Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 13

“Sa te vin lakòz yon gwo diskisyon”

“Sa te vin lakòz yon gwo diskisyon”

Yo mennen kesyon sikonsizyon an devan kolèj santral la

Travay 15:1-12

1-3. a) Ki sa k te pase ki prèske met divizyon nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la? b) Ki byenfè n ap jwenn lè nou egzamine istwa sa a ki nan liv Travay la?

 PÒL ak Banabas fèk retounen nan vil Antyòch ki nan Siri a apre yo fin fè premye vwayaj yo kòm misyonè. Se pa de kontan yo pa kontan! Yo kontan dèske Jewova “ouvri pòt pou nasyon yo pou yo ka vin gen lafwa”. (Tra. 14:26, 27.) Anplis, yo kontan dèske bon nouvèl la gaye nan tout Antyòch, e gen “yon bonkou” moun lòt nasyon ki vin fè pati kongregasyon Antyòch la. — Tra. 11:20-26.

2 Nan yon tikras tan, kongregasyon ki nan Jide yo aprann bon nouvèl sa a konsènan akwasman an. Men, sa pa fè tout moun kontan. Okontrè, sa fè gen anpil pale sou kesyon sikonsizyon an, e l vin nesesè pou yo pran yon desizyon sou sa. Ki kalite relasyon ki ta dwe genyen ant kretyen ki Juif yo ak kretyen ki pa Juif yo? E ki jan kretyen ki pa Juif yo ta dwe konsidere Lwa Moyiz la? Pwoblèm sa a mennen gwo diskisyon, e sa vin tèlman rèd, sa prèske met divizyon nan kongregasyon an. Ki jan y ap rezoud pwoblèm sa a?

3 Pandan n ap egzamine istwa sa a ki nan liv Travay la, n ap aprann anpil leson k ap itil nou. Leson sa yo ka ede nou aji avèk sajès jodi a si ta vin gen pwoblèm nan kongregasyon nou ki ka lakòz divizyon.

“Si nou pa [...] fè yo sikonsi nou” (Travay 15:1)

4. Ki move panse kèk kretyen t ap gaye nan kongregasyon an, e ki kesyon sa fè nou poze?

4 Men sa disip Lik fè nou konnen: “Gen kèk mesye ki te desann sot Jide e ki te kòmanse anseye frè yo, yo t ap di yo: ‘Si nou pa suiv Lwa Moyiz la, pou nou fè yo sikonsi nou, nou pap ka sove.’” (Tra. 15:1). Nou pa konnen si “mesye” sa yo “ki te […] sot Jide” te Farizyen anvan yo te vin kretyen paske Bib la pa di anyen sou sa. Men omwen, ta sanble yo te kite gwoup relijye sa a enfliyanse fason yo panse piske Farizyen yo se te moun ki konsantre twòp sou detay ki gen nan Lalwa. Epitou, sanble yo te pretann se nan non apot yo ansanm ak ansyen nan Jerizalèm yo, yo t ap pale (Tra. 15:23, 24). Men, poukisa kretyen ki te Juif yo te kontinye ap mande pou moun sikonsi alòske sa deja gen anviwon 13 an depi Pyè, anba direksyon Bondye, te pèmèt moun nasyon yo ki pa t sikonsi jwenn posiblite pou yo vin fè pati kongregasyon an a? — Tra. 10:24-29, 44-48.

5, 6. a) Ki rezon petèt ki fè kèk kretyen ki te Juif pa t vle bay vag sou kesyon sikonsizyon an? b) Èske alyans ki gen rapò ak sikonsizyon an te fè pati alyans Bondye te fè ak Abraram nan? Esplike. (Gade nòt ki anba paj la.)

5 Gen plizyè rezon ki ka lakòz sa. Youn nan rezon yo se kapab paske se Jewova li menm ki te mande pou tout gason yo sikonsi, e lè yo te fè sa, se te yon siy ki te montre yo gen yon relasyon espesyal avè l. Jewova te mande pou mesye yo sikonsi depi anvan alyans Lalwa a. Se Abraram ak moun lakay li ki te sikonsi an premye, men annapre, Lalwa te mande pou gason yo sikonsi b (Lev. 12:2, 3). Sou Lalwa, menm moun ki te etranje nan peyi a te dwe sikonsi anvan yo gen yon seri privilèj, tankou manje manje Pak la (Egz. 12:43, 44, 48, 49). Sandout, Juif yo te konsidere yon moun ki pa t sikonsi kòm yon moun ki pa t pwòp nan je Bondye, yon moun ki ba l degoutans. — Eza. 52:1.

6 Kidonk, sa te mande pou kretyen ki te Juif yo gen lafwa ak imilite pou yo te ka fè chanjman nan fason yo panse pou yo aksepte nouvo ansèyman yo te vin ba yo a. Alyans Lalwa a pa t la ankò, se nouvo alyans lan ki te ranplase l. Donk, apati moman sa a, se pa paske yon moun te fèt nan nasyon juif la ki fè otomatikman li fè pati pèp Bondye a. Sa vle di ni kretyen ki te Juif ki t ap viv nan zòn ki gen anpil Juif yo, ni kretyen ki t ap viv Jide yo te bezwen gen kouraj pou yo fè konnen se Kris y ap suiv kounye a e pou yo aksepte kretyen ki soti nan nasyon yo e ki pa t sikonsi. — Jer. 31:31-33; Lik 22:20.

7. Ki verite “mesye” nan Jide yo ki te chofe nan kesyon sikonsizyon an pa t rive konprann?

7 Nòmalman, prensip Bondye yo pa chanje. Se sa k fè, nouvo alyans lan gen ladan l prensip ki te baz Lwa Moyiz la (Mat. 22:36-40). Pa egzanp, men sa Pòl te ekri annapre anrapò ak sikonsizyon an: “Moun ki Juif toutbon an se anndan l li Juif, e sikonsizyon l lan se nan kè l li fèt. Se lespri a ki fè l, se pa yon lwa yo ekri ki fè l.” (Wom. 2:29; Det. 10:16). “Mesye ki te […] sot Jide” yo ki te chofe nan kesyon sikonsizyon an pa t konprann verite sa a, yo te chita ap di Bondye pa t janm aboli lwa sou sikonsizyon an. Èske yo te dakò chanje pwennvi yo te genyen an?

“Yon gwo diskisyon” pete (Travay 15:2)

8. Poukisa yo te oblije mennen kesyon sikonsizyon an devan kolèj santral la nan Jerizalèm?

8 Men sa Lik di ankò: “Pòl ak Banabas pa t dakò menm ak moun sa yo [“mesye ki te desann sot Jide” yo], e sa te vin lakòz yon gwo diskisyon. Se sa k fè, frè yo te deside pou Pòl ak Banabas ansanm ak kèk moun pami yo monte al kot apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm pou yo regle pwoblèm nan.” c (Tra. 15:2). Ekspresyon “pa t dakò menm” nan ak ekspresyon “gwo diskisyon” an montre diskisyon an te chofe, e toude gwoup moun yo pa t vle chanje pwennvi yo te genyen an, epitou kongregasyon Antyòch la pa t ka rezoud pwoblèm nan. Pou ansyen yo te ka toujou kenbe lapè ak inite nan kongregasyon an, yo te deside pote ka a devan “apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm”, sètadi devan kolèj santral la. Ki sa nou ka aprann nan men ansyen ki te nan vil Antyòch yo?

Gen kèk moun ki te kontinye ap di: “Li enpòtan [...] pou yo ba yo [moun lòt nasyon yo] lòd pou yo obeyi Lwa Moyiz la.”

9, 10. Ki bèl egzanp ni frè Antyòch yo ni Pòl ak Banabas kite pou nou jodi a?

9 Youn nan leson enpòtan nou aprann, sèke nou dwe gen konfyans nan òganizasyon Bondye a. Reflechi pou n wè: Frè ki te nan vil Antyòch yo te konnen se kretyen ki Juif sèlman ki fè pati kolèj santral la. Epoutan, yo te gen konfyans gwoup frè sa yo t ap regle kesyon sikonsizyon an ann amoni ak Ekriti yo. Poukisa? Kongregasyon an te gen konfyans Jewova t ap dirije bagay yo pa mwayen lespri sen l e pa mwayen Jezi Kris, Chèf kongregasyon an (Mat. 28:18, 20; Efe. 1:22, 23). Lè gen gwo pwoblèm ki met pye nan kongregasyon an jodi a, se pou nou suiv bon egzanp kretyen ki te nan vil Antyòch yo kite pou nou. N ap montre sa lè nou gen konfyans ni nan òganizasyon Bondye a, ni nan Kolèj santral la ki fòme ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la.

10 Sa fè nou sonje tou li enpòtan pou nou gen imilite ak pasyans. Se lespri sen menm ki te chwazi Pòl ak Banabas pou yo t al kot moun lòt nasyon yo, epoutan yo pa t chita sou sa pou yo te regle kesyon sikonsizyon an nan okazyon sa a (Tra. 13:2, 3). Mete sou sa, men sa Pòl te fè konnen annapre: “Mwen te monte [Jerizalèm] apre m te fin resevwa yon revelasyon.” Sa vle di li te jwenn direksyon nan men Bondye sou kesyon sa a (Gal. 2:2). Jodi a, si gen pwoblèm ki met pye nan kongregasyon an ki ta ka lakòz gen divizyon ladan l, ansyen yo dwe gen menm etadespri a: yo dwe gen imilite e yo dwe gen pasyans. Olye pou y ap chèche defann pwennvi pa yo, yo dwe chèche direksyon Jewova lè yo egzamine sa Bib la di e lè yo chèche konprann enstriksyon ak direksyon esklav fidèl ki prevwayan an bay. — Flp. 2:2, 3.

11, 12. Poukisa li enpòtan pou nou tann Jewova?

11 Gen kèk ka kote nou ka bezwen tann pou Jewova ede n pi byen konprann yon sitiyasyon. Sonje byen, frè nan epòk Pòl la te oblije tann rive jis nan ane 49 epòk nou an anvan pou Jewova te pèmèt yo rezoud pwoblèm sikonsizyon an. Sa vle di yo te tann anviwon 13 an, paske se depi nan ane 36 epòk nou an Jewova te chwazi Kònèy pou l al nan syèl. Poukisa tout tan sa a? Petèt, Bondye te vle pou gen ase tan ki pase pou pèmèt Juif ki sensè yo fè gwo chanjman sa a nan pwennvi yo. Nou pa dwe bliye se 1 900 an Juif yo te fè ap suiv alyans ki gen rapò ak sikonsizyon an, alyans Bondye te fè ak Abraram, zansèt yo a yo te renmen anpil. Donk, li pa t ap fasil pou yo aksepte alyans sa a rive nan bout li. — Jan 16:12.

12 Ala yon gwo privilèj sa ye pou nou kite Papa nou ki nan syèl la, ki gen anpil pasyans ak anpil bonte, enstwi nou e pou li fòme nou! Sa toujou bay bon rezilta e se toujou pou byen nou (Eza. 48:17, 18; 64:8). Kidonk, annou pa janm kite ògèy fè nou bay ide pa nou twòp enpòtans. Annou pa kite l fè nou mal reyaji devan chanjman ki fèt nan fason òganizasyon Jewova a fonksyone oubyen nan fason nou te konprann kèk vèsè (Ekl. 7:8). Si w ta wè w gen tandans sa a lakay ou, menmsi se toupiti, ou dwe priye Jewova pou l gide w e w dwe medite sou bonjan prensip nou jwenn nan Travay chapit 15 lan d.

13. Ki jan nou ka imite Jewova nan demontre pasyans nan travay predikasyon an?

13 Youn nan sitiyasyon kote n ka bezwen montre pasyans se lè n ap etidye Labib ak moun ki gen difikilte pou yo kite yon seri fo kwayans ak yon seri koutim yo te renmen ki pa ann amoni ak Bib la. Nan ka sa yo, nou ka bezwen kite yon kantite tan ki rezonab pase pou lespri sen Bondye aji sou kè yo (1 Kor. 3:6, 7). Epitou, l ap bon pou nou priye sou sa. Nou mèt gen asirans, nan moman ki apwopriye a, Bondye ap itilize yon mwayen kanmenm pou l ede nou aji avèk sajès. — 1 Jan 5:14.

Yo te rakonte kèk eksperyans ki ankourajan “an detay” (Travay 15:3-5)

14, 15. Ki jan moun nan kongregasyon Antyòch la te montre yo onore Pòl, Banabas ak lòt mesye ki te akonpaye yo, e ki jan Pòl, Banabas ak mesye sa yo te montre yo se yon benediksyon pou lòt kretyen yo?

14 Lik kontinye rakonte istwa a, li di: “Apre kongregasyon an fin kondui mesye yo met nan wout, mesye yo kontinye, yo pase Fenisi ak Samari, yo t ap rakonte an detay jan moun ki nan nasyon yo te konvèti, e sa te fè tout frè yo kontan anpil.” (Tra. 15:3). Lefètke moun nan kongregasyon an te kondui Pòl, Banabas ak lòt mesye ki te akonpaye yo met nan wout, sa te montre lanmou yo gen pou yo, sa te montre yo onore yo e yo ta renmen Jewova beni yo. La a ankò, frè Antyòch yo kite yon bon egzanp pou nou! Èske nou menm tou nou onore frè ak sè nou yo nan kongregasyon an, “sitou [ansyen yo] k ap travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an”? — 1 Tim. 5:17.

15 Pandan mesye yo te sou wout pou y al Jerizalèm, yo te montre yo se yon benediksyon pou kretyen menm jan avèk yo ki te nan Fenisi ak nan Samari lefètke yo te rakonte yo “an detay” kèk eksperyans konsènan travay predikasyon an pami moun ki nan nasyon yo. Petèt pami moun ki t ap koute yo, te gen kretyen ki te Juif ki te kouri al nan zòn sa yo apre kèk Juif te fin touye Etyèn. Menm jan an tou jodi a, lè frè nou yo, sitou sa k ap pase anba gwo eprèv yo, tande rapò konsènan fason Jewova beni travay fè disip la, sa ankouraje yo anpil. Èske w byen pwofite rapò sa yo lè w asiste reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo e lè w li eksperyans oswa istwa yo pibliye nan piblikasyon nou yo sou lavi yon seri frè ak sè?

16. Ki sa k montre kesyon sikonsizyon an te vin tounen yon gwo pwoblèm?

16 Apre mesye yo te fin fè 550 kilomèt wout nan direksyon sid, finalman, yo te rive kote yo t aprale a. Men sa Lik di: “Lè yo rive Jerizalèm, kongregasyon an ak apot yo ansanm ak ansyen yo byen akeyi yo, e yo menm, yo rakonte tout bagay Bondye te fè pa mwayen yo.” (Tra. 15:4). Sepandan, lè yo fin rakonte bagay sa yo, “kèk nan moun ki te fè pati gwoup Farizyen yo e ki te vin kwè leve kanpe, yo di: ‘Li enpòtan pou yo sikonsi moun ki pa Juif yo e pou yo ba yo lòd pou yo obeyi Lwa Moyiz la.’” (Tra. 15:5). Li klè, kesyon pou kretyen ki pa Juif yo sikonsi a te vin tounen yon gwo pwoblèm yo te dwe rezoud.

“Apot yo ak ansyen yo reyini” (Travay 15:6-12)

17. Kiyès ki te fè pati kolèj santral la ki te Jerizalèm, e poukisa petèt te gen “ansyen” ki t ap sèvi nan kolèj santral la ansanm ak apot yo?

17 Pwovèb 13:10 fè konnen: “Moun k ap chèche konsèy gen sajès.” Ann amoni ak prensip sa a ki saj, “apot yo ak ansyen yo reyini pou yo egzamine kesyon [sikonsizyon an]”. (Tra. 15:6.) “Apot yo ak ansyen yo” te aji antanke yon gwoup ki reprezante tout kongregasyon kretyen an menm jan Kolèj santral la fè sa jodi a. Poukisa te gen “ansyen” ki t ap sèvi nan kolèj santral la ansanm ak apot yo? N ap sonje yo te touye apot Jak, e omwen pandan yon tan, apot Pyè te nan prizon. Ki sa k t ap pase si yon bagay konsa ta rive lòt apot yo? Lefètke lòt gason kalifye sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl la te la, sa t ap pèmèt apot yo asire yo gen moun ki resevwa fòmasyon pou yo kontinye veye sou kongregasyon yo kòmsadwa.

18, 19. Ki pawòl Pyè te di ki gen anpil fòs, e ki sa moun ki t ap koute l yo te dwe konprann?

18 Lik fè nou konnen tou: “Apre anpil gwo diskisyon, Pyè leve kanpe, epi li di [...]: ‘Frè m yo, nou konnen byen, depi nan kòmansman, Bondye te chwazi m pami nou pou l fè se nan bouch mwen moun ki nan nasyon yo tande pawòl bon nouvèl la pou yo ka kwè. Bondye, ki konnen kè moun, te rann temwayaj lè l te ba yo lespri sen l, menm jan li te fè sa pou nou tou. Li pa t fè okenn diferans ant nou menm avèk yo, men, piske yo te gen lafwa, li te pirifye kè yo.’” (Tra. 15:7-9). Gen yon liv ki fè konnen mo grèk lè yo tradui l yo mete “diskisyon” pou li nan vèsè 7 la ka vle di tou “rechèch”, “deba”. Sanble frè yo pa t gen menm opinyon sou kesyon an, e yo pa t ezite di sa yo panse ak tout kè yo.

19 Pawòl Pyè te di yo te fè tout moun ki la yo sonje li te la nan ane 36 epòk nou an lè lespri sen te desann sou premye gwoup moun lòt nasyon ki te vin kretyen yo, anpalan de Kònèy ak moun lakay li yo. Donk, si Jewova te sispann fè distenksyon ant moun ki Juif ak moun ki pa Juif, ki sa lèzòm ye pou yo wè bagay yo yon lòt jan? Mete sou sa, se lè yon moun mete lafwa nan Kris, li t ap ka pirifye kè l, se pa lè l obeyi Lwa Moyiz la. — Gal. 2:16.

20. Ki jan moun ki t ap mande moun yo pou yo sikonsi yo t ap “fè Bondye fache”?

20 Sou baz sa Bondye te di e sou baz temwayaj lespri sen te bay, men sa Pyè di pou l fini: “Donk, kounye a, poukisa n ap fè Bondye fache lè n ap fòse disip yo pote yon jouk sou kou yo, yon jouk ni zansèt nou yo ni nou menm pa t ka pote? Okontrè, menm jan ak moun sa yo tou, nou gen lafwa se grasa favè san parèy Seyè Jezi a nou kapab sove.” (Tra. 15:10, 11). Vrèmanvre, moun ki t ap mande moun yo pou yo sikonsi yo t ap “fè Bondye fache”, sa vle di yo t ap teste pasyans Bondye. Yo t ap eseye fè kretyen ki soti nan nasyon yo suiv yon seri lwa menm Juif yo pa t ka obeyi totalman, sa ki te vin kondane yo pou yo mouri (Gal. 3:10). Donk, olye pou Juif ki t ap koute Pyè yo te mande moun yo pou yo sikonsi, yo te dwe di Bondye mèsi pou favè san parèy li ba yo pa mwayen Jezi a.

21. Ki sa Banabas ak Pòl te rakonte nan diskisyon an?

21 Sandout, pawòl Pyè te di yo te fè gwo efè sou moun yo, paske “tout gwoup la [te] fè silans”. Apre sa, Banabas ak Pòl rakonte yo “kòman Bondye te itilize yo pou l fè anpil mirak ak mèvèy nan mitan nasyon yo”. (Tra. 15:12.) Donk, kounye a, apot yo ak ansyen yo te an mezi pou yo egzamine tout prèv sa yo pou yo pran yon desizyon ki ann amoni ak volonte Bondye konsènan kesyon sikonsizyon an.

22-24. a) Ki jan Kolèj santral jodi a suiv egzanp kolèj santral premye syèk la? b) Ki jan tout ansyen yo ka montre yo respekte dispozisyon Jewova pran nan òganizasyon l lan?

22 Jodi a tou, lè frè ki fè pati Kolèj santral la reyini, yo kite Pawòl Bondye a gide yo e yo priye Jewova ak tout kè yo pou li ba yo lespri sen l (Sòm 119:105; Mat. 7:7-11). Pou yo ka pran desizyon ki ann amoni ak volonte Bondye, depi byen alavans, yo remèt chak frè sa yo lis pwen yo pral diskite yo, konsa yo chak ap ka gentan reflechi sou pwen yo e y ap ka priye Jewova sou sa (Pwo. 15:28). Lè reyinyon an ap fèt, yo pa ezite di sa yo panse e yo pale yon fason ki demontre respè youn pou lòt. Epitou, yo itilize Bib la anpil.

23 Ansyen yo nan kongregasyon yo dwe imite egzanp sa a. Si gwoup ansyen an fin egzamine yon kesyon ki trèzenpòtan nan yon reyinyon ansyen, men yo pa rive rezoud pwoblèm nan, gwoup ansyen an ka kontakte filyal la oswa moun ki nome pou reprezante l yo, tankou siveyan sikonskripsyon yo. Filyal la bò kote pa l ka ekri Kolèj santral la si sa nesesè.

24 Pa gen dout, Jewova beni moun ki respekte dispozisyon li pran nan òganizasyon l lan, moun ki demontre yo gen imilite ak pasyans e ki demontre yo fidèl. Jan nou pral wè sa nan chapit ki vin apre a, lè nou aji konsa Bondye ap rekonpanse nou, l ap ban nou vrè lapè a, l ap beni nou nan domèn espirityèl e l ap fè nou rete ini antanke kretyen.

b Alyans ki gen rapò ak sikonsizyon an pa t fè pati alyans Bondye te fè ak Abraram nan, ki toujou valab jis jounen jodi a. Alyans Bondye te fè ak Abraram nan te derape nan ane 1943 anvan epòk nou an lè Abraram (ki te rele Abram lè sa a) te travèse rivyè Efrat pandan l te sou wout pou l al Kanaran. Li te gen 75 an lè sa a. Sepandan, alyans ki gen rapò ak sikonsizyon an te fèt nan ane 1919 anvan epòk nou an, lè Abraram te gen 99 an. — Jen. 12:1-8; 17:1, 9-14; Gal. 3:17.

c Sanble Tit se te youn nan moun ki te nan delegasyon sa a. Tit se te yon kretyen grèk ki te vin yon bon konpayon pou Pòl. Pòl te fè l konfyans e li te konn voye l reprezante l (Gal. 2:1; Tit 1:4). Tit se yon bon egzanp ki montre Bondye te chwazi moun lòt nasyon ki pa t sikonsi yo pa mwayen lespri sen l pou y al nan syèl la. — Gal. 2:3.

d Gade kare ki gen tit “ Temwen Jewova yo baze kwayans yo sou Bib la”.