Revizyon seksyon 2
Egzamine kesyon sa yo ak moun k ap anseye w la:
Ki sa Bondye pral fè ak fo relijyon?
(Gade leson 13.)
Li Egzòd 20:4-6.
Ki jan Jewova santi l lè l wè yon seri moun ap sèvi ak imaj nan adorasyon yo di y ap ba li?
(Gade leson 14.)
Kiyès Jezi ye?
(Gade leson 15.)
Kiyès nan kalite Jezi genyen yo ou pi renmen?
(Gade leson 17.)
Li Jan 13:34, 35 ak Travay 5:42.
Ki moun ki kretyen toutbon jodi a? Ki sa k montre w yo se kretyen toutbon?
Kiyès ki chèf kongregasyon an, e ki jan l dirije l?
(Gade leson 20.)
Li Matye 24:14.
Ki jan pwofesi sa a ap reyalize jodi a?
Ak kiyès ou deja pataje bon nouvèl la?
Èske w ap jwenn anpil benediksyon lè w batize? Sa k fè w panse sa?
(Gade leson 23.)
Ki jan w kapab jwenn pwoteksyon kont Satan ak demon yo?
(Gade leson 24.)
Ki sa Bondye vle pou nou?
(Gade leson 25.)
Ki sa k fè lèzòm soufri e yo mouri?
(Gade leson 26.)
Li Jan 3:16.
Ki sa Jewova fè pou l sove nou anba peche ak lanmò?
(Gade leson 27.)
Li Eklezyas 9:5.
Ki sa k rive yon moun lè l fin mouri?
Ki sa Jezi pral fè pou plizyè milya moun ki mouri yo?
Sa k fè Wayòm Bondye a pi bon pase tout lòt gouvènman?
Èske w kwè Wayòm Bondye a deja ap dirije? Sa k fè w kwè sa? Ki lè l te kòmanse dirije?
(Gade leson 32.)