit 1:5). Jodi a, Kolèj santral la nome siveyan sikonskripsyon yo, e siveyan sa yo gen responsablite pou yo nome ansyen ak sèvitè ministeryèl.

[Nòt anba paj]

g Michna a se te yon seri dokiman yo te itilize pou yo ekri Talmid la, yon liv yo te fè pou Juif yo e ki pale sou Lalwa.