Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 26

“Pa gen youn nan nou k ap peri”

“Pa gen youn nan nou k ap peri”

Bato fè nofraj ak Pòl, e Pòl demontre li gen anpil lafwa e li renmen moun

Travay 27:1–28:10

1, 2. Ki kalite vwayaj k ap tann Pòl, e ki enkyetid li dwe genyen?

 PÒL ap reflechi sou pawòl gouvènè Festis te di l yo, paske pawòl sa yo ap gen yon gwo efè sou lavi l. Festis te di l: “Piske w mande pou w al devan Seza, ou pral devan Seza.” Pòl sot pase dezan nan prizon, donk vwayaj byen long yo pral fè avè l pou yo mennen l Wòm nan ap pote yon ti chanjman pou li (Tra. 25:12). Men, Pòl byen sonje divès vwayaj nan bato li deja fè yo, se pa toujou bon ti van ak bèl peyizaj ki gen nan vwayaj sa yo, paske vwayaj yo pa toujou dous. Epitou, vwayaj sa a li pral fè pou l al devan Seza a dwe fè l ap poze tèt li anpil gwo kesyon.

2 Pandan plizyè fwa, Pòl te fè fas ak “danje nan lanmè”, bato te fè nofraj avè l twa fwa, e li te menm pase yon jou ak yon nuit nan mitan lanmè (2 Kor. 11:25, 26). Anplis de sa, vwayaj sa a pap menm ditou ak vwayaj li te fè kòm misyonè yo, lè l te gen tout libète l. Kounye a, Pòl ap vwayaje antanke prizonye e l ap vwayaje al byen lyen, sou yon distans 3 000 kilomèt anviwon, soti Sezare pou rive Wòm. Èske l ap rive fè vwayaj sa a san anyen mal pa rive l? Menmsi vwayaj la byen pase, èske se pa malè k ap tann li lè l rive Wòm? Pa bliye, se gouvènman ki pi pisan nan monn Satan an nan moman an ki pral jije l.

3. Ki sa Pòl te detèmine pou l fè, e ki sa nou pral wè nan chapit sa a?

3 Apre tout sa w fin aprann sou Pòl, èske w panse li dezespere e li dekouraje lè l reflechi sou sa k ap tann li yo? Non, li pa t ap kite yon bagay konsa rive l! Li konnen gen eprèv k ap tann li, men li pa konnen sou ki fòm y ap vini. Poukisa pou l ta tonbe bay tèt li pwoblèm pou yon seri bagay li pa menm gen kontwòl sou yo nan pwen pou l ta pèdi jwa li jwenn nan travay predikasyon an (Mat. 6:27, 34)? Pòl konnen Jewova vle pou l pwofite chak okazyon l jwenn pou l preche bon nouvèl Wayòm nan, e li te dwe fè sa menm devan moun nan gouvènman yo (Tra. 9:15). Pòl te detèmine pou l akonpli misyon yo te ba li a, kèlkeswa sa k ta rive. Èske se pa detèminasyon sa a nou genyen tou? Kidonk, annou wè ki leson nou ka aprann nan egzanp Pòl kite pou nou pandan vwayaj enpòtan sa a li t ap fè a.

‘Van yo t ap bat nou’ (Travay 27:1-7a)

4. Sou ki kalite bato Pòl te kòmanse vwayaj pou l al Wòm nan, e kiyès ki te akonpaye l?

4 Yo te bay yon ofisye women ki rele Jiliyis responsab Pòl ak kèk lòt prizonye. Jiliyis te chwazi monte yon bato ki pote machandiz ki te vin Sezare. Bato a te sot Adramityòm, yon waf ki nan pati lwès Azi Minè, anfas vil Mitilèn, yon vil ki sou zile Lesbos. Lè bato a kite Sezare, li dwe pran direksyon nò, apre sa, l ap met tèt nan direksyon lwès, toutpandan l ap fè eskal plizyè kote pou l ka debake machandiz e pou l ka pran lòt machandiz. Yon bato konsa pa t fèt pou pasaje vwayaje ladan l alèz, sitou prizonye. (Gade kare ki gen tit “ Vwayaj nan bato ki pot machandiz”.) Erezman Pòl pa t poukont li antanke kretyen nan mitan bann prizonye sa yo. Gen omwen de frè ki te akonpaye l, Aristak ak Lik. Dayè, se Lik ki te ekri istwa sa a. Nou pa konnen ki jan de frè fidèl sa yo te fè pou yo la nan vwayaj la, si se peye yo te peye antanke pasaje oswa si se mande yo te mande pou yo ale kòm moun k ap travay ak Pòl. — Tra. 27:1, 2.

5. Ak kiyès Pòl te pase yon bèl ti moman nan Sidon, e ki sa nou ka aprann nan sa?

5 Apre yo fin pase yon jou sou lanmè e yo gentan fè 110 kilomèt ap vwayaje nan direksyon nò, bato a te fè yon kanpe Sidon, ki sou kòt Siri. Sanble Jiliyis pa t boule ak Pòl tankou l te boule ak lòt prizonye yo, se kapab paske Pòl te yon sitwayen women ki pa t kondane pou yon move aksyon (Tra. 22:27, 28; 26:31, 32). Jiliyis te kite Pòl desann bato a pou l al wè frè ak sè ki nan zòn nan. Ala kontan frè ak sè sa yo dwe te kontan pran swen Pòl apre tout tan l te fè nan prizon an! Èske w ka reflechi pou w wè nan ki okazyon w ka akeyi frè ak sè w yo konsa epi demontre lanmou pou yo? Lè w fè sa, ou menm tou w ap jwenn ankourajman. — Tra. 27:3.

6-8. Ki jan vwayaj la te ye pou Pòl soti Sidon pou rive Nid, e ki okazyon Pòl dwe te pwofite pou l preche?

6 Apre sa, yo remonte nan bato a e yo kite Sidon. Yo kontinye vanse nan direksyon nò, yo pase bò Silisi, toupre Tas, vil kote Pòl te grandi a. Lik pa di si yo te fè lòt eskal ankò, men li pale de yon bagay ki te enkyete yo, li di ‘van yo t ap bat’ yo (Tra. 27:4, 5). Malgre sitiyasyon sa a, nou ka sèten Pòl te pwofite tout okazyon li jwenn pou l pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Siman, li te bay prizonye parèy li yo temwayaj ansanm ak lòt moun ki te sou bato a, sa vle di maren yo ak sòlda yo, epi siman l te preche moun li rankontre nan kèlkeswa waf kote bato a te fè eskal. Èske nou menm tou nou pwofite tout okazyon ki parèt devan nou pou nou preche bon nouvèl la?

7 Annapre, yo te rive nan pò Mi, ki nan pati sid Azi Minè. Se la Pòl ak lòt moun ki t apral Wòm yo te pran yon lòt bato ki pou mennen yo Wòm (Tra. 27:6). Nan epòk sa a, se Ejip ki te konn fè Wòm jwenn yon bon kantite nan ble li te bezwen. E batiman k ap pot ble ki sot Ejip yo te konn fè eskal nan pò Mi an. Jiliyis te jwenn youn nan batiman sa yo, epi li fè ni sòlda yo ni prizonye yo monte ladan l. Batiman sa a dwe te pi gwo lontan pase premye a. Nonsèlman li te pote anpil kagezon ble, men tou li te pote 276 moun, sètadi maren yo, sòlda yo, prizonye yo e petèt lòt moun ki t apral Wòm. Li klè, lè yo te monte lòt bato a, Pòl te vin gen plis moun pou l preche. Nou mèt gen asirans li te byen pwofite okazyon sa a.

8 Pwochen eskal yo se te Nid, ki nan sidwès Azi Minè. Lè pa gen move van, yon bato ka fè distans sa a nan yon jou anviwon. Epoutan, Lik fè n konnen se ‘apre yo fin pase plizyè jou ap navige tou dousman, yo rive Nid anba redi’. (Tra. 27:7a.) Tan an te vin makawon, sa te fè vwayaj la difisil. (Gade kare ki gen tit “ Van ki te konn bat bato yo nan Meditèrane a”.) Eseye imajine jan moun yo te santi yo nan bato a lè gwo van te kòmanse frape bato a e lanmè a te kòmanse move!

“Tanpèt la t ap sakaje nou ak anpil fòs” (Travay 27:7b-26)

9, 10. Ki pwoblèm moun ki nan bato a te jwenn nan zòn Krèt?

9 Lè yo fin kite Nid, kapitèn bato a te vle ale nan direksyon lwès, men Lik, ki te la, di: “Van an pa t pèmèt nou avanse.” (Tra. 27:7b). Pandan bato a ap vanse kite kontinan an, yon gwo van ki soti nan direksyon nòdwès te bwote bato a al nan direksyon sid, petèt ak anpil fòs. Menm jan zile Chip te bare van an pou yo anvan sa lè yo te nan premye bato a, se konsa zile Krèt te bare van an pou yo fwa sa a. Lè bato a fin pase nan zòn Salmone, ki te nan lès vil Krèt, bagay yo te yon ti jan amelyore. Sa k fè sa? Ebyen, bato a te vin ap pase nan pati sid zile a kote van yo pa t fò. Imajine ki soulajman moun ki nan bato a dwe te santi, menmsi se te pou yon ti tan! Men toutotan bato a te sou lanmè, moun yo te gen rezon pou yo enkyete paske yo te konnen sezon fredi a t ap pwoche.

10 Avèk presizyon, men sa Lik di: “Se anba redi nou pase sou kòt la, epi nou rive yon kote ki rele Bon Pò.” Byenke zile Krèt te bare van an pou bato a, li te difisil pou maren yo kontwole bato a. Men, finalman, yo te jwenn yon ti kote yo te ka jete lank, gen moun ki panse se nan yon zòn ki anvan kote kòt la fè yon koub ki bay sou direksyon nò. Konbyen tan yo te rete la? Lik di yo te pase “yon bon kantite tan”. Men, sa pa t nan avantaj yo, paske, nan mwa septanm ak nan mwa oktòb, vwayaje sou lanmè te pi danjere. — Tra. 27:8, 9.

11. Ki konsèy Pòl te bay moun ki nan bato a, epoutan ki desizyon yo te pran?

11 Petèt, gen kèk pasaje ki mande Pòl konsèy poutèt eksperyans li genyen nan vwayaje nan lanmè Meditèrane a. Pòl konseye moun ki nan bato a pou yo pa repran lanmè. Si yo repran lanmè ap “gen malè” e “ap gen gwo pèt”, ka menm gen moun ki mouri. Men kapitèn bato a ak mèt bato a te vle kontinye, petèt paske yo te panse fòk yo jwenn yon kote ki pi an sekirite pou yo kanpe bato a. Yo konvenk Jiliyis, e pifò moun ki nan bato a te panse yo ta dwe eseye rive Feniks, yon vil ki yon ti jan pi devan sou kòt la e ki gen yon waf. Genlè se te yon gwo waf e li te gen yon pi bon kote pou bato yo pase sezon fredi a. Kidonk, lè yon ti van ki sot nan sid te kòmanse soufle, yon ti van ki pa t sanble gen anpil fòs, bato a repran lanmè. — Tra. 27:10-13.

12. Lè bato a fin kite Krèt, ki pwoblèm li rankontre, e ki sa moun ki nan bato a te fè pou yo eseye evite dezas la?

12 Apre sa yo te vin gen plis pwoblèm toujou: gen “yon gwo van nòde” ki te vin frape zile a. Pandan yon ti tan, gen yon “ti zile ki rele Koda”, ki te nan yon distans 65 kilomèt parapò ak Bon Pò, ki te bare van an pou yo. Men kanmenm, bato a te an danje, van te ka bwote bato a al nan direksyon sid pou jis l al kraze nan ban sab ki toupre bodmè Afrik yo. Pou maren yo ka evite sa, yo kouri rale ti kannòt ki te pa dèyè bato a. Se pa ti redi yo te redi pou yo fè sa, paske genlè ti kannòt la te gentan plen dlo. Apre sa, yo goumen anpil pou yo sentre bato a, sa vle di pou yo pase kòd oswa chenn anba l pou planch yo pa dekole. Anplis de sa, yo desann vwal bato a, e yo goumen pou yo dirije bato a anba tanpèt la. Imajine jan yo dwe te pè nan bato a! Malgre yo te pran tout prekosyon sa yo, sa pa t sifi, paske tanpèt la te kontinye ap “sakaje [bato a] ak anpil fòs”. Sou twazyèm jou a, yo voye ekipman bato a jete, petèt pou anpeche bato a koule. — Tra. 27:14-19.

13. Ki jan sitiyasyon an te ye pou moun yo nan bato a pandan tanpèt la?

13 Siman pifò moun ki te nan bato a te pè anpil, men Pòl ak konpayon l yo te gen konfyans y ap chape anba sitiyasyon sa yo. Paske, Seyè a te bay Pòl asirans l ap gen pou l bay temwayaj Wòm (Tra. 19:21; 23:11). Pi devan, yon zanj te ba l asirans pawòl sa yo ap reyalize vre. Men, pandan de semèn, lajounen kou lannuit gwo tanpèt la pa t sispann. Akoz lapli ki t ap tonbe san rete ak gwo nyaj ki te bouche syèl la, yo pa t ka wè ni solèy ni zetwal, e kapitèn bato a pa t ka wè nan ki pozisyon bato a ye e nan ki direksyon pou l ale. Menm manje moun ki sou bato a pa t ka manje. Ki jan yon moun te ka panse manje nan yon sitiyasyon konsa kote li fè frèt, lapli ap tonbe, moun gen mal lanmè e tout moun pè?

14, 15. a) Lè Pòl t ap pale ak moun ki nan bato a, poukisa li te pale sou konsèy li te bay anvan an? b) Ki sa n ka aprann nan mesaj ankourajan Pòl te pataje ak moun yo?

14 Pòl kanpe. Li fè moun yo sonje konsèy li te ba yo anvan an, men se pa t pou l te di yo ‘èske m pa t pale nou?’ Olye de sa, li te fè yo wè evènman y ap viv kounye a montre yo te dwe koute sa l te di a. Epi l di yo: “Kounye a, m ap di nou pran kouraj, paske pa gen youn nan nou k ap peri, se sèl bato a k ap kraze.” (Tra. 27:21, 22). Siman pawòl sa yo te fè moun ki t ap koute l yo kontan! E Pòl tou dwe te kontan anpil dèske Jewova te ba l yon mesaj ankourajan pou l pataje ak lòt moun! Nou dwe toujou sonje Jewova gen sousi pou chak moun k ap viv sou tè a. Chak moun gen enpòtans nan je l. Men sa apot Pyè te ekri: “Jewova [...] pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” (2 Pyè 3:9). Kidonk, ala sa ijan pou nou fè efò pou nou fè plis moun posib konnen mesaj Jewova a, yon mesaj ki bay espwa! Pa bliye, lavi anpil moun an danje.

15 Sanble, Pòl te gentan bay anpil moun nan bato a temwayaj konsènan ‘espwa ki gen nan pwomès Bondye te fè’ a (Tra. 26:6; Kol. 1:5). Kounye a, piske te gen posiblite pou yo fè nofraj, Pòl te gen okazyon pou l fè yo gen espwa y ap chape nan nofraj la. Li te di yo: “Pandan nuit lan, gen yon zanj Bondye m ap adore a [...] ki vin kanpe toupre m, li di: ‘Pòl, ou pa bezwen pè. Ou gen pou w kanpe devan Seza. Epi gade! Poutèt ou menm, Bondye ap sove lavi tout moun k ap vwayaje avè w yo.’” Epi Pòl di yo: “Ebyen, mesye, pran kouraj. Paske, mwen gen konfyans nan Bondye. Sa ap fèt egzakteman jan zanj lan di m nan. Men, n ap gen pou n chwe sou yon zile.” — Tra. 27:23-26.

“Tout moun rive atè sennesòf” (Travay 27:27-44)

“Li di Bondye mèsi devan yo tout.” — Travay 27:35.

16, 17. a) Ki okazyon Pòl te pwofite pou l priye, e ki efè priyè l la te genyen sou moun ki t ap koute l yo? b) Ki jan sa Pòl te di a te reyalize?

16 Apre moun yo fin pase de semèn nan laperèz, kote van te bwote bato a ale sou yon distans 870 kilomèt anviwon, maren yo te santi y ap pwoche toupre yon tè, petèt yo te tande lanm lanmè a k ap frape yon kote. Yo jete plizyè lank pa dèyè bato a pou vag lanmè a pa t pote bato a ale e pou yo te ka dirije nen bato a nan direksyon rivaj la. Apre sa, maren yo te dèyè sove kite bato a, men sòlda yo anpeche yo fè sa. Paske Pòl te di ofisye a ak sòlda yo: “Si mesye sa yo pa ret nan bato a, nou pap ka chape.” E kòm bato a vin yon ti jan pi stab, Pòl ankouraje tout moun pou yo manje, li reba yo asirans y ap chape, epi li “di Bondye mèsi devan yo tout”. (Tra. 27:31, 35.) Pòl te bay Lik ak Aristak yon bèl egzanp e li kite yon bèl egzanp pou kretyen nan epòk pa nou an tou lè l te priye pou l di Bondye mèsi a. Èske priyè w fè an piblik yo ankouraje moun ki tande yo e èske yo ba yo fòs?

17 Apre Pòl fin priye, “tout [moun] vin kontan, e yo kòmanse manje”. (Tra. 27:36.) Apre sa, yo jete kagezon ble yo nan lanmè pou yo fè bato a vin pi lejè. Konsa, lè bato a t ap pwoche bò rivaj la, li pa t ap antre fon nan dlo a. Lè l fè jou, maren yo koupe kòd lank yo, yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay yo e yo monte ti vwal ki pa devan bato a pou van ka pouse bato a e pou yo ka fè manèv pou yo mennen bato a sou rivaj la. Annapre, nen bato a al antre nan yon ban sab, e dèyè bato a te kòmanse kraze pak an pak. Gen kèk sòlda ki te vle touye prizonye yo pou okenn nan yo pa sove, men Jiliyis pa t kite yo fè sa. Li bay tout moun yo lòd pou yo lage kò yo nan lanmè pou yo naje oswa pou yo monte sou moso planch pou yo rive sou rivaj la. Sa Pòl te di a reyalize: tout 276 moun yo chape. Wi, “tout moun rive atè sennesòf”. Men, ki kote yo te ye? — Tra. 27:44.

Yo “te boule trè byen avèk nou” (Travay 28:1-10)

18-20. Ki jan moun ki t ap viv sou zile Malt yo te montre “yo boule trè byen” ak moun ki te sou bato yo, e ki mirak Bondye te pèmèt Pòl fè?

18 Anfèt, se sou zile Malt, yon zile ki nan sid Sisil, moun ki te chape nan nofraj yo te ye. (Gade kare ki gen tit “ Ki kote zile Malt te ye?”) Moun ki t ap viv sou zile sa a “te boule trè byen avèk” yo (Tra. 28:2). Yo te limen yon dife pou moun ki te sou bato yo piske yo te mouye e yo t ap tranble akoz lapli ki t ap tonbe. Dife a te pèmèt yo chofe kò yo, men tou, li te pèmèt yon mirak fèt.

19 Pòl t ap bay yon koutmen nan travay ki t ap fèt la. Li ranmase kèk moso bwa, li mete yo nan dife a. Men, pandan l ap fè sa, gen yon vipè ki sot nan bwa yo ki mòde l, e l ret pandye nan men l. Lè moun sou zile a wè sa, yo panse se dye yo k ap pini Pòl pou yon bagay mal li te fè a.

20 Piske moun ki sou zile a wè vipè a mòde Pòl, yo panse kò Pòl pral pran “anfle”. Gen yon liv ki fè konnen mo grèk Lik te itilize nan vèsè sa a se yon “mo yo itilize nan domèn lamedsin”. Sa pa etone nou si yon mo konsa te vin nan lespri “Lik, doktè byenneme a”. (Tra. 28:6; Kol. 4:14.) Men, Pòl annik souke men l, bèt la tonbe e Pòl pa t gen anyen.

21. a) Bay kèk egzanp ki montre presizyon ki genyen nan istwa Lik rakonte a. b) Ki mirak Pòl te fè, e ki efè sa te genyen sou moun k ap viv Malt yo?

21 Gen yon mesye rich ki te posede tè toupre kote yo te ye a, li te rele Pibliyis. Petèt se li menm ki te ofisye women ki t ap dirije zile Malt la. Lik di misye se “Chèf zile a”, e vrèmanvre, selon enfòmasyon yo jwenn ki ekri sou wòch de kote diferan sou zile Malt, se konsa moun Malt yo te konn rele ofisye ki t ap dirije zile a. Pibliyis te byen resevwa Pòl ak moun ki te avè l yo, li te ba yo kote pou yo rete pandan twa jou. Sepandan, papa Pibliyis te malad. Yon lòt fwa ankò, Lik te dekri maladi papa Pibliyis te genyen an yon fason ki egzak. Li di misye “te kouche ak lafyèv ak kolerin”. Li byen di ki kalite maladi misye te genyen. Pòl al wè l, li priye, e li poze men l sou li, epi li geri l. Apre sa fin pase, moun nan zòn nan tèlman sezi pou mirak ki te fèt la, yo te kòmanse pote lòt moun ki malad pou Pòl geri yo, e yo te pote anpil kado pou Pòl ak konpayon l yo. — Tra. 28:7-10.

22. a) Ki lwanj yon pwofesè te fè pou istwa Lik te rakonte konsènan vwayaj Pòl te fè pou l al Wòm nan? b) Ki sa n pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

22 Pati sa a nou egzamine nan istwa Lik rakonte sou vwayaj Pòl la vrèman egzak. Gen yon pwofesè nan inivèsite ki di: “Istwa Lik rakonte a [...] se youn nan istwa yo rakonte nan Bib la ki bay plis detay e se li ki pi vivan. Detay li bay konsènan navigasyon nan premye syèk la tèlman presi e sa l di sou kondisyon ki te genyen nan pati lès Meditèrane a tèlman egzak”, sandout sa dwe montre li te pran nòt pandan tout vwayaj la. Lè Lik t ap vwayaje ak apot Pòl, li genlè te konn pran nòt sou sa ki t ap pase. Si se sa, siman li te jwenn lòt bagay pou l ekri konsènan dezyèm pati vwayaj pou y al Wòm nan. Ki sa k pral rive Pòl lè yo rive Wòm? Ann al gade pou n wè.

a Piske moun ki sou zile yo te konnen kalite sèpan sa yo, sa montre te gen vipè sou zile sa a nan epòk la. Jodi a, pa gen vipè sou zile Malt. Petèt se chanjman ki te vin fèt nan anviwònman an pandan syèk ki pase yo ki lakòz sa. Oubyen lè te kòmanse gen plis moun k ap viv sou zile a, vipè yo te vin disparèt.