Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nòt

Nòt
  1.  Fason nou ka idantifye Gran Babilòn nan

  2.  Ki lè Mesi a t ap parèt?

  3.  Fason lamedsin sèvi ak san

  4.  Separasyon ant mari ak madanm

  5.  Fèt ak selebrasyon

  6.  Maladi trapan

  7.  Biznis ak bagay legal

 1. Fason nou ka idantifye Gran Babilòn nan

Ki jan nou fè konnen “Gran Babilòn nan” reprezante tout fo relijyon yo (Revelasyon 17:5)? Ann egzamine pwen sa yo:

  • Li prezan toupatou sou tè a e l ap aji. Yo fè konnen Gran Babilòn nan chita sou ‘foul moun ak nasyon’. L ap “domine sou wa latè yo”. — Revelasyon 17:15, 18.

  • Li pa reprezante ni pisans politik, ni sistèm komèsyal. Apre yo fin detwi l, “wa latè yo” ak “komèsan” yo ap kontinye egziste. — Revelasyon 18:9, 15.

  • Li fè moun mal wè Bondye. Yo rele l pwostitye paske li fè alyans ak gouvènman yo pou l jwenn lajan oubyen lòt avantaj (Revelasyon 17:1, 2). Li twonpe moun nan tout nasyon e li responsab lanmò anpil moun. — Revelasyon 18:23, 24.

Retounen nan leson 13 pwen 6

 2. Ki lè Mesi a t ap parèt?

Bib la te fè konnen gen 69 semèn k ap pase anvan Mesi a parèt. — Li Dànyèl 9:25.

  • Ki lè 69 semèn yo te kòmanse? Nan ane 455 anvan epòk nou an. Lè sa a, gouvènè Neyemi te antre Jerizalèm pou “repare Jerizalèm e pou [...] rebati l”. — Dànyèl 9:25; Neyemi 2:1, 5-8.

  • Konbyen tan 69 semèn nan te dire? Nan kèk pwofesi nan Bib la, yon jou reprezante yon ane (Nonb 14:34; Ezekyèl 4:6). Konsa, chak semèn reprezante sèt ane. Nan pwofesi sa a, 69 semèn egal 483 an (69 semèn x 7 jou).

  • Ki lè 69 semèn yo te rive nan bout yo? Lè nou konte 483 an apati ane 455 anvan epòk nou an, sa mennen nou nan ane 29 epòk nou an a. Se egzakteman nan ane sa a Jezi te batize e l te vin Mesi a. — Lik 3:1, 2, 21, 22.

Retounen nan leson 15 pwen 5

 3. Fason lamedsin sèvi ak san

Youn nan fason lamedsin sèvi ak san, se lè yo sèvi ak san pasyan an dirèkteman. Gen nan metòd sa yo ki pa akseptab pou yon kretyen. Pa egzanp, yo ka mande yon moun pou l bay san oubyen pou yo stoke pwòp san l anvan yo fè l yon operasyon. — Detewonòm 15:23.

Men, gen kèk nan fason lamedsin sèvi ak san yon kretyen kapab aksepte. Pa egzanp, tès san, emodyaliz, emodilisyon oswa lè yo sèvi ak yon machin pou rekipere san k ap koule a oubyen yon machin ki jwe wòl kè ak poumon moun nan pandan yon operasyon. Se chak kretyen ki pou deside ki jan pou yo sèvi ak san l pandan yon operasyon, yon tès medikal oubyen yon tretman y ap fè pou li. Tout doktè pa sèvi ak metòd sa yo egzakteman menm jan. Donk, anvan yon kretyen aksepte fè yon operasyon, yon tès medikal oubyen yon tretman, li dwe byen konprann ki jan yo pral sèvi ak san l. Reflechi sou kesyon ki vin apre yo:

  • E si yo fè yon pati nan san m sot nan kò m pase yon lòt kote, e yo ta menm fè san an sispann sikile pandan yon tan? Èske m t ap konsidere san sa a fè pati kò m toujou oubyen èske konsyans mwen t ap fè m santi li nesesè pou yo “vide l atè”? — Detewonòm 12:23, 24.

  • E si nan yon teknik medikal, yo ta retire yon pati nan san m, yo travay ladan l pou yo remete l nan kò m (oubyen sou kò m)? Èske sa t ap twouble konsyans mwen ki fòme grasa Labib oubyen èske m wè m ka aksepte yo fè sa?

Retounen nan leson 39 pwen 3

 4. Separasyon ant mari ak madanm

Pawòl Bondye a pa ankouraje mari ak madanm separe, e li fè konnen aklè separasyon pa bay okenn nan moun yo dwa remarye (1 Korentyen 7:10, 11). Men, gen kèk sitiyasyon kote kèk kretyen konn deside separe.

  • Mari a refize pran swen fanmi an: Yon mari refize pran swen fanmi l nan domèn materyèl, jiskaske moun nan fanmi l rive nan pwen yo pa gen sa yo bezwen pou yo viv. — 1 Timote 5:8.

  • Gwo vyolans fizik: Yon moun fè vyolans sou moun li marye avè l la e li mete lavi moun sa a an danje. — Galat 5:19-21.

  • Relasyon yon moun genyen ak Jewova totalman an danje: Yon moun fè l enposib pou moun li marye avè l la sèvi Jewova. — Travay 5:29.

Retounen nan leson 42 pwen 3

 5. Fèt ak selebrasyon

Kretyen yo pa patisipe nan fèt ki pa fè Jewova plezi. Men, gen kèk sitiyasyon ki gen rapò ak fèt sa yo kote se chak kretyen ki dwe deside ki sa l ap fè, selon konsyans li ki fòme grasa Bib la. Ann egzamine kèk egzanp.

  • Yon moun fè w yon swè pou yon fèt. Ou ka annik di l: “Mèsi”. Si moun nan vle konn plis, ou ka esplike l pou ki rezon w pa fete fèt sa a.

  • Moun ou marye avè l la, ki pa Temwen Jewova, envite w manje ak fanmi l pandan yon fèt. Si konsyans ou pèmèt ou ale, depi davans ou ka esplike moun ou marye avè l la si y ap suiv koutim payen pandan repa a, ou pap patisipe ladan yo.

  • Patwon w ofri w yon bonis pandan epòk fèt yo. Èske w ta dwe refize bonis la? Ou pa oblije. Èske se anrapò ak fèt la patwon w ba w bonis la oubyen èske l konsidere l senpleman kòm yon fason pou l montre li apresye bon travay ou fè?

  • Yon moun ba w yon kado pandan peryòd yon fèt. Moun k ap ba w kado a gendwa di w: “Mwen konnen ou pa fete fèt sa a, men mwen vle ba w kado sa a.” Petèt moun nan jis vle montre l janti avè w. Men, èske l posib pou l ta ap eseye teste lafwa w oubyen èske se chèche l ap chèche fè w patisipe nan fèt la? Lè w fin reflechi sou sa, se ou ki pou deside si w ap pran kado a. Kèlkeswa desizyon n ap pran, nou vle gen yon konsyans ki klè e nou vle fidèl ak Jewova. — Travay 23:1.

Retounen nan leson 44 pwen 1

 6. Maladi trapan

Si nou ta gen yon maladi trapan oubyen si nou ta gen rezon pou n panse nou ka gen yon maladi trapan n ap veye pou nou pa bay lòt moun li paske nou renmen yo. N ap fè sa paske Bib la di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” — Women 13:8-10.

Si yon moun gen yon maladi ki trapan, ki jan l ka montre li obeyi kòmandman sa a? Yon moun ki malad pa dwe pran inisyativ fè yon seri jès pou demontre afeksyon tankou bay akolad oubyen bo lòt moun. Li pa ta dwe fache si gen moun ki pa santi yo alèz pou yo envite l lakay yo pou pwoteje fanmi yo. Epi, anvan l batize, li dwe fè kowòdonatè gwoup ansyen an konnen li malad yon fason pou yo ka pran dispozisyon pou pwoteje lòt moun k ap batize menm lè avè l yo. Yon moun ki te nan yon sitiyasyon kote l te ka pran yon maladi ki trapan ta dwe fè yon tès anvan l kòmanse frekante yon lòt moun nan entansyon pou l marye avè l. Lè w fè sa, ou montre w gen sousi pou lòt moun paske ‘ou pa chèche enterè pa w sèlman, men w chèche enterè pa lòt moun tou’. — Filipyen 2:4.

Retounen nan leson 56 pwen 2

 7. Biznis ak bagay legal

Nou ka evite anpil pwoblèm lè nou ekri kèlkeswa antant nou fè ak yon lòt moun, ki gen rapò ak kòb, menm lè se ak yon lòt kretyen (Jeremi 32:9-12). Malgre sa, pafwa kretyen yo konn gen kèk ti dezakò youn ak lòt konsènan lajan oubyen konsènan lòt bagay. Yo dwe rezoud pwoblèm sa yo byen rapid, nan lapè e san lòt moun pa bezwen okouran.

Men, ki jan nou ka rezoud yon seri pwoblèm ki pi grav tankou fwod oubyen medizans? (Li Matye 18:15-17.) Jezi bay twa etap nou dwe suiv:

  1. Eseye rezoud pwoblèm nan san nou pa antre lòt moun ladan l. — Gade vèsè 15.

  2. Si sa pa mache, mande youn oswa de moun ki gen matirite nan kongregasyon an akonpaye w lè w ap pale avè l. — Gade vèsè 16.

  3. Si malgre sa pwoblèm nan pa rezoud, se lè sa a sèlman pou w pale ak ansyen yo sou sa. — Gade vèsè 17.

Nan pifò ka, nou pa dwe rele frè n lajistis paske sa ka fè moun pale Jewova ak òganizasyon l lan mal (1 Korentyen 6:1-8). Men, gen kèk sitiyasyon ki ka mande pou n al nan tribinal tankou divòs, lè pou yo konnen nan men kiyès timoun yo dwe ye, ki kantite kòb pou yo bay pou okipe timoun yo, kòb asirans, fayit oswa legalize testaman. Lè yon kretyen al lajistis pou regle kesyon sa yo nan lapè otan sa posib, li pa vyole konsèy Bib la bay nan domèn sa a.

Si se yon move zak ki fèt tankou vyòl, abi seksyèl sou timoun, atak, gwo vòl, oswa zak asasinay, e yon kretyen fè otorite yo konn sa k pase a, se pa meprize li meprize konsèy Bib la te bay la.

Retounen nan leson 56 pwen 3

a Soti ane 455 anvan epòk nou an rive nan ane 1 anvan epòk nou an, gen 454 an ki te pase. Soti ane 1 anvan epòk nou an rive ane 1 epòk nou an, gen ennan ki te pase (pa t gen ane zewo). Epi, soti ane 1 epòk nou an rive ane 29 epòk nou an, gen 28 an ki te pase. Sa fè 483 an antou.