Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 6

Etyèn “te plen ak favè Bondye ak pisans”

Etyèn “te plen ak favè Bondye ak pisans”

Leson nou aprann nan fason Etyèn te bay temwayaj avèk kran devan Sanedren an

Travay 6:8–8:3

1-3. a) Nan ki sitiyasyon terib Etyèn twouve l, men ki jan l reyaji devan sitiyasyon sa a? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

 ETYÈN kanpe devan jij yo nan tribinal la. Sanble se nan yon gran sal ki toupre tanp lan nan Jerizalèm, e 71 manm tribinal la chita yon fason kote yo prèske antoure Etyèn. Tribinal sa a se Sanedren an. Jij sa yo gen anpil pouvwa, yo gen anpil enfliyans, e pifò nan yo pa vle wè Etyèn, ki se yon disip Jezi. Anfèt, se Kayif, gran prèt la, ki te mande manm tribinal la pou yo reyini. Se li menm ki t ap prezide Sanedren an, sa gen kèk mwa, lè yo te kondane Jezi pou yo touye l la. Èske Etyèn pè?

2 Figi Etyèn parèt estrawòdinè nan moman sa a. Lè jij yo gade l, yo wè figi l “tankou figi yon zanj”. (Tra. 6:15.) Travay zanj yo se pote mesaj Jewova ba yo pote, donk, se nòmal pou yo pa pè, pou yo kalm e pou yo santi yo anpè. Se konsa Etyèn ye tou, e menm jij sa yo ki rayi l anpil kapab wè sa. Sa k fè Etyèn kalm konsa?

3 Kretyen yo jodi a ka aprann anpil bagay nan repons kesyon sa a. Anplis de sa, nou dwe konnen ki sa k te fè Etyèn twouve l nan sitiyasyon terib sa a. Ki jan l te defann lafwa l anvan l te jwenn eprèv sa a? E ki jan nou ka imite l?

“Yo chofe [tèt] pèp la” ​(Travay 6:8-15)

4, 5. a) Poukisa Etyèn te yon gwo èd pou kongregasyon an? b) Nan ki sans Etyèn “te plen ak favè Bondye ak pisans”?

4 Nou deja aprann Etyèn te yon gwo èd pou kongregasyon an ki te fèk fèt. Nan chapit ki vin anvan an, nou te wè li te pami sèt mesye ki gen imilite ki te dakò ede apot yo lè yo te mande yo bay èd yo. Yon bagay ki fè nou apresye imilite l plis toujou se lè nou wè jan l te gen imilite byenke l te gen yon pakèt don. Travay 6:8 fè nou konnen li te resevwa pouvwa pou l fè “yon seri mèvèy ak mirak”, menm jan kèk apot te gen pouvwa fè sa. Nou aprann tou li “te plen ak favè Bondye ak pisans”. Ki sa sa vle di?

5 Yo ka mete tou mo “bonte” pou yo tradui mo grèk yo mete “favè Bondye” pou li a. Sanble Etyèn te janti, li te dou, li te gen bon jan e sa te atire moun. Li te pale yon fason pou l konvenk anpil nan moun ki t ap koute l yo, paske li te fè yo wè li sensè e l te montre yo jan verite li t ap anseye yo te ka bon pou yo. Li te plen ak pisans paske lespri Jewova te aji sou li, e avèk imilite, li te kite lespri sa a dirije l. Olye l te kite ògèy plen tèt li poutèt don ak kapasite li te genyen yo, se Jewova li te bay tout glwa, e li te demontre li gen sousi ak lanmou pou moun ki t ap koute l yo. Donk, nou ka wè aklè rezon ki fè opozan yo te konsidere l kòm yon menas pou yo.

6-8. a) Ki de akizasyon moun ki te opoze ak Etyèn yo te lage sou do l, e poukisa? b) Ki jan egzanp Etyèn ka itil kretyen yo jodi a?

6 Gen plizyè mesye ki te kanpe pou yo diskite ak Etyèn, men “yo pa t ka kenbe tèt ak li, paske li te gen sajès, e lespri sen t ap dirije l nan sa l t ap di” a. Sa te enève yo, donk “yo monte tèt kèk moun anba anba” pou yo lage yon seri akizasyon sou do disip Kris sa a ki pa t fè anyen ki mal. Mete sou sa, “yo chofe [tèt] pèp la” ansanm ak ansyen yo ak espè nan Lalwa yo, yo met men sou Etyèn e yo mennen l devan Sanedren an (Tra. 6:9-12). Opozan yo te mete de akizasyon sou do l: Yo te di li t ap pale kont Bondye e yo te di li t ap pale kont Moyiz. Ki sa yo te vle di?

7 Fo akizatè sa yo te di Etyèn t ap pale kont Bondye paske selon yo menm li te pale kont ‘kote ki sakre a’, anpalan de tanp lan ki Jerizalèm (Tra. 6:13). Yo te di li pale kont Moyiz paske selon yo menm li te pale kont Lwa Moyiz la e li te chanje koutim Moyiz te bay yo. Se yon gwo akizasyon sa te ye paske nan epòk sa a Juif yo te bay ni tanp lan, ni enfòmasyon ki te nan Lwa Moyiz la, ni pil tradisyon yo mete sou Lalwa yo yon pakèt enpòtans. Donk, lè yo te met akizasyon sa yo sou do Etyèn, yo te montre Etyèn se yon moun ki danjere, yon moun ki merite mouri.

8 Malerezman, byen souvan, moun nan relijyon yo konn itilize taktik sa yo pou yo bay sèvitè Bondye yo pwoblèm. Jis jounen jodi a, pafwa opozan relijye yo konn pouse chèf gouvènman yo pèsekite Temwen Jewova yo. Ki jan nou ta dwe reyaji lè yo di move pawòl sou nou oswa yo lage fo akizasyon sou do nou? Nou ka aprann anpil bagay lè nou egzamine egzanp Etyèn.

Li te bay temwayaj sou “Bondye ki gen glwa a” avèk kran (Travay 7:1-53)

9, 10. Ki sa kèk moun di pou kritike diskou Etyèn te bay devan Sanedren an, e ki sa nou pa dwe bliye?

9 Jan nou te di sa nan kòmansman chapit la, lè Etyèn t ap tande akizasyon yo t ap lage sou do l yo, figi l te kalm, tankou figi yon zanj. Kayif te di l: “Èske sa yo di yo se vre?” ​(Tra. 7:1). Donk, se te tou pa Etyèn pou l pran lapawòl. E se sa l te fè!

10 Gen moun ki kritike diskou Etyèn nan, yo di malgre Etyèn te fè yon diskou men longè, li pa t demanti akizasyon yo te lage sou do l yo. Men an reyalite, Etyèn ban nou yon bèl egzanp sou fason pou nou “defann” bon nouvèl la (1 Pyè 3:15). Nou pap bliye yo te akize Etyèn kòmkwa li te pale kont Bondye, paske li te pale de tanp lan, e yo te akize l kòmkwa li te pale kont Moyiz paske li te pale sou Lalwa. Repons Etyèn te bay la se te yon rezime sou twa peryòd nan istwa Izrayèl, e li te byen mete aksan sou kèk aspè nan istwa pèp la. Annou egzamine twa peryòd sa yo youn apre lòt.

11, 12. a) Ki jan Etyèn te byen sèvi ak egzanp Abraram? b) Poukisa Etyèn te site egzanp Jozèf nan diskou l la?

11 Epòk patriyach yo (Tra. 7:1-16). Toudabò, Etyèn te pale de Abraram, yon moun Juif yo te respekte paske l te gen anpil lafwa. Lè Etyèn te kòmanse pale sou sijè sa a tout moun te dakò sou li a, li te montre ki jan Jewova, “Bondye ki gen glwa a”, te parèt devan Abraram pou premye fwa (Tra. 7:2). Anfèt, Abraram t ap viv nan Peyi Bondye te pwomèt la kòm etranje. Li pa t gen yon tanp pou l adore Bondye e li pa t gen Lwa Moyiz la. Kidonk, pèsonn pa t ka di depi yon moun pa gen bagay sa yo, li pa fidèl devan Bondye.

12 Moun ki t ap koute Etyèn yo te gen anpil respè tou pou Jozèf, yon desandan Abraram. Men, Etyèn te fè yo sonje pwòp frè Jozèf yo, ki te zansèt tribi Izrayèl yo, te pèsekite Jozèf, ki te jis, e yo te vann li pou l al sèvi kòm esklav. Epoutan, Bondye te sèvi avè l pou l delivre Izrayèl anba yon gwo grangou. Sandout, Etyèn te byen konprann gwo resanblans ki genyen ant Jozèf ak Jezi Kris, men li pa t fè konparezon ant de moun sa yo yon fason pou moun yo te ka kontinye koute l.

13. Sa k fè nou ka di lefètke Etyèn te pale de Moyiz, sa te demanti akizasyon yo te lage sou do l la, e konsa, ki pwen enpòtan li te devlope?

13 Epòk Moyiz la (Tra. 7:17-43). Etyèn te fè yon bon pale sou Moyiz, e li te gen rezon fè sa, paske gen anpil moun nan Sanedren an ki te Sadiseyen. Yo te rejte tout liv nan Bib la depi se pa Moyiz ki te ekri yo. N ap sonje tou yo te akize Etyèn kòmkwa li te pale kont Moyiz. Pawòl Etyèn te di yo te reponn akizasyon sa a dirèkteman, paske li te montre li gen anpil respè pou Moyiz e pou Lalwa (Tra. 7:38). Li te montre moun Moyiz t ap eseye delivre yo te rejte l tou. Yo te rejte l lè l te gen 40 an. Ansuit, plis pase 40 an apre sa, yo te opoze ak otorite l plizyè fwa b. Konsa, Etyèn te devlope yon pwen enpòtan etap pa etap. Li te montre moun yo se pa ni de ni twa fwa pèp Jewova a te rejte moun Jewova te chwazi pou dirije yo.

14. Ki pwen Etyèn te fè moun yo wè lè l te itilize egzanp Moyiz nan diskou l la?

14 Etyèn fè moun ki t ap koute l yo sonje Moyiz te anonse Bondye ap voye yon pwofèt menm jan avè l k ap sot nan mitan pèp Izrayèl la. Kiyès moun sa a e kòman yo t ap akeyi l? Se jis nan konklizyon diskou a Etyèn t apral reponn kesyon sa yo. Li te fè moun yo wè yon lòt pwen enpòtan: Moyiz te rann li kont Jewova ka fè nenpòt kote vin sakre, tankou li te fè sa pou kote ki te gen pye pikan ki t ap boule a, lè Jewova t ap pale avè l la. Kidonk, èske se yon sèl kote moun ka adore Jewova? Èske se sèlman nan tanp lan ki te Jerizalèm? Annou egzamine pwen sa a.

15, 16. a) Poukisa li te enpòtan pou Etyèn pale de tabènak la nan rezònman li t ap fè a? b) Ki sa Etyèn te di sou tanp Salomon an nan rezònman l lan?

15 Tabènak la ak tanp lan (Tra. 7:44-50). Etyèn fè jij ki nan tribinal yo sonje anvan te gen yon tanp nan Jerizalèm, Bondye te fè Moyiz konstwi yon tabènak, yon kalite tant yo t ap ka deplase e kote yo te ka adore Bondye. Kiyès ki te ka oze di tabènak la te gen mwens valè pase tanp lan, piske se ladan l Moyiz te konn adore Jewova?

16 Etyèn te fè yo sonje yon bagay enpòtan Bondye te enspire Salomon pou l aprann moun yo. Nan priyè Salomon t ap fè apre li te fin bati tanp Jerizalèm nan, li te di: “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an pa abite nan kay ki fèt ak men lèzòm.” ​(Tra. 7:48; 2 Kwo. 6:18). Se vre Jewova gendwa te sèvi ak yon tanp pou l reyalize objektif li genyen, men se pa avè l li oblije toujou sèvi. Alò, poukisa pou moun k ap adore l yo ta panse vrè adorasyon an depann de yon kay ki fèt ak men lèzòm? Etyèn te fè yon konklizyon ki gen anpil fòs pou l te fini rezònman l lan, li te site pawòl nou jwenn nan liv Ezayi a: “Syèl la se twòn mwen, e tè a se ti ban kote m met pye m. Ki kalite kay n ap bati pou mwen? Oswa ki kote nou ka ban m pou m repoze? Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m?” — Tra. 7:49, 50; Eza. 66:1, 2.

17. a) Ki sa Etyèn te montre nan diskou l la konsènan etadespri moun ki t ap koute l yo? b) Ki jan diskou l la te demanti akizasyon yo te lage sou do l yo?

17 Lè w ap reflechi sou diskou Etyèn te fè devan Sanedren an, èske w pa dakò Etyèn te montre aklè moun ki te opoze avè l yo te gen yon move etadespri? Li te montre yo objektif Jewova se yon bagay k ap reyalize ofiramezi e k ap avanse, se pa yon bagay ki ret anplas e ki makònen ak tradisyon. Moun ki te mete twòp aksan sou bèl konstriksyon sa a ki te gen Jerizalèm nan oubyen ki te twò renmen koutim ak tradisyon yo te mete sou Lwa Moyiz la pa t rive konprann objektif Lalwa ak tanp lan te genyen. Nan yon sans, diskou Etyèn nan te atire atansyon mesye yo sou kesyon enpòtan sa a: Èske se pa lè yon moun obeyi Jewova li plis onore Lalwa ak tanp lan? Vrèmanvre, grasa diskou Etyèn te fè a, li te byen defann tèt li, paske li te montre mesye yo li fè tout sa l kapab pou l obeyi Jewova.

18. Nan ki domèn nou ka chèche imite Etyèn?

18 Ki sa nou ka aprann nan diskou Etyèn nan? Etyèn te byen konn Ekriti yo. Menm jan an tou, nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman si nou vle vin yon moun “ki manyen pawòl verite a kòrèkteman”. (2 Tim. 2:15.) Nou ka aprann kèk bagay tou lè nou wè jan Etyèn te montre l pridan nan fason l te pale. Moun li t ap pale avèk yo a te vrèman opoze avè l, epoutan, toutotan li te kapab, li te ret chita sou pwen ni li menm ni yo menm dakò sou yo e li te pale sou bagay ki te gen anpil enpòtans nan je yo. Li te pale ak yo avèk respè, li te rele jij ki pi gran yo “papa m yo”. (Tra. 7:2.) Nou menm tou, lè n ap pataje verite ki nan Pawòl Bondye a ak moun yo, nou dwe fè sa “avèk dousè e avèk gwo respè”. — 1 Pyè 3:15.

19. Ki jan Etyèn te demontre li gen kouraj lè l t ap fè jij yo nan Sanedren an konnen mesaj jijman Jewova a?

19 Sepandan, nou pa ezite pataje verite ki nan Pawòl Bondye a ak moun yo akoz nou pè pou yo pa fache, nitou nou pa adousi mesaj jijman Jewova yo pou yo. Etyèn se yon bon egzanp nan domèn sa a. Sandout, li te ka wè tout prèv li te bay jij yo ki te nan Sanedren an pa t gen okenn efè sou mesye sa yo ki te gen kè di. Donk, lè l t ap fini diskou l la, anba direksyon lespri sen, li pa t pè fè yo konnen yo tankou zansèt yo ki te rejte Jozèf, ki te rejte Moyiz ansanm ak tout pwofèt yo (Tra. 7:51-53). Dayè, jij sa yo ki nan Sanedren an te touye Mesi a, li menm ni Moyiz ni tout pwofèt yo te gentan fè konnen k ap vini an. Konsa, yo te dezobeyi Lwa Moyiz la fason ki pi grav la!

“Seyè Jezi, resevwa lespri m” ​(Travay 7:54–8:3)

“Lè yo tande bagay sa yo, yo vin fache anpil nan kè yo, e yo kòmanse manje dan.” — Travay 7:54.

20, 21. Ki jan jij yo nan Sanedren an te reyaji lè yo tande pawòl Etyèn yo, e ki jan Jewova te bay Etyèn fòs?

20 Jij yo pa t ka nye verite Etyèn te di yo, e sa te fè yo vin fache anpil. Lè sa a, yo te aji yon fason ki montre yo manke diyite e yo te kòmanse manje dan yo. Siman nan moman sa a, Etyèn ki te fidèl te rann li kont jij sa yo pap gen pitye pou li, menm jan yo pa t gen pitye pou Jezi, Mèt li a, lè yo te kondane l pou yo touye l la.

21 Etyèn te bezwen gen kouraj pou l andire sa k t ap tann li an, e sandout, li te jwenn anpil ankourajman lè Jewova nan bonte l te pèmèt li fè yon vizyon. Etyèn te wè glwa Bondye e li te wè Jezi ki kanpe adwat Jewova. Pandan Etyèn t ap di sa l wè nan vizyon an, jij yo te bouche zòrèy yo ak men yo. Poukisa yo te fè sa? Kèk tan anvan sa, Jezi te di menm jij sa yo li se Mesi a e talè li pral kanpe adwat Papa l nan syèl la (Mak 14:62). Vizyon Etyèn nan montre yo sa Jezi te di yo a se verite. Kidonk, jij sa yo ki nan Sanedren an te trayi Mesi a e yo te touye l. Byen vit, yo tout ansanm mande pou moun yo kalonnen Etyèn ak kout wòch pou jis yo touye l c.

22, 23. Nan ki sans nou ka di gen anpil resanblans ant lanmò Etyèn ak lanmò Mèt li a, e ki jan kretyen yo jodi a ka gen menm konfyans Etyèn te genyen nan pwomès rezirèksyon Jezi te fè a?

22 Gen anpil resanblans ant lanmò Etyèn ak lanmò Mèt li a. Kè Etyèn te poze, li te gen anpil konfyans nan Jewova e li te padone moun ki t ap touye l yo. Li te di: “Seyè Jezi, resevwa lespri m.” Li te di pawòl sa a petèt paske nan moman an li te toujou wè Pitit lòm nan vizyon an bò kot Jewova. Sandout, Etyèn te konnen pawòl ankourajan Jezi te di yo. Men sa Jezi te di: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a.” ​(Jan 11:25). Alafen, Etyèn priye Bondye byen fò, li di: “Jewova, pa konte peche sa a pou yo.” Apre l fin di sa, li mouri. — Tra. 7:59, 60.

23 Etyèn se premye kretyen Bib la fè konnen ki se yon mati, sa vle di premye kretyen yo te touye pou lafwa l pami disip Kris yo. (Gade kare ki gen tit “ Nan ki sans li te yon ‘mati’?”.) Men, malerezman, se pa li menm ki dènye moun yo touye pou lafwa yo. Jis nan epòk nou an, gen kèk sèvitè Jewova ki fidèl yo touye tou, e se moun ki nan relijyon yo, moun ki nan gouvènman yo ak lòt moun ankò ki opoze ak nou ki touye yo. Malgre sa, nou ka gen menm konfyans Etyèn te genyen nan pwomès rezirèksyon Jezi te fè a. Kounye a, Jezi se Wa nan syèl la, e Papa l ba l anpil pouvwa. Pa gen anyen ki ka anpeche l resisite disip li yo ki fidèl. — Jan 5:28, 29.

24. Ki jan Sòl te patisipe nan lanmò Etyèn, e ki efè lanmò Etyèn te genyen pi devan?

24 Te gen yon jenòm ki te rele Sòl ki t ap suiv tout bagay sa yo. Li te montre l dakò pou yo touye Etyèn, li te menm veye rad moun ki t ap touye Etyèn ak kout wòch yo. Yon ti tan apre sa, li te pran latèt nan gwo pèsekisyon yo te lage dèyè disip Kris yo, yon pèsekisyon ki te vin pi di chak jou. Men, lanmò Etyèn t apral gen yon bon efè pi devan. Egzanp Etyèn t ap ede lòt kretyen pou yo rete fidèl e pou yo ranpòte menm viktwa li te ranpòte a. Anplis de sa, Sòl, yo te vin rele Pòl annapre, t apral vin regrèt wòl li te jwe nan lanmò Etyèn (Tra. 22:20). Li te ede moun ki t ap touye Etyèn yo, men annapre li te admèt: “Mwen te yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan.” ​(1 Tim. 1:13). Li klè, Pòl pa t janm bliye Etyèn, ni li pa t bliye gwo diskou Etyèn te bay devan Sanedren an. Anfèt, nan kèk diskou ak nan kèk lèt Pòl te ekri, li te devlope kèk pwen nou jwenn nan diskou Etyèn nan (Tra. 7:48; 17:24; Ebre 9:24). Rive yon lè, Pòl te byen aprann fason pou l imite egzanp Etyèn, yon moun ki “te plen ak favè Bondye ak pisans” e ki te montre li gen lafwa ak kouraj. Kounye a, kesyon nou bezwen poze tèt nou se: Èske nou menm tou n ap imite egzanp Etyèn?

a Kèk nan opozan sa yo te fè pati “Sinagòg Afranchi yo”. Sa vle di petèt yon lè Women yo te mete yo nan prizon e apre sa, yo te lage yo, oubyen yo te esklav ki te libere e ki te vin konvèti nan relijyon juif la. Kèk nan yo te sot nan peyi Silisi, menm kote ak Sòl, moun Tas. Labib pa di si Sòl te pami moun Silisi sa yo ki pa t ka kenbe tèt ak Etyèn.

b Nan diskou Etyèn nan, nou jwenn yon seri enfòmasyon nou pa jwenn okenn lòt kote nan Bib la. Pa egzanp, nou jwenn enfòmasyon sou edikasyon Moyiz te resevwa ann Ejip, laj li te genyen lè li te sove kite Ejip e kantite tan li te pase Madyan.

c Pa gen prèv ki montre Sanedren an te gen pouvwa selon lwa Women yo pou l mande touye yon moun (Jan 18:31). Men sa ki klè, lanmò Etyèn nan plis sanble yon zak asasinay yon foul moun ki dechennen fè olye l sanble desizyon yon tribinal te pran yo t ap aplike.