Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 28

“Rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”

“Rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”

Temwen Jewova yo kontinye fè travay disip Jezi Kris yo te kòmanse fè nan premye syèk epòk nou an

1. Ki resanblans ki genyen ant premye kretyen yo ak Temwen Jewova yo jodi a?

 YO TE bay temwayaj avèk zèl. Kè yo te pouse yo aksepte èd ak direksyon lespri sen ba yo. Pèsekisyon pa t fè yo fèmen bouch yo e Jewova pa t manke pa beni yo. Se konsa sa te ye pou premye kretyen yo, e se konsa sa ye pou Temwen Jewova yo jodi a.

2, 3. Ki sa sitou ki enteresan konsènan liv Travay la?

2 Siman ou te jwenn anpil ankourajman lè w t ap li istwa ki nan liv Travay apot yo ki chaje ak evènman, yon seri istwa ki fòtifye lafwa nou! Liv sa a san parèy, paske se sèl istwa Bondye te fè ekri konsènan travay kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te fè apre Jezi te monte nan syèl la.

3 Nan liv Travay la, yo site non 95 moun, ki sot nan 32 peyi, 54 vil ak 9 zile. Li fè yon bon rale konsènan tout kalite moun: moun ki pa nan gwo pozisyon, moun ki nan fo relijyon ki pran tèt yo pou yon pakèt afè, politisyen ki kite ògèy plen tèt yo ak moun ki pa t sispann pèsekite kretyen yo. Sepandan, li plis konsantre sou istwa frè ak sè nou ki t ap viv nan premye syèk la. Nonsèlman yo te fè fas ak difikilte ki gen nan lavi a, men tou yo te zele anpil pou yo preche bon nouvèl la.

4. Sa k fè nou ka di nou gen yon bagay ki makònen nou ak yon seri moun tankou Pòl, Tabita ak lòt kretyen fidèl nan premye syèk la?

4 Sa gen prèske 2 000 an depi kretyen premye syèk yo t ap fè travay predikasyon an sou tè a, yon seri kretyen tankou apot Pyè ak apot Pòl, de apot ki te zele, Lik, doktè byenneme a, ak Banabas, yon moun ki te donan. San n pa bliye Etyèn, yon nonm ki te gen anpil kouraj, Tabita, ki te yon bon moun, Lidi, ki te renmen akeyi moun, ak anpil lòt frè ak sè ankò ki te fidèl. Menmsi sa gen anpil tan depi yo te sou tè a, nou gen yon bagay ki makònen nou avèk yo. Poukisa n di sa? Ebyen paske nou gen menm misyon avèk yo: fè disip (Mat. 28:19, 20). E se yon gwo onè pou nou fè travay sa a!

“... rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” — Travay 1:8.

5. Ki kote premye disip Kris yo te kòmanse preche?

5 Fè yon ti reflechi sou misyon Jezi te bay disip li yo. Li te di yo: “Men, nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Toudabò, lespri sen te bay disip yo pisans pou yo bay temwayaj “nan Jerizalèm”. (Tra. 1:1–8:3.) Apre sa, anba direksyon lespri sen, yo te bay temwayaj “nan tout Jide ak nan Samari”. (Tra. 8:4–13:3.) E annapre, yo te kòmanse simaye bon nouvèl la “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. — Tra. 13:4–28:31.

6, 7. Ki avantaj nou genyen nan travay predikasyon an parapò ak frè ak sè nou ki t ap viv nan premye syèk la?

6 Frè ak sè w yo nan premye syèk la pa t gen Bib la okonplè pou yo te itilize nan travay predikasyon yo t ap fè a. Se jis nan zòn ane 41 epòk nou an Evanjil Matye a te vin disponib. Pòl te gentan ekri kèk nan lèt li yo anvan Lik te fin ekri liv Travay la ozanviwon ane 61 epòk nou an. Kidonk, kretyen yo nan premye syèk la pa t gen Ekriti Sakre yo okonplè nan men yo, ni yo pa t gen yon pakèt piblikasyon pou yo kite nan men moun yo preche yo. Kretyen ki te Juif yo te konn tande y ap li Liv ki te ekri ann ebre yo nan sinagòg yo anvan yo te vin disip Kris (2 Kor. 3:14-16). Poutan menm yo menm, yo te dwe etidye Labib anpil, piske petèt se pakè yo te dwe sonje vèsè yo.

7 Jodi a, pifò nan nou gen bib pa nou e nou chaje ak piblikasyon ki baze sou Bib la. N ap anonse bon nouvèl la nan anpil lang e n ap fè disip nan 240 peyi.

Lespri sen ede yo e l gide yo

8, 9. a) Ki sa lespri sen te pèmèt disip Jezi yo fè? b) Ki sa lespri sen ede esklav fidèl ki prevwayan an pwodui?

8 Lè Jezi te bay disip li yo misyon pou yo bay temwayaj la, li te di yo: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou.” Anba direksyon lespri sen Bondye, oswa fòs aktif Bondye, rive yon lè, disip Jezi yo t ap gen pou yo bay temwayaj sou tout tè a. Grasa lespri sen, Pyè ak Pòl te geri moun ki malad, yo te chase demon, yo te menm leve moun ki mouri! Men, pisans lespri sen te ba yo a te gen yon lòt objektif ki pi enpòtan. Lespri sen te pèmèt apot yo ak lòt disip yo ede lòt moun jwenn konesans egzak la pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 17:3.

9 Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, disip Jezi yo te “pale divès lang, jan lespri a te pèmèt yo fè sa”, pou yo te ka bay temwayaj konsènan “bagay estrawòdinè Bondye fè” yo (Tra. 2:1-4, 11). Jodi a, Bondye pa fè mirak pou l fè nou pale divès lang. Men, grasa èd lespri sen Bondye, esklav fidèl ki prevwayan an pwodui piblikasyon ki baze sou Bib la nan anpil lang. Pa egzanp, yo fè plizyè milyon Toudegad ak Reveye n! chak mwa, ak sit Entènèt nou an, jw.org, ki ofri piblikasyon ki baze sou Bib la ak videyo nan plis pase 1,000 lang Tout bagay sa yo pèmèt nou fè moun nan tout nasyon, tribi ak lang konnen “bagay estrawòdinè Bondye fè” yo. — Rev. 7:9.

10. Depi 1989, ki travay ki rive fèt konsènan tradiksyon Labib?

10 Depi 1989, esklav fidèl la konsantre l sou Bib Tradiksyon monn nouvo a paske li vle l disponib nan anpil lang. Yo gentan tradui l nan plis pase 200 lang, yo gentan enprime plizyè milyon bib sa a, e sa pap kanpe la! Pa gen dout nan sa, se sèlman Bondye ak lespri sen l ki ka pèmèt tout travay sa yo rive fèt.

11. Ki travay Temwen Jewova yo fè nan domèn tradiksyon?

11 Gen plizyè milye frè ak sè ki volontè k ap fè travay tradiksyon sa a nan plis pase 150 peyi. Tout bagay sa yo pa ta dwe fè nou sezi, paske pa gen okenn lòt òganizasyon sou tè a ki gen lespri sen k ap gide l pou l ‘bay yon temwayaj konplè’ sou tout tè a konsènan Jewova Dye, konsènan Kris, Wa li chwazi a, e konsènan Wayòm li an ki tabli nan syèl la. — Tra. 28:23.

12. Ki sa k te fè Pòl ak lòt kretyen yo rive fè travay predikasyon an?

12 Lè Pòl te bay Juif ak moun lòt nasyon yo temwayaj nan Antyòch ki te nan Pizidi a, “moun ki te nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an te vin kwè”. (Tra. 13:48.) Lè Lik t ap fin rakonte istwa ki nan liv Travay la, li te di Pòl “te preche yo Wayòm Bondye a [...]. Li te alèz anpil pou l pale, li te fè sa san pwoblèm”. (Tra. 28:31.) Ki kote Pòl t ap preche konsa a? Bon, li t ap preche Wòm, kapital pisans mondyal nan epòk la! Kit se te pa mwayen diskou oswa lòt mwayen ankò, premye disip Kris yo te fè travay predikasyon yo a grasa èd lespri sen e grasa direksyon l.

Yo pèsevere nan travay la malgre pèsekisyon

13. Sa k fè nou dwe priye lè nou jwenn pèsekisyon?

13 Lè disip Jezi yo te jwenn pèsekisyon, yo te priye Jewova pou l ba yo kran. Ki sa k te pase? Yo te ranpli ak lespri sen e yo te jwenn pisans pou yo pale pawòl Bondye a avèk kran (Tra. 4:18-31). Nou menm tou nou priye Jewova pou l ban nou sajès ak fòs pou nou kontinye preche malgre pèsekisyon (Jak 1:2-8). Piske nou gen benediksyon Jewova e nou gen lespri sen k ap ede nou, nou kontinye preche Wayòm nan. Pa gen anyen ki ka kanpe travay bay temwayaj la, kit se gwo opozisyon, kit se pèsekisyon ki makawon. Lè yo pèsekite nou, nou bezwen priye Jewova pou nou mande l lespri sen l e pou nou mande l sajès ak kouraj pou nou preche bon nouvèl la. — Lik 11:13.

14, 15. a) Ki sa k te pase “akoz tribilasyon ki te genyen apre lanmò Etyèn nan”? b) Nan epòk nou an, ki jan anpil moun nan Siberi te rive konnen laverite?

14 Etyèn te bay temwayaj avèk kran anvan opozan yo touye l (Tra. 6:5; 7:54-60). Lè “yon gwo pèsekisyon” te leve nan epòk sa a, tout disip yo, eksepte apot yo, te gaye nan Jide ak nan Samari. Men, travay predikasyon an pa t kanpe pou sa. Filip te ale nan vil Samari, li te “preche moun yo konsènan Kris la” e li te jwenn anpil bon rezilta (Tra. 8:1-8, 14, 15, 25). Anplis de sa, liv Travay la fè n konnen: “Moun ki te gaye akoz tribilasyon ki te genyen apre lanmò Etyèn nan te travèse tout peyi a rive jis Fenisi, Chip ak Antyòch, men se sèlman Juif yo yo te preche pawòl la. Sepandan, pami yo, te gen kèk mesye ki moun Chip ak kèk lòt ki moun Sirèn ki te vin Antyòch e ki te kòmanse pale ak moun ki pale grèk yo, yo t ap anonse yo bon nouvèl sou Seyè Jezi.” (Tra. 11:19, 20). Lè sa a, pèsekisyon an te pèmèt mesaj Wayòm nan gaye anpil kote.

15 Nan epòk nou an, gen yon bagay konsa ki te rive nan ansyen Inyon Sovyetik la. Nan ane 1950 yo, yo te egzile plizyè milye Temwen Jewova, yo te voye yo Siberi. Piske yo te voye yo nan plizyè zòn nan Siberi, sa te pèmèt bon nouvèl la gaye san rete nan gwo tèritwa sa a. Li te ka pa janm posib pou tout Temwen sa yo jwenn kòb pou yo fè yon gwo vwayaj konsa, sou yon distans 10 000 kilomèt anviwon, pou y al preche bon nouvèl la. Sepandan, grasa gouvènman an yo te ale toupatou nan peyi a. Gen yon frè ki te di: “Finalman, se otorite yo menm ki te pèmèt plizyè milye moun nan Siberi ki gen kè sensè konnen laverite.”

Yo jwenn anpil benediksyon nan men Jewova

16, 17. Ki prèv nou jwenn nan liv Travay la ki montre Jewova te beni travay predikasyon an?

16 Pa gen dout nan sa, Jewova te beni kretyen yo nan premye syèk la. Pòl ak lòt kretyen yo te plante e yo te wouze, “men se Bondye ki [te] fè sa k plante a grandi”. (1 Kor. 3:5, 6.) Divès rapò nou jwenn nan liv Travay la montre nou lefètke Jewova te beni travay predikasyon an, te gen gwo akwasman. Pa egzanp, liv Travay la fè n konnen: “Pawòl Bondye a te kontinye ap gaye, kantite disip yo te kontinye ap ogmante anpil nan Jerizalèm.” (Tra. 6:7). Pandan travay predikasyon an te kontinye ap gaye toupatou, “kongregasyon an te vin gen lapè toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari, e li te vin pran fòs. E kòm kongregasyon an t ap mache nan lakrentif pou Jewova e li te jwenn konsolasyon grasa lespri sen, li te kontinye ap grandi”. — Tra. 9:31.

17 Nan Antyòch ki te nan Siri a, yon seri temwen ki gen anpil kouraj te ede ni Juif ni Grèk konnen laverite. Apre sa, liv Travay la fè n konnen: “Men Jewova te avèk [temwen sa] yo, e te gen yon bonkou moun ki te vin kwè nan Seyè a.” (Tra. 11:21). Men sa nou li nan liv Travay la konsènan lòt pwogrè ki te fèt: “Pawòl Jewova a te kontinye ap gaye plis toujou.” (Tra. 12:24). E grasa kokenn temwayaj Pòl ak lòt moun ankò te bay pami moun lòt nasyon yo, “pawòl Jewova a te kontinye gaye avèk pisans, e se li ki te gen plis fòs”. — Tra. 19:20.

18, 19. a) Ki jan nou fè konnen “men Jewova” avèk nou? b) Bay yon egzanp ki montre Jewova soutni pèp li a.

18 Jodi a tou, pa gen dout nan sa, “men Jewova” avèk nou. Se sa k fè gen tout moun sa yo k ap vin sèvi Jewova e k ap batize pou yo montre yo vwe lavi yo bay Jewova. Anplis de sa, se sèlman grasa èd Bondye e grasa benediksyon l nou rive kenbe fèm malgre opozisyon, menmsi se opozisyon ki rèd anpil oswa gwo pèsekisyon, e se sa ki fè n kontinye nan travay predikasyon an, menm jan Pòl ak lòt kretyen nan premye syèk la te fè sa (Tra. 14:19-21). Jewova Dye ap toujou ede nou. Li pap janm sispann soutni nou avèk “bra l ki la pou toutan” yo nan kèlkeswa eprèv nou ta ye (Det. 33:27). Epitou, nou dwe toujou sonje Jewova pap janm abandone pèp li a poutèt non li ki gran. — 1 Sam. 12:22; Sòm 94:14.

19 Men yon egzanp ki montre sa: Pandan Dezyèm Gè mondyal la, akoz frè Harald Abt te kontinye bay temwayaj sou Wayòm Bondye a, sòlda nazi yo te voye l nan kan konsantrasyon ki te nan Sachsenhausen nan. Nan mwa me 1942, Gestapo a (polis sekrè alman an) te ale lakay madanm li ki rele Elsa, yo te arete l, epi yo te pran yon tipitit fi yo te genyen. Yo te voye Elsa nan plizyè kan konsantrasyon. Men sa sè Abt di: “Ane m te pase nan kan konsantrasyon ann Almay yo aprann mwen yon leson enpòtan. Yo aprann mwen jan lespri sen Jewova ka ban nou fòs lè nou anba gwo eprèv! Anvan yo te arete m, mwen te li lèt yon sè te ekri kote l te di lè yon moun anba gwo eprèv, lespri Jewova ede l rete kalm. Mwen te panse petèt li te yon jan egzajere. Men, lè mwen menm mwen te pase anba eprèv, mwen te rann mwen kont sa l te di a se laverite. Se vrèman konsa sa te pase. Li difisil pou w imajine sa si w pa viv li. Men vrèmanvre, se sa k te rive nan ka pa m.”

Annou kontinye bay yon temwayaj konplè!

20. Ki sa Pòl te fè lè l te sou siveyans sòlda lakay li, e ki jan sa ka ankouraje kèk frè ak sè?

20 Dènye bagay liv Travay la di nou, sèke Pòl te kontinye ‘preche Wayòm Bondye a’ avèk zèl (Tra. 28:31). Piske l te sou siveyans sòlda lakay li, li pa t ka preche kay an kay nan vil Wòm. Malgre sa, li te kontinye preche tout moun ki te vin vizite l. Jodi a tou, gen kèk frè ak sè nou ki oblije ret lakay yo akoz pwoblèm sante, petèt menm yo oblije ret kouche, oswa y ap viv nan mezon retrèt akoz yo granmoun anpil, yo malad oubyen yo gen yon andikap. Poutan, lanmou yo gen pou Bondye pa janm febli e yo toujou chofe pou yo bay temwayaj. Li bon pou nou priye Jewova pou yo e pou nou mande Papa nou ki nan syèl la pou l ede yo rankontre moun ki vle konnen plis konsènan li menm e konsènan objektif estrawòdinè li genyen yo.

21. Poukisa nou dwe bay moun yo temwayaj san pèdi tan?

21 Pifò nan nou ka patisipe nan travay predikasyon kay an kay la ak nan divès aspè ki genyen nan travay fè disip la. Kidonk, annou chak fè tout sa nou kapab pou nou jwe wòl nou antanke pwoklamatè Wayòm nan, pou nou bay temwayaj “rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. Nou dwe fè travay sa a san pèdi tan, paske nou gen prèv klè ki montre “siy prezans” Kris la ap reyalize (Mat. 24:3-14). Nou pa gen tan pou n pèdi! Paske nou gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. — 1 Kor. 15:58.

22. Ki sa n ta dwe detèmine pou nou fè toutpandan n ap tann jou Jewova a?

22 Toutpandan n ap tann “gran jou Jewova a rive, yon jou ki bay laperèz”, annou detèmine pou nou kontinye bay temwayaj avèk kran e avèk fidelite (Jow. 2:31). N ap jwenn anpil moun toujou ki tankou moun Bere yo ki “te byen dispoze lè yo t ap resevwa pawòl la”. (Tra. 17:10, 11.) Kidonk, nou swete pou nou kontinye bay temwayaj jiskaske nou chak tande mèt la di: “Trè byen, ou se yon bon esklav, e ou fidèl!” (Mat. 25:23). Si nou toujou patisipe avèk zèl nan travay fè disip la e si n toujou rete fidèl devan Jewova, siman n ap gen kè kontan pou toutan lefètke nou te gen privilèj pou nou ‘bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’!