Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 10

“Pawòl Jewova a te kontinye ap gaye plis toujou”

“Pawòl Jewova a te kontinye ap gaye plis toujou”

Jewova delivre Pyè, e pèsekisyon pa t rive anpeche bon nouvèl la gaye

Travay 12:1-25

1-4. Nan ki sitiyasyon difisil Pyè ye, e ki jan w t ap santi w si w ta nan plas li?

 PYÈ pase kokenn pòtay an fè a, epi w ka tande bri pòtay la ki fèmen dèyè l bow! Yo mete l nan prizon toutpandan li nan chenn nan mitan de gad women. Li fè plizyè èdtan ap tann, e petèt plizyè jou menm, anvan l konnen ki sa yo pral fè avè l. Sèl sa l gen devan je l se mi prizon an, bawo ki nan pòt prizon an, chèn ki mare l yo ak sòlda k ap veye l yo.

2 Lè l resi konn sa yo pral fè avèk li, se pa yon bon nouvèl. Wa Ewòd Agripa Iye deside fè touye l a. Anfèt, li vle fè Pyè parèt devan pèp la apre fèt Pak la, paske lanmò Pyè ap tankou yon kado li bay moun yo pou l fè yo kontan. Se pa presyon l ap bay paske pa gen lontan depi menm wa sa a te fè touye Jak, yon apot menm jan ak Pyè.

3 Ki sa k dwe te nan tèt Pyè anndan prizon an lavèy jou yo prevwa touye l la? Èske se sonje l ap sonje pawòl Jezi te di l sa gen plizyè ane, lè l te fè l konnen gen yon jou k ap rive y ap mare l e y ap mennen l kote l pa vle, sa vle di y ap touye l (Jan 21:18, 19)? Petèt Pyè ap mande tèt li si se pa moman sa a ki rive.

4 Si w ta nan plas Pyè, ki jan w t ap santi w? Gen anpil moun ki t ap dekouraje, yo t ap panse pa gen okenn espwa. Sepandan, èske gen sitiyasyon ki dezespere vre pou yon vrè disip Jezi Kris? Ki sa nou ka aprann nan fason Pyè ak lòt kretyen yo te reyaji lè yo te jwenn pèsekisyon? Annou gade.

“Moun nan kongregasyon an te kontinye ap priye [...] ak tout kè yo” ​(Travay 12:1-5)

5, 6. a) Poukisa wa Ewòd Agripa Iye te kòmanse maltrete kretyen yo, e ki jan l te fè sa? b) Poukisa lanmò Jak se te yon eprèv pou kongregasyon an?

5 Jan nou te aprann sa nan chapit anvan an nan liv sa a, lè Kònèy, ki te yon moun lòt nasyon, ansanm ak fanmi l, te vin kretyen, se te yon gwo evènman pou kongregasyon kretyen an. Men, Juif ki pa t kretyen yo dwe te choke lè yo te aprann gen anpil Juif ki te kretyen ki t ap adore Bondye san pwoblèm ak kretyen ki pa t Juif.

6 Lè Ewòd wè sa, li menm ki te yon politisyen mètdam, li te rann li kont se yon bon okazyon pou l jwenn favè Juif yo, se sa k fè li te kòmanse maltrete kretyen yo. Sandout, li te aprann apot Jak te vrèman pwòch ak Jezi Kris. Donk, “li touye Jak, frè Jan an, ak epe”. (Tra. 12:2.) Se te vrèman yon gwo eprèv pou kongregasyon an! Jak se te youn nan twa apot ki te wè lè aparans Jezi te chanje a e ki te wè kèk lòt mirak ankò Jezi te fè, alòske nèf lòt apot yo pa t wè yo (Mat. 17:1, 2; Mak 5:37-42). Jezi te rele Jak ak Jan, frè l la, “Pitit loray”, paske yo te toujou cho pou yo aji (Mak 3:17). Vrèmanvre, kongregasyon an te pèdi yon temwen fidèl, yon gason vanyan, yon apot yo te renmen anpil.

7, 8. Ki jan frè ak sè nan kongregasyon an te reyaji lè Ewòd te fè mete Pyè nan prizon?

7 Sa Agripa te espere a te rive: Juif yo te kontan lè l te fè touye Jak. Sa te ba l fòs, e li te mache pran Pyè. Jan nou te wè sa nan kòmansman chapit sa a, li te fè arete Pyè. Petèt li te sonje jan apot yo te libere nan prizon pa mwayen mirak, jan nou te wè sa nan chapit 5 liv sa a. Se sa k fè li pa pran chans fwa sa a, li fè mete Pyè nan chenn, li mete l nan mitan 2 sòlda e li mete 16 gad ki t ap travay pa relèv lajounen kou lannuit pou yo veye pou apot la pa sove. Si l ta rive sove, se gad yo ki t ap mouri nan plas li. Ki sa lòt kretyen yo te ka fè devan sitiyasyon difisil sa a?

8 Frè ak sè nan kongregasyon an te byen konnen sa pou yo fè. Men sa nou li nan Travay 12:5: “Se sa k fè yo te kenbe [Pyè] nan prizon. Men, moun nan kongregasyon an te kontinye ap priye Bondye pou li ak tout kè yo.” Yo te priye pou frè yo a yo te renmen anpil la ak tout fòs yo e ak tout kè yo. Lanmò Jak pa t lage yo nan dezespwa, ni sa pa t fè yo panse lapriyè pa gen valè. Lapriyè gen yon pakèt enpòtans pou Jewova. Si priyè nou yo ann amoni ak volonte l, l ap reponn yo (Ebre 13:18, 19; Jak 5:16). Sa se yon bagay kretyen yo bezwen toujou sonje jodi a.

9. Ki sa nou aprann nan men kretyen ki t ap viv nan epòk Pyè yo nan domèn lapriyè?

9 Èske gen kretyen menm jan avè w ou konnen k ap fè fas ak eprèv? Yo gendwa anba pèsekisyon, gouvènman nan peyi yo gendwa mete entèdiksyon sou travay predikasyon an, oubyen yo gendwa viktim nan katastwòf natirèl. Sa w panse si w ta pale de yo nan priyè sensè w ap fè yo? Petèt tou ou konn kèk moun k ap rankontre lòt kalite eprèv moun pa twò konnen, tankou pwoblèm nan fanmi yo, dekourajman, oubyen lafwa yo ka ap pase anba lòt kalite eprèv. Si w byen reflechi anvan w priye, ou ka sonje yon pakèt moun ou ka priye Jewova pou yo, ou ka site non yo pandan w ap priye Bondye “ki tande lapriyè” a (Sòm 65:2). Dayè, ou dwe sonje, ou menm tou ou bezwen frè ak sè w yo fè menm bagay la pou ou lè w nan pwoblèm.

Nou bezwen priye Jewova pou frè ak sè nou yo ki nan prizon pou lafwa yo.

“Suiv mwen” ​(Travay 12:6-11)

10, 11. Esplike ki jan zanj Jewova a te delivre Pyè.

10 Èske Pyè te pè poutèt malè pandye ki te sou tèt li a? Nou pa vrèman konnen, men sa n konnen sèke nan nuit anvan jou yo te prevwa touye l la, li te nan fon somèy nan mitan de gad ki t ap veye l yo. Sandout, Pyè, yon moun ki te gen lafwa, te byen konnen Jewova avèk li kèlkeswa sa k te ka rive nan demen (Wom. 14:7, 8). Men, petèt Pyè pa t ap janm ka imajine sa k t apral rive a. Bridsoukou, gen yon gwo limyè ki klere nan chanm prizon kote l te ye a. Gen yon zanj ki kanpe devan l, sandout, gad yo pa wè l, e li leve Pyè byen vit. Chenn ki te mare men Pyè yo annik tonbe atè, yon seri chenn ki te parèt solid anpil.

“Yo rive nan pòtay an fè ki bay sou vil la, e pòtay la ouvri poukont li devan yo.” — Travay 12:10.

11 Zanj lan bay Pyè yon seri lòd tou kout. Li di l: “Leve vit! [...] Abiye w, epi mare sandal ou. [...] Met rad ou konn met pa anlè rad ou a sou ou.” Pyè fè tousa san pèdi tan. Finalman, zanj lan di l: “Suiv mwen”, epi Pyè suiv li. Yo soti nan prizon an, yo pase devan gad yo ki deyò a, epi yo avanse an silans jis yo rive devan gwo pòtay an fè a. Ki jan yo t apral fè pase nan pòtay sa a? Si kesyon sa a te pase nan tèt Pyè, nan yon tikras tan li t apral jwenn repons lan. Pandan y ap pwoche bò pòtay la, li “ouvri poukont li devan yo”. Nan yon batje, yo travèse pòtay la, yo rive nan lari a, e zanj lan disparèt. Se lè Pyè rive nan lari a li rann li kont se pa t nan yon vizyon li te ye, men se toutbon bagay sa yo sot pase. — Tra. 12:7-11.

12. Poukisa nou jwenn anpil rekonfò lè nou medite sou fason Jewova te delivre Pyè?

12 Èske nou pa santi nou jwenn rekonfò lè nou wè jan pouvwa Jewova genyen pou l delivre sèvitè l yo pa gen limit? Se gouvènman ki te gen plis pouvwa ki te ka egziste nan monn nan ki t ap soutni wa sa a ki te fè mete Pyè nan prizon an. Poutan, Pyè te soti nan prizon an san pwoblèm. Nòmalman, Jewova pa fè mirak sa yo pou tout sèvitè l. Dayè, li pa t fè sa pou Jak, ni li pa t fè sa pou Pyè annapre, lè sa Jezi te di konsènan apot Pyè a te reyalize. Jodi a, kretyen yo pa atann pou Bondye fè mirak pou l delivre yo. Sepandan, nou pa dwe bliye Jewova pa chanje (Mal. 3:6). Anplis, talè konsa, li pral sèvi ak Pitit li a pou l libere yon kantite moun nou pa ka konte ki nan prizon ki pi di a, anpalan de lanmò (Jan 5:28, 29). Nou jwenn anpil rekonfò nan pwomès sa yo lè n ap rankontre eprèv jodi a.

“Yo wè l, epi yo sezi” ​(Travay 12:12-17)

13-15. a) Ki jan moun nan kongregasyon ki te reyini lakay Mari a te reyaji lè yo te wè Pyè? b) Sou ki sa liv Travay la vin plis pale, men ki sa Pyè te kontinye fè pou frè l ak sè l yo?

13 Pyè kanpe nan lari fènwa a, li fè yon ti reflechi pou l konn kote pou l ale. Apre sa, li wè ki kote pou l ale. Gen yon kretyèn ki rele Mari ki pa t rete twò lwen. Sanble se te yon vèv ki te gen gwo posiblite ekonomik, paske li te gen yon kay ki te gwo ase pou tout yon kongregasyon reyini ladan l. Se te manman Jan Mak, se premye fwa liv Travay la pale de Jan Mak, e pi devan, Jan Mak t apral vin tankou yon pitit gason pou Pyè (1 Pyè 5:13). Nan nuit sa a, byenke li te ta, te gen anpil moun nan kongregasyon an ki te lakay Mari, yo t ap priye ak tout fòs yo. Pa gen dout nan sa, yo t ap priye pou yo libere Pyè, men yo pa t atann se konsa Jewova t ap reponn yo.

14 Pyè frape nan pòtay la ki te debouche sou yon lakou devan kay la. Gen yon sèvant ki vin nan pòtay la, li te rele Wòd, yon non grèk ki vle di “Woz” ​(flè a). Li pa t ka kwè sa l te tande a. Se te vwa Pyè! Tèlman l kontan, olye l ouvri pòtay la, li kite Pyè nan lari a, li kouri tounen anndan kay la, l al fè frè ak sè ki te la yo konnen se Pyè ki devan pòtay la. Yo di l li genlè fou, men kòm se te yon fi ki gen detèminasyon, li kontinye pèsiste ap di yo sa l di a se vre. Apre sa, kèk nan yo dakò li dwe te tande yon bagay, men yo di petèt se yon zanj ki te reprezante Pyè (Tra. 12:12-15). Pandan tan sa a, Pyè kontinye frape, jis yo vin ouvri pou li finalman.

15 Lè yo rive nan pòtay la, “yo wè l, epi yo sezi”. (Tra. 12:16.) Yo te tèlman kontan, Pyè te oblije mande yo fè silans pou l te ka rakonte yo tout sa k te pase. Li mande yo pou yo fè disip Jak ak lòt frè yo konnen sa k te pase yo tou, apre sa li chape poul li anvan sòlda Ewòd yo gentan jwenn li. Pyè te al kontinye sèvis fidèl li a yon kote li t ap pi an sekirite. Apre istwa sa yo, yo pa pale de Pyè nan liv Travay la ankò, sof lè y ap rakonte istwa konsènan fason kolèj santral la te rezoud pwoblèm sikonsizyon an nan Travay chapit 15 lan, kote yo montre Pyè te pran lapawòl nan okazyon sa a. Apre sa, liv Travay la plis pale sou sa apot Pòl te fè e sou vwayaj li yo. Sepandan, nou kapab sèten Pyè te fòtifye lafwa frè l ak sè l yo, kèlkeswa kote l te pase. Lè l te kite gwoup frè ak sè ki te lakay Mari a, sandout, kè yo te kontan anpil.

16. Poukisa nou gen asirans alavni n ap gen anpil okazyon pou nou gen kè kontan?

16 Pafwa, Jewova bay moun k ap sèvi l yo plis pase sa y ap atann, sa konn fè yo kontan anpil e yo pa ka kwè sa k rive a. Se konsa frè ak sè yo te santi yo jou sa a lè Pyè te vin nan kay la. Pafwa, se konsa nou santi nou tou jodi a, lè Jewova vide benediksyon sou nou (Pwo. 10:22). Alavni, tout pwomès Jewova fè nou yo pral reyalize nèt. Sandout, lè sa fèt, sa ap depase tout sa nou ta ka imajine jodi a. Donk, toutotan nou rete fidèl, nou ka gen asirans nou pral viv anpil bèl moman ki bay kè kontan.

“Yon zanj Jewova frape l” ​(Travay 12:18-25)

17, 18. Ki sa k te fè moun yo pran flate Ewòd?

17 Ewòd te sezi tou lè l te aprann Pyè pa t nan prizon an ankò, men kontrèman ak frè yo, li menm li pa t kontan. Rapidman, li bay lòd pou yo chèche Pyè toupatou, ansuit li fè yo pase gad ki t ap veye Pyè yo nan entèwogatwa. “Apre sa, li bay lòd pou pini yo”, petèt se touye l te di touye gad yo (Tra. 12:19). Afè konpasyon ak pitye a, Ewòd pa t gen sa menm lakay li. Èske li te jwenn pinisyon pou zak mechanste l yo?

18 Sandout, Ewòd te santi l imilye lefètke l pa t rive touye Pyè, men rapidman li te jwenn okazyon pou li aji avèk ògèy ankò. Te vin gen yon sitiyasyon kote kèk nan ènmi l yo te vle fè lapè avèk li, e sanble li te chofe pou l fè yon diskou devan yon pakèt moun. Lik fè konnen li te “met abiman wa l sou li”. Jozèf, yon istoryen juif, fè konnen rad Ewòd te met sou li a te fèt ann ajan, yon fason pou lè limyè te frape sou li, li te ka vin klere anpil. Apre sa, Ewòd ki te pran tèt li pou yon pakèt afè bay yon diskou. Foul moun yo pran flate l, yo di: “Sa a se vwa yon dye, se pa vwa yon moun!” — Tra. 12:20-22.

19, 20. a) Poukisa Jewova te pini Ewòd? b) Ki rekonfò nou jwenn nan istwa konsènan fason Agripa te mouri bridsoukou a?

19 Se Bondye ki dwe resevwa yon glwa konsa, e Bondye t ap gade sa k t ap pase a. Ewòd te gen posiblite pou l evite malè ki te pandye sou tèt li a. Li te ka reprimande foul la oubyen omwen li te ka montre li pa dakò ak sa yo t ap di a. Olye l fè sa, li te montre aklè sa Pwovèb 16:18 di a se laverite: “Ògèy lakòz moun tonbe”. “Menm kote a, yon zanj Jewova frape l”, konsa nonm sa a ki te kite ògèy plen tèt li te mouri yon fason ki lèd e ki bay repiyans. “Yon seri vè fini [ak Ewòd] epi li mouri.” ​(Tra. 12:23). Jozèf fè nou konnen tou se bridsoukou malè te tonbe sou Agripa e li di wa a te rann li kont se paske l te aksepte foul moun yo flate l ki fè l ap mouri a. Jozèf di Agripa te kontinye soufri nan kondisyon sa a pandan senk jou jis li mouri b.

20 Pafwa, moun gendwa gen enpresyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo reyisi malgre tout kalite mechanste y ap fè. Sa pa ta dwe fè nou sezi, paske “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. (1 Jan 5:19.) Malgre sa, sèvitè Bondye ki fidèl yo konn santi sa nui yo lè yo wè moun ki mechan yo sanble pa jwenn pinisyon yo merite. Se poutèt sa istwa nou sot egzamine a ak lòt istwa ki sanble avè l ban nou rekonfò. Anfèt, nou wè Jewova pa rete de bra kwaze, li pase alaksyon pou l fè sèvitè l yo sonje li renmen jistis (Sòm 33:5). Jistis li ap pote laviktwa san mank.

21. Ki leson enpòtan nou aprann nan Travay chapit 12, e ki jan sa ka ankouraje nou jodi a?

21 Nou aprann yon leson ki pi ankourajan toujou lè nou rive nan fen istwa sa a. Men sa Bib la fè nou konnen: “Pawòl Jewova a te kontinye ap gaye plis toujou.” ​(Tra. 12:24). Pawòl sa yo ki fè nou konnen travay predikasyon an te kontinye ap gaye toupatou ka fè nou sonje jan Jewova kontinye beni travay sa a nan epòk nou an. Sa klè, nan Travay chapit 12, nou pa annik aprann gen yon apot ki mouri epi gen yon lòt ki delivre, nou aprann anpil bagay konsènan Jewova, e konsènan fason li te anpeche Satan kraze kongregasyon an oubyen kanpe travay predikasyon disip yo t ap fè avèk zèl la. Atak li te fè yo pa t reyisi, menm jan an tou, tout plan l yo ap echwe jodi a (Eza. 54:17). Yon lòt bò, moun ki pran pozisyon pou Jewova ak Jezi Kris yo ap patisipe nan yon travay ki pap janm kraze. Èske pawòl sa yo pa ankouraje nou? Se yon kokenn privilèj nou genyen pou nou gaye “Pawòl Jewova a” toupatou jodi a!

a Gade kare ki gen tit “ Wa Ewòd Agripa Iye”.

b Gen yon doktè, ki ekriven tou, ki fè konnen sentòm Jozèf ak Lik dekri yo montre sanble se yon kalite vè ki te bouche trip li e ki te touye l. Pafwa, moun ki gen vè sa yo vomi yo, oubyen vè yo monte sot nan kò yo lè yo mouri. Men sa yon liv fè konnen: “Lefètke Lik se yon doktè, li te byen esplike detay konsènan lanmò [Ewòd] la, e sa fè nou wè jan l te mouri yon fason ki bay repiyans.”