Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 25

“Mwen mande pou m al devan Seza!”

“Mwen mande pou m al devan Seza!”

Pòl kite yon egzanp pou nou nan fason li defann bon nouvèl la

Travay 25:1–26:32

1, 2. a) Nan ki sitiyasyon Pòl te ye? b) Lefètke Pòl te mande pou l al devan Seza, ki kesyon sa dwe fè nou poze?

 PÒL toujou anba gwo siveyans nan Sezare. Sa gen dezan, li te retounen nan Jide, e nan kèk jou sèlman, Juif yo te eseye touye l omwen twa fwa (Tra. 21:27-36; 23:10, 12-15, 27). Jiska prezan, ènmi l yo pa rive touye l, men sa pa vle di yo bay vag. Lè Pòl wè li ka tonbe anba men yo ankò, li di Festis, gouvènè women an: “Mwen mande pou m al devan Seza!” — Tra. 25:11.

2 Èske Jewova te dakò ak desizyon Pòl te pran pou l al devan Seza a? Repons kesyon sa a enpòtan pou nou jodi a, paske n ap bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a nan tan lafen n ap viv la. Nou bezwen konnen si fason Pòl te aji a se yon egzanp nou ka suiv lè n ap “defann bon nouvèl la e [lè n ap] fè rekonèt li devan lajistis”. — Flp. 1:7.

“Se devan tribinal Seza mwen kanpe” ​(Travay 25:1-12)

3, 4. a) Ki plan Juif yo te gen nan tèt yo lè yo te mande pou yo mennen Pòl Jerizalèm, e ki jan Pòl te fè chape anba lanmò? b) Ki jan Jewova soutni sèvitè l yo jodi a, menm jan l te fè sa pou Pòl?

3 Twa jou apre Festis, nouvo gouvènè Jide a, fin monte sou pouvwa a, li t ale Jerizalèm a. Pandan l Jerizalèm, li te koute prèt an chèf yo ak moun ki enpòtan pami Juif yo ki t ap lage gwo akizasyon sou do Pòl. Yo te konnen nouvo gouvènè a te gen presyon sou do l piske moun ki sou tèt li yo te mande l pou l kontinye gen lapè avèk prèt an chèf yo ak moun ki enpòtan pami Juif yo e avèk tout Juif yo. Se sa k fè, yo mande l pou l fè yo yon favè, pou l mennen Pòl Jerizalèm pou yo jije l. Men, yo te gentan gen yon plan makawon nan tèt yo. Ènmi sa yo te planifye pou yo touye Pòl pandan l ap sot Sezare pou l vin Jerizalèm. Festis pa t aksepte demann yo te fè a. Li te di yo: “Si misye fè yon bagay ki pa sa, se pou moun ki alatèt pami nou yo desann avè m [Sezare] pou y al akize l.” ​(Tra. 25:5). Kidonk, Pòl chape anba lanmò yon lòt fwa ankò.

4 Jewova, pa mwayen Jezi Kris, Seyè a, te toujou soutni Pòl chak fwa yo t ap jije l. Sonje byen sa Jezi te di Pòl nan yon vizyon, li te di l: “Pran kouraj!” ​(Tra. 23:11). Jodi a tou, sèvitè Bondye yo rankontre difikilte e yo sibi move tretman. Jewova pa pwoteje nou kont chak pwoblèm nou rankontre, men li ban nou sajès ak fòs nou bezwen pou n andire. Nou ka toujou konte sou Bondye nou an, ki renmen nou, pou li ban nou “pisans ki depase yon pisans nòmal”. — 2 Kor. 4:7.

5. Ki jan Festis te boule ak Pòl?

5 Kèk jou apre, Festis te “chita nan tribinal la” nan Sezare pou l jije Pòl b. Ni Pòl ni moun ki akize Pòl yo te kanpe devan l. Pou Pòl defann tèt li pou akizasyon yo te lage sou do l yo, yon seri akizasyon yo pa t ka menm pwouve, li di: “Mwen pa fè okenn peche ni kont Lwa Juif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza.” Apot la te inosan e li te merite pou yo lage l. Kidonk, ki desizyon Festis t ap pran? Ebyen, piske li te vle jwenn favè Juif yo, li mande Pòl: “Èske w vle monte Jerizalèm pou yo jije w devan m pou bagay sa yo?” ​(Tra. 25:6-9). Pwopozisyon sa a pa t gen sans ditou. Si yo te fè Pòl tounen Jerizalèm pou yo jije l, se moun ki akize l yo ki t apral jije l e sa klè, yo t ap touye l kach. Nan sitiyasyon sa a, Festis te prefere chèche jwenn favè Juif yo pou l fè gouvènman l lan byen chita olye l te soutni lajistis. Youn nan gouvènè ki te pase anvan l yo, Pons Pilat, te aji prèske menm jan an nan yon jijman ki te konsène yon moun ki te gen plis enpòtans pase Pòl (Jan 19:12-16). Jodi a tou, jij yo ka pran desizyon ki pa kòrèk pou yo ka gen favè lòt moun k ap fè presyon sou yo. Kidonk, nou pa dwe sezi lè tribinal yo pran desizyon ki pa kòrèk lè y ap jije ka ki gen rapò ak pèp Bondye a.

6, 7. Poukisa Pòl te mande pou l al devan Seza, e konsa, ki egzanp li kite pou kretyen yo jodi a?

6 Lefètke Festis te vle fè Juif yo plezi, li t apral mete Pòl nan yon sitiyasyon ki danjere kote yo t ap tou touye l. Se sa k fè, Pòl te itilize yon dwa li genyen antanke sitwayen women. Li te di Festis: “Se devan tribinal Seza mwen kanpe, se la pou yo jije m. Ou menm tou, ou konn trè byen mwen pa fè Juif yo anyen ki mal. [...] Mwen mande pou m al devan Seza!” Jeneralman, depi yon moun te mande yon bagay konsa, yo te dwe respekte sa l mande a. Se sa k fè, Festis te di l: “Piske w mande pou w al devan Seza, ou pral devan Seza.” ​(Tra. 25:10-12). Lefètke Pòl te mande pou l al devan yon otorite legal ki gen plis pouvwa, se yon egzanp li kite pou vrè kretyen yo jodi a. Lè opozan yo “ap sèvi ak lalwa pou yo fè moun soufri” Temwen Jewova yo pwofite dispozisyon lalwa mete pou yo defann bon nouvèl la c. — Sòm 94:20.

7 Konsa, apre Pòl fin pase dezan nan prizon pou gwo akizasyon yo te lage sou do l yo, li vin gen posiblite pou l al Wòm pou l defann tèt li. Men, anvan li ale, yon lòt dirijan te vle tande ka l la.

Nou mande pou n al devan pi gwo tribinal lè yon tribinal pran move desizyon kont nou.

“Mwen pa t dezobeyi” ​(Travay 25:13–26:23)

8, 9. Poukisa wa Agripa te vizite Sezare?

8 Kèk jou apre Pòl te fin mande pou l al devan Seza, wa Agripa ansanm ak sè l, Berenis, t ap rann Festis, nouvo gouvènè a, “yon vizit koutwazi” d. Nan epòk Wòm t ap dirije a, gwo fonksyonè yo te gen abitid vizite nouvo gouvènè yo. Lè Agripa te vin felisite Festis dèske yo nome l gouvènè, sandout, se chèche li t ap chèche tabli yon seri relasyon politik avèk Festis e li t ap chèche zanmi l paske sa te ka itil li alavni. — Tra. 25:13.

9 Festis te pale ak wa Agripa de Pòl, e Agripa te vle tande Pòl. Nan demen, de dirijan yo te chita nan tribinal la pou yo tande Pòl. Men, ni pouvwa yo te genyen an, ni granpanpan yo t ap fè yo pa t anyen devan pawòl prizonye ki te devan yo a t apral di yo. — Tra. 25:22-27.

10, 11. Ki jan Pòl te montre li respekte wa Agripa, e ki enfòmasyon l te bay wa a konsènan fason li te konn aji?

10 Pòl te remèsye wa Agripa dèske l ba l posiblite pou l defann tèt li devan l. Li te di wa a li rekonèt li byen konnen tout koutim Juif yo ak polemik ki gen nan mitan yo. Apre sa, Pòl te pale sou kalite moun li te ye anvan. Li di: “Mwen se yon Farizyen, e kòm nou konnen, Farizyen yo se gwoup ki pi strik nan relijyon nou an.” ​(Tra. 26:5). Antanke Farizyen, Pòl te kwè Mesi a gen pou l vini. Men kounye a, antanke kretyen, avèk kran, li t ap fè moun yo konnen se Jezi Kris ki Mesi yo t ap tann depi lontan an. Donk, moun ki akize Pòl yo te gen espwa y ap wè reyalizasyon pwomès Bondye te fè zansèt yo tou menm jan ak Pòl, alòske se pou sa y ap jije Pòl nan moman an. Esplikasyon Pòl te bay la te fè wa Agripa plis anvi koute sa Pòl te gen pou l di e.

11 Pòl sonje fason li te maltrete kretyen yo, li di: “Mwen menm bò kote pa m, mwen te gen konviksyon mwen te oblije fè anpil aksyon pou m opoze ak Jezi, moun Nazarèt la. [...] E mwen tèlman pa t vle wè [disip Kris] yo, mwen te menm rive pèsekite yo nan lòt vil tou.” ​(Tra. 26:9-11). Pòl pa t met pase genyen lè l te di pawòl sa yo. Anpil moun te konnen jan l te pèsekite kretyen yo, jan l te fè vyolans sou yo (Gal. 1:13, 23). Petèt, wa Agripa dwe ap mande tèt li: ‘Ki jan yon nèg konsa fè chanje?’

12, 13. a) Ki sa Pòl te di konsènan fason l te vin kretyen? b) Nan ki sans Pòl t ap “voye pye sou digèt”?

12 Wa Agripa te jwenn repons lan nan pawòl Pòl te di annapre yo. Pòl te di: “Mwen te pran wout pou m al Damas, e mwen te resevwa otorite ak lòd nan men prèt an chèf yo. A midi, etan m sou wout la, o monwa, mwen wè yon limyè ki sot nan syèl la ki pi klere pase solèy la, e li klere toutotou ni mwen menm, ni moun ki t ap vwayaje avè m yo. Lè nou tout tonbe atè, mwen tande yon vwa ki di m nan lang ebre: ‘Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m? Sa rèd pou ou pou w kontinye ap voye pye sou digèt.’ Men, mwen di: ‘Kiyès ou ye, Mèt?’ Epi Seyè a di: ‘Mwen se Jezi. Se mwen w ap pèsekite a f.’” — Tra. 26:12-15.

13 Anvan Pòl te fè vizyon sa a, nan yon sans senbolik, li t ap “voye pye sou digèt”. Menm jan yon bèt ki konn pot chay t ap blese tèt li san nesesite si l t ap voye pye sou digèt ki byen file, se konsa Pòl te fè tèt li mal nan domèn espirityèl lè l t ap aji kont volonte Bondye. Pòl te zele, men l te nan erè, se sa k fè lè Jezi te pale avè l nan vizyon an sou wout Damas la, li te ede l chanje fason l panse. — Jan 16:1, 2.

14, 15. Ki sa Pòl te di konsènan chanjman li te fè nan lavi l yo?

14 Kidonk, Pòl te fè gwo chanjman nan lavi l. Li di wa Agripa: “Mwen pa t dezobeyi sa yo te di m nan vizyon ki te sot nan syèl la. Men, mwen te al kot moun Damas yo anvan, apre sa m al kot moun Jerizalèm yo, ansuit m al nan tout zòn Jide, epi m al kot moun ki nan nasyon yo tou, m al pote yon mesaj ba yo pou m fè yo konnen yo dwe repanti, e yo dwe tounen vin jwenn Bondye lè yo fè aksyon ki mache ak repantans.” ​(Tra. 26:19, 20). Sa deja fè plizyè ane depi Pòl ap akonpli misyon Jezi te ba li nan vizyon sa a li te fè sou wout la. Ki rezilta l jwenn? Moun ki te byen reyaji lè yo te tande bon nouvèl Pòl t ap preche a te repanti, yo te sispann viv yon fason ki imoral e ki malonèt pou yo vin sèvi Bondye. Moun sa yo te vin bon sitwayen, yo te gen respè pou lwa gouvènman yo, e fason yo te aji te pèmèt gen lòd nan sosyete a.

15 Sepandan, Juif ki te opoze ak Pòl yo pa t bay chanjman sa yo regle anyen pou yo. Pòl te di: “Se poutèt sa, Juif yo te met men sou mwen nan tanp lan e yo te eseye touye m. Men, kòm mwen jwenn èd nan men Bondye, mwen kontinye bay temwayaj jis jodi a devan ni piti ni gran.” — Tra. 26:21, 22.

16. Ki jan nou ka imite Pòl lè n ap pale ak jij yo e ak dirijan yo konsènan kwayans nou?

16 Nou menm tou, antanke vrè disip Kris, nou dwe “toujou pare pou nou defann” lafwa nou (1 Pyè 3:15). Lè n ap pale ak jij yo e ak dirijan yo konsènan kwayans nou, l ap bon pou nou suiv metòd Pòl te itilize lè l t ap pale ak Agripa ansanm ak Festis. Lè nou pale ak yo avèk respè e nou di yo jan verite ki nan Bib la chanje lavi moun, tankou lavi pa nou ak lavi moun ki byen reyaji devan mesaj n ap preche a, nou ka rive touche kè moun sa yo ki gen otorite.

“Ou sanlè konvenk mwen pou m vin yon kretyen” ​(Travay 26:24-32)

17. Ki jan Festis te reyaji lè Pòl t ap defann tèt li a, e ki jan kèk moun aji menm jan avè l jodi a?

17 Kokenn temwayaj sa a Pòl te bay la te gen gwo efè sou Agripa ak Festis. Yo pa t ka rete san yo pa di sa yo santi. Se sa k fè, men sa Bib la di ki te pase: “Twouve, pandan Pòl t ap di pawòl sa yo pou l defann tèt li, Festis di byen fò: ‘Ou vin fou, Pòl! Gwo konesans ou genyen an fè w vin fou!’” ​(Tra. 26:24). Menm jodi a, nou jwenn moun ki aji menm jan ak Festis. Gen anpil moun ki panse moun k ap anseye sa Bib la di toutbonvre yo se fanatik, moun ki fou pou relijyon yo. Souvan, moun ki gen sajès ki soti nan monn nan twouve li difisil pou yo aksepte sa Bib la anseye sou rezirèksyon mò yo.

18. Ki jan Pòl te reponn Festis, e apre sa, ki repons Agripa te bay?

18 Pòl te reponn gouvènè a, li te di l: “Mwen pa vin fou non, Sonnekselans Festis. Okontrè, pawòl m ap di yo se pawòl verite ak pawòl ki gen bonsans. An reyalite, mwen alèz pou m pale ak wa a sou bagay sa yo, paske li byen konn bagay sa yo. [...] Wa Agripa, èske w kwè nan sa pwofèt yo ekri yo? Mwen konnen ou kwè.” Agripa reponn Pòl: “Ou sanlè konvenk mwen pou m vin yon kretyen.” ​(Tra. 26:25-28). Pawòl Agripa yo, kit yo te sot nan kè l, kit yo pa t sot nan kè l, montre temwayaj Pòl la te gen yon gwo efè sou li.

19. Ki sa Festis ak Agripa rann yo kont konsènan Pòl?

19 Apre sa, Agripa ak Festis kanpe, yo montre yo fin tande ka a. Liv Travay la fè n konnen: “Pandan yo prale, yo kòmanse pale youn ak lòt, yo di: ‘Mesye sa a pa fè anyen ki merite lanmò oswa prizon.’ Epi, Agripa di Festis: ‘Nou ta ka lage misye si l pa t mande pou l al devan Seza.’” ​(Tra. 26:31, 32). Yo rann yo kont mesye sa a yo sot jije a inosan. Petèt, sa ka fè yo gen yon pi bon pwennvi sou kretyen yo e sa ka fè yo chanje fason yo boule ak yo.

20. Ki rezilta sa te bay lefètke Pòl te bay moun nan gouvènman women an temwayaj?

20 Sanble, pa gen youn nan dirijan sa yo, ki te gen anpil pouvwa, ki te aksepte bon nouvèl Wayòm nan. Èske se te yon bon bagay lefètke Pòl te prezante defans li devan mesye sa yo? Repons lan se wi. Lefètke yo te mennen Pòl “devan wa ak gouvènè” ki nan Jide yo, sa te pèmèt li bay temwayaj pami moun ki nan gouvènman women an, alòske kretyen yo te ka pa t rive pale ak moun sa yo (Lik 21:12, 13). Epitou, eksperyans Pòl te viv yo ak fidelite l te demontre devan eprèv li te jwenn yo te ankouraje frè ak sè yo. — Flp. 1:12-14.

21. Lè nou pèsevere nan travay predikasyon an, ki bon rezilta nou ka jwenn?

21 Se menm bagay la ki rive jodi a. Lè nou pèsevere nan travay predikasyon an, malgre eprèv ak opozisyon nou jwenn, nou ka jwenn anpil bon rezilta. Nou ka bay moun ki gen otorite yo temwayaj, alòske li te ka difisil pou nou jwenn yo pou n pale ak yo. Lè nou rete fidèl e nou andire anba eprèv, sa ka ankouraje frè ak sè nou yo, sa ka fè yo demontre plis kran toujou nan travay predikasyon an pou yo bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a.

a Gade kare ki gen tit “ Pòsiyis Festis, yon gouvènè Jide”.

b Gouvènè a te “chita nan tribinal la” sou yon chèz ki sou yon estrad. Yo te mete chèz la yon kote ki wo pou yo te ka montre depi jij la fin pran yon desizyon se fini. Lè Pilat t ap egzamine akizasyon yo te lage sou do Jezi yo, se yon kote konsa li te chita.

d Gade kare ki gen tit “ Wa Ewòd Agripa II”.

e Antanke kretyen, Pòl te aksepte Jezi kòm Mesi a. Juif yo, ki te rejte Jezi, te konsidere Pòl kòm yon aposta. — Tra. 21:21, 27, 28.

f Pòl di li te “midi” lè l te sou wout la. Men sa yon biblis fè konnen konsènan pwen sa a: “Jeneralman, akoz chalè solèy la, moun k ap vwayaje yo te konn repoze a midi, sof si yo te prese anpil. Donk, nou wè nan ki pwen Pòl te detèmine pou l pèsekite kretyen yo.”