Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 11

‘Yo te gen anpil kè kontan e yo te ranpli ak lespri sen’

‘Yo te gen anpil kè kontan e yo te ranpli ak lespri sen’

Fason Pòl te reyaji lè l te rankontre moun ki opoze e ki pa enterese nan bon nouvèl la

Travay 13:1-52

1, 2. Ki sa k fè vwayaj Banabas ak Sòl pral fè a pa gen parèy, e nan ki sans travay yo a pral pèmèt pawòl ki nan Travay 1:8 yo reyalize?

 GEN anpil kè kontan nan kongregasyon Antyòch la! Pami tout pwofèt ak anseyan ki la yo, lespri sen chwazi Banabas ak Sòl pou y al preche bon nouvèl la kote ki lwen a (Tra. 13:1, 2). Se vre, yo te deja voye kèk gason ki kalifye pote bon nouvèl la nan yon seri zòn, men, misyonè yo te voye anvan yo te ale nan zòn kote te deja gen disip Kris (Tra. 8:14; 11:22). Fwa sa a, y ap voye Banabas ak Sòl nan yon seri zòn kote majorite moun yo poko tande bon nouvèl la. Jan Mak ap avèk yo pou ede yo.

2 Anviwon 14 an anvan sa, Jezi te di disip li yo: “Nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” ​(Tra. 1:8). Lefètke Banabas ak Sòl pral sèvi antanke misyonè, sa pral pèmèt pawòl Jezi te di yo reyalize b.

Yo mete yo “apa [...] pou travay” la (Travay 13:1-12)

3. Ki sa k te konn fè vwayaj ki long yo difisil nan premye syèk la?

3 Jodi a, grasa yon seri envansyon lèzòm fè tankou machin ak avyon, nan inèdtan oswa nan dezèdtan moun ka gentan vwayaje rive byen lwen. Men, se pa konsa sa te ye nan premye syèk la. Nan epòk sa a, se sitou apye moun yo te konn vwayaje, pafwa yo te konn menm oblije mache nan yon seri wout ki te difisil. Lè yon moun ap vwayaje, petèt li te ka fè 30 kilomèt wout sèlman nan yon jounen, e sa te konn fè l fatige anpil c. Kidonk, byenke Banabas ak Sòl te chofe pou yo kòmanse travay sa a yo te ba yo fè a, siman yo te rann yo kont sa t ap mande anpil efò ak anpil sakrifis. — Mat. 16:24.

4. a) Ki sa k te dirije frè yo pou yo chwazi Banabas ak Sòl, e ki jan kretyen ki te nan kongregasyon an te reyaji? b) Ki jan nou ka montre nou kolabore ak moun ki resevwa privilèj nan kongregasyon an?

4 Men, poukisa lespri sen te mande dirèkteman pou se Banabas ak Sòl yo mete “apa [...] pou travay” la (Tra. 13:2)? Bib la pa di anyen sou sa. Men, sa nou konnen, sèke se lespri sen ki te dirije moun yo pou yo chwazi mesye sa yo. Pa gen anyen tou nan Bib la ki ta montre pwofèt ak anseyan ki te la yo pa t dakò ak desizyon sa a. Okontrè, yo te montre yo dakò totalman. Imajine jan Banabas ak Sòl dwe te santi yo lè yo wè frè yo nan kongregasyon an pa t anvye sò yo, olye de sa, yo “fè jèn e yo priye, yo poze men yo sou [...] yo, apre sa, yo voye yo ale”. (Tra. 13:3.) Nou menm tou nou dwe kolabore ak moun ki resevwa yon privilèj nan kongregasyon an e nou dwe kore travay y ap fè a. Pa egzanp, nou dwe fè sa pou frè yo nome siveyan nan kongregasyon an. Olye nou ta anvye sò moun ki resevwa privilèj sa yo, nou dwe ‘renmen yo anpil e nou dwe gen anpil konsiderasyon pou yo pou travay y ap fè a’. — 1 Tes. 5:13.

5. Pou Banabas ak Sòl te rive preche sou zile Chip, ki sa sa te mande?

5 Apre Banabas ak Sòl fin mache rive Selesi, yon vil ki te gen yon waf e ki te toupre Antyòch, yo pran bato pou y ale sou zile Chip. Se yon vwayaj 200 kilomèt anviwon d. Kòm Banabas te moun Chip, sandout, li te chofe pou l pote bon nouvèl la bay moun ki rete sou zile l te fèt la. Lè yo rive Salamin, yon vil ki te nan pati lès zile a, yo pa t ret ap pèdi tan. Rapidman, “yo kòmanse preche pawòl Bondye a nan sinagòg Juif yo e”. (Tra. 13:5.) Banabas ak Sòl te preche sot nan yon pwent Chip rive nan lòt pwent lan, siman yo te preche moun ki nan vil prensipal yo toutpandan yo t ap fè wout la. Selon wout misyonè sa yo te pase yo, yo gendwa te fè anviwon 160 kilomèt ap mache.

6, 7. a) Kiyès Sèjiyis Polis te ye, e poukisa Bajezi t ap eseye fè l pa koute bon nouvèl la? b) Ki jan Sòl te reyaji devan opozisyon Bajezi a?

6 Nan premye syèk la, Chip te chaje ak fo adorasyon. Sa te parèt klè sitou lè Banabas ak Sòl te rive nan vil Pafòs, ki sou kot lwès zile a. Lè yo rive la, “yo rankontre ak […] Bajezi. Misye se te yon majisyen e li te yon fo pwofèt. Li t ap travay pou Sèjiyis Polis, gouvènè a, yon moun entèlijan f”. Nan premye syèk la, anpil Women ki te byen edike, e menm “yon moun entèlijan” tankou Sèjiyis Polis, te konn al kot majisyen oswa astwològ anvan yo pran yon gwo desizyon. Men, mesaj Wayòm nan te enterese Sèjiyis Polis, e l “te chofe pou l tande pawòl Bondye”. Sepandan, sa pa t fè Bajezi plezi ditou. Yo te konn rele Bajezi Elimas tou, poutèt travay li t ap fè a, paske non Elimas la vle di “majisyen”. — Tra. 13:6-8.

7 Bajezi te opoze ak mesaj Wayòm nan. Anfèt, sèl fason li te genyen pou l pa pèdi pozisyon l antanke konseye Sèjiyis Polis se “detounen gouvènè a [Sèjiyis Polis] pou l pa vin gen lafwa”. (Tra. 13:8.) Men, Sòl pa t ap kite yon majisyen fè Sèjiyis Polis sispann enterese nan mesaj Wayòm nan. Donk, ki sa Sòl fè? Men sa Bib la fè nou konnen: “Sòl, ki rele Pòl tou, te vin ranpli ak lespri sen. Li gade majisyen an [Bajezi] fiks, epi li di l: ‘Ou se yon moun ki chaje ak tout kalite twonpri ansanm ak tout kalite mechanste, ou se pitit Dyab la, ou se ènmi tout sa ki jis. Èske w pap sispann fè chemen Jewova yo ki dwat vin kwochi? Gade! Jewova ap met men sou ou, w ap avèg e ou pap wè limyè solèy la pandan kèk tan.’ Menm kote a, gen yon bwouya pwès ak yon fènwa ki tonbe sou misye. Epi, li kòmanse ap vire adwat agoch, l ap chèche yon moun pou pran men l pou gide l.” g Ki rezilta mirak sa a te bay? Ebyen, “lè gouvènè a wè sa k pase a, li vin kwè. Ansèyman li te tande sou Jewova a te frape l anpil”. — Tra. 13:9-12.

Menm jan ak Pòl, nou defann laverite avèk kran lè nou jwenn opozisyon.

8. Jodi a, ki jan nou ka montre n gen kran menm jan ak Pòl?

8 Pòl pa t kite Bajezi fè l kraponnen. Nou menm tou, nou pa dwe pè opozan yo lè y ap eseye kraze lafwa moun ki montre yo enterese nan mesaj Wayòm nan. Nòmalman, pawòl nou yo dwe ‘toujou bèl, toujou sizonnen ak sèl’. (Kol. 4:6.) Men anmenmtan, nou pa ta dwe evite preche yon moun ki enterese akoz nou pa vle antre nan diskisyon ak lòt moun. Ni nou pa dwe pè denonse manti fo relijyon yo ap bay, paske fo relijyon yo pa sispann “fè chemen Jewova yo ki dwat vin kwochi”, menm jan Bajezi te fè sa (Tra. 13:10). Menm jan ak Pòl, se pou n mete kran sou nou pou n fè moun yo konnen laverite yon fason pou n touche kè moun ki sensè yo. E menmsi fason Bondye ede nou an pa parèt klè menm jan sa te klè nan ka Pòl la, nou mèt gen asirans Jewova ap itilize lespri sen l pou l rale moun ki diy yo vin nan laverite. — Jan 6:44.

‘Yon pawòl pou ankouraje pèp la’ ​(Travay 13:13-43)

9. Ki egzanp Pòl ak Banabas kite pou moun ki pran latèt nan kongregasyon yo jodi a?

9 Sanble gen yon chanjman ki te fèt lè mesye yo te kite Pafòs e yo te fè vwal pou y al Pèje, ki sou kot Azi Minè, nan yon distans 250 kilomèt lè w pase sou lanmè. Piske nan Travay 13:13, lè y ap pale de gwoup mesye yo, yo di “Pòl ansanm ak mesye ki te avè l yo”, sa ede n wè apati moman sa a, se Pòl ki te pran latèt nan aktivite gwoup la. Men, pa gen anyen ki montre Banabas te vin jalou Pòl. Okontrè, de mesye sa yo te kontinye travay ansanm pou yo akonpli volonte Bondye. Pòl ak Banabas kite yon bèl egzanp pou moun ki pran latèt nan kongregasyon yo jodi a. Olye pou frè sa yo tonbe nan konpetisyon youn ak lòt pou yo konnen kiyès ki pi enpòtan pami yo, yo dwe toujou sonje pawòl Jezi te di yo: “Nou tout se frè.” Jezi te di tou: “Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo.” — Mat. 23:8, 12.

10. Pale de vwayaj Pòl ak Banabas te fè soti Pèje pou al Antyòch ki te nan Pizidi a.

10 Lè yo rive Pèje, Jan Mak kite Pòl ak Banabas, li tounen Jerizalèm. Labib pa bay rezon ki fè li te kite yo sanzatann konsa. Pòl ak Banabas te kontinye vwayaj yo a, yo kite Pèje, y al Antyòch ki te nan Pizidi a, yon vil ki te nan distri Galasi. Se pa t yon ti vwayaj, paske Antyòch ki te nan Pizidi a te anviwon 1 100 mèt pi wo pase nivo lanmè a. Wout pou yo te pase nan mòn yo te danjere e yo te konn gen anpil vòlè. Mete sou sa, ta sanble lè Pòl te rive nan zòn sa a, li te vin gen pwoblèm sante h.

11, 12. Lè Pòl t ap pale nan sinagòg ki nan Antyòch ki te nan Pizidi a, ki jan l te fè moun yo enterese nan sa l t ap di yo?

11 Pandan Pòl ak Banabas te nan Antyòch ki te nan Pizidi a, yo te antre nan sinagòg ki te nan vil sa a yon jou saba. Bib la fè nou konnen: “Apre moun yo fin li Lalwa ak sa pwofèt yo te ekri yo, moun ki t ap dirije sinagòg yo voye di yo: ‘Frè nou yo, si nou gen yon pawòl nou vle di pou nou ankouraje pèp la, nou mèt pale.’” ​(Tra. 13:15). Lè sa a, Pòl kanpe e li pran lapawòl.

12 Pou kòmanse, Pòl di moun yo: “Nou menm Izrayelit, ansanm ak lòt moun yo ki gen lakrentif pou Bondye.” ​(Tra. 13:16). Pami moun ki t ap koute Pòl yo, te gen Juif e te gen moun ki te konvèti nan relijyon Juif yo. Ki jan Pòl te fè moun sa yo enterese nan sa li t ap di yo, yo menm ki pa t konnen wòl Jezi jwe nan objektif Bondye? Toudabò, Pòl te fè yon ti pale sou istwa nasyon juif la. Li te esplike kòman Jewova te “leve yo byen wo” lè “yo te abite kòm etranje nan peyi Ejip”, e apre l te fin delivre yo, kòman li “te sipòte yo nan dezè a” pandan 40 an. Pòl te esplike yo tou kòman Izrayelit yo te fè rive pran Peyi Bondye te pwomèt yo a e kòman Jewova te “separe peyi a e li distribye l ba yo kòm eritaj”. (Tra. 13:17-19.) Gen kèk moun ki fè konnen genlè Pòl t ap fè referans ak kèk pasaj yo te fèk li nan Ekriti yo pou moun yo pandan saba a. Si se vre, sa se yon lòt egzanp ki montre nou Pòl te konnen kòman pou l “vin tout bagay pou tout kalite moun”. — 1 Kor. 9:22.

13. Ki jan nou ka chèche fè moun k ap koute nou yo enterese nan mesaj n ap preche a?

13 Nou menm tou nou dwe chèche fè moun k ap koute nou yo enterese nan mesaj n ap preche a. Pa egzanp, lè n ap pale ak yon moun e nou konnen nan ki relijyon l ye, sa ka ede nou chwazi sijè k ap enterese l. Epitou, nou ka site pasaj ki nan tradiksyon Labib moun nan abitye itilize. Nou ka jwenn bon rezilta si nou fè moun nan li vèsè nou vle li yo nan pwòp Bib pa l. Chèche fè tout sa nou kapab pou nou fè moun k ap koute nou yo enterese nan mesaj n ap preche a.

14. a) Ki jan Pòl te kòmanse bay moun yo bon nouvèl konsènan Jezi a, e ki avètisman li te ba yo? b) Ki jan moun yo te reyaji apre diskou Pòl la?

14 Apre sa, Pòl te ede moun yo wè kòman liy fanmi wa ki te pase ann Izrayèl yo te mennen nan “sovè [a], anpalan de Jezi”. Se Jan ki te konn batize moun nan ki te prepare chemen an pou li. Ansuit, Pòl esplike kòman yo te touye Jezi e kòman Bondye te resisite l (Tra. 13:20-37). Pòl di yo: “Kidonk, frè m yo, se pou nou konnen se grasa moun sa a n ap jwenn padon pou peche nou. E grasa li, Bondye ap deklare tout moun ki kwè yo inosan.” Apre sa, apot Pòl bay moun ki t ap koute l yo yon avètisman, li di yo: “Veye pou sa pwofèt yo te ekri yo pa rive nou. Men sa ki ekri: ‘Gade, nou menm k ap meprize moun, se pou nou ret bouch ouvè, e se pou n peri, paske m ap fè yon aksyon pandan nou vivan an, yon bagay nou pap janm kwè, menmsi yon moun rakonte nou l an detay.’” Fason moun yo te reyaji apre diskou sa a te estrawòdinè. Bib la fè nou konnen: “Moun yo sipliye yo pou yo vini lòt saba pou yo pale sou bagay sa yo ankò.” Anplis de sa, lè reyinyon nan sinagòg la fini, “anpil Juif ansanm ak moun ki te konvèti nan relijyon Juif yo e ki t ap adore Bondye suiv Pòl ak Banabas”. — Tra. 13:38-43.

“Nou menm nou pral preche moun ki nan nasyon yo” ​(Travay 13:44-52)

15. Ki sa k te pase nan jou saba ki te vin apre diskou Pòl te fè a?

15 Nan pwochen jou saba a, “prèske tout moun nan vil la” te rasanble pou yo koute Pòl. Gen kèk Juif, sa pa t fè yo plezi ditou, yo te “kòmanse ap di move pawòl pou yo kontredi sa Pòl t ap di yo”. Avèk kran, Pòl ak Banabas di yo: “Li te nesesè pou se nou menm yo te anonse pawòl Bondye a an premye. Men, piske nou voye l jete, e konsa nou [Juif yo] montre nou pa merite resevwa lavi ki pap janm fini an, ebyen, nou menm nou pral preche moun ki nan nasyon yo. Anfèt, men kòmandman Jewova ban nou lè l te di: ‘Mwen chwazi w kòm limyè pou nasyon yo, pou w ka anonse mwayen pou moun sove a jis nan dènye bout tè a.’” — Tra. 13:44-47; Eza. 49:6.

“Yo leve yon pèsekisyon kont Pòl ak Banabas [...]. Disip yo te kontinye gen anpil kè kontan, e yo te kontinye ranpli ak lespri sen.” — Travay 13:50-52.

16. Ki jan Juif yo te reyaji lè misyonè yo te pale yon fason fèm avèk yo, e ki jan Pòl ak Banabas te reyaji devan opozisyon yo te jwenn nan?

16 Lè moun ki nan nasyon yo tande sa, yo kontan anpil, e “tout moun ki te nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an te vin kwè”. (Tra. 13:48.) Nan yon ti moman, pawòl Jewova a te gaye nan tout zòn nan. Men, Juif yo pa t reyaji menm jan ak moun ki nan nasyon yo. Anfèt, misyonè yo te fè yo konnen menmsi se yo menm yo te anonse pawòl Bondye a an premye, lefètke yo te chwazi rejte Mesi a, yo vin merite jijman Bondye. Juif yo te monte tèt medam onorab yo ak mesye enpòtan yo ki nan vil la, “yo leve yon pèsekisyon kont Pòl ak Banabas, e yo mete yo deyò nan zòn nan”. Ki jan Pòl ak Banabas te reyaji? Ebyen, yo “souke pye yo pou yo retire pousyè ladan l kòm temwayaj kont yo, epi y ale Ikónyòm”. Èske sa te vle di pa t ap gen moun k ap suiv Kris nan Antyòch ki te nan Pizidi a ankò? Non, jamè! Disip ki te rete nan vil sa a “te kontinye gen anpil kè kontan e yo te kontinye ranpli ak lespri sen”. — Tra. 13:50-52.

17-19. Ki jan nou ka imite bèl egzanp Pòl ak Banabas kite pou nou, e ki jan sa ap fè nou jwenn kè kontan?

17 Fason kretyen fidèl sa yo te reyaji devan opozisyon se yon gwo egzanp sa ye pou nou. Nou pa sispann preche mesaj Wayòm nan, menm lè gen gwo potanta nan monn nan k ap chèche anpeche n preche mesaj sa a. Li bon pou nou sonje tou, lè moun nan Antyòch yo pa t aksepte mesaj Wayòm nan, Pòl ak Banabas te “souke pye yo pou yo retire pousyè ladan l”. Lè yo te fè sa, sa pa vle di yo te an kòlè kont moun yo, men pito, yo pa t responsab sa k t apral rive moun sa yo. Misyonè sa yo te rann yo kont se pa yo menm k ap deside ki jan moun k ap koute yo ap reyaji. Sa yo te ka deside senpleman se èske y ap kontinye preche? E vrèmanvre, yo te kontinye preche lè yo t al Ikónyòm!

18 E disip ki te ret Antyòch yo? Byenke yo te nan yon tèritwa kote moun yo te opoze ak yo, yo te montre lajwa yo pa depann de reyaksyon moun yo genyen devan mesaj y ap preche a. Jezi te di: “Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” ​(Lik 11:28). E se sa egzakteman disip ki te nan Antyòch ki te nan Pizidi yo te detèmine pou yo fè.

19 Menm jan ak Pòl ak Banabas, se pou nou toujou sonje nou gen responsablite pou nou preche bon nouvèl la. Men, se moun k ap koute yo k ap deside si y ap aksepte mesaj sa a oswa si yo pap aksepte l. Si nou ta wè moun n ap preche yo ta sanble pa enterese nan mesaj la, nou ka suiv egzanp disip ki te nan premye syèk yo. Lè nou kontinye renmen laverite e nou kite lespri sen gide nou, nou menm tou, n ap gen anpil kè kontan menm lè nou jwenn opozisyon. — Gal. 5:18, 22.

a Gade kare ki gen tit “ Banabas, ‘Pitit konsolasyon’ an”.

b Nan moman sa a, te deja gen plizyè kongregasyon ki lwen Jerizalèm, tankou nan Antyòch ki te nan Siri a, ki te nan yon distans anviwon 550 kilomèt nan nò Jerizalèm.

c Gade kare ki gen tit “ Vwayaj sou wout yo”.

d Nan premye syèk la, yon bato te ka fè anviwon 160 kilomèt ap vwayaje nan yon jounen depi van yo pa t bay pwoblèm. Men, si tan an te makawon, yon vwayaj konsa te ka pran plis tan toujou.

e Gade kare ki gen tit “ Nan sinagòg Juif yo”.

f Se sena women an ki t ap dirije Chip. Prensipal moun ki t ap dirije zile sa a se te yon gouvènè ki te pot tit administratè an chèf.

g Apati moman sa a, lè y ap pale de Sòl, yo di Pòl. Gen kèk moun ki di Sòl te itilize non women l lan, Pòl, poutèt Sèjiyis Polis. Men, lefètke li te kontinye itilize non Pòl la menm apre l te fin kite Chip, sa fè nou konprann, petèt, Pòl, antanke “apot nasyon yo”, te deside sèvi ak non women li te genyen an apati moman sa a. Yon lòt rezon petèt ki te ka fè l itilize non Pòl la se paske lè yo pwononse Sòl, non ebre l la, an grèk, li sanble prèske tèt koupe ak yon mo grèk ki gen yon move sans. — Wom. 11:13.

h Plizyè ane apre, Pòl te ekri lèt li te voye bay kretyen nan Galasi yo. Nan lèt sa a, men sa Pòl te fè yo sonje: “Se yon maladi m te genyen ki te ban m okazyon anonse nou bon nouvèl la premye fwa a.” — Gal. 4:13.