Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIS

Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

1, 2. a) Ki kalite pwoblèm pèp Eli a te genyen? b) Ki opozisyon Eli te jwenn sou Mòn Kamèl?

PWOFÈT Eli t ap gade foul la ki t ap redi monte Mòn Kamèl douvanjou. Li te klè moun yo te nan mizè e yo pa t gen ase manje pou yo manje. Twazan edmi sechrès la te prèske fini ak yo.

2 Pami foul la te gen 450 pwofèt Baal ki t ap mache ak lestomak yo byen gonfle e yo te pran tèt yo pou yon pakèt afè. Yo te rayi pwofèt Jewova a anpil. Rèn Jezabèl te gentan fè touye anpil nan sèvitè Jewova yo. Men, Eli te kontinye kanpe tennfas kont adorasyon Baal la. Pandan konbyen tan ankò li t ap ka kenbe? Petèt prèt Baal yo te met nan tèt yo Eli pa t ap kapab kenbe devan yo tout (1 Wa 18:4, 19, 20). Wa Ahab te pami foul la tou, li te chita sou charyo ki fèt pou wa a. Li menm tou li te rayi Eli.

3, 4. a) Poukisa Eli te ka santi l yon ti jan pè nan kòmansman jounen enpòtan sa a? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Eli, sèl vrè pwofèt la, t apral pase yon jou ki pa t ap tankou okenn lòt jou nan lavi l. Pandan l ap gade moun yo k ap monte Mòn Kamèl, li te konnen yo t ap gen pou yo wè byen klè diferans ki gen ant sa ki byen ak sa ki mal. Men, kòman l te santi l tank solèy la t ap leve? Natirèlman, piske “Eli te yon moun menm jan avèk nou”, li te ka pè. (Li Jak 5:17.) Antouka, yon bagay ki sèten, sèke Eli te vrèman santi l poukont li. Rezon an se paske moun ki te antoure l yo se te moun ki pa t demontre yo gen lafwa nan Bondye, se te yon bann prèt kriminèl ak wa yo a ki te yon aposta. — 1 Wa 18:22.

4 Men, ki sa k te fè Izrayelit yo vin nan sitiyasyon sa a? Ki enpòtans istwa sa a gen pou nou? Kounye a, ann egzamine fason egzanp Eli kite antanke yon moun ki te gen lafwa ka itil nou jodi a.

Yon goumen ki te dire lontan rive nan bout li

5, 6. a) Nan ki goumen Izrayelit yo te toujou ye? b) Nan ki sans wa Ahab te fè Jewova fache anpil?

5 Pandan prèske tout lavi Eli, li te wè jan pèp Izrayèl la te pase adorasyon Jewova a anba pye alòske li pa t ka fè anyen pou l anpeche sa. Kòm nou konnen, Izrayelit yo te toujou nan yon goumen pou yo chwazi ant vrè relijyon an ak fo a, sa vle di ant adorasyon Jewova Dye a ak idolatri yo te wè nasyon ki te antoure yo t ap pratike. Nan epòk Eli a, Izrayelit yo te vin nan yon goumen ki pi rèd toujou.

6 Wa Ahab te fè Jewova fache anpil. Li te marye ak Jezabèl, yon pitit fi wa Sidon an, ki te byen deside pou l gaye adorasyon Baal la ann Izrayèl e pou l elimine adorasyon Jewova nan peyi a. Jezabèl te pran tèt Ahab byen vit. Konsa, Ahab te bati yon tanp ak yon lotèl pou Baal, epi l pran latèt nan adore fo dye sa a. — 1 Wa 16:30-33.

7. a) Ki sa k fè adorasyon Baal la te fè Bondye fache? b) Poukisa nou ka sèten Bib la pa gen kontradiksyon ladan l anrapò ak kantite tan sechrès la te dire nan epòk Eli a? (Gade  kare a.)

7 Ki sa k te fè adorasyon Baal la terib konsa? Se paske anba anba li te rale Izrayelit yo lwen vrè Dye a. Konsa, anpil Izrayelit te sispann sèvi Jewova. Anplis de sa, se yon relijyon kote moun yo te konn fè zak ki repiyan e moun yo te mechan anpil. Gason kou fi te lage kò yo nan pwostitisyon nan tanp Baal la. Te gen banbòch seksyèl e yo te konn menm touye timoun yo kòm sakrifis. Jewova te montre l t ap suiv sa k t ap pase a. Li voye Eli al fè Ahab konnen t apral gen yon sechrès nan peyi a jiskaske pwofèt Bondye a ta deklare sechrès la fini (1 Wa 17:1). Te gen plizyè ane ki te pase anvan Eli tounen kot Ahab pou l di Ahab pou l rasanble pèp la ansanm ak pwofèt Baal yo sou Mòn Kamèl *.

Nan yon sans, jodi a pifò nan bagay ki te pèmèt moun rekonèt adorasyon Baal la gaye toupatou.

8. Ki enpòtans istwa konsènan adorasyon Baal la gen pou nou jodi a?

8 Men, ki enpòtans goumen Izrayelit yo t ap goumen pou yo chwazi kiyès y ap sèvi a genyen pou nou jodi a? Kèk moun ka panse istwa konsènan adorasyon Baal la pa pou nou jodi a piske nou pa wè moun mete tanp ak lotèl pou Baal ankò. Sepandan, istwa sa a se pa yon senp ti evènman ki te fèt nan tan lontan (Wom. 15:4). Mo “Baal” la vle di “pwopriyetè” oswa “mèt”. Jewova te di pèp li a yo dwe chwazi l antanke “baal” yo oswa antanke mari yo (Eza. 54:5). Èske w pa dakò anpil moun toujou ap sèvi plizyè mèt olye yo sèvi Dye Toupisan an? Kit yon moun itilize lavi l pou l fè lajan, pou l kouri fè yon non pou tèt li, pou l lage kò l nan pran plezi ak fè sèks, oswa pou l adore nenpòt lòt dye olye li adore Jewova, se yon mèt li chwazi. (Mat. 6:24; li Women 6:16.) Nan yon sans, jodi a pifò nan bagay ki te pèmèt moun rekonèt adorasyon Baal la gaye toupatou. Lè nou reflechi sou sa k te pase nan rankont Eli, sèvitè Jewova a, te genyen ak moun ki t ap sèvi Baal yo, sa ka ede n fè yon chwa ki saj sou kiyès pou n sèvi.

Nan ki sans Izrayelit yo te “gen de lide”?

9. a) Sa k fè Mòn Kamèl se te yon bon kote pou montre jan adorasyon Baal la pa t kanpe sou anyen? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki sa Eli te di pèp la?

9 Lè yon moun te kanpe sou tèt Mòn Kamèl, se pa ti bèl bagay li te ka wè lè l gade anba. Li te ka wè vale Kichon ki pa t twò lwen Gwo Lanmè a (lanmè Meditèrane) e nan direksyon nò a li te ka wè mòn Liban yo ki byen lwen *. Men, nan jou enpòtan sa a, lè solèy la te leve, se pa ti sèch tè Jewova te bay desandan Abraram yo te sèch. Sechrès la te tankou yon twal ki te kouvri tout peyi a. Nan tan lontan, tè sa a te konn bay rannman. Men, piske pèp Bondye a te mal aji sa te lakòz solèy la seche tè sa a nèt e li te vin di. Pandan moun yo te rasanble ansanm, Eli pwoche bò kote yo epi li di yo: “Ki lè n ap sispann gen de lide? Si se Jewova ki vrè Dye a, se li menm pou nou adore, men, si se Baal, se li menm pou nou adore!” — 1 Wa 18:21.

10. Nan ki sans pèp la te “gen de lide”, e ki verite enpòtan yo te bliye?

10 Ki sa Eli te vle di lè l te di pèp la “gen de lide” a? Ebyen, Izrayelit yo pa t rive konprann yo te dwe chwazi si y ap adore Jewova oswa si y ap adore Baal. Yo te panse yo ka adore Baal anmenmtan yo t ap adore Jewova, kòmkwa yo t ap ka jwenn favè Baal lè yo fè seremoni repiyan yo pou li toutpandan yo t ap kontinye mande Jewova Dye favè l. Petèt yo te met nan tèt yo Baal t ap beni jaden yo ak bèt yo e “Jewova, chèf lame yo” t ap pwoteje yo nan lagè (1 Sam. 17:45). Men, yo te bliye yon verite ki enpòtan anpil, yon verite anpil moun toujou pa konprann jounen jodi a. Jewova pa dakò pou yon moun ap adore l epi anmenmtan pou moun sa a ap adore yon lòt dye. Li vle se li menm sèl pou nou adore e li merite sa. Jewova pa aksepte pou yon moun melanje adorasyon l ap ba li a. E si yon moun ta fè sa, sa t ap fè Jewova fache anpil! — Li Egzòd 20:5.

11. Ki jan konsèy Eli te bay sou Mòn Kamèl la ka ede n egzamine tèt nou ankò pou n wè ki sa n bay priyorite nan lavi nou e ki kalite adorasyon n ap bay Bondye?

11 Kidonk, lefètke Izrayelit sa yo te “gen de lide”, yo te tankou moun ki t ap eseye kouri nan de chemen. Jodi a, gen anpil moun ki fè menm erè a. Yo vin kite yon pakèt bagay ki tankou baal fè yo pa bay adorasyon Bondye a premye plas nan lavi yo. Lè nou koute bonjan konsèy Eli te bay pèp la pou yo sispann woule de bò, sa ap ede nou wè enpòtans pou n egzamine tèt nou ankò pou nou wè ki sa nou bay premye plas nan lavi nou ak ki kalite adorasyon n ap bay Jewova.

Yon evènman enpòtan

12, 13. a) Ki bagay Eli te mande prèt Baal yo pou yo fè? b) Ki jan n ka montre nou met konfyans nou nan vrè Dye a menm jan ak Eli?

12 Apre sa, Eli te mande prèt Baal yo fè yon bagay ki pa t difisil ditou. Prèt Baal yo te dwe prepare yon lotèl epi mete yon sakrifis sou li. Apre sa, yo te dwe priye dye yo a pou l voye dife sou sakrifis la. Eli t ap gen pou l fè menm bagay la tou. Men sa l te di: “Dye ki reponn lè l fè dife parèt la ap montre se li ki vrè Dye a.” Eli te byen konnen kiyès ki vrè Dye a. Lafwa l te tèlman solid, li te bay opozan l yo tout tan yo t ap bezwen pou yo te fè tout sa yo te vle. Epi l pa t gen pwoblèm pou l kite pwofèt Baal yo kòmanse anvan. Yo te pran towo bèf yo chwazi pou sakrifis la epi yo rele Baal *. — 1 Wa 18:24, 25.

13 Se vre, jodi a, nou pap viv nan yon epòk kote n wè mirak ap fèt devan nou. Men, Jewova pa chanje. Nou ka fè Jewova konfyans menm jan ak Eli. Pa egzanp, lè lòt moun pa dakò ak sa Bib la anseye, nou pa pè kite yo pale. Menm jan ak Eli, nou fè vrè Dye a konfyans l ap ede n jwenn sa pou n di. Nou fè sa lè n konte sou Pawòl li enspire a ki ka ede n “fè bagay yo vin dwat” olye n konte sou tèt nou. — 2 Tim. 3:16.

Eli te wè jan adorasyon Baal la pa gen sans, li pa chita sou anyen, epi l te vle pèp la wè l menm jan an.

14. Ki jan Eli te pase pwofèt Baal yo nan jwèt, e poukisa l te fè sa?

14 Pwofèt Baal yo te kòmanse prepare sakrifis yo t apral fè a e yo te pran rele dye yo a. Men sa yo t ap plede di: “O Baal, reponn nou!” Minit yo t ap pase e menm plizyè èdtan t ap pase pandan yo kontinye ap rele dye yo a. Men, Bib la fè konnen “yo pa t tande okenn vwa, pèsonn pa t reponn yo”. Lè l fè midi, Eli kòmanse pase yo nan jwèt. Li t ap bat plezi sou do yo kòmkwa Baal te dwe gen twòp bagay l ap fè ki fè l pa t reponn yo. Li te di yo genlè Baal al nan twalèt oswa l ap dòmi e l bezwen yon moun reveye l. Eli te di blofè sa yo: “Se pou nou rele l byen fò!” Sa klè, Eli te wè jan adorasyon Baal la pa gen sans, li pa chita sou anyen, e l te vle pèp la wè l menm jan an. — 1 Wa 18:26, 27.

15. Ki jan sa k te pase pwofèt Baal yo montre se yon foli pou yon moun chwazi adore kèlkeswa mèt ki pa Jewova?

15 Lè prèt Baal yo tande sa Eli di yo, yo vin aji tankou moun fou, “yo t ap rele byen fò e yo t ap filange kò yo ak kouto ak lans, selon abitid yo te genyen, jiskaske san t ap koule sou tout kò yo”. Men, sa pa t itil anyen. “Yo pa t tande okenn vwa, pèsonn pa t reponn yo, pa t gen pèsonn ki t ap koute yo.” ​(1 Wa 18:28, 29). An reyalite, Baal pa egziste. Se Satan ki envante dye sa a pou l te fè moun sispann adore Jewova. Li klè, lè yon moun pa chwazi Jewova kòm mèt li, sa ka lage l nan gwo pwoblèm e menm nan lawont. — Li  Sòm 25:3; 115:4-8.

Repons lan

16. a) Lè Eli te repare lotèl Jewova a sou Mòn Kamèl, ki sa sa te ka raple Izrayelit yo? b) Ki lòt bagay Eli te fè ki montre li te fè Bondye l la konfyans?

16 Pita nan menm aprèmidi a, se te tou pa Eli pou l ofri yon sakrifis. Li repare yon lotèl pou Jewova, sandout se te yon lotèl moun ki te ènmi vrè adorasyon an te kraze. Li te sèvi ak 12 wòch pou l fè reparasyon an, petèt pou l te ka fè Izrayelit ki te fè pati 10 tribi yo sonje yo gen obligasyon pou yo suiv Lwa Bondye te bay toule 12 tribi yo. Apre sa, li mete sakrifis la sou lotèl la epi l vide dlo sou tout bagay nèt. Petèt, se te nan lanmè Meditèrane a ki pa t twò lwen kote l te ye a li te pran dlo sa a. Li te menm fouye yon rigòl toutotou lotèl la e li plen l dlo. Konsa, li te montre li gen anpil konfyans nan Jewova, Bondye l la, e li pa t vle fè sa parèt fasil pou dife pran sou sakrifis li t ap fè a, jan sa te parèt fasil pou dife pran sou sakrifis pwofèt Baal yo t ap fè a. — 1 Wa 18:30-35.

Priyè Eli a montre l te toujou renmen pèp la, paske l te anvi wè yo “retounen vin jwenn” Jewova.

17. Ki jan priyè Eli te fè a montre sa k te pi enpòtan pou li, e ki jan nou ka imite l lè n ap priye?

17 Lè tout bagay te fin pare, Eli di yon bèl priyè ki te montre byen klè sa k te pi enpòtan pou li. Premyèman, li te vle fè konnen se Jewova ki “Bondye Izrayèl la”, se pa Baal. Dezyèmman, li te vle pou tout moun konnen se sèvitè Jewova li ye e se Jewova ki dwe resevwa tout glwa ak onè. Finalman, li montre li te toujou renmen pèp la, paske l te chofe pou l wè yo “retounen vin jwenn” Jewova (1 Wa 18:36, 37). Malgre pèp la te tonbe nan mizè akoz enfidelite yo, Eli te renmen yo toujou. Èske nan priyè n yo nou ka demontre nou gen imilite menm jan ak Eli? Èske nan priyè sa yo nou ka montre nou gen sousi pou non Bondye e nou gen konpasyon pou moun ki bezwen èd?

18, 19. a) Ki jan Jewova te reponn priyè Eli a? b) Ki lòd Eli te bay foul moun yo, e poukisa prèt Baal yo pa t merite pou yo fè yo mizèrikòd?

18 Anvan Eli te fè priyè l la, petèt foul moun ki te sou mòn nan t ap mande tèt yo si adorasyon Jewova a se yon gwo blòf menm jan ak adorasyon Baal la. Men, apre priyè a, yo pa t menm bezwen poze tèt yo kesyon ankò. Men sa Bib la fè konnen: “Lè sa a, Jewova fè yon dife sot nan syèl la ki boule sakrifis la, moso bwa yo, wòch yo, pousyè a e ki te seche dlo ki te nan kanal la.” ​(1 Wa 18:38). Ala yon repons estrawòdinè sa te ye! Ki reyaksyon moun yo te genyen?

“Lè sa a, Jewova fè yon dife sot nan syèl la.”

19 Bib la fè konnen yo tout pran rele: “Se Jewova ki vrè Dye a! Se Jewova ki vrè Dye a!” ​(1 Wa 18:39). Finalman, yo te wè verite a. Sepandan, yo potko demontre yo gen lafwa vre. An reyalite, lefètke yo te annik admèt Jewova se vrè Dye a lè yo te fin wè dife desann sot nan syèl la apre priyè Eli a, sa pa t vrèman demontre yo gen bonjan lafwa. Se sa k fè Eli mande yo pou yo poze aksyon pou montre yo gen bonjan lafwa. Li te mande yo pou yo fè sa yo te dwe fè depi plizyè ane anvan an anpalan de obeyi Lalwa Jewova a. Dapre Lalwa, yo te dwe touye ni fo pwofèt yo ni moun k ap adore zidòl yo (Det. 13:5-9). Prèt ki t ap adore Baal yo te fè tout sa yo kapab pou yo aji antanke ènmi Jewova e yo te fè espre pou yo travay kont objektif Bondye. Èske yo te merite pou Jewova fè yo mizèrikòd? Bon, èske prèt sa yo yo menm te montre mizèrikòd pou tout timoun inosan yo te konn boule tou vivan pou yo ofri Baal kòm sakrifis? (Li Pwovèb 21:13; Jer. 19:5.) Mesye sa yo pa t merite jwenn mizèrikòd pyès! Donk, Eli te bay lòd pou pèp la touye yo e yo te touye yo tout. — 1 Wa 18:40.

20. Poukisa pa gen okenn rezon pou n kwè pawòl kèk moun nan epòk nou an di pou yo kritike touye Eli te fè touye prèt Baal yo?

20 Gen moun nan epòk nou an ki ka ap kritike fason bagay yo te fini sou Mòn Kamèl la. Gen kèk moun ki pè pou sa k te pase a pa ankouraje moun ki fanatik pou relijyon yo pa vin ap fè zak vyolans sou moun ki pa nan menm relijyon ak yo. Malerezman, jodi a gen anpil moun ki fanatik pou relijyon yo e ki vyolan. Sepandan, Eli pa t yon fanatik. Li t ap aji pou Jewova lè l te touye fo pwofèt yo e sa l te fè a se te jistis. Anfèt, vrè kretyen yo konnen yo pa ka aji menm jan ak Eli, sa vle di pou yo ta pran epe pou yo touye mechan yo. Olye de sa, yo pito suiv lòd Jezi te bay Pyè a ki vin yon prensip pou tout disip Jezi yo. Jezi te di Pyè: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” ​(Mat. 26:52). Alavni, Jewova pral itilize Pitit li a pou l egzekite jijman l ki jis.

21. Sa k fè egzanp Eli kite a se yon bon egzanp pou vrè kretyen yo jodi a?

21 Yon vrè kretyen dwe viv yon fason ki montre l gen lafwa (Jan 3:16). Yon fason l ka fè sa, se lè l imite moun ki te fidèl tankou Eli. Se sèl Jewova Eli te adore e Eli te ankouraje lòt moun fè menm jan avè l. Ak anpil kouraj, li te fè moun wè aklè Satan t ap itilize yon fo relijyon pou l fè sèvitè Jewova yo sispann adore Jewova. Anplis de sa, Eli te konte sou Jewova pou Jewova regle bagay yo olye Eli te konte sou pwòp kapasite l ak pwòp volonte l. Vrèmanvre, Eli te pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Annou tout imite lafwa Eli te genyen an!

^ § 9 An jeneral, Mòn Kamèl te konn gen anpil plant ak pyebwa ki te byen vèt. Rezon an se paske van ki sot sou lanmè a te konn vin ak lapli ak anpil lawouze sou mòn nan. Etandone moun yo te di se Baal ki te konn pote lapli, sanble Mòn Kamèl te yon bon kote pou yo t al adore Baal. Lefètke mòn nan pa t gen anpil pyebwa sou li ankò e li te vin sèch, mòn sa a se te pi bon kote pou moun yo wè adorasyon Baal la pa t kanpe sou anyen.

^ § 12 Nou ka remake Eli te di yo “pa met dife” sou sakrifis la. Gen kèk biblis ki fè konnen pafwa moun k ap adore zidòl yo te konn itilize yon lotèl ki gen yon espas pa anba, moun pa ka wè, kote dife konn soti pou moun ka panse se yon mirak ki te fèt.