Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chapit 7

Li te anonse “bon nouvèl konsènan Jezi a”

Li te anonse “bon nouvèl konsènan Jezi a”

Filip bay yon bon egzanp antanke yon moun ki te konn evanjelize

Travay 8:4-40

1, 2. Ki jan efò opozan yo te fè pou yo anpeche kretyen nan premye syèk la preche bon nouvèl la te fè bon nouvèl la gaye pi rèd toujou?

 BRIDSOUKOU, pèsekisyon an vin pi rèd pou kretyen yo, e Sòl kòmanse “fè ravaj” nan kongregasyon an. Nan lang orijinal la, ekspresyon “fè ravaj” la montre li fè anpil vyolans sou moun nan kongregasyon an (Tra. 8:3). Disip yo oblije chape poul yo. Lè kèk moun wè sa, petèt yo panse Sòl ap rive atenn objektif li genyen pou l elimine kongregasyon kretyen an nèt. Sepandan, gen yon bagay moun pa t ap imajine ki rive lefètke disip yo gaye nan plizyè zòn. Ki sa k rive?

2 Disip sa yo kòmanse “anonse bon nouvèl pawòl Bondye a” nan peyi kote yo ale yo (Tra. 8:4). Imajine sa! Olye pèsekisyon an fè kretyen yo sispann preche bon nouvèl la, li ba yo posiblite simaye mesaj la pito. San opozan yo pa rann yo kont, lè yo fè disip yo oblije kite kay yo, sa pèmèt travay predikasyon Wayòm nan rive nan zòn ki lwen yo. Jan nou pral wè sa, menm bagay la rive nan epòk pa nou an.

“Disip [yo] te gaye” nan plizyè zòn (Travay 8:4-8)

3. a) Kiyès Filip te ye? b) Ki sa k fè pifò moun nan Samari potko tande bon nouvèl la, men, ki sa Jezi te anonse ki t apral rive nan tèritwa sa a?

3 Youn pami “disip ki te gaye” nan plizyè zòn yo se te Filip a. (Tra. 8:4; gade kare ki gen tit “ Filip, ‘yon moun ki konn ap evanjelize’”.) Li t al Samari, yon vil kote pifò moun potko tande bon nouvèl la. Rezon ki fè yo potko tande bon nouvèl la se paske gen yon lè Jezi te di apot yo: “Pa al kot moun ki nan nasyon yo e pa antre nan okenn vil samariten. Men, ale sèlman kot mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la.” ​(Mat. 10:5, 6). Sepandan, Jezi te konnen rive yon lè, Samari t ap resevwa yon temwayaj konplè, paske yon ti tan anvan li te monte nan syèl la, li te di: “Nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” — Tra. 1:8.

4. Ki jan Samariten yo te reyaji lè Filip t ap preche yo, e ki sa k dwe te fè yo reyaji konsa?

4 Filip te rann li kont Samari te “pare pou rekòt la”. (Jan 4:35.) Mesaj li a te rekonfòte moun ki t ap viv nan zòn nan, e nou ka konprann sa k fè sa. Juif yo pa t gen rapò ak Samariten yo, anpil nan yo te menm meprize Samariten yo. Sepandan, Samariten yo te rann yo kont mesaj bon nouvèl Wayòm nan te bay tout moun espwa, kèlkeswa klas sosyal yo, e nan sans sa a, li te diferan anpil ak ansèyman Farizyen yo, ki te nan patipri. Lefètke Filip te bay Samariten yo temwayaj avèk zèl e li te fè sa san patipri, li te montre li pa t kite moun ki te meprize Samariten yo detenn sou li pou yo ta fè l vin gen prejije tou. Donk, nou pa sezi lè nou aprann te gen anpil anpil Samariten ki te “ret ansanm” ap koute sa Filip t ap di yo. — Tra. 8:6.

5-7. Bay kèk egzanp ki montre jan bon nouvèl la te rive gaye lè yo te fòse kèk kretyen kite kote yo t ap viv.

5 Menm jan sa te ye nan premye syèk la, pèsekisyon pa fè sèvitè Bondye yo sispann preche. Se pa ni de ni twa fwa yo fòse kretyen yo pou yo deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt, swa pou y al nan prizon, swa pou y al nan yon lòt peyi, men lè konsa, se pèmèt yo pèmèt mesaj Wayòm nan rive kote sa yo. Pa egzanp, pandan Dezyèm Gè mondyal la, Temwen Jewova yo te rive bay yon kokenn temwayaj nan kan konsantrasyon Nazi yo. Gen yon Juif ki te rankontre ak Temwen yo nan kan sa yo ki di: “Fòs ak kouraj mwen te wè prizonye ki Temwen Jewova yo genyen te konvenk mwen lafwa yo baze sou Bib la. Se sa k fè mwen menm tou mwen te vin yon Temwen Jewova.”

6 Nan kèk ka, menm opozan yo te resevwa temwayaj e yo te byen reyaji. Pa egzanp, lè yo te voye yon Temwen ki te rele Franz Desch nan yon kan konsantrasyon ki te rele Gusen, ann Otrich, li te rive etidye Labib ak yon ofisye nan lame Nazi a. Imajine jan de mesye sa yo te kontan lè yo te rankontre pi devan nan yon kongrè, men fwa sa a se yo toule de ki te pwoklamatè Wayòm nan!

7 Men yon egzanp ki montre sa ki te rive lè kèk kretyen te oblije kite yon peyi pou y al nan yon lòt peyi akoz pèsekisyon: Nan ane 1970 yo, kretyen Malawi yo te bay yon gwo temwayaj nan peyi Mozanbik lè yo te fòse yo kite Malawi pou y al Mozanbik. Menm lè te vin gen pèsekisyon nan Mozanbik annapre, travay predikasyon an te kontinye fèt nan peyi sa a. Gen yon frè ki rele Francisco Coana ki di: “Se vre pandan plizyè fwa yo te arete kèk nan nou akoz travay predikasyon nou t ap fè a, men, lè nou te wè jan anpil moun te byen reyaji devan mesaj Wayòm nan, sa te fè nou gen asirans Bondye ede nou, menm jan li te ede kretyen nan premye syèk la.”

8. Ki efè chanjman ki fèt nan domèn politik ak nan domèn ekonomik yo genyen sou travay predikasyon an?

8 Natirèlman, se pa pèsekisyon sèlman ki te pèmèt bon nouvèl la gaye nan lòt zòn. Pandan plizyè dizèn ane ki sot pase yo, chanjman ki te fèt nan domèn politik ak nan domèn ekonomik te fè l posib pou mesaj Wayòm nan rive jwenn tout kalite moun ki pale divès lang e ki soti nan divès peyi. Gen kèk nan moun sa yo ki te kite zòn kote yo te rete akoz lagè oswa gwo pwoblèm ekonomik pou yo t al nan zòn ki gen plis sekirite oswa kote yo ka jwenn mwayen pou yo viv, konsa yo te kòmanse etidye Labib nan zòn kote yo vin abite a. Lefètke gen anpil refijye konsa, sa vin fè gen anpil nouvo tèritwa kote pwoklamatè yo ka preche moun ki pale lòt lang. Èske w fè efò pou w preche moun nan tèritwa w “ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”? — Rev. 7:9.

“Ban m pouvwa sa a tou” (Travay 8:9-25)

“Kounye a, lè Simon wè depi apot yo poze men yo sou yon moun, moun sa a resevwa lespri sen, li ofri apot yo lajan.” — Travay 8:18.

9. Kiyès Simon te ye, e ki sa sandout ki te atire l al jwenn Filip?

9 Filip te fè anpil mirak nan Samari. Pa egzanp, li te geri moun ki te malad e li te menm chase movèzespri (Tra. 8:6-8). Gen yon mesye ki te enpresyone anpil lè l te wè don Filip genyen pou l fè mirak. Mesye sa a se te Simon, yon majisyen. Moun yo te tèlman respekte l, yo te konn di: “Mesye sa a se Pisans Bondye.” Kounye a, pa mwayen mirak Filip te fè yo, Simon te ka wè sa k te vrè pisans Bondye a, e li te vin kwayan (Tra. 8:9-13). Men, ki sa k te pouse l fè sa? Annou gade sa k t apral pase pi devan.

10. a) Ki sa Pyè ak Jan te fè nan Samari? b) Ki sa Simon te fè lè l wè nouvo disip yo resevwa lespri sen lè Pyè ak Jan poze men sou yo?

10 Lè apot yo te vin konnen jan gen akwasman nan Samari, yo voye Pyè ak Jan nan zòn sa a. (Gade kare ki gen tit “ Pyè itilize ‘kle Wayòm’ yo”.) Lè de apot yo te rive, yo poze men yo sou nouvo disip yo, e disip sa yo te vin resevwa lespri sen b. Lè Simon wè sa, se pa ti sezi li sezi! Li di apot yo: “Ban m pouvwa sa a tou, dekwa pou nenpòt moun mwen poze men m sou li ka resevwa lespri sen.” Li te menm ofri yo lajan pou l te ka achte privilèj sakre sa a! — Tra. 8:14-19.

11. Ki avètisman Pyè te bay Simon, e ki jan Simon te reyaji?

11 Apot Pyè te reponn Simon yon fason fèm. Li di l: “Se pou lajan w lan peri ansanm avè w. Ou panse avèk lajan ou ka gen bagay Bondye bay gratis? Ou pa gen anyen pou w wè ak travay sa a, paske kè w pa dwat nan je Bondye.” Apre sa, apot Pyè ankouraje Simon pou l repanti e pou l priye Bondye pou Bondye padone l. Li di l: “Se pou w sipliye Jewova pou l padone w pou entansyon ou gen nan kè w la, si posib.” Sanble Simon pa t yon moun ki gen mechanste nan kè l, li te vle fè sa ki byen, men li pa t byen konprann bagay yo. Se sa k fè, li sipliye apot yo, li di yo: “Mesye, sipliye Jewova pou mwen pou sa nou sot di a pa rive m.” — Tra. 8:20-24.

12. Nan ki pwen moun yo achte e yo vann pozisyon nan relijyon ki pretann y ap suiv Kris yo?

12 Reprimann Pyè te bay Simon an se yon avètisman pou kretyen yo jodi a sou kesyon achte oubyen vann privilèj nan kongregasyon an. Lè nou egzamine istwa relijyon ki pretann y ap suiv Kris yo, men ki vire do bay Bondye, nou jwenn anpil egzanp kote moun yo fè sa. Pa egzanp, men sa yo fè konnen nan nevyèm edisyon yon ansiklopedi: “Lè yon moun fè etid sou eleksyon nouvo pap yo, l ap rann li kont pa gen youn nan eleksyon yo ki te fèt san pa t gen lajan ki te bay pou achte pozisyon. Byen souvan, yo konn fè sa fason ki pi lèd la, san yo pa wont ditou e anba je tout moun.” — The Encyclopædia Britannica (1878).

13. Kòman kretyen yo ka veye pou yo pa tonbe nan achte oubyen nan vann privilèj nan kongregasyon an?

13 Kretyen yo dwe veye pou yo pa tonbe nan achte oubyen nan vann privilèj nan kongregasyon an, sa ki se yon peche. Pa egzanp, yo pa dwe chèche jwenn favè moun ki sanble kapab ba yo plis privilèj nan kongregasyon an lè yo tonbe ba yo anpil kado oubyen lè yo plede fè elòj pou yo. Yon lòt bò, moun ki ta sanble nan pozisyon pou fè lòt moun jwenn responsablite nan kongregasyon yo dwe veye pou yo pa gen patipri pou moun ki rich yo. Toule de sitiyasyon sa yo gen rapò ak vye pratik sa a, ki se achte oubyen vann privilèj. Vrèmanvre, tout sèvitè Bondye yo ta dwe konpòte yo tankou “moun ki gen mwens enpòtans”, ki konte sou lespri Jewova pou l fè yo jwenn responsablite nan kongregasyon an (Lik 9:48). Pa gen plas nan òganizasyon Bondye a pou moun k ap chèche glwa “pou tèt [yo]”! — Pwo. 25:27.

“Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” ​(Travay 8:26-40)

14, 15. a) Kiyès Etyopyen an te ye, e ki jan Filip te fè jwenn li? b) Ki jan Etyopyen an te reyaji devan mesaj Filip la, e poukisa nou ka di se pa sou kout tèt Etyopyen an te batize? (Gade nòt anba paj la.)

14 Apre sa, gen yon zanj Jewova ki bay Filip lòd pou l ale nan wout ki soti Jerizalèm pou l al Gaza a. Si Filip t ap mande tèt li poukisa li bezwen al nan zòn sa a, apre yon ti tan li te jwenn repons lan lè l te rankontre yon Etyopyen ki t ap “li awotvwa nan liv pwofèt Ezayi a”. (Gade kare ki gen tit “ Kiyès Etyopyen an te ye?”.) Lespri sen Jewova te pouse Filip pou l pwoche kote charyo mesye a. Filip te di l: “Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” Misye di l: “Ki jan m ka rive byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?” — Tra. 8:26-31.

15 Etyopyen an te envite Filip monte nan charyo a. Sandout, yo te gen yon konvèsasyon enteresan! Pandan lontan, moun pa t konprann kiyès “mouton” an oswa “sèvitè” a reprezante (Eza. 53:1-12). Sepandan, pandan Filip ak Etyopyen an t ap vwayaje a, Filip te esplike l pwofesi sa a te akonpli sou Jezi Kris. Menm jan ak moun ki te batize nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, tousuit, Etyopyen an ki te deja konvèti nan relijyon juif la te gentan wè ki sa l dwe fè. Li di Filip: “Gade! Men gen yon dlo la a, ki sa k anpeche m batize?” Filip te batize Etyopyen an san pèdi tan c. (Gade kare ki gen tit “ Batèm nan ‘dlo’” a.) Apre sa, lespri sen te gide Filip nan yon lòt asiyasyon nan Achdòd, e se la li te kontinye preche bon nouvèl la. — Tra. 8:32-40.

16, 17. Ki wòl zanj yo jwe nan travay predikasyon an jodi a?

16 Jodi a, kretyen yo gen privilèj pou yo patisipe nan yon travay ki menm jan ak travay Filip t ap fè a. Byen souvan, yo rive prezante mesaj Wayòm nan bay moun yo rankontre nan divès sitiyasyon, tankou lè y ap vwayaje. Nan anpil ka, li klè se pa paraza yo rankontre ak moun ki gen kè sensè yo. Paske Labib montre byen klè zanj yo ap dirije nou nan travay predikasyon an yon fason pou “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp” rive tande mesaj la (Rev. 14:6). Anfèt, Jezi te anonse byen klè zanj yo t apral dirije nou nan travay predikasyon an. Nan egzanp li te bay anrapò ak ble ak move zèb la, li te di nan rekòt la, sètadi nan fen sistèm nan, “travayè k ap rekòlte yo, se zanj yo”. Anplis, li te di kreyati espirityèl sa yo t ap “ranmase tout moun ki lakòz lòt moun peche ak tout moun k ap pratike sa ki mal, y ap mete yo deyò nan Wayòm li an”. (Mat. 13:37-41.) Anmenmtan, zanj yo t ap gen pou yo rasanble moun Jewova vle atire nan òganizasyon l lan, sa vle di moun ki t ap gen pou yo eritye Wayòm nan, e pi devan, “yon gwo foul” “lòt mouton”. — Rev. 7:9; Jan 6:44, 65; 10:16.

17 Yon bagay ki montre zanj yo dirije nou nan travay predikasyon an jodi a, se lefètke gen kèk moun nou rankontre nan travay predikasyon an ki fè konnen yo t ap priye pou Bondye ede yo konnen l. Annou pran egzanp de pwoklamatè ak yon tigason ki t ap preche yon jou maten. Lè l fè yon lè, de Temwen yo te deside y ap kite tèritwa a, men, sa ki te etone yo sèke tigason an li menm te chofe pou l al nan kay apre a. Anfèt, li menm al frape pòt la poukont li! Yon jèn dam te vin ouvri pòt la, e de Temwen yo te pwoche pou yo pale avè l. Yo te sezi lè yo te tande dam nan di yo li te fèk ap priye pou yon moun vin vizite l pou ede l konprann Bib la. Yo te tou pran dispozisyon pou yo etidye Labib avè l.

“O! Bondye, m pa konn kiyès ou ye, men tanpri, ede m.”

18. Poukisa nou pa ta dwe janm neglije travay predikasyon an?

18 Antanke moun ki fè pati kongregasyon kretyen an, ou gen privilèj pou w travay ansanm ak zanj yo nan travay predikasyon an k ap fèt jodi a nan yon nivo li pa t janm fèt anvan sa. Pa janm neglije privilèj sa a! Lè w kontinye fè efò pou w anonse “bon nouvèl konsènan Jezi a”, w ap gen anpil kè kontan. — Tra. 8:35.

a Filip sa a se pa apot Filip. Men, jan nou te wè sa nan chapit 5 nan liv sa a, se Filip ki te pami “sèt gason [...] ki gen bon repitasyon” apot yo te nome pou separe manje chak jou bay vèv ki te pale grèk yo ak vèv ki te pale ebre yo ki te nan kongregasyon an nan Jerizalèm. — Tra. 6:1-6.

b Sanble nan epòk la, jeneralman, lespri sen te konn desann sou nouvo disip yo lè yo batize, konsa, yo vin gen posiblite pou yo dirije antanke wa ak prèt nan syèl la avèk Jezi (2 Kor. 1:21, 22; Rev. 5:9, 10; 20:6). Sepandan, nan ka sa a, lespri sen pa t desann sou nouvo disip yo lè yo te batize. Se lè Pyè ak Jan te poze men sou kretyen sa yo, yo te resevwa lespri sen ansanm ak don lespri sen te konn pèmèt moun genyen.

c Se pa sou kout tèt Etyopyen an te batize. Lefètke l te konvèti nan relijyon juif la, li te deja gen konesans sou Ekriti yo, ki gen anpil pwofesi ki gen rapò ak Mesi a. Kounye a, kòm li te vin konprann wòl Jezi jwe nan akonplisman objektif Bondye, li te kapab batize san pèdi tan.