CHAPIT 24
“Pran kouraj!”
Juif yo fè konplo pou yo touye Pòl, Pòl defann tèt li devan Feliks
1, 2. Ki sa k fè Pòl pa sezi pou pèsekisyon li rankontre nan vil Jerizalèm nan?
PÒL nan prizon ankò. Sòlda yo fèk fin sove l anba men yon foul moun ki an kòlè nan Jerizalèm. Men, apot Pòl, ki se yon pwoklamatè ki zele, pa sezi pou pèsekisyon li rankontre nan vil Jerizalèm nan. Lespri sen te gentan fè l konnen se “prizon ak tribilasyon” k ap tann li nan vil sa a (Tra. 20:22, 23). E byenke Pòl pa konn egzakteman ki sa k pral rive l, li konnen l ap gen pou l kontinye sibi yon seri eprèv pou non Kris. — Tra. 9:16.
2 Te menm gen kèk kretyen ki te pwofèt ki te fè Pòl konnen Juif yo pral mare l e y ap livre l “bay moun ki nan nasyon yo”. (Tra. 21:4, 10, 11.) Pa gen lontan depi yon foul moun te chèche touye Pòl, e tousuit apre, sanble manm Sanedren an te manke “depatcha” Pòl lè yo te tonbe diskite sou yon pawòl li te di. Kounye a, apot la se prizonye sòlda women yo e li pral fè fas ak plis eprèv toujou. Mete sou sa, Juif yo pral lage plis akizasyon sou do l (Tra. 21:31; 23:10). Anfèt, apot Pòl bezwen fòs ak ankourajman!
3. Ki kote nou jwenn ankourajman pou nou kontinye fè travay predikasyon an?
3 Nan tan lafen n ap viv la, nou konnen “tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou”. (2 Tim. 3:12.) Se sa k fè, nou menm tou, detanzantan, nou bezwen ankourajman pou n ka kontinye fè travay predikasyon an. Ala rekonesan nou rekonesan dèske, nan moman ki apwopriye, nou jwenn pawòl ki ankouraje nou e ki ban nou fòs nan piblikasyon ak reyinyon “esklav fidèl ki prevwayan an” prepare pou nou (Mat. 24:45)! Jewova ban nou asirans pa gen okenn ènmi bon nouvèl la k ap reyisi nan atak y ap fè kont nou yo. Yo pap ka detwi pèp li a, nitou yo pap ka kanpe travay predikasyon n ap fè a (Eza. 54:17; Jer. 1:19). Men, e Pòl li menm, èske l te jwenn ankourajman li te bezwen pou l kontinye bay yon temwayaj konplè malgre tout opozisyon l te jwenn? Si l te jwenn ankourajman, ki jan l te jwenn ankourajman sa a? Kiyès ki te ba li l, e ki jan l te reyaji lè l te jwenn li?
‘Konplo Juif yo’ pa reyisi (Travay 23:11-34)
4, 5. Ki ankourajman Pòl te jwenn, e sa k fè nou ka di li te jwenn ankourajman sa a nan bon moman?
4 Apot Pòl te resevwa pifò nan ankourajman l te bezwen an nan nuit ki te pase apre yo te fin sove l nan Sanedren an. Men sa Bib la di: “Seyè a vin kanpe bò kot Pòl, li di l: ‘Pran kouraj! Paske, menm jan w bay yon temwayaj konplè sou mwen nan Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou w bay temwayaj nan Wòm.’” (Tra. 23:11). Pawòl Jezi yo te ankouraje Pòl, yo te ba l asirans Jezi ap delivre l. Paske, pawòl sa yo fè l konnen l ap ret vivan pou li ale Wòm e l ap gen privilèj bay temwayaj sou Jezi lè l rive Wòm.
5 Jezi te ankouraje Pòl nan bon moman. Paske, nan demen, te gen plis pase 40 gason juif ki “monte yon konplo, e yo sèmante sou tèt yo, yo di yo pa gendwa ni manje ni bwè, toutotan yo pa touye Pòl”. Lefètke Juif sa yo te “sèmante sou tèt yo”pandan yo t ap monte konplo a, sa montre jan yo te detèmine pou yo touye apot la. Yo te menm kwè si yo pa reyisi konplo a, yon malediksyon ap tonbe sou yo (Tra. 23:12-15). Prèt an chèf yo ak ansyen pami pèp juif la te dakò ak konplo mesye yo. Sa mesye yo te vle se fè Pòl tounen devan Sanedren an swadizan pou yo kontinye poze l kesyon pou yo egzamine ka l la pi byen. Men, pandan Pòl sou wout pou l tounen devan Sanedren an, yo t ap tann yon anbiskad pou li pou yo touye l.
6. Ki jan yo te fè dekouvri konplo yo t ap fè sou do Pòl la, e ki jan jèn yo ka suiv egzanp neve Pòl la jodi a?
6 Sepandan, gen yon neve Pòl ki tande konplo y ap mare a e li kouri al di Pòl sa. Lè l fin aprann Pòl sa, Pòl fè mennen l kot Klod Lizyas, kòmandan women an, pou l di l sa (Tra. 23:16-22). Nou pa konn non jenòm nan, men siman, Jewova renmen jèn ki aji menm jan avè l, jèn ki pa wè tèt yo anvan, men ki mete kouraj sou yo pou yo fè byen pou pèp Bondye a e ki montre yo fidèl lè yo fè tout sa yo kapab pou yo fè travay Wayòm nan avanse.
7, 8. Ki dispozisyon Klod Lizyas te pran pou l ka pwoteje Pòl?
7 Lè Klod Lizyas, ki t ap kòmande yon lame ki gen 1 000 sòlda, tande zafè konplo a, menm kote a, li bay lòd pou 470 sòlda ki gen ladan l plizyè kavalye ak moun ki konn tire lans akonpaye Pòl nan menm nuit lan soti Jerizalèm pou rive Sezare sennesòf. Lè yo rive Sezare, yo dwe mennen l devan gouvènè Feliks a. Byenke Sezare, vil kote gouvènman women an t ap dirije zòn Jide a, te gen yon bon kantite Juif ki t ap viv ladan l, se plis moun lòt nasyon ki t ap viv la. Te gen bonjan lòd nan vil sa a, kontrèman ak Jerizalèm, kote anpil moun montre yo rayi lòt relijyon e yo t ap fè yon seri soulèvman. Epitou, Sezare se te katye jeneral lame women ki te nan Jide a.
8 Ann amoni ak lwa women an, Lizyas voye yon lèt bay Feliks pou l esplike l ka a. Lizyas di Juif yo t apral touye Pòl, men, kou l aprann Pòl se yon sitwayen women, li kouri pote l sekou. Lizyas di li pa wè Pòl fè anyen “ki pou ta fè yo touye l, ni pou yo ta mete l nan prizon”. Men, kòm li te vin aprann gen yon konplo ki mare sou do Pòl, li voye l bay Feliks pou Feliks ka tande moun ki t ap akize Pòl yo e pou l ka pran yon desizyon sou ka a. — Tra. 23:25-30.
9. a) Ki jan yo te montre yo pa respekte dwa Pòl antanke sitwayen women? b) Nan ki sitiyasyon nou ka deside sèvi ak dwa nou genyen antanke sitwayen yon peyi?
9 Èske Lizyas te di laverite nan lèt la? Se pa tout sa l te di yo ki te verite. Sanble li t ap chèche pase pou yon bon moun devan gouvènè a. Toudabò, li pa t pote Pòl sekou poutèt li te aprann apot la se sitwayen women. Anplis, Lizyas pa di Feliks si l te fè “mare [Pòl] ak de chenn”, ni li pa t di li te bay lòd pou yo “bat li pou fè l pale”. (Tra. 21:30-34; 22:24-29.) Lizyas pa t respekte dwa Pòl te genyen antanke sitwayen women. Jodi a, Satan sèvi ak fanatik nan domèn relijyon, ki opoze ak nou, pou l vide gaz nan dife pèsekisyon an, e moun sa yo ka chèche pase dwa nou anba pye. Men, menm jan ak Pòl, byen souvan, pèp Bondye a ka byen sèvi ak dwa yo genyen antanke sitwayen yon peyi e yo ka chèche pwoteksyon lalwa bay.
“Mwen dispoze pale pou m defann tèt mwen” (Travay 23:35–24:21)
10. Ki gwo akizasyon yo te lage sou do Pòl?
10 Nan Sezare, yo te “met Pòl sou siveyans nan palè Ewòd la”, annatandan moun Jerizalèm ki akize Pòl yo rive Sezare (Tra. 23:35). Se apre senk jou moun sa yo te rive Sezare. Moun ki te vini yo se Anànyas, gran prèt la, Tètilis, yon avoka, ansanm ak yon seri ansyen pami pèp juif la. Pou kòmanse, Tètilis te fè lwanj pou Feliks pou sa l fè pou Juif yo. Siman se flate l t ap flate Feliks pou l ka jwenn favè l b. Apre sa, li pale konsènan ka ki mennen yo devan Feliks la. Men sa Tètilis di sou Pòl: “Se yon moun k ap bay pwoblèm. L ap pouse tout Juif ki abite toupatou sou tè a fè soulèvman e li se youn nan moun ki alatèt sèk moun Nazarèt yo. Epitou, li pa t demontre respè pou tanp lan, se sa k fè nou te met men sou li.” Lè Tètilis fin di sa, lòt Juif yo “fè kò avè l, yo di sa l di yo se vre”. (Tra. 24:5, 6, 9.) Misye di Pòl se yon moun k ap pouse moun fè soulèvman, li se chèf yon sèk ki danjere e li t ap eseye pwofane tanp lan. Se te twa gwo akizasyon ki te ka fè yo bay lòd pou yo touye Pòl.
11, 12. Ki jan Pòl te demanti akizasyon yo te lage sou do l yo?
11 Apre sa, yo bay Pòl pale. Pou l kòmanse, li di: “Mwen dispoze pale pou m defann tèt mwen.” Epi, yon fason klè, li demanti akizasyon yo lage sou li yo. Apot la pa t pwofane tanp lan, ni li pa t ap eseye fè pèsonn fè soulèvman. Li te fè konnen tou, sa fè kèk “ane” depi l pa t al Jerizalèm, e li te vini ak yon “don” pou moun nan nasyon l yo, sa vle di yon ofrann pou kretyen ki te vin pòv akoz gwo grangou ki te genyen an e akoz pèsekisyon. Pòl te fè moun yo konnen byen klè li te “pirifye” tèt li anvan l antre nan tanp lan e li te lite pou “konsyans li ret klè ni devan Bondye ni devan lèzòm”. — Tra. 24:10-13, 16-18.
12 Sepandan, Pòl te admèt se dapre chemen “yo di se yon ‘sèk’ li ye a”, li te bay Bondye zansèt li yo yon sèvis sakre. Li te di li kwè nan “tout sa ki nan Lalwa e nan tout sa pwofèt yo te ekri yo”. E li te di li gen espwa pral gen “yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis”, menm jan moun ki akize l yo te kwè sa tou. Apre sa, Pòl te mande pou moun ki akize l yo bay prèv pou sa yo di yo. Li te di: “Mesye ki la a yo, se pou yo di ki bagay mal yo te wè m fè lè yo te jije m devan Sanedren an. Amwenske se pou pawòl mwen te di byen fò lè m te kanpe nan mitan yo a y ap akize m. Mwen te di: ‘Se paske mwen kwè nan rezirèksyon mò yo ki fè y ap jije m devan nou jodi a!’” — Tra. 24:14, 15, 20, 21.
13-15. Poukisa nou ka konsidere Pòl kòm yon bon egzanp nan sa ki konsène bay temwayaj avèk kran devan otorite yo?
13 Pòl kite yon bèl egzanp pou nou pou n suiv si yo ta mennen nou devan otorite yo akoz adorasyon n ap bay Bondye a e si yo ta akize n kòmkwa nou se moun k ap chofe moun pou yo fè dezòd nan sosyete a, moun k ap ankouraje moun fè soulèvman, oswa si yo ta di nou fè pati yon “sèk ki danjere”. Pòl pa t chèche flate Feliks pou l te ka jwenn favè l menm jan ak Tètilis. Pòl te pale byen kalm e li te montre respè pou Feliks. Li te byen chwazi pawòl li t ap di yo e li te prezante yon seri prèv klè pou l defann tèt li, san l pa t bay manti. Pòl te di “Juif ki te sot nan tèritwa Azi” yo e ki te akize l kòmkwa li pwofane tanp lan pa menm la nan jijman an, e li konnen, selon lalwa, yo ta dwe la pou yo akize l. — Tra. 24:18, 19.
14 Sa k pi enpòtan an, sèke Pòl pa t ezite pale de kwayans li. Avèk kran, li te fè konnen kwayans li nan rezirèksyon an yon lòt fwa ankò, sijè ki te lage gwo konfizyon nan Sanedren an (Tra. 23:6-10). Donk, lè Pòl t ap defann tèt li a, li te mete aksan sou esperans rezirèksyon an. Poukisa l te fè sa? Pòl t ap bay temwayaj sou Jezi e li t ap fè konnen Jezi leve sot nan lanmò, yon bagay moun ki te opoze avè l yo pa t vle aksepte (Tra. 26:6-8, 22, 23). Vrèmanvre, tout pale anpil yo t ap fè yo se akoz kesyon rezirèksyon an, sitou kesyon pou yon moun kwè nan Jezi e pou l kwè li resisite.
15 Menm jan ak Pòl, nou ka bay temwayaj avèk kran e nou ka jwenn fòs nan pawòl Jezi te di disip li yo. Men sa l te di yo: “Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen. Men, moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.” Èske n ta dwe bay tèt nou pwoblèm pou sa nou dwe di? Non. Paske, men ki asirans Jezi te bay: “Lè y ap mennen nou pou y al livre nou nan tribinal, pinga nou bay tèt nou pwoblèm pou sa nou pral di. Men, sa lespri sen di nou pou nou di nan moman an, se sa pou nou di. Paske, se pa nou menm k ap pale, men se lespri sen.” — Mak 13:9-13.
“Feliks vin pè” (Travay 24:22-27)
16, 17. a) Ki sa Feliks te fè e ki sa l te di pandan jijman Pòl la? b) Ki sa petèt ki te fè Feliks vin pè, men pou ki rezon l te voye chèche Pòl plizyè fwa apre sa?
16 Se pa premye fwa gouvènè Feliks te tande pale de kwayans kretyen yo. Men sa Bib la di: “Feliks, ki te byen konnen yon seri bagay sou Chemen an [yo te itilize mo sa a pou yo pale de premye kretyen yo], voye mesye yo ale, li di: ‘Lè kòmandan Lizyas desann, m ap pran yon desizyon sou ka nou an.’ Epi, li pase ofisye a lòd pou l kenbe Pòl nan prizon, men pou li ba l kèk libète, e pou l pa anpeche okenn moun pa l rann li sèvis.” — Tra. 24:22, 23.
17 Kèk jou apre, Feliks, ansanm ak madanm li, Drizil, ki te Juif, voye chèche Pòl “e li koute l k ap pale sou kwayans li gen nan Kris Jezi”. (Tra. 24:24.) Men, lè Pòl kòmanse pale “sou sa ki dwat, sou metriz, sou jijman ki gen pou vini an, Feliks vin pè”, petèt se paske bagay sa yo te twouble konsyans li piske li te konn fè yon pakèt move bagay. Se sa k fè, li voye Pòl ale. Li di l: “Pou kounye a, ou mèt ale. Lè m jwenn yon ti tan, m a voye chèche w ankò.” Feliks te voye chèche Pòl plizyè fwa apre sa vre, se pa paske l te vle konnen plis sou laverite, men pito paske l te espere Pòl t ap ba l yon ti kòb pa anba. — Tra. 24:25, 26.
18. Poukisa Pòl te pale ak Feliks ansanm ak madanm li “sou sa ki dwat, sou metriz, [e] sou jijman ki gen pou vini an”?
18 Poukisa Pòl te pale ak Feliks ansanm ak madanm li “sou sa ki dwat, sou metriz, [e] sou jijman ki gen pou vini an”? Sonje, yo te vle konnen ki sa pou yon moun fè pou l montre li gen “lafwa nan Kris Jezi”. Pòl te konnen jan yo se moun ki imoral, ki mechan e k ap fè sa ki mal, donk, li te montre yo aklè sa sa mande pou yon moun vin disip Kris. Sa Pòl te di a montre fason Feliks ak madanm li t ap viv la te depaman ak prensip Bondye yo ki jis. Sandout, sa te ede yo wè tout moun gen pou yo rann Bondye kont pou sa yo panse, sa yo di ak sa yo fè. Anplis, jijman Feliks ap fè pou Pòl la pa anyen devan jijman Bondye t apral fè pou Feliks ak madanm li an. Donk, nou ka konprann sa k fè Feliks te “vin pè” a.
19, 20. a) Lè nou nan travay predikasyon an, ki jan n ta dwe boule ak moun ki montre yo enterese nan laverite, men an reyalite, ki pa dispoze fè chanjman nan lavi yo? b) Ki jan nou fè konnen Feliks pa t yon zanmi pou Pòl?
19 Lè nou nan travay predikasyon an, nou ka rankontre moun ki menm jan ak Feliks. Okòmansman, yo ka sanble moun ki enterese nan laverite, men an reyalite, yo pa dispoze fè chanjman nan lavi yo vre. Se poutèt sa nou dwe montre nou pridan lè n ap ede moun konsa. Men, menm jan ak Pòl, avèk ladrès, nou ka fè yo konnen ki sa yo dwe fè pou yo fè Bondye plezi. Ou pa janm konnen, petèt laverite kapab touche kè yo! Sepandan, si nou wè aklè yo pa gen entansyon kite move konduit yo genyen, n ap kite yo e nou pral chèche moun ki bezwen laverite toutbonvre.
20 Nou ka wè sa k te nan kè Feliks lè nou li pawòl ki vin apre yo: “Dezan pase, e Feliks kite Pòl nan prizon, paske li te vle jwenn favè Juif yo. Apre sa, Pòsiyis Festis monte nan plas Feliks.” (Tra. 24:27). Li klè, Feliks pa t yon zanmi pou Pòl. Feliks te byen konnen moun k ap suiv “Chemen an” se pa moun k ap fè ni soulèvman ni revolisyon (Tra. 19:23). Li te konnen tou Pòl pa t vyole okenn lwa nan lwa women yo. Epoutan, li kite apot la nan prizon pou l ka “jwenn favè Juif yo”.
21. Ki sa k te rive Pòl lè Pòsiyis Festis te vin gouvènè, e sandout, ki sa k te kontinye bay Pòl fòs?
21 Jan nou wè sa nan dènye vèsè ki nan chapit 24 liv Travay la, Pòl te toujou nan prizon lè Pòsiyis Festis te vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Pòl te parèt devan plizyè moun ki gen otorite nan gouvènman women an pou l defann tèt li. Vrèmanvre, apot la te montre li gen anpil kouraj lè yo te “trennen [l] devan wa ak gouvènè” yo (Lik 21:12). Jan nou pral wè sa nan chapit ki vin apre yo, l ap gen pou l bay temwayaj devan dirijan ki te gen plis pouvwa sou tè a nan epòk li a. Pandan tout eprèv sa yo, lafwa Pòl pa t janm febli. Nou sonje Jezi te di Pòl: “Pran kouraj!” Pa gen dout, pawòl sa yo te toujou ba l fòs.
a Gade kare ki gen tit “ Feliks, yon gouvènè Jide”.
b Tètilis remèsye Feliks, li di l se grasa li nasyon an gen “lapè konsa”. Men an reyalite, soti nan gouvènman ki te pase anvan Feliks yo rive jis nan moman moun yo te revòlte kont Wòm nan, se nan epòk Feliks t ap gouvène a ki te gen mwens lapè nan Jide. Anplis, li te bay yon manti kri tou lè l te di Juif yo gen “anpil rekonesans” pou refòm Feliks te fè yo. Paske pifò Juif pa t vle wè Feliks poutèt li te lage yo nan plis mizè e poutèt vyolans li te fè sou Juif yo pou l kraze soulèvman yo t ap fè kont Wòm yo. — Tra. 24:2, 3.