Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 18

“Chèche Bondye [...] pou yo jwenn li vre”

“Chèche Bondye [...] pou yo jwenn li vre”

Pòl te pale sou bagay li menm ak moun yo te dakò sou yo e li te adapte l ak moun yo

Travay 17:16-34

1-3. a) Ki sa k fè Pòl santi l kontrarye anpil nan vil Atèn? b) Ki sa nou ka aprann lè nou egzamine egzanp Pòl?

 PÒL santi l kontrarye anpil nan vil Atèn, ki nan peyi Lagrès. Atèn se yon vil ki chaje entèlektyèl. Se la yon seri filozòf tankou Sokrat, Platon ak Aristòt te konn anseye, e se yon vil kote moun yo renmen zafè relijyon. Tout kote Pòl vire nan vil sa a se zidòl. Nan tanp yo, sou plas piblik yo ak nan lari yo chaje zidòl, paske moun Atèn yo adore yon dividal dye. Pòl konnen pwennvi Jewova, vrè Dye a, sou adore zidòl. (Egz. 20:4, 5). Apot Pòl, ki se yon sèvitè Jewova ki fidèl, gen menm pwennvi ak Jewova: li rayi zidòl!

2 Sa Pòl wè lè l ap antre sou plas piblik la choke l anpil. Nan zòn nòdwès plas piblik la, toupre rantre a, gen yon pil ak yon pakèt estati dye yo rele Èmès la kote w plis wè tèt li ak pati seksyèl li. Plas piblik la chaje ak kote pou moun yo adore fo dye. Ki jan apot Pòl pral fè preche moun sa yo k ap benyen nan idolatri? Èske l ap rive metrize tèt li pou l jwenn kèk bagay pou l pale ak moun yo, bagay ni li menm ni yo menm dakò sou yo? Èske l ap rive ede kèk ladan yo chèche vrè Dye a pou yo jwenn li?

3 Nou jwenn diskou Pòl te fè devan mesye entèlektyèl ki te nan vil Atèn yo nan Travay 17:22-31. Diskou sa a se yon bèl egzanp ki montre jan Pòl te pale byen, jan l te pridan lè l t ap pale e jan l te montre l gen bon jijman. Lè nou egzamine egzanp Pòl la, nou ka aprann anpil bagay sou fason pou nou rive pale ak moun yo sou bagay ni nou menm ni yo menm dakò sou yo yon fason pou nou ede yo rezone sou sa y ap aprann nan.

Li te anseye “sou plas piblik la” ​(Travay 17:16-21)

4, 5. Ki kote Pòl te preche nan Atèn, e ki kalite moun ki te pami moun ki t ap koute l yo?

4 Pòl te ale Atèn ozanviwon ane 50 epòk nou an, pandan dezyèm vwayaj li te fè kòm misyonè a a. Pandan l t ap tann Silas ak Timote, ki t ap soti Bere pou yo vin jwenn li, li te “kòmanse rezone nan sinagòg la avèk Juif yo”, jan l abitye fè sa. Li te ale tou “sou plas piblik la” kote l te ka jwenn moun ki pa Juif k ap viv nan vil Atèn nan (Tra. 17:17). Plas piblik sa a te nan nòdwès Akwopòl la, li te layite kò l sou anviwon kat kawo tè. Se pa t vann yo te konn vann la sèlman, se yon kote tout moun nan vil la te konn vin pase yon ti tan. Gen yon liv ki fè konnen plas piblik sa a se te “sant ekonomi, politik ak kilti vil la”. Moun Atèn yo te renmen vin la pou yo fè deba sou bagay entèlektyèl.

5 Li pa t fasil pou Pòl pou l pale ak moun ki sou plas piblik la. Pami moun ki t ap koute l yo, te gen yon seri filozòf ki t ap suiv ansèyman Epiki, yo te rele yo epikiryen, ak yon seri filozòf ki t ap suiv ansèyman Zenon, yo te rele yo estoyisyen. De gwoup filozòf sa yo te nan konpetisyon youn ak lòt b. Filozòf ki t ap suiv ansèyman Epiki yo te panse se yon aza ki fè lavi egziste. An rezime, men ki jan yo te konsidere lavi: “Nou pa bezwen gen lakrentif pou Bondye, lè yon moun mouri li pa nan soufrans, nou ka jwenn sa ki byen, nou ka sipòte sa ki mal.” Filozòf ki t ap suiv ansèyman Zenon yo te mete aksan sou nesesite pou yon moun viv ann akò ak sa ki lojik e yo pa t kwè Bondye se yon Moun reyèl. Toude gwoup filozòf sa yo pa t kwè nan kesyon rezirèksyon disip Kris yo t ap anseye a. Li klè, pwennvi de gwoup filozòf sa yo te an kontradiksyon ak verite wo nivo vrè kretyen yo t ap preche yo, verite Pòl te vin anseye moun sa yo.

6, 7. Ki jan kèk nan filozòf grèk yo te reyaji lè yo te tande sa Pòl ap anseye yo, e ki jan kèk moun nou rankontre ka reyaji tou jodi a?

6 Ki jan gwo save sa yo te reyaji lè yo te tande sa Pòl t ap anseye yo? Gen kèk ladan yo ki te di Pòl se yon “paladò”. Mo grèk lè yo tradui l ki bay “paladò” a vle di mo pou mo “beke ti grenn pasipala”. (Tra. 17:18.) Men sa yon biblis fè konnen konsènan mo sa a: “Okòmansman, yo te konn itilize mo sa a pou yo pale de ti zwazo ki konn ap beke ti grenn semans pasipala, men apre, yo te vin itilize l pou yo pale de moun k ap ranmase rès manje ak lòt ti bagay tout kalite sou plas piblik yo. E pi devan, yo te itilize l pou yo pale de moun ki ranmase ti bout enfòmasyon adwat agoch, yon seri bagay yo pa menm byen konprann.” Anfèt, gwo save sa yo te vle di Pòl se yon inyoran, yon jakorepèt. Men, tankou nou pral wè sa nan chapit sa a, Pòl pa t fè bak poutèt yo te ba l non sa a.

7 Se menm bagay la ki rive nou jodi a. Antanke Temwen Jewova, byen souvan, yo ban nou vye non pote akoz kwayans nou yo ki baze sou Bib la. Pa egzanp, gen kèk pwofesè ki anseye elèv yo teyori evolisyon an se bon bagay, e yo di depi w se yon moun ki entèlijan ou dwe kwè nan teyori sa a. Anfèt, yo di tout moun ki pa vle kwè nan teyori sa a se moun sòt. Lè n ap anseye moun yo sa Bib la di e lè n ap fè yo wè prèv ki gen nan lanati ki montre gen yon Moun ki te kreye linivè ak tout sa k ladan l yo, moun save sa yo vle fè moun yo kwè nou se “paladò”. Men, sa pa fè n fè bak. Okontrè, nou pale ak konviksyon lè n ap defann kwayans nou e lè n ap fè moun yo konnen se Jewova Dye, yon Kreyatè entèlijan, ki fè gen lavi sou tè a. — Rev. 4:11.

8. a) Ki jan kèk nan moun ki t ap koute Pòl yo te reyaji? b) Ki sa sa ka vle di lè yo di yo t ale nan Areyopaj la ak Pòl? (Gade nòt ki anba paj 142 a.)

8 Pami moun ki t ap koute Pòl yo, genyen ki te reyaji yon lòt fason. Yo te di: “Genlè l ap preche konsènan lòt kalite dye.” ​(Tra. 17:18). Èske se vre Pòl t ap preche moun Atèn yo konsènan lòt kalite dye? Se te yon bagay grav yo te di la a, dayè pawòl sa a sanble tèt koupe ak youn nan akizasyon yo te lage sou do Sokrat ki fè yo te jije l e yo te touye l kèk syèk anvan sa. Donk, sa pa etone nou dèske yo t ale nan Areyopaj la ak Pòl e yo te mande l pou l esplike bagay li t ap anseye yo ki te sonnen dwòl nan zòrèy moun Atèn yo c. Ki jan Pòl t apral defann sa l t ap di yo devan yon seri moun ki pa t abitye ditou ak Ekriti yo?

“Moun Atèn, [...] mwen wè” ​(Travay 17:22, 23)

9-11. a) Ki jan Pòl te chèche pale sou bagay ni li menm ni moun ki t ap koute l yo te dakò sou yo? b) Ki jan nou ka imite Pòl nan travay predikasyon n ap fè jodi a?

9 Sonje byen jan Pòl te kontrarye anpil lè l te wè tout zidòl ki te gen nan vil la. Men, li te metrize l, li pa t tonbe pale sou zidòl moun yo t ap adore yo. Li te montre l pridan lè l t ap pale avèk moun yo, li te chèche pale sou bagay ni li menm ni moun yo dakò sou yo pou l te ka fè yo koute l. Pou l kòmanse, li di: “Moun Atèn, selon tout sa mwen wè, sanble nou pi atache ak dye yo pase lòt moun yo.” ​(Tra. 17:22). Se kòmsi Pòl te di: ‘Mwen wè nou se moun ki renmen adore dye yo.’ Avèk sajès, Pòl te felisite yo poutèt yo te renmen zafè relijyon. Pòl te montre li rekonèt gen kèk moun byenke fo kwayans bouche je yo, yo gendwa dispoze koute. Dayè, Pòl konnen li menm tou gen yon lè li “te nan inyorans” e l “t ap aji san lafwa”. — 1 Tim. 1:13.

10 Pòl te kontinye pale sou menm baz li te fin poze a. Li di moun Atèn yo li wè yon prèv ki montre yo renmen zafè relijyon paske yo fè yon lotèl kote yo ekri sou li: “Pou yon Dye nou pa konnen.” Gen yon liv ki fè konnen: “Se yon abitid ni Grèk yo ni kèk lòt pèp te genyen pou yo fè lotèl pou ‘dye yo pa konnen’ paske yo te pè pou yo pa fè kèk dye fache akoz yo bliye yo nan adorasyon y ap bay.” Lefètke moun Atèn yo te fè lotèl sa a, se montre yo montre yo dakò gen yon Dye yo pa konnen ki egziste. Donk, Pòl te atire atansyon moun yo sou lotèl sa a pou l te ka kòmanse pale sou bon nouvèl li t ap preche a. Li te di yo: “Sa n ap adore san nou pa konnen l lan, se li m ap anonse nou.” ​(Tra. 17:23). Pòl te montre l gen ladrès nan fason l te rezone avèk yo, e rezònman l te fè a te gen anpil fòs. Li pa t ap preche yon lòt kalite dye, jan kèk nan moun ki t ap koute l yo te vle fè konprann sa. Li t ap fè yo konnen Bondye yo pa t konnen an, sètadi vrè Dye a.

11 Ki jan n ka imite Pòl nan travay predikasyon n ap fè jodi a? Lè n al preche nan yon kay, si nou byen obsève kote nou ye a, nou ka wè kèk bagay ki montre moun ki nan kay la se yon moun ki renmen zafè relijyon anpil. Petèt, nou ka wè li gen kèk bagay ki gen rapò ak relijyon sou li oswa nan kay la oubyen nan lakou a. Nou ka di moun nan: ‘Mwen wè ou se yon moun ki kwè nan Bondye. M te espere pale ak yon moun tankou w, ki renmen bagay ki gen rapò ak Bondye.’ Lè n montre konsiderasyon konsa pou santiman moun nan genyen nan domèn sa a, nou ka tabli yon bon baz pou nou pale avè l sou bagay ni li menm ni nou menm dakò sou yo. Nou dwe sonje objektif nou se pa pou n gen prejije kont moun yo poutèt kwayans yo. Pami frè ak sè nou yo k ap adore Jewova bò kote nou, te gen yon lè anpil ladan yo te kwè ak tout fòs yo nan yon seri fo kwayans.

Chèche pale sou bagay ni ou menm ni moun yo dakò sou yo.

Bondye “pa lwen okenn nan nou” ​(Travay 17:24-28)

12. Ki jan Pòl te adapte metòd li konn itilize yo ak moun ki t ap koute l yo?

12 Pòl te chèche pale sou bagay ni li menm ni moun ki t ap koute l yo te dakò sou yo, men èske l t ap ka kontinye ba yo temwayaj menm fason sa a? Pòl te konnen moun yo te leve nan ansèyman filozòf grèk yo bay e yo pa t konnen Ekriti yo, se sa k fè li te itilize plizyè metòd pou l te ka adapte l ak moun yo. Premyèman, li te pale sou ansèyman ki sot nan Ekriti yo san l pa site okenn pasaj dirèkteman. Dezyèmman, li te fè moun yo santi li byen konprann yo e li pa t met tèt li pi wo pase yo, pafwa li te di “nou” pou l mete tèt li nan sa l t ap di a. Twazyèmman, li te di kèk bagay ki soti nan literati grèk la pou l montre moun yo gen kèk nan bagay l ap anseye yo ki nan liv ak dokiman kèk ekriven grèk te ekri. Kounye a, annou egzamine diskou Pòl te fè a ki gen anpil fòs. Ki verite enpòtan li te fè moun Atèn yo konnen konsènan Bondye yo pa t konnen an?

13. Ki sa Pòl te esplike konsènan fason linivè te fè egziste, e ki sa l te vle fè moun yo konprann?

13 Se Bondye ki kreye linivè. Pòl di: “Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l, li menm ki Mèt syèl la ak tè a, li pa abite nan tanp moun fè ak men d.” ​(Tra. 17:24). Se pa yon aza ki fè linivè vin egziste. Se vrè Dye a ki kreye tout bagay (Sòm 146:6). Souvren Seyè a ki kreye syèl la ak tè a pa tankou Atena oswa lòt dye moun yo t ap sèvi yo. Li pa abite nan tanp moun fè ak men, alòske fo dye sa yo te bezwen tanp ak lotèl pou yo rete e yo pa t gen okenn glwa san bagay sa yo (1 Wa 8:27). Mesaj Pòl la te klè: Vrè Dye a pi gran lontan pase nenpòt zidòl lòm fè pou yo mete nan tanp yo. — Eza. 40:18-26.

14. Ki jan Pòl te montre Bondye pa bezwen anyen nan men lèzòm?

14 Bondye pa bezwen anyen nan men lèzòm. Moun k ap adore zidòl yo te konn abiye yo, yo te konn met rad ki koute chè sou yo, yo te konn pot kado ki koute chè pou yo oswa yo te konn pot manje ak bwason pou yo. W a di zidòl yo te bezwen bagay sa yo! Men, gen kèk nan filozòf grèk ki t ap koute Pòl yo ki genlè te kwè yon dye pa ta dwe bezwen moun fè anyen pou li. Si yo te panse sa vre, siman yo te dakò ak Pòl lè l te di Bondye pa “mande moun fè anyen pou li [...], kòmsi li ta bezwen yon bagay kèlkonk”. Anfèt, lèzòm pa gen okenn bagay materyèl yo ta ka bay Kreyatè a kòmkwa l bezwen sa. Okontrè, se li ki bay lèzòm sa yo bezwen anpalan de “lavi ak souf ak tout bagay”, sa gen ladan l solèy, lapli ak tè a pou ba yo manje (Tra. 17:25; Jen. 2:7). Kidonk, Bondye, Sila ki bay lèzòm tout bagay la, pa bezwen anyen nan men lèzòm.

15. Ki jan Pòl te pale sou kwayans moun Atèn yo te genyen kòmkwa yo siperyè moun ki pa Grèk yo, e ki leson enpòtan nou aprann nan egzanp Pòl?

15 Se Bondye ki fè lòm. Moun Atèn yo te kwè yo siperyè moun ki pa Grèk yo. Men, selon Labib, yon moun pa dwe fyè pou nasyonalite l oswa pou ras li (Det. 10:17). Pòl te pale de pwen sa a avèk anpil ladrès. Li te di: “[Bondye] sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon.” ​(Tra. 17:26). Sandout, pawòl sa yo te fè moun yo reflechi. Anfèt, Pòl te gen nan tèt li istwa nou jwenn nan liv Jenèz la konsènan Adan, papa tout moun ki sou tè a (Jen. 1:26-28). Piske tout moun ki sou tè a gen Adan kòm papa, pa gen okenn ras, pa gen okenn nasyonalite ki siperyè yon lòt. Pwen an te klè pou moun ki t ap koute Pòl yo. Gen yon leson enpòtan nou aprann nan egzanp sa a. Se vre, n ap montre nou pridan lè n ap pale ak moun yo e n ap montre nou rezonab tou, men, nou pap tòde verite ki nan Bib la nan objektif pou nou fè lòt moun aksepte yo.

16. Ki sa Kreyatè a vle lèzòm fè?

16 Bondye vle pou lèzòm pwòch li. Menmsi filozòf ki pami moun ki t ap koute Pòl yo gen lontan depi y ap fè deba sou rezon ki fè lèzòm egziste, li klè, yo pa t janm byen esplike pwen sa a. Sepandan, Pòl te fè yo konnen aklè sa Kreyatè a vle lèzòm fè. Bondye vle “pou yo chèche [l], e menm pou yo tatonnen pou yo jwenn li e pou yo jwenn li vre, byenke, an reyalite, li pa lwen okenn nan nou”. (Tra. 17:27.) Donk, li pa enposib pou yon moun konnen Bondye moun Atèn yo pa t konnen an. Okontrè, li pa lwen moun ki vle jwenn li toutbon e ki vle aprann konnen l (Sòm 145:18). Li bon pou nou note Pòl te di “li pa lwen okenn nan nou”, konsa Pòl te mete tèt li pami moun ki dwe “chèche” Bondye e ki dwe “tatonnen” pou yo jwenn li.

17, 18. Poukisa lèzòm ta dwe santi li nòmal pou yo pwoche bò kote Bondye, e ki sa n ka aprann nan men Pòl nan fason l te chèche kapte atansyon moun yo?

17 Lèzòm dwe santi li nòmal pou yo pwoche bò kote Bondye. Paske, Pòl di se grasa li “nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste”. Gen kèk biblis ki fè konnen Pòl t ap fè referans ak pawòl yon powèt ki te moun Krèt te di. Powèt sa a se te Epimenid. Li te viv nan sizyèm syèk anvan epòk nou an e li te “yon moun enpòtan nan sistèm relijye Atèn nan”. Pòl te bay yon lòt rezon ki fè lèzòm ta dwe santi li nòmal pou yo pwoche bò kote Bondye, li te di: “Kèk nan powèt nou yo di sa: ‘Nou menm tou, nou se pitit li.’” ​(Tra. 17:28). Lèzòm dwe santi gen yon lyen ant yo menm ak Bondye, piske se li ki te kreye gason ki t apral papa tout moun ki sou tè a. Pou Pòl te ka plis kapte atansyon moun ki t ap koute l yo, avèk ladrès, li te site pawòl kèk ekriven grèk te ekri, e sandout moun ki t ap koute l yo te gen respè pou yo e. Pou nou imite Pòl, pafwa nou ka site kèk pawòl ki soti nan liv sou listwa, nan ansiklopedi oubyen nan lòt liv moun yo fè konfyans, men nou pa dwe itilize yo twòp. Pa egzanp, nou ka vle montre yon moun ki kote yon seri pratik ak koutim fo relijyon soti. Pou nou rive konvenk li sou sa, nou ka itilize yon sitasyon ki apwopriye ki soti nan yon liv moun yo respekte.

18 Lè Pòl te rive nan pwen sa a nan diskou l la, li te di moun yo yon seri verite enpòtan konsènan Bondye, li te adapte pawòl li yo ak moun k ap koute l yo, e li te fè sa ak anpil ladrès. Ki sa Pòl ta renmen moun Atèn yo fè avèk enfòmasyon enpòtan sa a? San pèdi tan, nan rès pawòl li t ap di yo, li te fè yo konnen ki sa l ta renmen yo fè.

“Moun tout kote [...] dwe repanti” ​(Travay 17:29-31)

19, 20. a) Ki jan Pòl te rezone avèk ladrès ak moun yo pou l te ede yo wè sa pa gen sans ditou pou y ap adore zidòl? b) Ki sa moun ki t ap koute Pòl yo te dwe fè?

19 Pòl te pare pou l ankouraje moun k ap koute l yo pou l pouse yo aji. Apre l te fin fè referans ak pawòl ekriven grèk yo te ekri yo, li te di: “Kidonk, piske nou se pitit Bondye, nou pa dwe panse Bondye sanble ak bagay ki fèt ak lò oswa ak ajan oubyen ak wòch, bagay lèzòm sèvi ak entèlijans yo ansanm ak imajinasyon yo pou yo fè.” ​(Tra. 17:29). Anfèt, si Bondye fè lèzòm, kòman l ta fè posib pou Bondye ta yon zidòl, ki se yon bagay lòm fè? Fason Pòl te rezone ak moun yo avèk ladrès la te ede yo wè sa pa gen sans ditou pou y ap adore zidòl, yon seri bagay lèzòm fè (Sòm 115:4-8; Eza. 44:9-20). Lè Pòl di “nou pa dwe” a, sanble sa te fè konsèy li yo pa parèt twò di pou moun yo.

20 Apot Pòl te montre moun yo aklè yo dwe aji. Men sa l te di yo: “Bondye te fèmen je l sou tan kote moun yo te nan inyorans [lè yo te panse Bondye ka dakò ak moun k ap adore zidòl], men kounye a, l ap fè tout moun tout kote konnen yo dwe repanti.” ​(Tra. 17:30). Gen kèk nan moun ki t ap koute Pòl yo ki ka te santi sa choke yo lefètke li te mande yo pou yo repanti. Men, kokenn diskou sa a li te fin fè a te byen montre yo se Bondye ki ba yo lavi e yo gen kont pou yo rann li. Yo te dwe chèche Bondye, yo te dwe aprann konnen l e yo te dwe viv ann amoni ak verite sa a yo aprann nan. Sa vle di moun Atèn yo te dwe rekonèt adore zidòl se yon peche nan je Bondye e yo te dwe sispann fè sa.

21, 22. Ki pawòl ki gen anpil fòs Pòl te di lè l t ap fini diskou l la, e ki sa pawòl sa yo vle di pou nou jodi a?

21 Lè Pòl t ap fini diskou l la, li te di yon seri pawòl ki gen anpil fòs, li te di: “[Bondye] fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon moun li chwazi pou l jije tout tè a avèk jistis, e li bay tout moun yon garanti lè l te resisite moun sa a sot nan lanmò.” ​(Tra. 17:31). Gen yon Jou jijman k ap vini! Sa a se yon gwo rezon ki fè yon moun ta dwe chèche vrè Dye a. Pòl pa t di moun yo non Jij Bondye nome a. Olye de sa, li te di yon bagay enteresan konsènan Jij sa a, li te di: Li te viv sou tè a, li te mouri e Bondye te resisite l.

22 Pawòl sa yo Pòl te di lè l t ap fini diskou l la gen anpil siyifikasyon pou nou jodi a. Nou konnen Jij Bondye nome a se Jezi Kris, li menm Bondye te resisite a (Jan 5:22). Nou konnen tou Jou jijman an ap dire mil an e li pa lwen rive (Rev. 20:4, 6). Nou pa pè Jou jijman an, paske nou konnen li pral pote anpil benediksyon pou moun k ap sèvi Bondye ak fidelite yo, yon seri benediksyon nou pa menm ka imajine. Bondye ban nou garanti n ap ka wè bèl avni sa a toutbonvre lè l te fè pi gwo mirak ki te ka genyen an, anpalan de resisite Jezi Kris!

“Kèk mesye [...] te vin kwè” ​(Travay 17:32-34)

23. Ki jan moun yo te reyaji lè yo te fin tande diskou Pòl la?

23 Tout moun pa t reyaji menm jan lè yo te fin tande diskou Pòl la. Lè yo tande pale de rezirèksyon mò yo, “gen ladan yo ki kòmanse pase l nan rizib”, gen lòt ki te pi janti avè l, men yo pa t pran desizyon pou yo repanti e pou yo vin kretyen, yo te di l: “N a tande koze sa a yon lòt lè.” ​(Tra. 17:32). Men, gen kèk lòt ki te byen reyaji. Bib la di: “Gen kèk mesye ki te vin jwenn li, e yo te vin kwè. Pami yo, te gen Dyoniziyis, yon jij nan tribinal Areyopaj la, ak yon dam ki te rele Damaris, ansanm ak lòt moun ankò.” ​(Tra. 17:34). Jodi a tou, nou jwenn menm kalite reyaksyon sa yo nan travay predikasyon an. Gen kèk moun ki pase nou nan jwèt, gen lòt ki montre sa pa enterese yo, men yo fè sa yon fason ki janti. Sepandan, nou kontan anpil lè nou jwenn kèk moun ki aksepte mesaj Wayòm nan e ki vin sèvi Jewova bò kote nou.

24. Ki sa n ka aprann nan diskou Pòl te fè pandan l te nan Areyopaj la?

24 Lè nou reflechi sou diskou Pòl te fè a, nou ka aprann anpil bagay sou fason pou nou byen devlope sijè n ap prezante moun yo, pou nou fè sa yon fason ki lojik e ki ka konvenk yo, e anmenmtan, pou nou adapte sa n ap di yo ak moun k ap koute nou yo. Anplis de sa, nou ka aprann enpòtans sa genyen pou nou pasyan e pou nou montre n pridan lè n ap pale ak moun ki nan fènwa akoz manti fo relijyon yo simaye. Gen yon lòt bagay enpòtan nou ka aprann ankò: Nou pa dwe tòde verite ki nan Bib la pou n evite gen pwoblèm ak moun yo. Vrèmanvre, lè nou imite Pòl, nou ka vin pi maton nan anseye moun yo nan travay predikasyon an. Mete sou sa, ansyen yo yo menm ka vin pi byen kalifye pou yo anseye nan kongregasyon an. Konsa, n ap pi byen ekipe pou nou ede moun yo “chèche Bondye [...] pou yo jwenn li vre”. — Tra. 17:27.

b Gade kare ki gen tit “ Epikiryen yo ak estoyisyen yo”.

c Areyopaj la te nan nòdwès Akwopòl la. Se la pi gwo tribinal Atèn nan te konn reyini. Lè yo itilize mo “Areyopaj” la, li ka vle di swa moun nan tribinal la, swa ti mòn kote tribinal la te ye a. Se sa k fè, lè yo di yo t ale ak Pòl nan Areyopaj la, tout biblis yo pa konprann pawòl sa yo menm jan. Genyen ki di se sou ti mòn nan yo te mennen Pòl, gen lòt ki panse se toupre ti mòn nan e gen kèk lòt ki di se devan moun nan tribinal la yo te mennen l, lè sa a tribinal la te reyini yon lòt kote, petèt sou plas piblik la.

d Mo grèk lè yo tradui l yo mete “monn” pou li a se kòsmòs. Byenke Grèk yo te itilize mo kòsmòs la pou yo pale de linivè, nan Bib la yo itilize l sitou pou yo pale de moun. Men, sanble Pòl te itilize mo sa a nan sans moun ki t ap koute l yo te abitye itilize l la, pou l te ka mete yo alèz.

e Pòl te site yon pati nan powèm sou astwonomi ki rele Fenomèn yo Aratis, yon powèt estoyisyen, te ekri. Nou jwenn kèk pawòl ki sanble ak pawòl Pòl te di yo nan sa kèk lòt ekriven grèk te ekri tankou Kleyant, yon estoyisyen, ki te ekri yon powèm ki rele Yon chan pou Zes.