Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Revizyon seksyon 4

Revizyon seksyon 4

Egzamine kesyon sa yo ak moun k ap anseye w la:

  1. Li Pwovèb 13:20.

    • Poukisa l enpòtan pou w byen chwazi moun k ap zanmi w?

      (Gade leson 48.)

  2. Ki konsèy Bib la bay ki ka ede . .

    • antanke mari oswa madanm?

    • antanke paran oswa pitit?

      (Gade leson 49 ak 50.)

  3. Ki kalite pawòl ki fè Jewova plezi? Ki kalite pawòl ki pa fè l plezi?

    (Gade leson 51.)

  4. Ki prensip nan Bib la k ap ede w byen chwazi fason pou w abiye ak aparans pou w genyen?

    (Gade leson 52.)

  5. Ki jan w ka chwazi detant ki fè Jewova plezi?

    (Gade leson 53.)

  6. Li Matye 24:45-47.

    • Kiyès “esklav fidèl ki prevwayan an” ye?

      (Gade leson 54.)

  7. Ki jan w kapab sèvi ak tan w, ak fòs ou e ak sa w posede pou w soutni kongregasyon an?

    (Gade leson 55.)

  8. Li Sòm 133:1.

    • Bay kèk bagay ou ka fè pou gen inite nan kongregasyon an.

      (Gade leson 56.)

  9. Ki jan nou ka jwenn èd Jewova si nou fè yon peche grav?

    (Gade leson 57.)

  10. Li 1 Kwonik 28:9.

    • Ki sa w ka fè pou w montre Jewova ou vle “sèvi l ak tout kè w” menm lè gen moun ki opoze ak vrè adorasyon an oswa ki kite laverite?

    • Èske w dwe fè kèk chanjman pou w ka ret fidèl ak Jewova e pou w rete lwen fo relijyon?

      (Gade leson 58.)

  11. Ki jan w ka prepare w pou pèsekisyon?

    (Gade leson 59.)

  12. Ki sa w planifye pou w fè yon fason pou w kontinye vin pi pwòch Jewova?

    (Gade leson 60.)