Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 19

“Kontinye pale, pa ret an silans”

“Kontinye pale, pa ret an silans”

Pòl travay pou l pran swen tèt li, men se travay predikasyon an li bay premye plas nan lavi l

Travay 18:1-22

1-3. Poukisa Pòl vin Korent, e ki difikilte l jwenn?

 NOU nan fen ane 50 epòk nou an. Apot Pòl nan vil Korent, yon gwo vil ki rich kote yo fè anpil komès. Se yon vil ki gen anpil Grèk, anpil Women ak anpil Juif a. Pòl pa vin nan vil sa a ni pou l vann ni pou l achte, nitou se pa travay li vin chèche. Gen yon rezon ki pi enpòtan ki mennen Pòl Korent: li vini pou l bay temwayaj sou Wayòm Bondye a. Men kanmenm, li bezwen yon kote pou l rete, e li pa vle vin yon chay pou okenn moun. Li pa vle pèsonn panse li annik chita ap tann pou lòt moun pran swen l poutèt l ap preche bon nouvèl la. Nan ka sa a, ki sa Pòl pral fè?

2 Pòl gen yon metye nan men l: li konn fè tant. Se pa yon travay ki fasil, men li dispoze travay ak men l pou l pran swen tèt li. Èske l ap jwenn travay nan vil sa a ki chaje ak moun k ap fè aktivite? Èske l ap rive jwenn yon bon kote pou l rete? Byenke Pòl te jwenn difikilte sa yo, li pa t neglije travay predikasyon an. Se te travay ki te pi enpòtan pou li.

3 Alafen, Pòl te rete Korent pou kèk tan e li te jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an. Ki sa n ka aprann nan aktivite Pòl te fè nan vil Korent lan ki ka ede nou bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a nan tèritwa pa nou?

“Metye yo se te fè tant” (Travay 18:1-4)

4, 5. a) Ki kote Pòl te rete pandan l te Korent lan, e ki travay li te fè? b) Ki jan Pòl dwe te aprann metye fè tant lan?

4 Yon ti tan apre Pòl te rive Korent, li te rankontre yon mari ak madanm li, de moun ki te renmen akeyi moun. Mari a se te yon Juif natif natal ki te rele Akila, e madanm li te rele Prisil oswa Priska. Akila ak Prisil te vin abite nan vil Korent lè anperè Klod te bay lòd “pou tout Juif yo kite Wòm”. (Tra. 18:1, 2.) Akila ak Prisil te byen akeyi Pòl, yo pa t sèlman ba l posiblite pou l rete lakay yo, yo te ba l posiblite pou l travay kòtakòt avèk yo tou. Men sa Bib la di: “Kòm yo te gen menm metye [ak Pòl], li rete lakay yo, e yo travay ansanm. Metye yo se te fè tant.” (Tra. 18:3). Se lakay de mesyedam sa yo, ki te janti e ki te renmen akeyi moun, Pòl te rete nèt pandan l t ap fè travay predikasyon an nan Korent. Genlè se pandan Pòl te rete lakay Akila ak Prisil, li te ekri kèk nan lèt ki vin fè pati liv Bondye te enspire ki nan Bib la b.

5 Men, kòman fè Pòl, yon moun ki te resevwa fòmasyon “nan men Gamalyèl”, te fè gen metye fè tant (Tra. 22:3)? Sanble Juif yo nan premye syèk la pa t wè se yon bagay ki rabesan si yo aprann pitit yo kèlkeswa metye yo te genyen an, menmsi timoun sa yo t ap resevwa lòt fòmasyon. Pòl te moun Tas ki nan Silisi, yon kote ki te gen gwo renome akoz yon kalite twal yo te pwodui ki te rele silisyòm moun te konn itilize pou yo fè tant. Kidonk, se pandan l te jèn li te aprann metye sa a. Ki travay konsa yon moun te bezwen fè lè l ap fè tant? Li te gen pou l fè twal li pral itilize pou l fè tant lan oswa li te gen pou l koupe twal la epi pou l koud li. Se yon kalite twal ki te byen pwès e ki te rèd anpil. Kèlkeswa jan sa te ye, se te yon travay ki te di.

6, 7. a) Ki jan Pòl te konsidere travay fè tant lan, e ki sa k fè nou ka di Akila ak Prisil te gen menm pwennvi avè l? b) Ki jan kretyen yo imite Pòl, Akila ak Prisil jodi a?

6 Pòl pa t konsidere travay fè tant lan kòm travay ki pi enpòtan nan lavi l. Sèl rezon ki fè l te fè travay sa a se pou l te ka pran swen tèt li pandan l t ap kontinye fè travay predikasyon an, kote l t ap anonse moun yo bon nouvèl la ‘san sa pa koute yo anyen’. (2 Kor. 11:7.) Ki jan Akila ak Prisil te konsidere travay fè tant yo t ap fè a? Antanke kretyen, siman yo te gen menm pwennvi ak Pòl sou kesyon travay. Anfèt, lè Pòl te kite Korent nan ane 52 epòk nou an, Akila ak Prisil te kite Korent tou, yo t al Efèz ansanm ak Pòl. Kongregasyon Efèz la te reyini lakay yo (1 Kor. 16:19). Pi devan, yo te retounen Wòm, apre sa, yo te retounen Efèz. Mari ak madanm sa a, ki te zele, te mete travay Wayòm nan nan premye plas nan lavi yo e yo te bay tout yo menm pou ede lòt moun, se sa k fè, “tout kongregasyon ki nan nasyon yo” te di yo mèsi. — Wom. 16:3-5; 2 Tim. 4:19.

7 Jodi a, kretyen yo suiv egzanp Pòl, Akila ak Prisil. Pandan y ap preche mesaj Wayòm nan avèk zèl, yo travay di pou yo pa “vin yon chay lou” pou lòt moun (1 Tes. 2:9). Gen anpil pwoklamatè k ap preche aplentan ki travay pandan yon pati nan tan yo oswa pandan yon pati nan ane a pou yo pran swen tèt yo yon fason pou yo ka kontinye nan travay ki pi enpòtan an, ki se travay predikasyon an. Yo merite anpil felisitasyon! E menm jan ak Akila ak Prisil, gen anpil sèvitè Jewova ki renmen akeyi moun, ki resevwa siveyan sikonskripsyon yo lakay yo. Moun sa yo ki “pran abitid akeyi moun” konnen lè yo akeyi moun, sa fè yo jwenn ankourajman e sa ba yo fòs. — Wom. 12:13.

“Anpil moun nan vil Korent [...] te kòmanse kwè” (Travay 18:5-8)

8, 9. Ki jan Pòl te reyaji lè l te jwenn gwo opozisyon pami Juif yo akoz kokenn temwayaj li t ap bay la, e ki kote l t al preche apre sa?

8 Youn nan bagay ki montre aklè Pòl te konsidere travay fè tant lan kòm yon mwayen k ap ede l kontinye nan travay predikasyon an, se fason l te aji lè Silas ak Timote te sot Masedwàn e yo te pote anpil bagay pou li (2 Kor. 11:9). San pèdi tan, Pòl te “kòmanse vin okipe anpil nan preche pawòl la [“bay tout tan l pou travay predikasyon an sèlman”, Bib la]”. (Tra. 18:5.) Men, lè Pòl te kòmanse bay kokenn temwayaj sa a, li te jwenn gwo opozisyon pami Juif yo. Pou Pòl te montre Juif ki opoze avè l yo li pa responsab san yo lefètke yo pa aksepte mesaj konsènan Kris la, yon mesaj ki ka sove lavi yo, li te souke rad li, epi li di yo: “Se nou ki responsab pwòp san nou. Mwen menm mwen pa responsab. Apati kounye a, mwen pral kot moun ki nan nasyon yo.” — Tra. 18:6; Eze. 3:18, 19.

9 Ki kote Pòl t apral preche kounye a? Gen yon mesye ki rele Titiyis Jistis, sanble ki te konvèti nan relijyon juif la e ki te gen kay li tou kole ak sinagòg la, ki te ouvri pòt li byen laj pou Pòl. Donk, Pòl kite sinagòg la l al lakay Jistis (Tra. 18:7). Se lakay Akila ak Prisil Pòl te toujou rete toutpandan l te Korent lan, men se lakay Jistis li te òganize aktivite predikasyon l lan.

10. Ki sa k montre se pa t sèlman moun ki nan nasyon yo Pòl te chèche preche?

10 Lè Pòl te di apati kounye a li pral kot moun ki nan nasyon yo, èske sa te vle di li te bay tout Juif yo ak tout moun ki te konvèti nan relijyon juif la vag nèt, menmsi te genyen ladan yo ki te ka aksepte bon nouvèl la? Non, li pa t ap janm fè yon bagay konsa. Pa egzanp, “Krispis, mesye ki t ap dirije sinagòg la, te vin kwè nan Seyè a ansanm ak tout moun lakay li”. Sanble te gen plizyè moun ki te fè menm jan ak Krispis, paske Bib la di: “Anpil moun nan vil Korent ki te tande bon nouvèl la te kòmanse kwè, e yo te vin batize.” (Tra. 18:8). Se lakay Titiyis Jistis kongregasyon ki te fèk fòme nan vil la te konn reyini. Si Lik te ekri liv Travay la nan menm stil li te ekri premye liv la, sa vle di si l rakonte evènman yo youn apre lòt nan lòd yo te rive a, se apre Pòl te fin souke rad li a, Juif sa yo ak moun ki te konvèti nan relijyon juif sa yo te vin kwè e yo te batize. Kidonk, istwa sa a aprann nou jis nan ki pwen apot Pòl se te yon moun ki te kapab adapte l ak moun li t ap preche yo.

11. Jodi a, ki jan Temwen Jewova yo imite Pòl lè y ap preche moun ki nan lakretyente yo?

11 Jodi a, legliz lakretyente yo byen tabli nan anpil peyi e yo gen yon gwo enfliyans sou fidèl yo. Gen kèk kote sou tè a, misyonè lakretyente yo konvèti anpil moun nan relijyon yo. Byen souvan, moun sa yo, ki di yo se kretyen, rete kole ak tradisyon lèzòm menm jan ak Juif ki t ap viv Korent nan premye syèk la. Men, menm jan ak Pòl, nou menm, antanke Temwen Jewova ki zele, nou fè tout sa n kapab pou nou jwenn moun sa yo pou nou ede yo konnen plis bagay sou Bib la, kèlkeswa kantite konesans yo ka gen sou li deja. Menm lè moun sa yo ta opoze ak nou oswa menm lè chèf relijye yo ta pèsekite nou, nou kontinye chèche ede moun yo. Gen moun ki “chofe pou yo sèvi Bondye, men se pa ann amoni ak konesans egzak la”. Pami yo, ka gen anpil moun ki vle konn laverite sou Bondye. Nou dwe chèche moun sa yo. — Wom. 10:2.

“Mwen gen anpil moun nan vil sa a” (Travay 18:9-17)

12. Ki asirans Pòl te jwenn nan yon vizyon?

12 Si Pòl te gen yon ti dout pou l konnen èske l ta dwe kontinye preche nan Korent, siman dout sa a te ale nan nuit li te fè vizyon kote l te wè Jezi parèt devan l e Jezi di l: “Pinga w pè, kontinye pale, pa ret an silans, paske mwen avèk ou, e pèsonn pap ka atake w pou fè w anyen, paske mwen gen anpil moun nan vil sa a.” (Tra. 18:9, 10). Se pa ti ankouraje vizyon sa a te ankouraje Pòl! Se Seyè a li menm ki te bay Pòl asirans l ap pwoteje l, yo pap ka fè l anyen ki mal e se li ki te fè l konnen gen anpil moun nan vil la ki t ap byen reyaji devan mesaj Wayòm nan. Ki sa Pòl te fè lè l te fin fè vizyon an? Men sa nou li: “Li rete la pandan ennan sis mwa, e li t ap anseye yo pawòl Bondye a.” — Tra. 18:11.

13. Ki evènman petèt ki te pase nan lespri Pòl pandan l t ap pwoche bò tribinal la, men, kòman l te fè konnen menm bagay la pap rive l?

13 Apre Pòl te fin pase anviwon ennan nan Korent, li te jwenn lòt prèv toujou ki te montre l Seyè a t ap ede l. Men sa ki te pase: “Juif yo [te] fè yon sèl, yo leve kont Pòl e yo mennen l nan tribinal la.” (Tra. 18:12). Gen moun ki panse tribinal sa a y ap pale nan vèsè a se te yon estrad ki te prèske nan mitan plas piblik Korent lan. Li te fèt an mab ble e blan e l te chaje ak eskilti pou dekore l. Li te gen yon espas devan l ki te gwo ase pou yon gwo foul moun reyini ladan l. Dekouvèt akeyològ yo fè montre nou tribinal la pa t lwen sinagòg la, donk, li pa t lwen kay Jistis. Petèt lè Pòl t ap pwoche bò tribinal sa a, li t ap panse ak lè yo te touye Etyèn ak kout wòch la. Etyèn se premye kretyen yo di yo te touye pou lafwa l. Lè sa a, Pòl yo te konn rele Sòl anvan sa te dakò “dèske yo te touye Etyèn”. (Tra. 8:1.) Èske se yon bagay menm jan an ki t apral rive Pòl? Non, paske Seyè a te pwomèt li: “Pèsonn p ap [...] fè w mal.” — Tra. 18:10, Bib Kreyòl La.

“Lè l fin di sa, li fè yo soti nan tribinal la.” — Travay 18:16.

14, 15. a) Ki akizasyon Juif yo te lage sou do Pòl, e poukisa Galyon pa t kontinye jije ka a? b) Ki sa k te rive Sostèn, e ki rezilta petèt sa te bay?

14 Ki sa k pase lè Pòl rive nan tribinal la? Jij ki te la a se te Galyon, administratè an chèf Akayi a, gran frè yon filozòf women yo te rele Senèk. Men akizasyon Juif yo te lage sou do Pòl: “Misye ap fè moun yo adore Bondye yon fason ki kontrè ak lalwa.” (Tra. 18:13). Juif yo te vle di Pòl t ap konvèti moun yon fason ki kontrè ak lalwa. Men, Galyon te rann li kont Pòl pa t fè anyen ki “mal” e li pa t fè okenn “move zak”. (Tra. 18:14.) Galyon pa t vle antre nan chirepit ki te genyen pami Juif yo. Nou ka wè sa aklè, paske Pòl potko menm di yon mo pou l defann tèt li, Galyon kanpe jijman an, li voye moun yo ale. Moun ki te lage akizasyon sou do Pòl yo te vin an kòlè anpil. Yo pase kòlè yo a sou Sostèn, yon Juif genlè ki te ranplase Krispis antanke prezidan sinagòg la. Yo met men sou li, “epi yo kòmanse bat li depi devan tribinal la”. — Tra. 18:17.

15 Poukisa Galyon pa t anpeche foul moun yo bat Sostèn? Petèt, Galyon ka te panse se Sostèn ki t ap dirije foul moun ki te leve kont Pòl la, sa vle di, pou li, misye te jwenn sa l te merite. Kit se te pou rezon sa a, kit se te pou yon lòt rezon, ta sanble evènman sa a te bay yon bon rezilta. Nan premye lèt Pòl te ekri kongregasyon Korent lan plizyè ane apre evènman sa yo, li te pale de yon frè ki rele Sostèn (1 Kor. 1:1, 2). Èske se menm Sostèn yo te bat nan Korent lan? Si se li, petèt move kadè l te pase anba men Juif yo te ede l pou l vin yon disip Kris.

16. Seyè a te di Pòl: “Pinga w pè, kontinye pale, pa ret an silans, paske mwen avèk ou”, ki jan pawòl sa yo ka ede nou nan travay predikasyon an?

16 Nou dwe sonje se apre Juif yo te fin rejte mesaj Pòl t ap preche a, Jezi, Seyè a, te bay Pòl asirans lè l te di l: “Pinga w pè, kontinye pale, pa ret an silans, paske mwen avèk ou.” (Tra. 18:9, 10). L ap bon pou nou toujou kenbe pawòl sa yo nan lespri nou, sitou lè moun yo pa vle koute mesaj nou an. Nou pa dwe janm bliye Jewova egzamine kè moun e l ap rale moun ki gen kè sensè yo vin jwenn li (1 Sam. 16:7; Jan 6:44). Sa ankouraje nou pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay predikasyon an. Chak ane, gen plizyè santèn milye moun ki batize, sa vle di plizyè santèn moun batize chak jou. Men ki asirans Jezi te bay moun ki suiv kòmandman li te bay pou yo “fè disip pami moun tout nasyon” yo: “Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” — Mat. 28:19, 20.

“Si Jewova vle” (Travay 18:18-22)

17, 18. Sou ki sa Pòl dwe te reflechi pandan l te nan bato pou l al Efèz?

17 Nou pa vrèman konnen si pawòl Galyon te di moun ki te akize Pòl yo te pèmèt kongregasyon Korent lan gen lapè pandan yon tan. Men, nou konnen Pòl te ret fè “kèk jou ankò” nan vil Korent anvan l te di frè yo orevwa. Nan ane 52 epòk nou an, nan sezon prentan, li te panse pran bato nan waf Sankre a pou l al Siri. Waf Sankre a te nan direksyon lès parapò ak Korent, nan yon distans anviwon 11 kilomèt. Anvan Pòl te kite Sankre, li te “fè koupe cheve l byen ba, paske li te fè yon ve c”. (Tra. 18:18.) Apre sa, li te envite Akila ak Prisil pou yo akonpaye l, yo te pran bato e yo vwayaje sou lanmè Eje a pou y ale Efèz ki te nan Azi Minè.

18 Pandan Pòl te nan bato a e l te fin kite Sankre, petèt li t ap reflechi ak tan l te pase Korent lan. Li te gen anpil bèl souvni e li te gen anpil rezon pou l kontan. Li te jwenn anpil bon rezilta pandan 18 mwa li te fè ap preche nan vil sa a. Pa egzanp, premye kongregasyon Korent lan te pran nesans, e kongregasyon sa a te konn reyini lakay Jistis. Pami moun ki te vin kretyen yo, te gen Jistis, Krispis ansanm ak moun lakay li ak anpil lòt moun ankò. Se yon seri moun Pòl te ede vin kretyen, e Pòl te renmen yo anpil. Pi devan, li te ekri yo, li te fè yo konnen yo se yon lèt rekòmandasyon ki ekri nan kè l. Nou menm tou, nou santi n atache ak moun nou te gen privilèj ede vin nan vrè adorasyon an. Ala kontan sa fè n kontan lè nou wè moun sa yo, ki se “lèt rekòmandasyon” nou, k ap sèvi Bondye bò kote nou! — 2 Kor. 3:1-3.

19, 20. Ki sa Pòl te fè lè l te rive Efèz, e ki sa n aprann nan men Pòl anrapò ak objektif n ap chèche atenn nan domèn espirityèl?

19 Lè Pòl rive Efèz, li te kòmanse fè travay ki te pi enpòtan pou li a san pèdi tan. Li “antre nan sinagòg la, e li kòmanse rezone avèk Juif yo”. (Tra. 18:19.) Pòl pa t fè anpil tan nan vil Efèz nan okazyon sa a. Menm lè yo te mande l pou l ret fè plis tan, “li pa t dakò”. Lè l t ap di frè Efèz yo orevwa, li te di yo: “Si Jewova vle, m ap tounen vin wè nou ankò.” (Tra. 18:20, 21). Pa gen dout, Pòl te konnen gen anpil moun pou l preche nan vil Efèz. Apot la te planifye pou l retounen, men li te kite bagay yo nan men Jewova. Èske sa se pa yon bèl egzanp nou dwe toujou gen nan lespri nou? Lè nou fikse objektif nan domèn espirityèl, nou dwe pran inisyativ pou nou atenn yo. Men, nou dwe toujou konte sou Jewova pou l ban nou direksyon e nou dwe chèche aji ann amoni ak volonte l. — Jak 4:15.

20 Pòl te kite Akila ak Prisil Efèz, men li menm li te pran bato pou l desann Sezare. Sanble “li [te] monte” Jerizalèm pou l al salye kongregasyon ki te nan vil sa a (Tra. 18:22, nòt). Apre sa, Pòl te ale Antyòch ki te nan Siri a, kote li te derape vwayaj misyonè l yo. Dezyèm vwayaj li te fè kòm misyonè a te byen fini. Kounye a, ki sa k ap tann li nan dènye vwayaj li pral fè kòm misyonè a?

a Gade kare ki gen tit “ Korent te bay sou de lanmè”.

c Gade kare ki gen tit “ Ve Pòl te fè a”.