Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 17

“Li rezone avèk yo sou Ekriti yo”

“Li rezone avèk yo sou Ekriti yo”

Sa ki nesesè pou yon moun byen anseye, e bon egzanp moun Bere yo te bay

Travay 17:1-15

1, 2. Ki moun sa yo k ap vwayaje sot Filip pou y al Tesalonik, e ki sa petèt k ap pase nan lespri yo?

 TWA mesye yo, Pòl, Silas ak Timote ap vwayaje soti Filip pou y al Tesalonik. Yo gen pou yo fè plis pase 130 kilomèt ap mache. Anpil moun konn vwayaje sou wout yo ye a, se yon wout yon seri gwo enjenyè women te fè ki tankou yon wout ki adokine e ki pase nan mitan plizyè mòn. Pafwa, moun te ka tande tout kalite bri sou wout la: bourik k ap ranni, wou charyo k ap kouri ak tout kalite bri foul moun k ap vwayaje yo ap fè, sa ka gen ladan l sòlda yo, machann yo ak atizan yo. Vwayaj la pa fasil menm, sitou pou Pòl ak Silas. Blese yo te genyen apre yo te fin bat yo pandan yo te Filip la poko fin geri. — Tra. 16:22, 23.

2 Ki sa k fè mesye yo pa dekouraje pandan vwayaj byen long sa a y ap fè a? Siman yo pale youn ak lòt e sa ede yo. Yon bagay ki fre nan lespri yo se bèl eksperyans yo te fè lè yo te Filip la kote gadyen prizon an ansanm ak moun lakay li te vin kwayan. Eksperyans sa a ba yo plis detèminasyon toujou pou yo kontinye preche Pawòl Bondye a. Men, etan y ap pwoche vil Tesalonik, yon vil ki bò lanmè, petèt yo kòmanse mande tèt yo ki jan Juif ki nan vil sa a pral boule avèk yo. Èske y ap atake yo, pou yo ta menm bat yo, jan moun nan vil Filip te fè sa?

3. Ki jan egzanp Pòl la ka ede nou mete kran sou nou pou nou preche bon nouvèl la jodi a?

3 Pi devan, nan yon lèt Pòl te ekri kretyen Tesalonik yo, li te di ki santiman l te genyen nan moman sa a. Men sa l te di: “Byenke anvan sa nou te soufri e yo te maltrete nou nan Filip, kòm nou konnen, nou te mete kran sou nou grasa Bondye nou an, pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a anba anpil opozisyon.” (1 Tes. 2:2). Donk, nan pawòl Pòl di la yo, sanble li vle montre li te yon ti jan ezite lè l t ap antre nan vil Tesalonik, sitou apre sa k te rive l nan vil Filip la. Èske w konprann santiman Pòl te genyen an? Èske w pa konn santi li difisil pou w preche bon nouvèl la? Pòl te konte sou Jewova pou ba l fòs li te bezwen e pou ede l mete kran sou li. Lè nou byen egzamine egzanp Pòl la, sa ka ede nou fè menm jan an. — 1 Kor. 4:16.

“Li rezone [...] sou Ekriti yo” (Travay 17:1-3)

4. Ki sa k fè nou ka di Pòl genlè te fè plis pase twa semèn nan vil Tesalonik?

4 Nan istwa a, nou aprann Pòl te preche nan sinagòg Tesalonik la pandan twa jou saba. Èske sa vle di se sèlman twa semèn Pòl te pase nan vil la? Pa fòseman. Nou pa konn konbyen tan ki te pase anvan Pòl jwenn posiblite pou l al nan sinagòg la apre l te fin rive nan vil la. Mete sou sa, nan lèt Pòl te ekri kretyen Tesalonik yo, nou aprann li menm ak konpayon l yo te travay pou yo pran swen tèt yo (1 Tes. 2:9; 2 Tes. 3:7, 8). Epitou, pandan Pòl te nan vil sa a, frè Filip yo te voye pwovizyon pou li an de fwa (Flp. 4:16). Kidonk, sanble Pòl te fè plis pase twa semèn nan vil Tesalonik.

5. Ki jan Pòl te chèche fè moun yo rezone sou Ekriti yo?

5 Apre Pòl te fin met kran sou li pou l preche, li te pale ak moun ki te reyini nan sinagòg la. Jan li abitye fè sa, ‘li rezone avèk yo sou Ekriti yo. Li ba yo esplikasyon, e li sèvi ak pasaj nan Ekriti yo pou l pwouve yo li te nesesè pou Kris la soufri e pou l leve sot nan lanmò. Li te di: “Jezi m ap anonse nou an, se li ki Kris la.”’ (Tra. 17:2, 3). Li bon pou nou note Pòl pa t chèche pran tèt moun yo ak bèl pawòl, men li te chèche fè yo rezone sou Ekriti yo. Li te konnen moun ki nan sinagòg yo te abitye ak Ekriti yo e yo te respekte yo. Men, yo pa t byen konprann yo. Kidonk, Pòl te rezone sou Ekriti yo, li te esplike yo e li te sèvi avèk yo pou l pwouve se Jezi, Moun Nazarèt la, ki Mesi Bondye te pwomèt la, sètadi Kris la.

6. Ki jan Jezi te rezone avèk disip li yo sou Ekriti yo, e ki rezilta sa te bay?

6 Pòl te suiv egzanp Jezi te bay nan domèn nan, paske Jezi te toujou sèvi ak Ekriti yo pou l anseye moun yo. Pa egzanp, lè Jezi t ap preche, li te fè disip li yo konnen, selon Ekriti yo, y ap gen pou yo fè Pitit lòm nan soufri, y ap touye l, men l ap gen pou l leve sot nan lanmò (Mat. 16:21). Lè Jezi te resisite, li te parèt devan disip li yo. Siman, sa sèlman t ap sifi pou fè disip yo wè li te di laverite. Men, Jezi te fè plis pase sa, li te byen esplike yo Ekriti yo. Men sa Bib la fè n konnen konsènan sa l te fè lè l te rankontre ak kèk disip: “Li te entèprete tout bagay ki te gen rapò avè l nan tout Ekriti yo pou yo, kòmanse depi sou liv Moyiz yo ak tout pawòl pwofèt yo te ekri yo.” Ki rezilta sa te bay? Men sa disip yo te di: “Èske nou pa t santi tankou se yon dife ki t ap boule nan kè nou pandan l t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap byen esplike nou Ekriti yo?” — Lik 24:13, 27, 32.

7. Poukisa li enpòtan pou nou sèvi ak Bib la pou n anseye?

7 Mesaj ki gen nan Pawòl Bondye a pisan (Ebre 4:12). Se sa k fè kretyen yo jodi a sèvi ak Pawòl Bondye a pou yo anseye, menm jan Jezi, Pòl ak lòt apot yo te fè sa. Nou rezone ak moun nou rankontre yo, nou esplike yo sa ki nan Bib la, nou li vèsè yo dirèkteman nan Bib la pou nou montre yo sa Bib la di e pou nou pwouve yo sa n ap anseye yo. Dayè, mesaj nou pote pou moun yo se pa mesaj pa nou. Lè nou itilize Bib la souvan, sa ap ede moun yo wè sa n ap di a se pa pawòl pa nou, men se pawòl Bondye. Anplis de sa, se yon bon bagay sa ye pou nou lè n toujou sonje mesaj n ap preche a byen anrasinen nan Pawòl Bondye a. Li merite pou moun fè l yon konfyans total. Lefètke nou konn sa, sa fè nou gen kouraj pou n preche mesaj Wayòm nan avèk kran menm jan ak Pòl.

“Kèk ladan yo te vin kwè” (Travay 17:4-9)

8-10. a) Ki jan moun nan Tesalonik yo te reyaji lè yo te tande bon nouvèl la? b) Poukisa kèk Juif te jalou Pòl? c) Ki jan opozan ki te Juif yo te aji?

8 Pòl te deja wè jan pawòl Jezi te di nan Jan 15:20 yo se laverite. Men sa Jezi te di: “Yon esklav pa plis pase mèt li. Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou. Si yo obeyi pawòl mwen, y ap obeyi pawòl nou tou.” Vrèmanvre, nan vil Tesalonik, Pòl te jwenn de kalite reyaksyon sa yo: gen kèk moun ki te chofe pou yo obeyi sa Pòl te di yo, alòske gen lòt ki te opoze ak sa l te di yo. Men sa Lik te ekri konsènan moun ki te byen reyaji yo: “Kèk [nan Juif yo] te vin kwè [yo te vin kretyen], e yo te vin jwenn Pòl ak Silas. Gen anpil Grèk ki t ap adore Bondye ki te fè menm bagay la tou ansanm ak yon bonkou medam ki enpòtan.” (Tra. 17:4). Siman, nouvo disip sa yo te kontan dèske Pòl te ede yo byen konprann Ekriti yo.

9 Se vre gen kèk moun ki te apresye pawòl Pòl te di yo, men gen lòt ki te fache anpil. Gen kèk Juif nan Tesalonik ki te jalou Pòl lefètke te “gen anpil Grèk” ki te aksepte mesaj Pòl la. Juif sa yo, ki te vle konvèti moun nan relijyon juif la, t ap anseye Grèk yo ki te moun lòt nasyon pawòl ki nan Liv ki te ekri ann ebre yo e yo te konsidere moun yo kòm byen pa yo. Men, yon sèl kou, se kòmsi Pòl te pran yo nan men yo, e sa k pi rèd la, se nan sinagòg la li te fè sa. Juif yo te an kòlè anpil.

‘Yo t al chèche Pòl ak Silas pou yo mennen yo bay popilasyon an.’ — Travay 17:5.

10 Men sa Lik fè n konnen ki te pase annapre: “Juif yo, ki te vin jalou, pran kèk mesye ki mechan pami vagabon ki sou plas piblik la met avèk yo, yo vin fòme yon foul moun, e yo met vil la tèt anba. Epi, yo anvayi kay Jazon pou yo chèche Pòl ak Silas mennen bay popilasyon an. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ak kèk frè al devan chèf yo nan vil la, e yo di byen fò: ‘Men mesye sa yo k ap boulvèse tout tè a rive bò isit la, epi Jazon li menm akeyi yo lakay li. Anplis, tout mesye sa yo ap aji kont dekrè Seza yo, yo di gen yon lòt wa yo rele Jezi.’” (Tra. 17:5-7). Ki jan Pòl ak konpayon l yo te reyaji apre aksyon sa a foul moun sa yo ki te an kòlè te fin fè a?

11. Ki akizasyon yo te lage sou do Pòl e sou do lòt moun ki te avè l ki t ap preche mesaj Wayòm nan, e ki dekrè moun ki te akize yo ka te gen nan tèt yo? (Gade nòt ki anba paj 136 la.)

11 Yon foul moun ki an kòlè ka fè yon seri bagay ki terib, yo ka fè dega menm jan ak yon rivyè ki debòde. Se zam sa a Juif yo te itilize pou yo eseye elimine Pòl ak Silas. Epi, apre Juif yo te fin met vil la “tèt anba”, yo te eseye konvenk chèf yo nan vil la pou yo fè yo kwè akizasyon ki te sou do mesye yo se gwo akizasyon. Premye akizasyon yo te met sou do Pòl e sou do lòt moun ki te avè l ki t ap preche mesaj Wayòm nan sèke, yo te di mesye sa yo ap “boulvèse tout tè a”, alòske se pa menm yo menm ki te met vil Tesalonik la tèt anba. Dezyèm akizasyon an te pi grav toujou. Juif yo te di misyonè yo t ap pale de yon lòt Wa, ki rele Jezi, konsa misyonè yo te vyole dekrè wa women an te bay la a.

12. Ki sa k montre akizasyon yo te lage sou do kretyen yo nan vil Tesalonik la te ka gen gwo konsekans sou yo?

12 Nou dwe sonje chèf relijye yo te lage yon akizasyon konsa sou do Jezi. Yo te di Pilat: “Nou jwenn mesye sa a k ap boulvèse nasyon nou an [...], epi l ap di li se Kris, li se yon wa.” (Lik 23:2). Pilat menm genlè te pè pou wa a pa t konprann li pa t fè anyen pou anpeche konplo yo t ap fè kont li, se sa k fè li te kite yo touye Jezi. Se menm jan an tou, akizasyon yo te lage sou do kretyen yo nan vil Tesalonik la te ka gen gwo konsekans sou yo. Men sa yon liv fè konnen: “Te gen gwo danje ki pandye sou tèt [kretyen] yo, paske ‘byen souvan, depi se konplo yo di yon moun ap fè kont wa a, yo konn touye moun nan’.” Èske vye atak sa a t ap reyisi?

13, 14. a) Ki sa k fè atak foul moun yo pa t reyisi? b) Ki jan Pòl te demontre li pridan menm jan ak Kris, e ki jan n ka imite l?

13 Foul moun yo pa t rive kanpe travay predikasyon an nan vil Tesalonik. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo se paske yo pa t ka jwenn Pòl ak Silas. Anplis, sanble chèf yo ki nan vil la pa t fin kwè nan akizasyon yo te lage sou do kretyen yo. Chèf yo te mande “yon bon kantite lajan” pou yo lage Jazon ak lòt frè yo te mennen devan yo, e kou yo fin ba yo kòb la, yo lage yo (Tra. 17:8, 9). Pòl te suiv konsèy Jezi te bay kote l te di disip li yo pou yo ‘pridan tankou sèpan e pou yo inosan tankou pijon’. Avèk pridans, Pòl te rete lwen tout danje pou l te ka kontinye preche lòt kote (Mat. 10:16). Li klè, Pòl te gen kran, men sa pa vle di li pa t pridan. Ki jan kretyen yo ka suiv egzanp li jodi a?

14 Nan epòk pa nou an, souvan, chèf relijye nan lakretyente yo fè foul moun ki an kòlè leve kont Temwen Jewova yo. Yo konn akize Temwen Jewova yo kòm moun k ap fè soulèvman kont otorite yo e k ap fè konplo kont yo pou yo ka fè dirijan yo ba yo pwoblèm. Se jalouzi ki fè opozan yo aji konsa jodi a, menm jan se jalouzi ki te fè moun yo pèsekite kretyen yo nan premye syèk la. Men, vrè kretyen yo pa chèche lage kò yo nan pwoblèm. Toutotan sa posib, nou evite fè diskisyon ak moun sa yo ki an kòlè e ki aji san reflechi. Men, nou chèche kontinye fè travay predikasyon n ap fè a anpè, nou ka tounen nan zòn sa yo yon lòt lè, lè bagay yo kalme.

Yo te gen “pi bon atitid” (Travay 17:10-15)

15. Ki jan moun Bere yo te reyaji lè yo te tande bon nouvèl la?

15 Pou Pòl ak Silas te ka an sekirite, yo te voye yo Bere, yon vil ki te nan yon distans 65 kilomèt anviwon parapò ak Tesalonik. Lè yo rive Bere, Pòl al nan sinagòg la e li pale ak moun ki te reyini yo. Ala kontan l te kontan lè l te wè moun yo dispoze koute l! Lik di Juif Bere yo te “gen pi bon atitid pase Juif Tesalonik yo, paske yo te byen dispoze lè yo t ap resevwa pawòl la, e yo te konn byen egzamine Ekriti yo chak jou pou yo wè si se konsa bagay yo ye vre”. (Tra. 17:10, 11.) Èske pawòl sa yo vle di moun Tesalonik ki te aksepte laverite yo pa t gen yon bon etadespri? Non, se pa sa ditou. Pi devan, Pòl te ekri yo, li te di yo: “Se toutan n ap remèsye Bondye, paske, lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te fè nou tande a, se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye k ap travay tou nan nou menm ki kwayan.” (1 Tes. 2:13). Donk, ki sa k fè yo di Juif Bere yo te gen yon pi bon atitid?

16. Poukisa li te apwopriye pou Lik di Juif Bere yo te gen yon “bon atitid”?

16 Byenke se yon nouvo ansèyman Pòl t ap aprann yo, yo pa t montre yo manke konfyans ladan l, yo pa t kritike sa yo t ap aprann nan, ni yo pa t annik aksepte tout sa Pòl te di yo. Premye sa yo te fè, yo te pran tan pou yo koute sa l t ap di yo avèk atansyon. Apre sa, yo te ale nan Ekriti yo pou yo verifye sa yo te aprann yo, sètadi bagay Pòl te esplike yo. Anplis de sa, yo te pran san yo pou yo etidye Pawòl Bondye a, yo pa t fè sa sèlman nan jou saba a, yo te fè sa chak jou. Yo te “byen dispoze” fè sa, yo te fouye anpil nan Ekriti yo pou yo te jwenn lòt verite ki gen rapò ak nouvo bagay yo te aprann yo. Epitou, yo te montre yo gen ase imilite pou yo fè chanjman yo te bezwen fè yo, paske “anpil nan yo te vin kwè”, sa vle di yo te vin kretyen (Tra. 17:12). Donk, sa pa etone nou dèske Lik te di yo te gen “bon atitid”!

17. Ki sa k fè egzanp Juif Bere yo se yon bèl egzanp, e ki jan n ka kontinye imite yo menm lè nou fin kretyen?

17 Fason Juif Bere yo te reyaji lè yo te tande bon nouvèl la se yon bèl egzanp yo bay antanke moun ki te gen yon bon atitid nan domèn espirityèl, e yo pa t menm konnen si Bondye t apral fè ekri sa nan Pawòl li a. Yo te fè egzakteman sa Pòl te espere yo t ap fè e yo te fè sa Jewova te vle yo fè. Se menm bagay la nou ankouraje moun n ap preche yo fè: pou yo byen egzamine Bib la yon fason pou lafwa yo ka byen anrasinen nan Pawòl Bondye a. Men, èske lè nou fin kretyen, nou pa bezwen gen bon atitid sa a ankò? Non, okontrè! Se lè sa a li pi enpòtan pou nou chofe pou nou aprann nan men Jewova e pou nou aplike sa nou aprann yo san pèdi tan. Lè nou fè sa, nou kite Jewova fòme nou selon volonte l (Eza. 64:8). Konsa, n ap kontinye fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan, e l ap kontinye itilize nou nan sèvis li a.

18, 19. a) Poukisa Pòl te kite Bere, men ki jan l te montre li se yon moun nou ka imite nan kesyon pèsevere nan travay predikasyon an? b) Ki moun Pòl te gen pou l preche annapre, e ki bò?

18 Pòl pa t fè anpil tan Bere. Men sa nou li nan Bib la: “Lè Juif Tesalonik yo aprann Pòl ap anonse pawòl Bondye a nan Bere tou, yo vin Bere pou yo soulve foul moun yo kont li e pou fè yo fè dezòd. Menm kote a, frè yo fè Pòl desann al bò lanmè a. Silas ak Timote yo menm rete. Men, moun ki t ap kondui Pòl yo te mennen l jis Atèn, e apre Pòl fin mande yo pou yo di Silas ak Timote pou yo vin jwenn li pi vit posib, yo ale.”(Tra. 17:13-15). Ènmi bon nouvèl sa yo te detèmine pou yo bloke travay predikasyon an. Yo te lage koukouwouj dèyè Pòl Tesalonik, men sa pa t sifi pou yo. Yo vwayaje vin jis Bere pou yo eseye fè moun nan vil la aji menm jan ak moun Tesalonik yo, men yo te fè tout sa pou granmesi. Pòl te konnen li te gen yon gwo tèritwa, donk, li te annik deplase al preche yon lòt kote. Jodi a, nou menm tou, se pou n aji menm jan avè l. Se pou n toujou detèmine pou n pa kite moun ki vle kanpe travay predikasyon an rive fè sa!

19 Siman, apre Pòl te fin bay Juif Tesalonik yo ak Juif Bere yo yon temwayaj konplè, li te pi byen konprann enpòtans sa genyen pou l preche moun yo avèk kran e pou l rezone sou Ekriti yo avèk yo. Se sa n dwe fè tou. Men, apre evènman sa yo, Pòl te gen pou l preche yon lòt gwoup moun: moun lòt nasyon ki t ap viv nan vil Atèn yo. Ki jan bagay yo t apral pase pou li nan vil sa a? Nan chapit ki vin apre a, n ap wè kòman sa te pase.

a Selon sa yon biblis di, nan epòk sa a, Seza te bay yon dekrè ki te entèdi moun anonse gen “yon nouvo wa oswa yon nouvo wayòm k ap vini, sitou si se ta yon wa k ap vin ranplase wa women an oswa k ap vin jije l”. Sandout ènmi Pòl yo te defòme mesaj Pòl la pou yo te ka montre se vyole li te vyole dekrè sa a. Gade kare ki gen tit “ Seza ki t ap dirije pandan evènman yo rakonte nan liv Travay la”.