Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 16

“Vin Masedwàn”

“Vin Masedwàn”

Jewova beni nou lè nou fè travay li a e lè nou andire pèsekisyon ak kè kontan

Travay 16:6-40

1-3. a) Ki jan lespri sen Bondye te gide Pòl ak konpayon l yo? b) Ki sa nou pral egzamine nan chapit sa a?

 YON gwoup medam sot Filip, ki nan Masedwàn, e nan yon tikras tan, yo rive bò kot yon ti rivyè ki rele Ganjitès. Jan yo abitye fè sa, yo chita bò kot ti rivyè a pou yo priye Bondye Izrayèl la. Jewova ap gade yo. — 2 Kwo. 16:9; Sòm 65:2.

2 Pandan tan sa a, yon gwoup mesye kite vil Lis ki nan pati sid zòn Galasi e ki nan lès vil Filip nan yon distans 800 kilomèt. Mesye sa yo se Pòl, Silas ak Timote. Kèk jou apre, yo rive sou yon gwo wout nan wayòm women an, yon wout ki byen fèt, tankou se yon wout ki adokine. Wout sa a mennen nan pati lwès zòn ki gen plis moun nan distri Azi a. Yo chofe pou yo fè yon vwayaj pou y al vizite Efèz ak kèk lòt vil kote gen plizyè milye moun ki bezwen tande bon nouvèl konsènan Kris la. Epoutan, anvan menm yo fè vwayaj la, lespri sen anpeche yo fè sa. Labib pa bay detay sou fason lespri sen anpeche yo fè sa a. Lespri sen entèdi yo al preche nan zòn Azi a. Poukisa? Pa mwayen lespri sen Bondye, Jezi vle gide Pòl ak moun ki avè l yo pou yo travèse tout Azi Minè a, pou yo travèse lanmè Eje, e pou yo kontinye vwayaj la jis yo rive bò ti rivyè ki rele Ganjitès la.

3 Lè nou egzamine fason Jezi te gide Pòl ak konpayon l yo pandan vwayaj estrawòdinè sa a ki te mennen yo Masedwàn, nou kapab aprann anpil leson ki trèzenpòtan k ap itil nou jodi a. Kidonk, annou egzamine kèk nan evènman ki te rive pandan dezyèm vwayaj Pòl te fè kòm misyonè a, yon vwayaj ki te kòmanse ozanviwon ane 49 epòk nou an.

“Se Bondye ki voye rele nou” (Travay 16:6-15)

4, 5. a) Ki sa k te rive Pòl ak konpayon l yo lè yo te toupre Bitini? b) Ki desizyon disip yo te pran, e ki rezilta sa te bay?

4 Lè lespri sen te anpeche Pòl ak konpayon l yo preche nan zòn Azi a, yo te ale nan direksyon nò pou yo te ka preche nan vil ki te nan Bitini yo. Pou yo te ka rive nan zòn sa a, petèt yo te fè plizyè jou ap mache nan yon seri wout ki te difisil ant Friji ak Galasi, nan yon seri zòn ki pa t gen anpil moun. Sepandan, lè yo te prèske rive nan Bitini, pa mwayen lespri sen, Jezi te anpeche yo antre preche nan zòn sa a tou (Tra. 16:6, 7). Nan moman sa a, siman mesye yo pa t konn sa pou yo fè. Se vre, yo te konnen ki mesaj pou yo preche, yo te konnen kòman pou yo preche, men yo pa t konn ki kote pou yo preche. Yo te eseye al preche ann Azi, men Jezi pa t kite yo fè sa. Yo te eseye al preche nan Bitini, men, yon lòt fwa, Jezi te anpeche yo fè sa. Aktout sa, Pòl te detèmine pou l kontinye chèche jis li jwenn yon kote pou l preche. Mesye yo te pran yon desizyon moun te ka panse ki pa rezonab. Yo te met tèt nan direksyon lwès, yo fè anviwon 550 kilomèt ap mache, yo pase bò kot plizyè vil anvan yo rive Twowas, kote yo t ap ka pran bato k ap mennen yo Masedwàn (Tra. 16:8). Lè yo rive la, Pòl te wè yon zòn kote l te ka al preche, sa fè twazyèm fwa li te jwenn yon posiblite konsa, men fwa sa a, lespri sen pa t anpeche l al preche nan zòn sa a.

5 Lik, ki te ekri Evanjil ki pote non l lan, t al jwenn Pòl ak lòt konpayon Pòl yo pandan yo Twowas. Men sa li di ki te pase: “Pandan nuit lan, Pòl fè yon vizyon kote li wè yon mesye, yon moun Masedwàn, ki kanpe k ap sipliye l, k ap di l: ‘Vin Masedwàn pou w ede nou’. Kou l fin fè vizyon an, nou chèche al Masedwàn, paske nou te vin rann nou kont se Bondye ki voye rele nou pou n al anonse moun sa yo bon nouvèl la a.” (Tra. 16:9, 10). Anfen! Pòl te konnen ki kote pou yo preche kounye a. Ala kontan Pòl dwe te kontan dèske l pa t bay vag nan mwatye wout pou l retounen lakay li! San pèdi tan, kat mesye yo pran bato pou y al Masedwàn.

“Konsa, etan nou Twowas, nou pran lanmè.” — Travay 16:11.

6, 7. a) Ki sa nou ka aprann nan sa ki te rive pandan vwayaj Pòl la? b) Lè nou egzamine sa k te rive Pòl la, ki asirans nou ka genyen?

6 Ki sa nou ka aprann nan istwa sa a? Annou reflechi sou sa k te pase a: Se apre Pòl te fin kòmanse vwayaj pou l al ann Azi a, lespri sen Bondye te anpeche l al la, se apre Pòl te fin rive toupre Bitini, Jezi te anpeche l al la epi se apre Pòl te fin rive Twowas, Jezi te dirije l pou l al Masedwàn. Jodi a, Jezi, Chèf kongregasyon an, ka gide nou konsa tou (Kol. 1:18). Pa egzanp, sa ka gen kèk tan depi n ap reflechi pou nou wè si nou ta pran sèvis pyonye pèmanan oubyen pou nou deplase al yon kote yo bezwen plis pwoklamatè. Men, se kapab apre nou fin pran yon seri dispozisyon klè pou nou atenn objektif nou genyen an Jezi ap gide nou pa mwayen lespri sen Bondye. Poukisa? Reflechi sou egzanp ki vin apre a: Pou yon chofè rive fè machin li vire adwat oswa agoch, fòk machin nan ap woule. Menm jan an tou, pou Jezi gide nou nan desizyon n ap pran pou nou patisipe plis nan travay predikasyon an, nou dwe kòmanse fè efò toutbon pou nou atenn objektif sa a.

7 Bon, e si nou fè efò, men nou pa jwenn rezilta tousuit? Èske nou dwe bay vag paske nou panse lespri sen Bondye pa gide nou? Non, nou pa dwe kite sa rive nou! Nou dwe sonje Pòl tou te rankontre kèk sitiyasyon ki te ralanti l nan sa l te vle fè. Epoutan, li te kontinye chèche jis li jwenn yon pòt ki ouvri, sa vle di jis li jwenn yon kote pou l preche. Nou mèt gen asirans si nou kontinye chèche “yon gwo pòt ki mennen nan aktivite”, n ap jwenn anpil byenfè. — 1 Kor. 16:9.

8. a) Fè yon ti pale sou vil Filip. b) Ki bon rezilta Pòl te jwenn lè l te preche nan yon zòn kote “moun te konn vin lapriyè”?

8 Lè Pòl ak konpayon l yo fin rive nan zòn Masedwàn, yo vwayaje al Filip, yon vil kote moun yo te fyè dèske yo se sitwayen women. Te gen anpil ansyen sòlda women ki t ap viv nan vil sa a. Vil sa a te gen anpil bèl bagay ladan l menm jan ak Wòm. Se poutèt sa, ansyen sòlda women ki t ap viv nan vil sa a te santi se kòmsi yo t ap viv Wòm. Pa deyò pòtay vil la, toupre yon ti rivyè, misyonè yo te wè yon zòn kote yo te panse “moun te konn vin lapriyè b”. Nan jou saba a, yo desann nan zòn sa a e vrèman yo jwenn plizyè medam ki te reyini la pou yo adore Bondye. Disip yo chita e yo kòmanse pale avèk yo. Gen yon dam ki rele Lidi “ki t ap koute” sa misyonè yo t ap di e “Jewova te ouvri kè l byen laj pou l koute” yo. Sa l te aprann yo te tèlman touche kè l, ni li menm ni moun lakay li te batize. Apre sa, li sipliye Pòl ak konpayon l yo pou yo fè ladesant lakay li c. — Tra. 16:13-15.

9. Ki jan anpil moun imite Pòl jodi a, e ki benediksyon yo jwenn?

9 Imajine jan Pòl ak konpayon l yo dwe te kontan lè Lidi te batize! Ala kontan Pòl dwe te kontan dèske l te aksepte envitasyon pou l “vin Masedwàn” nan! Ala kontan Pòl dwe te kontan dèske Jewova te deside itilize li menm ak konpayon l yo pou L reponn priyè medam sa yo ki te gen lakrentif pou Li! Jodi a, menm jan an tou, anpil frè ak sè, granmoun kou jèn, selibatè kou moun marye, deplase al nan zòn kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Se vre yo jwenn difikilte, men sa pa anyen devan lajwa yo jwenn lè yo rankontre moun ki menm jan ak Lidi, ki aksepte verite ki nan Bib la. Èske w ka fè chanjman ki nesesè nan lavi w pou w al nan yon tèritwa kote yo bezwen plis pwoklamatè? W ap jwenn anpil benediksyon si w fè sa. Pa egzanp, gen yon frè ki rele Aaron, ki nan ventèn li, ki te deplase al nan yon peyi nan Amerik santral. Li te di yon pawòl ki montre ki santiman anpil moun ki fè menm jan avè l genyen. Men sa l te di: “Lefètke m t al sèvi aletranje, sa te ede m pwogrese nan domèn espirityèl e sa te ede m vin pi pre Jewova. E travay predikasyon an bò isit se wololoy! M ap kondui uit etid Labib!”

Ki jan nou ka aksepte envitasyon ki fèt pou nou “vin Masedwàn” jodi a?

“Foul moun yo leve kanpe kont yo” (Travay 16:16-24)

10. Ki wòl demon yo te jwe nan opozisyon Pòl ak konpayon l yo te rankontre a?

10 Siman sa dwe te fè Satan fache lè l wè bon nouvèl la t ap antre nan yon zòn kote li menm ak demon l yo te enfliyanse lavi pifò moun. Donk, sa pa etone nou dèske demon yo te jwe yon wòl nan opozisyon Pòl ak konpayon l yo te rankontre a. Yo te kontinye al kote moun yo te konn lapriyè a, e yo rankontre yon tifi, se te yon sèvant ki te gen yon demon sou li. Li te konn anonse sa k pral rive, konsa li te konn fè mèt li yo fè kòb. Li t ap suiv Pòl ak konpayon l yo, li t ap di byen fò: “Mesye sa yo se esklav Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Y ap anonse nou mwayen pou nou jwenn delivrans lan.” Sanble demon an te fè tifi a di pawòl sa yo pou l te ka fè moun yo panse ni sa tifi a t ap anonse yo ni sa Pòl t ap anseye yo sot menm kote. Konsa, sa t ap fè moun ki t ap gade yo sispann konsantre sou mesaj vrè disip Kris yo t ap anonse a. Men, Pòl te chase demon an sou tifi a, konsa tifi a te fè silans. — Tra. 16:16-18.

11. Ki sa k te rive Pòl ak Silas apre Pòl te fin retire demon an sou tifi a?

11 Lè mèt tifi a wè yo pa t ap ka fè kòb byen fasil ak tifi a ankò, yo te an kòlè. Yo met men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo devan majistra yo sou plas piblik la. Majistra yo se te yon seri mesye nan gouvènman an ki te reprezante Wòm e se sou plas piblik la yo te konn fè yon seri jijman. Mèt tifi a te genyen yo te eseye pran woulib sou prejije jij yo te gen lakay yo e sou lanmou yo gen pou peyi yo. Se kòmsi yo te di: ‘Juif sa yo ap boulvèse vil nou an, paske y ap anseye yon seri koutim nou pa gen dwa aksepte, piske nou se Women.’ Menm moman an, sa yo te di a te bay rezilta yo t ap chèche a. “Tout foul moun [ki te sou plas piblik la] leve kanpe kont [Pòl ak Silas].” Epi, majistra yo bay lòd ‘pou yo bat yo ak baton’. Apre sa, yo trennen yo met nan prizon. Gadyen prizon an lage mesye yo ki te tou blese nan yon kacho ki jis nan fon prizon an, epi li mete pye yo nan sèp (Tra. 16:19-24). Lè gadyen prizon an fin fèmen pòt la, li te tèlman fènwa anndan an se apèn si Pòl ak Silas te ka wè youn lòt. Epoutan, Jewova li menm te wè tout bagay. — Sòm 139:12.

12. a) Ki jan disip Kris yo konsidere pèsekisyon, e poukisa? b) Ki kalite opozisyon Satan ak patizan l yo kontinye itilize jodi a?

12 Kèk ane anvan sa, Jezi te di disip li yo: “Y ap pèsekite nou.” (Jan 15:20). Kidonk, lè Pòl ak konpayon l yo te ale Masedwàn, yo te prepare pou yo fè fas ak opozisyon. Lè yo te kòmanse pèsekite yo, yo te konprann trè byen sa pa t vle di yo pèdi favè Jewova, men pito, se te yon prèv ki montre Satan an kòlè kont yo. Jodi a tou, patizan Satan yo kontinye itilize menm metòd moun nan vil Filip yo te itilize yo. Opozan yo ki malveyan di yon seri bagay ki pa sa sou nou pou yo ka fè plis moun vin opoze ak nou nan lekòl nou oswa nan travay nou. Nan kèk peyi, opozan relijye yo mete yon seri akizasyon sou do nou devan tribinal. Se kòmsi yo di: ‘Temwen Jewova sa yo ap boulvèse moun yo, paske y ap anseye yon seri bagay nou pa gen dwa suiv, piske nou se “kwayan”.’ Gen kèk kote, yo bat frè ak sè nou yo e yo mete yo nan prizon. Men, Jewova ap gade tout bagay. — 1 Pyè 3:12.

Yo “batize san pèdi tan” (Travay 16:25-34)

13. Poukisa gadyen prizon an te mande ‘ki sa pou l fè pou l ka sove’?

13 Sandout, Pòl ak Silas te bezwen yon ti tan pou yo reprann yo apre evènman sa yo ki te boulvèse yo pandan jou sa a. Nan mitan nuit lan, yo te kòmanse repran fòs, yo “t ap priye, [e] yo t ap chante pou yo louwe Bondye”. Epi, bridsoukou, yon tranblemanntè souke prizon an! Gadyen prizon an pantan nan dòmi, li wè tout pòt prizon yo ouvè, li te pè e li te panse prizonye yo sove. Piske l te konnen yo t apral touye l lefètke l kite prizonye yo chape, li “pran epe l pou l touye tèt li”. Men, Pòl di l byen fò: “Pa fè tèt ou mal, paske nou tout la!” Gadyen prizon an ki tou ap tranble mande Pòl ak Silas: “Mesye, ki sa pou m fè pou m ka sove?” Pòl ak Silas pa t ka sove l, se sèlman Jezi ki te ka fè sa. Kidonk, yo di l: ‘Kwè nan Seyè Jezi, e w ap sove.’ — Tra. 16:25-31.

14. a) Ki jan Pòl ak Silas te ede gadyen prizon an? b) Ki benediksyon Pòl ak Silas te jwenn lefètke yo te andire pèsekisyon yo te rankontre yo ak kè kontan?

14 Èske gadyen prizon an te sensè lè l te poze kesyon sa a? Pòl pa t gen dout sou misye, li pa t panse li pa sensè. Gadyen prizon an se te yon moun ki soti nan lòt nasyon, li pa t konnen sa ki nan Ekriti yo. Anvan l vin kretyen, li te bezwen aprann verite de baz ki nan Ekriti yo e li te dwe aksepte verite sa yo. Se sa k fè Pòl ak Silas te pran tan pou yo fè l konnen “pawòl Jewova a”. Petèt, pandan yo te konsantre yo pou yo anseye moun yo Ekriti yo, yo te bliye doulè yo te genyen akoz baton yo te ba yo a. Men, gadyen prizon an te wè jan do yo te fann, e li te lave blese yo te genyen yo. Apre sa, li menm ak tout moun lakay li te “batize san pèdi tan”. Ala yon gwo benediksyon Pòl ak Silas te jwenn lefètke yo te andire pèsekisyon yo te rankontre yo ak kè kontan! — Tra. 16:32-34.

15. a) Ki jan anpil Temwen Jewova suiv egzanp Pòl ak Silas jodi a? b) Poukisa nou pa ta dwe sispann al lakay moun ki abite nan tèritwa nou yo?

15 Jodi a, menm jan ak Pòl ak Silas, gen anpil Temwen Jewova k ap preche bon nouvèl la pandan yo nan prizon pou lafwa yo, e yo jwenn bon rezilta. Pa egzanp, nan youn nan peyi kote yo te entèdi travay predikasyon an, te gen yon epòk 40 pousan Temwen Jewova ki t ap viv nan peyi sa a se moun ki te aprann laverite pandan yo te nan prizon (Eza. 54:17). Yon lòt bagay li bon pou nou note, sèke se apre tranblemanntè a te fin fèt gadyen prizon an te mande yo ede l. Menm jan an tou jodi a, gen kèk moun ki pa t janm byen reyaji devan mesaj Wayòm nan, men ki vin chanje apre yon evènman grav fin frape yo. Lè nou pa sispann al lakay moun ki abite nan tèritwa nou yo, nou montre nou pare pou nou anseye yo depi yo dispoze aksepte èd nou.

“Ki sa? [...] Yo vle libere nou an kachèt!” (Travay 16:35-40)

16. Ki jan sitiyasyon an te vin chanje nan demen apre yo te fin bat Pòl ak Silas?

16 Nan jou ki te vin apre yo te bat Pòl ak Silas la, nan maten, majistra yo voye bay lòd pou yo lage yo. Men, Pòl di: “Ki sa? Yo bat nou an piblik san nou pa kondane, nou menm ki se Women, yo fèmen nou nan prizon, epi kounye a, yo vle libere nou an kachèt! Non, jamè! Se yo menm menm ki pou vin fè nou soti.” Lè majistra yo aprann de mesye yo se Women, “yo vin pè”, paske yo te pase dwa mesye yo anba pye d. Sitiyasyon an te chanje. Majistra yo te fè bat disip yo devan tout moun, ebyen kounye a, se devan tout moun tou yo dwe mande disip yo eskiz. Yo vin sipliye Pòl ak Silas, yo mande yo kite vil Filip. Pòl ak Silas te aksepte, men anvan yo ale, yo pran tan pou yo ankouraje nouvo disip yo ki t ap vin pi plis nan vil sa a. Se apre yo fin fè sa, yo ale.

17. Ki leson enpòtan nouvo disip yo te aprann lè yo te wè jan Pòl ak Silas andire anba move tretman?

17 Si Pòl ak Silas te fè respekte dwa yo genyen antanke sitwayen women an depi anvan, petèt yo te ka pa pran baton yo te pran an (Tra. 22:25, 26). Men, sa te ka fè disip ki nan Filip yo panse Pòl ak Silas te itilize dwa yo genyen antanke sitwayen women an pou yo pa soufri pou Kris. Ki efè sa t ap genyen sou lafwa disip ki pa t sitwayen women yo? Sa ki klè, lalwa pa t ap anpeche yo bat yo yo menm. Kidonk, lefètke Pòl ak konpayon l lan te aksepte yo bat yo konsa, se yon egzanp sa te ye pou nouvo disip yo, sa te montre yo yon moun k ap suiv Kris ka rete fidèl menm lè l anba pèsekisyon. Anplis de sa, lè Pòl ak Silas te mande pou yo respekte dwa yo genyen antanke sitwayen women an, yo te fè majistra yo admèt yo te aji yon fason ki kontrè ak lalwa devan tout moun. Konsa, sa t ap fè yo pa maltrete lòt disip yo e se t ap yon pwoteksyon legal pou disip yo si yo ta vle fè menm kalite atak sa yo sou yo alavni.

18. a) Ki jan ansyen yo suiv egzanp Pòl jodi a? b) Ki jan nou ‘defann bon nouvèl la e nou fè rekonèt li devan lajistis’?

18 Jodi a, ansyen yo nan kongregasyon an tou bay twoupo Bondye a bon egzanp pou yo suiv. Kèlkeswa sa bèje sa yo ta vle kwayan parèy yo fè, yo menm tou yo fè l. Menm jan ak Pòl, nou byen egzamine sitiyasyon yo pou nou wè ki lè e ki jan pou nou itilize dwa lalwa ban nou pou n jwenn pwoteksyon. Si sa nesesè, nou fè apèl devan tribinal ki nan zòn nou ye a, devan tribinal ki nan peyi a e menm devan tribinal entènasyonal pou nou ka jwenn pwoteksyon legal pou nou kontinye adore Bondye. Objektif nou se pa pou nou fè chanjman nan sosyete a, men pito, pou n “defann bon nouvèl la e [pou n] fè rekonèt li devan lajistis”. Se sa Pòl te fè frè ak sè nan kongregasyon Filip yo konnen nan yon lèt li te ekri yo anviwon dizan apre l te fin pran prizon nan vil sa a (Flp. 1:7). Men, kèlkeswa jan jijman sa yo fini, menm jan ak Pòl ak konpayon l yo, nou detèmine pou nou kontinye ‘anonse bon nouvèl la’ kèlkeswa kote lespri sen Bondye dirije nou. — Tra. 16:10.

a Gade kare ki gen tit “ Lik, moun ki te ekri liv Travay la”.

b Petèt yo te entèdi Juif yo gen yon sinagòg nan vil sa a akoz vil la te chaje ansyen militè. Oubyen genlè vil la pa t gen dis gason ladan l ki te Juif, paske se omwen kantite sa a ki te dwe genyen nan yon vil pou yo te ka mete yon sinagòg ladan l.

c Gade kare ki gen tit “ Lidi te konn vann twal ak rad wouj vyolèt”.

d Lwa Women yo te mande pou yo toujou fè yon jijman ki kòrèk pou yon sitwayen women e yo pa ta dwe janm pini l devan tout moun san tribinal poko kondane l.