Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 23

“Koute sa m pral di nou la a pou m defann tèt mwen”

“Koute sa m pral di nou la a pou m defann tèt mwen”

Pòl defann laverite ni devan foul moun ki an kòlè ni devan Sanedren an

Travay 21:18–23:10

1, 2. Ki sa k mennen Pòl Jerizalèm, e ki pwoblèm li pral jwenn nan vil sa a?

 MEZANMI Pòl rive Jerizalèm! Sa fè kèk tan li pa mache nan lari Jerizalèm. Lari yo jis e yo chaje ak moun k ap fè tout kalite aktivite. Pa gen yon vil sou tè a ki gen tout enpòtans Jerizalèm genyen nan istwa pèp Jewova a. An jeneral, moun k ap viv Jerizalèm yo fyè de sa. Pòl konnen anpil kretyen k ap viv Jerizalèm bay sa twòp enpòtans tou, sa fè yo pa fè chanjman nan lavi yo apre yo fin aprann Jewova chanje fason li te konn boule ak pèp li a. Se sa k fè, lè Pòl te deside retounen vizite gwo vil sa a, se pa sèlman paske l te vle ede moun yo nan domèn materyèl, men paske l te vle ede yo nan domèn espirityèl tou (Tra. 19:21). Byenke l konnen lavi l ka an danje, li pran desizyon l pou l vizite vil la.

2 Bon, ki pwoblèm Pòl pral rankontre Jerizalèm kounye a? Youn nan pwoblèm l ap jwenn ap soti bò kote disip Kris menm jan avèk li yo, paske gen kèk nan yo ki boulvèse akoz kèk bagay yo tande konsènan Pòl. Men pi gwo pwoblèm nan ap soti bò kote lènmi Kris yo. Y ap lage fo akizasyon sou do Pòl, y ap bat li e y ap chèche touye l. Akoz evènman makawon sa yo, Pòl pral gen posiblite tou pou l pale pou l defann tèt li. Pòl kite yon bèl egzanp pou kretyen yo jodi a lè nou konsidere jan li te demontre imilite, kouraj ak lafwa devan sitiyasyon sa yo. Annou egzamine ki jan l te demontre kalite sa yo.

“Yo tonbe bay Bondye glwa” ​(Travay 21:18-20a)

3-5. a) Ki reyinyon Pòl te asiste Jerizalèm, e sou ki sa li te pale? b) Ki leson nou ka aprann nan reyinyon Pòl te genyen ak ansyen yo nan Jerizalèm?

3 Apre Pòl ak moun ki te avè l yo te fin rive Jerizalèm, nan demen, yo t al kote ansyen ki te responsab pou veye sou kongregasyon kretyen an. Nan istwa sa a, yo pa pale de okenn nan apot ki te vivan nan moman an. Petèt yo pa t Jerizalèm lè sa a, yo ka t al sèvi lòt kote sou tè a. Men, Jak, frè Jezi kot manman an, te toujou la (Gal. 2:9). Lè “ansyen yo” te reyini ak Pòl la, sanble se Jak ki te prezide reyinyon an. — Tra. 21:18.

4 Apre Pòl fin salye ansyen yo, “li rakonte yo an detay tout sa Bondye te fè nan mitan moun ki nan nasyon yo pa mwayen sèvis li a”. (Tra. 21:19.) Siman, se pa ti ankourajan sa te ankourajan pou frè yo! Nou menm tou jodi a, nou kontan anpil lè nou tande nouvèl sou pwogrè k ap fèt nan travay predikasyon an nan lòt peyi. — Pwo. 25:25.

5 Rive yon lè nan konvèsasyon an, Pòl dwe te pale de don kongregasyon ann Ewòp yo te ba l pote a. Siman, moun ki t ap koute Pòl yo te kontan anpil e yo te rekonesan dèske frè ak sè k ap viv nan peyi ki byen lwen yo montre sousi pou yo konsa! Ansyen yo te tèlman kontan, lè yo fin tande Pòl, Bib la di: “Yo tonbe bay Bondye glwa.” ​(Tra. 21:20a). Se menm jan an tou jodi a, gen anpil moun ki te fè fas ak katastwòf natirèl oswa k ap soufri akoz maladi grav yo genyen ki rekonesan anpil pou èd ak ankourajman lòt frè ak sè yo ba yo nan moman ki apwopriye.

Anpil Juif te toujou “zele pou yo obeyi Lalwa” ​(Travay 21:20b, 21)

6. Ki pwoblèm yo te fè Pòl konnen ki genyen?

6 Apre sa, ansyen yo fè Pòl konnen gen yon pwoblèm nan Jide, e pwoblèm nan te gen rapò avè l. Yo te di l: “Frè [n] nan, ou wè konbyen milye Juif ki vin kwè, e yo tout zele pou yo obeyi Lalwa. Men, yo tande moun ap di ou anseye tout Juif k ap viv nan mitan moun ki nan nasyon yo pou yo abandone Lwa Moyiz la, kòmkwa ou di yo pou yo pa ni sikonsi pitit yo, ni suiv koutim Juif yo a.” — Tra. 21:20b, 21.

7, 8. a) Ki move pwennvi anpil kretyen nan Jide te genyen? b) Sa k fè nou ka di move pwennvi kretyen juif yo te genyen an pa vle di yo te tonbe nan apostazi?

7 Sa k fè anpil kretyen te toujou zele pou Lwa Moyiz la, alòske sa deja fè plis pase 20 an depi l te aboli (Kol. 2:14)? Nan ane 49 epòk nou an, apot yo ak kèk ansyen ki te reyini nan Jerizalèm te voye yon lèt bay kongregasyon yo ki te fè yo konnen kretyen ki soti nan lòt nasyon yo pa bezwen sikonsi e yo pa gen pou yo obeyi Lwa Moyiz la (Tra. 15:23-29). Sepandan, nan lèt sa a, yo pa t pale de kretyen ki Juif yo, e anpil ladan yo pa t konprann yo pa bezwen suiv Lwa Moyiz la ankò.

8 Lefètke kretyen juif sa yo pa t byen konprann sa, èske sa vle di yo pa t ka kretyen ankò? Non. An reyalite, ka pa yo a se pa menm ak ka moun ki t ap adore fo dye epi ki kontinye suiv koutim ki te gen nan ansyen relijyon yo a. Pa bliye, Lwa sa a ki te gen anpil enpòtans nan je kretyen juif yo se Jewova ki te ba yo l. Pa gen anyen nan Lwa Moyiz la ki te sot nan Dyab la, ni ki pa t bon. Men, senpleman Lwa sa a te gen rapò ak ansyen alyans lan, alòske kounye a kretyen yo te dwe suiv nouvo alyans lan. Donk, kretyen yo, ki t ap pratike vrè adorasyon an, pa t gen pou yo obeyi alyans Lalwa a ankò. Kretyen ebre sa yo, ki te montre yo zele pou Lalwa, pa t konprann yo te dwe sispann obeyi alyans Lalwa a, e yo te manke konfyans nan kongregasyon kretyen an. Yo te dwe fè chanjman nan pwennvi yo pou yo te ka wè bagay yo selon nouvo konpreyansyon Jewova te bay pèp li a konsènan alyans Lalwa a b. — Jer. 31:31-34; Lik 22:20.

“Sa yo t ap di sou ou a pa t vre” (Travay 21:22-26)

9. Ki sa Pòl te anseye konsènan Lwa Moyiz la?

9 E konsènan bri kouri yo t ap fè sou Pòl la kòmkwa li t ap anseye Juif k ap viv nan mitan moun ki nan nasyon yo pou yo “pa ni sikonsi pitit yo, ni suiv koutim Juif yo”? Pòl se te apot nasyon yo, donk ann amoni ak desizyon kolèj santral la te pran an, Pòl te fè moun lòt nasyon yo konnen yo pa gen pou yo obeyi Lalwa. Gen yon seri moun ki t ap eseye fè kretyen ki te nan lòt nasyon yo kwè yo te dwe sikonsi pou yo ka suiv Lwa Moyiz la, Pòl te pwouve aklè moun sa yo nan erè (Gal. 5:1-7). Pòl te konn preche Juif yo bon nouvèl la tou nan vil li te vizite yo. Siman, li te fè Juif ki sensè yo konnen lanmò Jezi se finisman Lalwa, sa vle di, apati lè sa a, Bondye ap deklare yon moun jis sou baz lafwa l nan sakrifis Jezi a, li pap deklare yon moun jis paske li obeyi Lwa Moyiz la. — Wom. 2:28, 29; 3:21-26.

10. Ki jan Pòl te montre li ekilibre nan sa ki te konsène Lalwa ak kesyon sikonsizyon an?

10 Poutan, Pòl te montre li konprann moun ki te santi yo alèz pou yo kontinye suiv kèk nan koutim juif yo, tankou pou yo pa travay nan jou saba a oubyen pou yo pa manje yon seri manje (Wom. 14:1-6). E li pa t tabli okenn règ anrapò ak sikonsizyon. Anfèt, Pòl te menm wè li nesesè pou l fè Timote sikonsi, yon fason pou Juif yo pa t rejte Timote akoz yo te konnen papa l se yon Grèk (Tra. 16:3). Sikonsi oubyen pa sikonsi se te yon desizyon pèsonèl. Pòl te di kretyen nan Galasi yo: “Sikonsi pa sikonsi, sa pa gen okenn valè, men, sa ki gen valè, se lafwa k ap travay ansanm ak lanmou.” (Gal. 5:6). Men, si yon moun ta sikonsi pou l ka obeyi Lalwa oswa pou l ka montre sa nesesè pou yon moun jwenn favè Bondye, moun sa a t ap manke lafwa.

11. Ki konsèy ansyen yo te bay Pòl, e ki sa sa t apral mande pou Pòl fè? (Gade nòt anba paj.)

11 Kidonk, byenke bri yo t ap fè kouri sou Pòl yo se te manti kri, yo te bay kretyen juif yo pwoblèm kanmenm. Se sa k fè, men ki enstriksyon ansyen yo te bay Pòl: “Nou gen kat mesye la a ki te fè yon ve. Fè yo ale avè w, pirifye tèt ou ansanm avèk yo, epi fè tout depans pou yo pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen sa yo t ap di sou ou a pa t vre. Okontrè, yo va konnen w ap mache nan lòd, e ou menm tou, w ap obeyi Lalwa c.” — Tra. 21:23, 24.

12. Ki jan Pòl te montre li ka adapte l ak tout sitiyasyon e li dispoze suiv enstriksyon ansyen nan Jerizalèm yo te ba l?

12 Pòl te kapab annik di ansyen yo se pa bri moun yo ap fè kouri sou li yo ki pwoblèm nan, men pito se fason kretyen juif yo te chofe pou yo kontinye suiv Lwa Moyiz la. Li pa t fè sa, men li te montre li ka adapte l ak tout sitiyasyon, depi sa pap fè l vyole prensip Bondye yo. Gade sa l te ekri yon ti tan anvan sa: “Pou moun ki anba lalwa, mwen vin tankou yon moun ki anba lalwa, kwak mwen menm mwen pa anba lalwa, pou m ka mennen moun ki anba lalwa yo vin jwenn Kris.” (1 Kor. 9:20). Nan okazyon sa a, Pòl te kowopere ak ansyen nan Jerizalèm yo e li te vin “tankou yon moun ki anba lalwa”. Konsa, li kite yon bon egzanp pou nou: li montre nou li enpòtan pou nou kowopere ak ansyen yo e pou nou pa ensiste pou bagay yo fèt jan nou ta vle a. — Ebre 13:17.

Pòl te dakò ak moun yo depi desizyon yo pran an pa t vyole prensip ki nan Bib la. E ou menm?

“Li pa merite viv!” (Travay 21:27–22:30)

13. a) Poukisa kèk Juif te tonbe fè bri nan tanp lan? b) Ki jan Pòl te fè chape vivan anba men moun yo?

13 Bagay yo pa t byen pase nan tanp lan. Lè peryòd ve mesye yo prèske fini, gen kèk Juif ki sot nan zòn Azi ki wè Pòl, yo akize l kòmkwa li fè moun lòt nasyon antre nan tanp lan e yo chofe tèt yon foul moun, yo fè yo leve kont Pòl. Si se pa t yon kòmandan nan lame women an ki te antre nan koze a, moun yo t ap bat Pòl jis yo touye l. Men, se nan prizon kòmandan an mete Pòl. Apati moman sa a, plis pase katran t apral pase anvan yo resi libere Pòl. Sepandan, pwoblèm li te jwenn nan tanp lan potko fini. Lè kòmandan women an te mande Juif yo poukisa yo atake Pòl, yo tout tonbe pale ansanm byen fò, yo lage yon pakèt akizasyon sou do Pòl. Kòmandan an pa t konprann anyen nan sa yo t ap di a piske yo t ap fè yon pakèt bri. Sitiyasyon an te vin malouk, sòlda women yo te oblije kouri retire Pòl nan zòn nan. Lè Pòl ak sòlda women yo t apral antre nan kazèn sòlda yo, Pòl di kòmandan an: “Tanpri, pèmèt mwen pale ak pèp la.” (Tra. 21:39). Kòmandan an dakò, e avèk kouraj, Pòl te defann lafwa l.

14, 15. a) Ki sa Pòl te esplike Juif yo? b) Ki sa kòmandan women an te fè pou l ka konnen rezon ki fè Juif yo te lage dèyè Pòl pou yo touye l?

14 Pou Pòl kòmanse, li di: “Koute sa m pral di nou la a pou m defann tèt mwen.” (Tra. 22:1). Pòl te pale ak moun yo ann ebre, sa te fè yon ti kalme yo. Li te byen esplike yo rezon ki fè l vin disip Kris kounye a. Toutpandan l ap fè sa, avèk ladrès, li te pale sou kèk pwen Juif yo t ap ka verifye si yo te vle. Pòl te resevwa fòmasyon nan men Gamalyèl e li te pèsekite disip Kris yo, bagay kèk nan moun ki te la yo gendwa te konnen. Men, pandan li te sou wout pou l al Damas, li te fè yon vizyon, li tande yon vwa ki t ap pale avè l, se te vwa Kris. Moun ki t ap vwayaje ak Pòl yo te wè yon limyè ki byen klere e yo te tande yon vwa, men yo “pa t tande sa vwa moun ki t ap pale avè [l la] t ap di”. (Tra. 9:7; 22:9.) Apre sa, moun ki te avèk Pòl yo te oblije mennen Pòl ale Damas, paske li te vin avèg. Lè l rive Damas, Anànyas, yon moun Juif nan zòn nan te byen konnen, te fè yon mirak pou l fè Pòl wè ankò.

15 Annapre, Pòl te fè moun yo konnen apre l fin retounen Jerizalèm, li wè Jezi nan yon vizyon li te fè nan tanp lan. Lè Juif yo tande pawòl sa a, yo vin an kòlè anpil, yo tout pran rele: “Retire nonm sa a sou tè a, paske li pa merite viv!” (Tra. 22:22). Pou kòmandan an te ka sove Pòl, li fè sòlda yo mennen l nan kazèn nan. Piske kòmandan an te vle konnen rezon ki fè Juif yo te lage dèyè Pòl konsa, li mande pou yo bat Pòl pou yo fè l pale. Men, Pòl te pwofite pwoteksyon lalwa te ba l, li te fè konnen li se yon sitwayen women. Jodi a, sèvitè Jewova yo aji menm jan an, yo chèche jwenn pwoteksyon lalwa ba yo pou yo defann lafwa yo. (Gade kare ki gen tit “ Lwa women an ak sitwayen yo” ki nan paj 184 la ak kare ki pi ba a ki gen tit “ Batay legal kretyen yo mennen jodi a”.) Lè kòmandan an tande Pòl se sitwayen women, li vin konprann li dwe chèche yon lòt mwayen pou l jwenn enfòmasyon li bezwen sou Pòl yo. Se pou sa, nan demen, li mande Sanedren an, pi gwo tribinal Juif yo, fè yon reyinyon espesyal, e li mennen Pòl devan Sanedren an.

“Mwen se yon Farizyen” (Travay 23:1-10)

16, 17. a) Esplike sa ki te pase lè Pòl te kòmanse pale devan Sanedren an. b) Ki jan Pòl te montre li gen imilite nan sitiyasyon sa a?

16 Pòl kòmanse defann tèt li devan Sanedren an, li di: “Frè m yo, mwen toujou viv ak yon konsyans ki klè devan Bondye, rive jis jodi a.” (Tra. 23:1). Anvan l di yon mo anplis, Bib la fè n konnen: “Anànyas, gran prèt la, bay moun ki te kanpe toupre l yo lòd pou yo frape l nan bouch.” (Tra. 23:2). Ala derespektan! Se vrèman yon aksyon ki montre yo gen prejije, paske yo potko menm tande sa Pòl gen pou l di, yo pran l pou yon mantè. Siman se pou sa Pòl te di: “Bondye ap frape w, ipokrit. Apa w chita pou w jije m dapre Lalwa, epi anmenmtan w ap vyole Lalwa, w ap bay lòd pou yo frape m?” — Tra. 23:3.

17 Gen nan moun ki te la yo ki te sezi. Yo pa t sezi poutèt yo te frape Pòl, men pito poutèt reyaksyon Pòl te genyen an. Yo te di l: “Apa w ap joure gran prèt Bondye a?” Nan okazyon sa a, Pòl te ba yo yon leson, li te montre yo li gen imilite e li gen respè pou Lalwa. Li te di yo: “Frè m yo, mwen pa t konnen si se te gran prèt la. Paske, men sa ki ekri: ‘Ou pa dwe pale chèf pèp ou a mal d.’” (Tra. 23:4, 5; Egz. 22:28). Apre sa, Pòl adopte yon lòt metòd. Piske l te konnen pami jij ki te nan Sanedren an gen Farizyen e gen Sadiseyen, li te di: “Frè m yo, mwen se yon Farizyen, mwen se pitit Farizyen. Se paske mwen kwè nan rezirèksyon mò yo ki fè y ap jije m la a.” — Tra. 23:6.

Menm jan ak Pòl, lè n ap pale ak moun nan lòt relijyon, nou chèche pale sou bagay ni nou menm ni yo menm dakò sou yo.

18. Poukisa Pòl te di li se yon Farizyen, e ki jan nou ka itilize metòd sa a nan kèk sikonstans?

18 Poukisa Pòl te di li se yon Farizyen? Paske li te “pitit Farizyen”, sa vle di li soti nan yon fanmi ki fè pati gwoup relijye sa a. Kidonk, petèt anpil moun toujou konsidere l kòm yon Farizyen e. Men, kòman Pòl te fè montre li dakò ak Farizyen yo sou kesyon rezirèksyon an? Sanble Farizyen yo te kwè nanm yon moun kontinye viv apre moun nan fin mouri e yo te kwè nanm moun ki jis yo ap retounen viv sou fòm moun ankò. Pòl pa t kwè nan bagay sa yo. Li te kwè nan rezirèksyon an jan Jezi te anseye l la (Jan 5:25-29). Men kanmenm, Pòl te dakò ak Farizyen yo sou yon pwen: lè yon moun mouri, gen espwa pou l retounen viv ankò. Sadiseyen yo menm pa t kwè nan yon bagay konsa. Nou ka itilize metòd sa a lè n ap diskite ak katolik yo oswa ak potestan yo. Nou ka di yo, nou kwè nan Bondye menm jan yo menm yo kwè nan Bondye. Se vre, yo kwè nan Trinite, alòske nou menm nou kwè nan Bondye Labib pale de li a. Men, nou kwè gen yon Bondye ki egziste menm jan yo kwè sa tou.

19. Ki sa k te fè vin gen eskandal nan reyinyon Sanedren an?

19 Pawòl Pòl te di yo te lage divizyon nan mitan Sanedren an. Men sa Bib la di: “Vin gen yon sèl eskandal ki eklate. Epi, gen kèk espè nan lalwa ki te fè pati Farizyen yo ki leve kanpe, e yo kòmanse konteste avèk fòs, yo t ap di: ‘Nou pa wè mesye sa a fè anyen ki mal. Paske, gendwa se yon espri oswa yon zanj ki te pale avè l...’” (Tra. 23:9). Sadiseyen yo pa t ka tande kesyon yon zanj ka te pale ak Pòl la, paske yo pa t kwè zanj yo egziste. (Gade kare ki gen tit “ Sadiseyen yo ak Farizyen yo”.) Diskisyon an te tèlman vin cho, kòmandan women an te oblije sove apot la yon lòt fwa ankò (Tra. 23:10). Malgre sa, Pòl te toujou an danje. Ki sa k pral rive apot la kounye a? N ap aprann plis sou sa nan chapit ki vin apre a.

a Kòm te gen anpil kretyen ki te Juif nan Jerizalèm, sanble te gen anpil kongregasyon ki te konn fè reyinyon lakay frè ak sè yo pou kretyen yo te ka jwenn manje nan domèn espirityèl.

b Kèk ane apre sa, apot Pòl te ekri kretyen ebre yo yon lèt kote l te montre yo nouvo alyans lan pi bon lontan pase ansyen alyans lan. Nan lèt sa a, li te montre aklè nouvo alyans lan te kaba ansyen alyans lan. Nonsèlman Pòl te bay yon seri prèv solid kretyen juif yo t ap ka itilize pou yo reponn Juif ki t ap kritike yo, men tou, pa gen dout nan sa, rezònman Pòl la, ki te gen anpil fòs, te fòtifye lafwa kèk kretyen ki te konsantre twòp sou Lwa Moyiz la. — Ebre 8:7-13.

c Gen biblis ki panse mesye sa yo te fè yon ve nazireyen (Nonb 6:1-21). Sandout, se sou baz Lwa Moyiz la mesye yo te fè ve sa a, yon Lwa ki te kaba nan moman sa a, men Pòl ka te panse mesye sa yo pap fè yon bagay ki mal si yo respekte yon ve yo te fè Jewova. Donk, se pa t ap yon pwoblèm pou li si l peye depans y ap fè a e si l akonpaye yo. Nou pa konnen egzakteman ki kalite ve mesye yo te fè a, men kèlkeswa ve yo te fè, nou konnen Pòl pa t ap dakò peye pou yo fè sakrifis bèt (jan Nazireyen yo te konn fè sa) kòmsi se yon bagay ki te ka netwaye peche yo. Paske se sakrifis Kris la, ki konplè e ki san defo, ki te gen valè kounye a, sakrifis bèt yo pa t ka kouvri peche ankò. Nou pa vrèman konnen ki sa Pòl te fè, men nou ka gen asirans Pòl pa t ap aksepte fè yon bagay ki t ap fè l gen yon move konsyans.

d Gen moun ki di Pòl genlè pa t wè byen, se sa k fè l pa t wè si se gran prèt la. Oubyen se kapab lefètke l te fè yon bon ti tan li pa t Jerizalèm ki ka fè l pa t konnen kiyès ki te gran prèt nan moman an. Oswa tou piske te gen anpil moun devan Pòl la, yo ka te yon jan bare l, konsa li pa t rive wè kiyès ki te bay lòd pou yo frape l la.

e Nan ane 49 epòk nou an, lè apot yo ak ansyen nan Jerizalèm yo t ap chèche konnen si moun lòt nasyon yo ta dwe suiv Lwa Moyiz la, liv Travay la pale de kèk nan kretyen ki te la yo kòm “moun ki te fè pati gwoup Farizyen yo, e ki te vin kwè”. (Tra. 15:5.) Sanble, nan yon sans, yo te kontinye idantifye yo kòm moun ki soti nan gwoup Farizyen yo.